Le Blog

Opinyon | Jovenel Moïse se yon bon prezidan. Men poukiyès ?

0

Chak sistèm trennen dèyèl modèl lidèchip li. Pa gen pyès lidèchip ki ka priyorize byennèt majorite a sil pa chavire konplètman sistèm sa nou gen la, Donald Veillard analize

Nan youn nan sòti emisyon ranmase sou radyo karayib samdi 19 fevriye 2019, plizyè entèvenan tankou : senatè Youri Latortue, Dieudonné Lherisson, pwofesè Augustin epi Stanley Lucas te plonje nan yon deba sou sistèm politik Ayisyen an.

Pwofesè Augustin te komanse poul di sistèm anplas la rive nan limit istorik li, sa vle di li bout, li paka kenbe ankò, li dwe disparèt.

Stanley Lucas ki se youn nan pwòch pouvwa PHTK te reponn pou l peyi a pa gen pwoblèm sistèm men nou pito gen pwoblèm lidèchip. Daprè li, sistèm lan pa merite chanje men. Li pito bezwen bon lidè ki vini ak yon bòn gouvènans k ap ka pote yon seri solisyon e rezoud pwoblèm mas la.

Nan travay sa, nou pral gade limit pozisyon Stanley Lucas la pandan nap montre relasyon bab ak moustach ki genyen ant sistèm lan epi lidèchip li akouche a.

Kisa ki yon sistèm?

Nan zafè syans sosyal, « yon sistèm se fason yon sosyete òganize politikman, sosyalman, ekonomikman ideyolojikman, elatriye… »

Pou Tatcott Parsons (sosyològ ameriken,1902-1979) sosyete a se yon gwo sistèm kote ansanm eleman ki anndan l gen kat gwo fonksyon : adaptasyon, pouswit yon seri objektif, entegrasyon ak respè nòm.

Nan yon sistèm, rezilta ki akouche yo pa souvan depaman ak lojik ki domine sistèm lan.

Yon ti rale sou sistèm politik / sosyal Ayisyen an:

Lè n founi je gade sistèm pa nou an, n ap wè se yon sistèm kote politikman Leta ki anplas la se yon Leta k ap sèvi enterè boujwazi a. Menm jan yon lotè tankou Carl Marx fè konprann li, Leta sa, se yon leta k ap fè tyoul moun ki nan klas dominant la (elit ekonomik lan). Si n ap byen konprann, leta sa pran nesans nan lide pou l pwoteje byen ak richès moun ki pi rich yo epi sèvi ak aparèy represif e ideyolojik yo kont majorite a pou pèmèt boujwazi a jwi trankilman richès li.

Sistèm sa byen tabli kòl nan peyi a depi ane 1806. Kidonk, lojik fondasyon l jwenn sans nan asasina pwogresyon revolisyon 1804 la aprè oligachi milat la te fin fè kò lasasinay sou anperè Jean Jacques Dessalines nan ane 1806. Nan optik sa, tout pwojè entegrasyon mas la nan separasyon richès peyi a t al bout nan simityè. Malgre mas popilè a te eseye angaje l nan anpil batay pou te chanje pratik ak fonksyonman sistèm sa soti sou Goman(1807-1820), pase nan mouvman Praslin(1843), afè Pè kastèl, afè Dalzon, revòlt Jean-Jacques Acaau kote peyizan ta pral pran desten yo kòm aktè politik pou chanje kondisyon lavi yo, pase pran mouvman Kako, Mouvman Pikè, elatriye. Gwo potanta k ap nouri sistèm lan pito pran mezi ki pi enpopilè, ki pi sinik pou pèmèt li rete doubout epi anpire move kondisyon lavi popilasyon an pi plis.

Pandan yon seri moman nan listwa peyi a, gwo deba ak gwo atak te rive fèt sou mòd Leta sistèm lan akouche a tankou gwo lese frape ki te genyen ant Pati Liberal e Pati Nasyonal nan lide pou te chanje oryantasyon leta nan finisman 19yèm syèk la, sann pa bliye tout kritik ak tantativ ki tap fèt pou kwape pratik leta grandon sa atravè yon seri òganizasyon politik tankou pati kominis an 1934 avèk Jacques Roumain, pati sosyalis popilè nan ane 1946 avèk Anthony Lespès, Philippe Thoby Marcelin, Étienne Charlier, pati demokratik popilè an 1954, pati atant popilè an 1959 avèk Jacques Stephen Alexis (Yo te asasinen sou rejim Francois Duvalier a) san n pa mete sou kote mouvman ouvriye peyizan avèk Daniel Fignolé, rive jouk jounen jodi a : sistèm peze souse sa toujou ret kanpe poutan lojik ki dominel la kreye plis inegalite, mizè, chomaj pi plis chak jou.

Ann voye je gade diferant mannyè sistèm sa òganize :

Ekonomikman, sosyete Ayisyèn lan nwaye nan yon politik ekonomik ki se neyo-liberalis. Neyo-liberalis la se yon doktrin ekonomik ki chita sou liberalizasyon mache a pandan lap limite entèvansyon leta nan lavi ekonomik la kote, non sèlman se sektè prive a k ap koupe rache men tou, antrepriz piblik yo ap tonbe nan  pwosesis privatizasyon. Nou gen egzanp TELECO, Minotri nasyonal, Simantri dAyiti, elatriye… Nan neyo-liberalis la, lwa ki tabli sou mache a ,se lwa gwo antrepriz yo k ap fè chak jou yon pakèt benefis san limit nan fikse pri pwodui ak machandiz jan yo vle epi nan ogmante pi plis esplwatasyon ouvriye yo.

Sak pi grav la, neyo-liberalis la pote nan lestomak li eliminasyon tarif dwanye yo, nan sans sa, non sèlman antrepriz yo ap fè gwo benefis nan vann machandiz byen chè men tou, yo chaje franchiz. Dènye kou ki tiye koukou, neyo-liberalis la akselere degradasyon pwodiksyon nasyonal la nan enpòte yon pakèt pwodwi pèpè ki anpire depandans peyi Ayiti nan sa ki gen pou wè ak konsomasyon entèn.

Doktrin sa nan fonksyònman li, paka pote pwojè byennèt pou majorite a. Se yon doktrin ki pito favorize ogamantasyon richès boujwazi a, kreye plis inegalite ak demounize mas popilè a pi plis.

Ansanm pwosesis sa yo akselere plis chak jou esklizyon majorite a nan tout sa ki gen pou wè ak byennèt. Li agrave tou move kondisyon lavi yo.

Sistèm sa gen pwòp modèl lidèchip li ki chita sou yon leta predatè k ap mobilize tout enstriman pou pwoteje enterè boujwazi neyo-liberal la.

Gen yon lòt eleman ki fondamantal nan neyo-liberalis la. Anpil nan peyi tyèmond yo, Ayiti pa epanye, pèdi tout dwa pou yo granmoun tèt yo (Droit à l’auto determination) sa vle di, yo pa lib pou yo fè sa yo vle politikman, ekonomikman elatriye… Enperyalis yo souvan enpoze vizyon yo ak chwa yo. Kidonk, se yon seri peyi ki  dwe gen yon lidèchip ki kadre ak sa yon seri enperyalis enpoze yo epi ekonomi yo dwe respekte oryantasyon peyi enperyalis sa.

Sosyalman, soseyete Ayisyèn lan pote mak fabrik yon inagalite ki depase yon eksplwatasyon bosal. Si n ap byen gade, n ap wè sosyete a gen 2 gwoup, yon gwoup ki chaje byen epi yon lòt gwoup k ap vin pi pòv, k ap mouri nan kras chak jou. Majorite a prive de tout sa ki kapab fè yo viv tankou moun, pa gen bon jan edikasyon ki ka ede yo libere lespri yo ak panse yo e pèmèt yo reyalize tèt yo, yo pa domi kote moun ta dwe dòmi, yo pa ni manje byen ni manje ase.

Ideyolojikman, sistèm lan gen yon seri aparèy tankou laprès (gen kèk ki epanye), legliz k ap fè travay KASE FÈY KOUVRI SA nan panse moun. Aparèy sa yo fè yon seri travay ki pèmèt moun yo adapte yo ak kondisyon sistèm lan pandan y ap respekte lojik fonksyonman prensip ki tabli yo, aparèy sa yo la pou ede sistèm lan ranpli kat gwo fonakyon Talcott Parsons nou te site pi wo yo.

Nan ka pa nou, aparèy ideyolojik sa yo mete moun yo nan kondisyon sikolojik pou yo pa rive wè ak konprann kiyès ki lakòz mizè yo. Pa egzanp,yo pa janm demaske diskou sa moun yo souvan repete lè yo di “Nou gen 5 dwèt youn pa menm longè, se nòmal pou gen rich ak pòv.”

Nan sans sa, yo prezante povrete ak richès kòm bagay ki natirèl. Poutan, se yon seri bagay ki sosyal e se listwa k ap ede n konprann rezon ki fè gen ti yon gwoup ki chaje richès poutan gen yon gwo majorite ki toutouni. Se pa okenn òd natirel ki tabli sosyete a janl ye a,men se dappiyanp ki fèt sou byennèt popilasyon ki lakòz plis pase 90% moun ap viv nan kras ak nan mizè.

Sistèm sila, poul rete doubout, fòk li gen yon lidèchip ki kadre avèl, yon lidèchip k ap pote pwojè li e kap pèmèt amonizasyon diferan eleman l yo.

Si n ap byen gade, sistèm lan pa gen pwoblèm lidèchip paske l pa bezwen moun kap pote pwojè sosyal pou favorize byennèt majorite a. Li pito bezwen yon lidèchip ki ka pote yon diskou dodomeya, bay manti pandan enterè l ap defann kòm sa dwa. Se lidèchip sa sistèm anplas la genyen e lidèchip sa bon pou li, li rann li konfòtab. Se rezon sa ki fè bidjè yo pa janm ale nan sans enterè majorite a, sa vle di, pa janm gen gwo envestisman nan domèn edikasyon, lojman, sante, elatriye… Se rezon sa ki fè tou politik ekonomik yo toujou kadre ak neyo-liberalis la.

Se majorite a ki gen pwoblèm lidèchip men sistèm lan pa gen pwoblèm sa. Si sa rive sistèm lan gen pwoblèm ak yon prezidan, se pa paske reyèlman yo santi enterè yo menase men se paske yo pa vle plent yo, mouvman sosyal yo rive nan yon dimansyon kote y ap kesyone pozisyon yo, epi rann yo enkonfòtab. Yo sitou bezwen yon lidèchip mètdam, pwopagandis ki devlope ase mannèv pou kokobe kesyonman popilasyon an atravè yon seri diskou ak pwopagand dodomeya.

Yon lòt lidèchip ap mande yon lòt sistèm. Nou ka pran kèk egzanp:

Lidèchip Fidel Castro a pat ap janm kadre ak Kiba san revolisyon 1959 la ki te tabli yon sistèm sosyalis. Lidèchip Jan Jacques Dessalines lan pat ap ka kadre ak sistèm kolonyal esklavajis la. Lidèchip Hugo Chavez la pou l te taye banda, li te oblije kaba sistèm politik/ekonomik Venezyela ki te restavèk enperyalis ameriken an. Tout lidè nou sot site yo te oblije mennen gwo batay kont sistèm peze souse yo te jwenn lan pou vizyon politik yo te ka taye banda.

Chak sistèm trennen dèyèl modèl lidèchip li. Pa gen pyès lidèchip ki ka priyorize byennèt majorite a sil pa chavire konplètman sistèm sa nou gen la.

Rovolisyon 1804 la te charye yon lòt sistèm e sistèm sa te akouche yon modèl lidèchip ki te pote valè ak vizyon revolisyon sila. Pou  te toufe pwogresyon revolisyon an, yo te blije fè lasasinay sou anperè a, se sak fè depi 1806 yo tabli pwòp sistèm yo ki pote mak fabrik esplwatasyon, esklizyon, koripsyon, inegalite elatriye.

Jodiya, dwe gen mouvman popilè ki pou pwopoze pwòp modèl lidèchip yo a travè yon lòt sistèm ki dwe marande ak vizyon byennèt Desalin lan, yon sistèm ki dwe kwape inegalite, politik neyo-liberal, lamizè, analfabetizasyon, elatriye… Nou dwe fè LETA PA NOU.

Se majorite a ki gen pwoblèm Lidèchip men se pa sistèm lan.

Donald Veillard

Foto kouvèti : Valérie Baeryswil 

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *