Le Blog

Opinyon | Jean Casimir : «Bal fini»

0

Depi se de Ayiti moun ap pale, kreyòl la pa negosyab : se nanm Ayisyen

Lontan lontan, lè nou fè you bal nan lakou a, vè katrè di maten, djaz la ap frape : Bonswa danm : Bonswa danm, nou prale dodo.

Lòt jou mèt peyi fè you gwo deklarasyon an kreyòl. Li kwè li te gen bagay enpòtan pou l di nou. Se dwa li. Nan tèt pa m, sa ki enpòtan nan deklarasyon sa a, sè ke li chwazi fè l an kreyòl. Poukisa ? M imajine se paske li wè you lòt jwè monte teren an. Fò l eseye jwe avè l. Jwè a pa pale franse, donk mèt peyi tonbe nan pale kreyòl avè l. L ap kamoufle kò li, pou l wè kouman li pral bay you gòl a men.

An Ayiti, moun ki sot pou fè politik an franse nan bonswa danm. Vyolon yo nan sak. Sèl jan pou yo rive kontwole peyi a, se ak gwo zam fann fwa ki sot lòt bò dlo. Mèt peyi ap pran pòz nèg sòt li, alòske li se papa anbago. Si l pa anpeche zam antre nan peyi a, se paske li poko vle. Se tout. Li poko wè kouman li pral ba nou dènye gòl la, anvan li wete zam fann fwa yo sou teren an. Jis kounye a, se sèl mwayen li genyen pou li kontwole pèp souvren. Konsa, l ap fente, l ap fè lè. Li pito wè nou mouri tan pou l pèdi kontwòl peyi a. Sa deja fè ; si w kwè se manti, al mande Napoleyon ak Leklè.

Si l pa anpeche zam antre nan peyi a, se paske li poko vle.

Li se mèt peyi, se vre. Men li pa mèt tèt Ayisyen. Li bezwen foure yo nan you dyagonal eleksyon, kote li ka chwazi kèk Datignav pou n al vote pou tyoul li; epi konsa, l ap vire tèt nou ak you demokrasi malatchonn, kote pèp souvren pa vo venm pale w.

Pwoblèm de pale franse, pale kreyòl : mèt peyi ka rezoud sa. Se kesyon de demokrasi a k ap travay tèt li. Se sou wout sa a, kreyòl jennen ni ak lòt asosye l yo, paske se la a mèt tèt pèp souvren pran rasin. Ki donk nèg ki konprann pale franse ta ka wete n nan tchouboum, nan bonswa danm. Fò yo monte sou teren kreyòl la, pase fò yo pale ak pèp souvren.

Ou ka li tou : Opinyon | Lagrandyab ak lang pèp souvren

Se pa konprann pèp souvren pa ka konprann franse. Depi twa san zan, si l te gen bezwen, li ta rive konprann ni. Se pa lekòl malere t al aprann ni angle, ni panyòl; pou ki sa yo ta bezwen lekòl pou yo pale franse. Mande nèg nan batey yo, osnon Miyami, Boston, Nouyòk, Bahamas, Monreyal, Pari…

Se pa konprann pèp souvren pa ka konprann franse.

Tout nèg sèvi lwa eritye yo, anvan yo sèvi lwa achte. Yo pa gen pwoblèm achte lwa franse, lwa angle, osnon lwa panyòl. Ni yo pa bezwen Leta ede yo pou sa. Men, vle pa vle, lwa achte chita nan dèyè kamyonèt la, pandan lwa eritye chita bò chofè a.

Depi se de Ayiti moun ap pale, kreyòl la pa negosyab : se nanm Ayisyen. Y ap antere nou menm kote lonbrit nou antere a. Lwa eritye n pa pou vann. Nanm nou pa pou vann. Peyi a pa pou vann non plis.

Jean Casimir, doktè nan sosyoloji, ap anseye nan Fakilte Syans Imen, Inivèsite Leta Ayiti.

    Comments