Le BlogOpinions

Opinyon | Devlopman vèt, entèlijans atifisyèl… Men kèk batay nouvo jenerasyon Ayisyen an ap gen pou li mennen

0

Nouvo jenerasyon an dwe konprann si li pa oblije otorite yo entegre li nan pwosesis desizyon yo, si yo pa vle enplike yon fason oubyen yon lòt, genyen lòt moun, ki pa oblije gen bon entansyon, ki ka pran desizyon sa yo nan plas li

Depi kèk lane, genyen yon banm gwo fenomèn ekonomik, politik ak sosyal k ap pase nan mond lan, ki konn pote gwo chanjman pafwa nan jan sosyete yo òganize tèt yo, nan jan sitwayen yon enplike nan devlopman nasyon yo, oubyen ki konn kreye gwo konfli kèk fwa.

Anpil nan fenomèn sa yo pran chè ti kras pa ti kras jouk yo rive okipe yon plas ki tèlman enpòtan nan lavi sitwayen yo, ke yo vin pa ka inyore yo ankò. Men sa ki plis parèt nan je nou, fenomèn sa yo mete an opozisyon pafwa, plizyè kouran panse ki atache avèk yo.

Chak gwoup ki gen enfliyans eseye trete fenomèn sa yo ak metòd pa yo, selon konviksyon yo oubyen lòt analiz yo kapab fè. Sa ki konn oblije popilasyon nan anpil peyi nan monn lan, pou yo batay pou dezisyon ki pran yo ka bon pou majorite a, sitou nan kad politik piblik otorite yo ap tabli.

Konba sa yo, nan jan yo pran nesans, nan jan yo ka gen gwo enpak sou kalite lavi sitwayen yo, ap afekte oubyen gen pou afekte Ayiti tou. Se youn nan rezon kifè, nouvo jenerasyon Ayisyen an oblije chita reflechi sou yo, pou yo ka pran dezisyon epi pote solisyon ki dirab.

« Statu quo » anfas Nouvo Rejim

Depi 2019, gen yon kantite manifestasyon k ap eklate nan monn lan… Soti Ong Kong, pase pa Irak, Iran, Liban, Aljeri, Soudan, Kolonbi, Bolivi, Ekwatè, pou rive jouk Chili, popilasyon nan peyi sa yo leve kanpe, swa pou mande refòm ekonomik ak sosyal, swa pou mande chanje estrikti politik yo, swa pou reklame pi bon tretman ak travay, oubyen pafwa pou menm mande jete yon sistèm gouvènans epi ranplase li pa yon lòt.

Se sa ki fè w ap jwenn nan ka Chili, akòz soulèvman kont inegalite sosyal depi 2019, popilasyon an rive fè tande vwa yo nan yon referandòm (Oktòb 2020) pou mande ranplase Konstitisyon 1980 ki fèt sou rejim Pinochet a. Se menm bagay la nan ka Aljeri tou, kote depi 2019 te genyen gwo mouvman pwotestasyon. Mouvman sa yo bay kòm rezilta, yon referandòm (Novanm 2020) pou revize Konstitisyon 1996 Aljeri a (ke yo te amande an 2016 tou).

Batay pou chanje rejim nan yon peyi, pou refòm, pou chanje enstitisyon oubyen moun k ap dirije enstitisyon sa yo, genyen gwo anje ak defi ladan li. Youn nan egzanp nou ka pran pou demontre sa, se kantite tan sa pran pou « Brexit » la rive fèt ofisyèlman (“Brexit” se non yo bay pou deziyen pwosesis kote Wayòm Ini ap sòti nan Inyon Ewopeyen an). Se sa ki fè tou, sitiyasyon ki genyen Venezyela depi kèk lane a, poko ka rezoud.

Opinion | Prostitution académique, abus, manque de professionnalisme… la face cachée de l’Université en Haïti

Mande refòm, batay pou chanjman rejim, batay pou kondisyon lavi pa toujou fasil. Rezilta yo pa toujou klè jan popilasyon yo ta swete yo a. Li pi difisil pou ou batay kont statu quo nan yon sosyete, si metòd ou yo pa bon, si pa gen pèseverans, si pa gen yon gwoup ki pare pou li mennen mouvman pwotestasyon, si pa gen yon plan klè oubyen si pa gen yon inite nan mitan moun ki vle chanjman yo. Nan peyi kote gwo gwoup enterè yo gen anpil enfliyans nan sèk politik ak ekonomik yo, kote yo ka fè pwofi alèz granmesi « statu quo » a, konba pou mete yon nouvo rejim konn gen plis chans echwe.

Batay pou chanje rejim nan yon peyi genyen gwo anje ak defi ladan li.

Se rezon sa ki fè nouvo jenerasyon Ayiti an pral oblije byen chita sou kisa li vle epi kijan li vle pou nouvo sistèm gouvènans l ap chèche a chita. Menm jan sa te fèt nan monn lan, te genyen gwo mouvman pwotestasyon an Ayiti tou. Menm lè mouvman sa yo poko bay rezilta ki konkrè, yo rive mete yon lide nan tèt anpil moun : gen nesesite pou chanje sistèm gouvènans lan.

Kidonk, se sou kijan pou tabli fondalnatal yon nouvo sosyete, nouvo jenerasyon an dwe reflechi. Non sèlman, fòk yo jwenn yon fason pou tout kouch, tout rejyon yo enplike nan chanjman sa, men fòk ou asire yo tou nouvo rejim yo ka bay bon jan rezilta, ak moun ki kapab, pou li ka dire plis. Nan ka sa yo, nou dwe atann nou tou a yon fas a fas ant gwoup ki vle « statu quo » a ak gwoup ki vle nouvo rejim lan…

Wobo/Entèlijans Atifisyèl anfas Lòm

Pou rive jouk 2030, gen posibilite pou wobo ranplase nan monn lan, plis pase 20 milyon djòb moun te konn genyen nan izin yo. Estatistik sa montre, nan kèk lane, konpetisyon ant moun ak entèlijans atifisyèl, ak wobo pral fewòs. Gwo machin yo ki sèvi ak gwo teknoloji nimerik ak enfòmatik deja kòmanse pran plas anpil moun nan izin yo ak lòt enstitisyon yo, paske yo pi efikas, yo pa mande lòt tretman ki gen rapò ak pwoteksyon sosyal (yon wobo pa bezwen yon asirans maladi pa egzanp).

Pou nou ka esplike pi klè, entèlijans atifisyèl se yon fòm entèlijans lòm kreye apati zouti teknoloji ak enfòmatik, ki pèmèt kèk aparèy oubyen lòt gwo ekipman teknoloji fonksyone san yo pa fòseman bezwen yon moun pou fè yo mache alamen. Kontrè ak entèlijans natirèl, entèlijans atifisyèl la pa gen rapò ak konsyans oubyen emosyon gason ak fanm konn santi yo.

Estatistik sa montre, nan kèk lane, konpetisyon ant moun ak entèlijans atifisyèl, ak wobo pral fewòs.

Fòk nou konnen tou, yo prevwa pou mache pou entèlijans atifisyèl la ka rive pran valè pou rive jouk 126 milya dola ameriken, tout sa pou pi ta 2025. Nan mache sa, nou jwenn lojisyèl ki pou fè tradiksyon, pwosesis pou fè wobo yo otomatik epi sa yo rele « machine learning » lan, elatrye. (“Machine Learning” se yon fòm entèlijans atifisyèl ki pèmèt lojisyèl yo vin pi fen nan kalkil yo epi fè pi bon previzyon (san yo pa pwograme yo pou fè sa), granmesi yon kantite algorit ki analiz done istorik yo.)

Anpil nan nou, ki ap sèvi ak telefòn entèlijan, gentan ap fè eksperyans ak aplikasyon tankou Siri (Apple) oubyen Alexa (Google), ki se asistan vokal ki enstale sou kèk telefòn. Mache sa ap grandi plis chak jou kap pase epi kòmanse pran yon plas enpòtan nan preske tout aspè nan lavi kèk sosyete (kanpay elektoral, fabrikasyon machin, agrikilti).

Opinion | Et si on décidait tous d’ignorer la loi en Haïti ?

Menm si Ayiti poko pare ase pou sèvi ak gwo teknoloji, alevwa pou li ta kòmanse devlope yo, sa pa vle di mache sa pap genyen enpak sou nou.

An reyalite, youn nan karateristik ekonomi Ayiti a, se dyalite ki ka genyen nan kesyon modènizasyon. Yon bò ou jwenn nan kèk sektè, metòd ak teknik yo sèvi akayik nèt. Yon lòt ou jwenn sitwayen yo sèvi ak gwo teknoloji enfòmasyon ak kominaksyon, oubyen lòt teknoloji, sitou nan sektè sèvis yo.

Sa vle di, yon fason oubyen yon lòt, devlopman endistri nan rès monn lan ap genyen enpak sou nou. Pa egzanp, nan kèk tan ankò, olye ou anplwaye yon moun kòm entèprèt, ou ka jis deside fè yon lojisyèl fè tradiksyon an pou ou. Se menm efè a, si yon bra mekanik otomatik nan yon izin rive ranplase yon douzèn anplwaye ki tap fè menm travay la.

Si Ayiti poko pare ase pou sèvi ak gwo teknoloji, alevwa pou li ta kòmanse devlope yo, sa pa vle di mache sa pap genyen enpak sou nou

Li enpòtan pou nouvo jenerasyon an panche sou kesyon sa pou li ka adapte li ak evolisyon monn lan. Si nou byen konprann, nou ka wè devlopman mache entèlijans atifisyèl la pral refòme tip ak kalite fòmasyon yo bay nan lekòl yo tou.

Kidonk, refòm nan sistèm edikasyon Ayiti a an endispansab, si nou pa vle monn lan ale kite nou nèt sou pwen sa toujou. Boutofen, tranzisyon pou pase sòti nan fòmasyon manyèl yo pou rive nan fòmasyon ki chita sou nouvo teknoloji yo, sou nouvo metòd yo enpòtan anpil. Si nou pa ka rive prepare chanjman sa, nan kèk deseni, pifò Ayisyen ki t ap travay, ka wè yo pèdi djòb yo, akòz wobo ki ranplase yo.

1-80 yo anfas 99-20 yo

Ant 2017 ak 2019, 1% nan moun ki pi rich nan monn lan te genyen plis pase 80% nan richès ki genyen nan monn lan. Rès 99% lann te genyen mwens ke 20% nan richès sa yo. Chif sa yo penn sitiyasyon inegalite ekonomik ki genyen nan monn lan.

Majorite a oblije ap siviv pandan minorite a posede pifò richès yo. Sitiyasyon sa riske pwovoke gwo konfli, mennen ak vyolans. Se youn nan lide ou jwenn nan tout manifestasyon ki te genyen nan monn lan an 2020 an, jan nou te dekri sa avan.

Batay kont inegalite sosyal ak inegalite ekonomik kapab batay ki mete monn lan tèt anba pandan rès syèk sa… Li enpòtan pou sonje, ingalite se youn nan kòz konfli ame nan anpil peyi nan monn lan. Lè yon gwoup santi li pa genyen anpil, lè li santi eka ant li menm ak gwoup ki genyen an ap grandi, li santi fristrasyon, sitou nan yon sosyete kote li pa gen aksè ak tout sa li bezwen (manje, dlo, sèvis leta yo, swen sante, edikasyon, sekirite, elatrye).

Opinion | La presse, la diplomatie et l’éducation font aussi partie système

Kesyon inegalite richès la fondamantal pou Ayiti, sitou nan peryòd kriz ekonomik ak politik nou ap travèse a. An reyalite, kriz sa yo ka fè sitiyasyon inegalite sa yo vin pi grav ke jan yo te ye avan. Menm si anpil aktè pa abode sijè a, genyen yon nesisite pou nouvo jenerasyon Ayisyen an konprann tou, inegalite ekonomik ak inegalite sosyal makònen ak kesyon koulè a tou an Ayiti. Sa ki ka fè li pi difisil pou rezoud. Nou pa menm bezwen pale sou kijan sitiyasyon sanitè ki mache ak COVID-19 la anfose nou plis.

Batay kont inegalite sosyal ak inegalite ekonomik kapab batay ki mete monn lan tèt anba pandan rès syèk sa…

Youn nan lòt fòm inegalite jenn Ayisyen yo dwe panse sou li tou, se inegalite ant rejyon nan peyi a. Lè nou di sa, nou vle pale de diferans nan aksè ak sèvis, diferans nan kantite kòb k ap sikile, diferans nan jan moun viv, ki genyen ant Zòn Metwopoliten an ak rès rejyon yo.

Plis inegalite ant moun k ap viv nan vil ak moun ki ap viv nan lòt rejyon riral yo ap grandi, se plis fenomèn egzòd riral la ap pran chè. Kidonk, se plis tou, kondisyon lavi nan vil yo ap deteryore. Si pwoblèm sa yo pa rezoud, 99% yo, ki genyen sèlman 20%, ka deside leve kanpe yon lè pou fè vyolans sou 1%, pou ka pran 80% yo genyen yo. 

Lò nwa (Petwòl) anfas Devlopman vèt

Depi kèk tan, genyen gwo deba ki ap fèt sou metòd pwodiksyon yo nan monn lan, sitou sou fason sosyete ap devlope rapò li ak lanati. Yon sistèm pwodiksyon ki detwi anviwònman, ki ogmante nivo polisyon ki genyen an, pa yon sistèm pwodiksyon ki dirab. Pa egzanp, an 2018, ou te jwenn pami peyi ki genyen plis polisyon yo : Lachin, ki vini an premye (ki te emèt plis pase 9 milya tòn gaz kabonik), Etazini (plis pase 5 milya tòn), Lend (preske 2.5 milya tòn), Larisi (anviwon 1.5 milya tòn), elatrye. Youn nan pi gwo sous polisyon, se jan yo sèvi ak petwòl, ak jan pwodui sa te pran yon plas enpòtan pandan dènye syèk yo.

Jounen jodi a, monn lan vle fè atansyon plis ak nivo polisyon, ak pwoteksyon anviwònman ak fason yo jere konsomasyon enèji. Se sak fè, genyen anpil deba ki ap fèt jounen jodi a pou fè tranzisyon ant enèji ki fèt ak baz fosil yo ak enèji yo konsidere kòm renouvlab yo. Se yon fason pou yo ka diminye pwa sistèm pwodiksyon yo genyen sou anviwònman, an menm tan, pou pwoteje jenerasyon ki ap vini yo. Genyen diskisyon ki ap fèt pou eseye kontwole enpak sosyete yo genyen sou klima tou. Akò Pari a, ki ta dwe montre angajman pifò peyi nan monn lan, pou yo kite yon anviwònman sen pou jenerasyon kap vini yo, montre nou batay ki genyen deja nan fè moun askepte enpak polisyon sou klima ak sivi rès monn lan, sitou zile yo.

Opinion | On ne peut changer de «système» sans modifier le parlement, l’église et la justice

An 2017, mache enèji renouvlab la te vo anviwon 928 milya dola ameriken. Yo te fè previzyon mache sa ka vo plis pase 1.5 bilya dola, tan pou nou rive 2025. An plis, se yon endistri ki gen yon nivo kwasans ki ka pèmèt li devlope pi rapid, kote kou pwodiksyon yo ap diminye yon fason ki rapid. Pwodui enèji apati solèy, van, dlo ak lòt materyèl oubyen sous ki renouvlab se youn nan mwayen pou kontre jan yo sèvi ak pwodui petwòl yo (sitou jan sa fèt ak eksè). Kidonk, Ayiti pa ka pase akote tandans mondyal sa, ki vle soti nan polisyon pou kreye yon monn vèt.

Ayiti genyen yon gwo potansyèl pou enèji ki pwodui apati solèy. Ant 2014 ak 2017, yo te evalye « Eklèman Orizontal Global » la ka rive ant 5 ak 7 kilowat lè, pa mèt kare, pa jou, nan majorite pati nan peyi a. (“Eklèman Orizontal Global” se yon meziman kapasite yon peyi pou li pwodui enèji apati solèy, apati kantite reyon iltravyolè li ka kapte.) Genyen rejyon kote li ka rive 8 kilowat lè, pa mèt kare, pa jou. Pou nou ka esplike kisa sa vle di, nou ka konpare li ak Almay, ki se youn nan premye peyi ki gen plis kapasite pou pwodui enèji apati solèy an Ewòp, kote « Eklèman Orizontal Global » la pa depase plis ke 3.5 kilowat lè, pa mèt kare, pa jou. Sa vle di Ayiti genyen yon gwo potansyèl konpare ak kèk lòt peyi.

Eleman sa yo montre nou klè, nouvo jenerasyon Ayisyen an genyen pou li fè yon chwa estratejik ant kontinye sèvi ak lò nwa oubyen deside vire nan pwodui enèji apati solèy, van oubyen lòt sous renouvlab yo. Pou sa ka fèt, l ap mande pou politik komèsyal Ayiti pa rapò a rès monn lan, politik fiskal ak yon lòt politik ekonomik yo alinye ak objektif sa yo. Sa ka mande tou pou Leta ankouraje devlopman lòt mache ki konekte ak enèji renouvlab yo (tankou endistri batri…).

Pwodui biyolojik anfas Pwodui chimik

Koze lasante enterese sitwayen plis chak jou k ap pase. Se sak fèm anpil moun bay yon gwo enpòtans ak sa y ap manje, paske manje genyen enpak sou nivo sante. Risk pou yon moun fè maladi tankou maladi kè, maladi sik ak lòt maladi kadyo-vaskilè ka ogamante lè l ap konsome anpil pwodui chimik. Se sak fè, konsomatè kontanperen yo ap chache chanje abitib konsomasyon yo, pou yo ka manje pi sen. Nan ka sa yo, ou jwenn anpil peyi pran dispozisyon pou ankouraje pwodisyon manje ki biyolojik, sa vle di ki fèt a mwens pwodui chimik ke posib. Pou sa ka rive fè, genyen lòt fòm angrè Leta ankouraje pwodiksyon yo pa egzanp. Oubyen li ka pran mezi fiskal pou ensite moun yo kreye fèm byolojik.

Mache mondyal manje biyolojik la te vo plis pase 92 milya ewo an 2017, yon chif ki miltipliye pa 6 pandan 20 lane ki sot pase yo. Nan menm ane a, te genyen anviwon 2.9 milyon fèm biyolojik nan monn lan, kote Azi genyen anviwon 40% nan fèm sa yo. O total, te genyen anviwon 70 milyon ekta tè ke yo te fè kilti byolojik sou yo nan monn lan. Chif sa yo esplike kijan monn lan vle eseye fè tranzisyon, sòti nan chimik lan, pou ale nan biyolojik la. Chak jou ki ap pase, konsomatè a ap santi li pi responsab epi konsyan sou sa ki gen rapò ak sante li.

Nouvo jenerasyon Ayisyen an ap genyen pou li fè yon chwa tou sou kijan li vle pou popilasyon ayisyen an manje. Chwa sa enpòtan sou 2 ang. Yon kote, devlopman mache byolojik la reprezante yon gwo opòtinite komèsyal pou nou. Listwa montre Ayiti kòmanse sèvi anpil ak angrè epi fètilizan chimik, sèlman apati fen lane 1990 yo. Kòm li te difisil pou gen aksè ak angrè chimik sa yo, ki te koute twòp kòb pafwa pou agrikiltè yo, Ayiti vin gen yon avantaj estratejik, paske tè li yo pa genyen anpil fètilizan chimik. Yon lòt kote, li enpòtan tou pou lòt jenerasyon an panse ak sante li, sitou nan yon monn ki gen anpil polisyon, anpil pwodui toksik y ap respire, manje, bwè… Kidonk, chwa sa detèminan pou lavi nou.

Libète anfas Sekirite

Genyen lòt gwo batay ki ka enpòtan pou pwochen jenerasyon Ayisyen. Se dilèm ant plis Libète ak plis Sekirite a. Menm si nosyon vi prive a pa yon konsèp sansib nan sosyete ayisyen an, menm si pa gen anpil dispozisyon legal ki aplike sou sa, gen yon moman, nouvo jenerasyon ap genyen pou li fè chwa ant Libète li genyen an ak Sekirite li bezwen an. Kesyon fondamantal la se : eske nou ap dakò pèdi nan kèk ti libète nou, pou Leta ka garanti sekirite nou, granmesi enfòmasyon li ka rive kolekte. Nan sitiyasyon sa yo, konsèp yo rele « Intelligencia » pral gen yon plas fondamantal. Kriz sanitè COVID-19 montre nou tou ki gwo batay ki ka genyen lè yon Gouvènman vle eseye mete restriksyon sou kijan moun ka deplase, kibò ou ka ale, alòske se sekirite sanitè global popilasyon an l ap chache. Se preske menm sitiyasyon sa nou jwenn lè peyi ki ap chache pwoteje tèt yo kont atak teworis yo, ap chache kontwole enfòmasyon ki ap sikile yo, sitou sou rezo sosyal yo.

Opinion | Que doit faire celui qui veut réellement changer le système en Haïti ?

Chwa nouvo jenerasyon Ayisyen yo pral fè a, l ap materyalize nan fason nou jere sistèm enfòmasyon nou. Lè nou di sistèm enfòmasyon, sa vle di sòti depi nan sistèm idantifikasyon yo (nesans, lanmò, maryaj, laj majè, sekirite sosyal…), pase pa regilasyon ki genyen pou medya yo, rive jouk nan kontwòl sou enfòmasyon ki ap sikile sou rezo sosyal. Chwa sa ap konkrè tou nan fason Leta ka rive pwoteje done sitwayen yo, pou lòt moun pa sèvi ak yo pou manipile yo, pou fè mal ak yo oubyen pou eseye destabilize sosyete a. Boutofen, chwa sa ap materyalize tou nan jan nou sèvi ak enstitisyon ki la pou jere enfòmasyon sa yo (ONI, Ajans Nasyonal Entèlijannsya, MSPP, elatrye.). Kidonk, nouvo jenerasyon an dwe asire li ke enstitisyon sa yo pa sèvi pou fè abi, oubyen pou oprime, eksplwate sitwayen yo.

Anplis refleksyon nou sot fè yo, genyen lòt ankò ki ap enpòtan. Men youn ladan yo, ki ka gen yon enpak dirèk sou lavi nou, se chwa ant kite lòt moun ki pa kapab pran desizyon pou majorite a oubyen deside patisipe nan lavi politik sosyete nou ladan li a. Nouvo jenerasyon an dwe konprann tou, si li pa oblije otorite yo entegre li nan pwosesis desizyon yo, si yo pa vle enplike yon fason oubyen yon lòt, genyen lòt moun, ki pa oblije gen bon entansyon, ki ka pran desizyon sa yo nan plas li.

Lè chat pa la, rat pran kay !

Valery Ralph Valière

Économiste, Ralph Valéry VALIÈRE travaille sur les thèmes liés à la promotion économique, la concurrence et d'autres formes d’analyses microéconomiques (comportement, marché…). Amant fou d’Haïti, il recherche les solutions plutôt que de s’attarder sur les problèmes.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *