Le Blog

Maïté : « Nou pa toujou abite kote n vle , men pito kote nou kapab »

0

Par Maïté T.

Nou pa toujou abite kote n vle , men pito kote nou kapab.

Anpil nan nou pou diferan rezon, pa gen chwa kote n rete.

12 janvye  2010, tè a fè yon sèl kòlè, li tranble nan tout kò l,  bay tout yon peyi  pataswèl, fè moun ki ladann chanje fason yo gade l, fason yo abite sou li.

Li retire nan men anpil nan nou chwa pou n abite kote nou vle.

Nou pa toujou abite kote n vle, men pito kote n kapab, sitou apre katastwòf sa a.

Abite se plis pase rete nan yon kay, yon katye, yon peyi.

Se pa rete yon kote ase epi viv, se tout rapò n, tout lyen n ak yon espas. Se abite yon bout reyalite, yon moso listwa.

Gen de moso ki pi fasil pou abite pase lòt, gen bout ki mande fyèl. Anpil nan nou, se pa foli fyèl ki monte n, ki fè n abite la, se chwa nou pa gen.

Nou pa toujou rete kote nou vle, nou pa toujou viv listwa nou vle, abite reyalite nou ta renmen ki pa n.

Nou ka abite rèv nou, oswa yon reyalite. Ki chwa kèk nan nou genyen ?

Pouki gen moun ki pa fè wonn pòt menm lè reyalite ap chache mete yo deyò ?

Pouki gen lòt ki pa fè wonn pòt menm lè rèv yo ka ofri yo miyò ? 

Dèyè chak kay, kit se yon kay ak eskanp, yon kay san figi, yon kay san nanm, yon kay ak trip, gen yon listwa ki kenbe l, yon moun k abite, ki rete, k ap reve…

Se gras a de moun ki te deside pataje yon ti bout nan listwa yo ak kote yo rete, tèks sa yo ka fèt.

Poukisa ou abite la a ?

« Madanm, ret trankil ak koze pouki se la a m abite a. Ou panse si m te gen chwa, m t ap rete nan yon bout kay san eskanp ki prete yon apiye sou yon lòt ?

Ou panse si m te gen chwa, m t ap rete nan yon bout kay san eskanp ki prete yon apiye sou yon lòt ?

Monte pi wo, al mande moun ki ka panse demen, pouki yo abite kote yo abite a? Kite m jere jodi m.  Pa agase m!

Epi rete yon kote pa vle di abite la. Èske ou ka abite yon kote w pa moun ?

M rete nan yon peyi ki pa vle m rete ladann, nan yon zòn ki pa vle m rete ladann, nan yon kay ki pa vle m rete ladann… Men m fèk kare la, pouki? Se pa wont m pa konn wont non madanm, m pa gen lòt chwa!

Kay sila a, se kwa pa m. 12 janvye, yon bout nan li deside al fè wout li, lè l prale desann li tou foukan ak bò dwat mwen, m vin pa ka travay, pa ka vanse, m pa ka fè wonn pòt. Ti kras moun peyi a te ban m dwa ye, tou disparèt.

Antretan pri materyo konstriksyon pa desann, se pi chè tout vin pi chè, m vin pa gen mwayen repare kay la, moun ki t ap lwe de pyès chanm kraze yon kite sa.

Vin rete mwen, yon moso moun nan yon moso kay, k ap gad lavi k ap kouri kite l.

Madanm, ret trankil tande ! Si ou mande kay la pouki li abite ak mwen, l a mande w èske  ou panse si l te gen chwa, li t ap rete ak yon bout moun  san eskanp ki prete yon apiye sou yon kay kokobe ? »

« Pourquoi, j’habite ici ?

Je n’habite pas une maison, j’habite une amie…

Je suis née en 1929 sous ce toit, dans cette pièce où je me trouve aujourd’hui. Depuis, cette maison et moi, cultivons une histoire particulière. Du lieu de naissance à habitat, d’habitat au refuge, du refuge à l’amie et de l’amie au reflet. Oui, j’habite mon reflet.

91 ans que je la connais cette maison, ses espaces vides, ses briques mortes, son silence. 91 ans que je côtoie chacune de ses courbes, chacune de ses lignes.

Je n’ai pas souvenirs d’avoir été en vacances en province petite, durant l’adolescence je n’ai jamais découché, jusqu’à maintenant je n’ai jamais été hospitalisée, j’ai donné naissance à mes deux fils ici, je n’ai même pas un passeport. Du coup, toute ma vie, je l’ai vécu ici.

J’avais seize ans quand ma mère est morte et nous l’a laissée. Mon père n’en voulait pas vraiment, elle contenait beaucoup trop de souvenirs. Il s’est donc mis doucement à la fuir et puisque moi, déjà je m’y accrochais, il s’est mis à me fuir également. Je ne lui en ai pas voulu, au contraire.

Quand il a fallu que je me marie, j’ai eu la chance de trouver un charmant idiot canadien, qui cherchait à s’installer ici. Il ne demandait qu’à fonder un foyer. Il a dû à cette époque me raconter ce qu’il fuyait mais je ne m’en rappelle plus. Bref, l’important c’est que je l’aimais bien cet idiot car il n’a jamais cherché à déranger l’ordre établi.

Nous avons eu deux garçons, ils sont adultes maintenant, j’ai même des arrières petits-enfants. Ils n’habitent pas le pays.

Après les dix-huit ans de mon fils cadet, je ne me rappelle plus comment, mais j’ai dit aux hommes de ma vie, que malgré mon amour pour eux, il était temps pour moi, d’arrêter de partager avec eux mon refuge. Quelques temps après mon défunt mari et mes fils sont partis habiter le Canada et depuis, cette maison et moi nous habitons l’une l’autre.

Les enfants et leur famille, viennent me voir une fois par an, ils n’insistent plus pour que je vienne les rejoindre. Après le tremblement de terre, ils ont pleurniché, menacé, pour que je m’installe dans le froid avec eux, j’ai tenu bon.

Ici, c’est chez moi, je n’irai pas exister ailleurs.

Je sais, il est écrit sur la façade extérieure ‘‘à démolir’’, d’où la question « Pourquoi j’habite ici ? » j’imagine. Parce que je n’ai pas le choix.

Oui, j’ai les moyens économiques pour partir d’ici, mais je n’ai pas la force émotionnelle. Malgré les blessures infligées, je ne peux la laisser cette maison, je ne connais qu’elle. Il me serait impossible de briser le lien qui nous unit. Ce serait une trahison… Et dans un sens je suis bien trop lâche, pourquoi laisser une certitude pour un lieu inconnu ? Comment habiter l’inconnu ?

Non, laissez-moi à ma certitude, je ne m’inquiète point de ce qui est inscrit dessus. Cela fait des années qu’elle et moi nous vivons avec ces mots. Et par ailleurs, mes fils ont fait faire quelques réparations, cela nous suffit.

Nous avons évolué ensemble, elle et moi.

Toutes deux nous avons tremblé de peur il y a dix ans de cela mais nous en sommes sorties vivantes, il nous reste des séquelles de cette horreur. Encore une autre histoire que nous partageons.

Elle a des fissures… j’ai des cicatrices ; il lui manque des pièces… il me manque un bras.

« A démolir », il est écrit… Comment pourrais-je démolir toute une vie, toute une histoire ? Comment pourrais-je démolir mon reflet et continuer d’exister ?

Nous partirons ensemble, moi nichée au creux de ses fissures, elle blottie au fond de moi.

Tant que je serai debout, elle tiendra le coup.

Non, ce n’est point par choix, c’est tout simplement qu’il est impossible pour un corps de laisser son cœur pour aller habiter ailleurs. »

« Mwen pa abite la a,

Mwen manje, dòmi, leve la a, men m pa abite la a. M abrite. Depi 2010, pwovizwa vire pou tout tan, de fèy pwela tounen yon pyès kay, men m pa abite la a.  Yon van, yon vye lapli, kay la kouri kite m, li vole chache yon kote pou l abite. Si menm kay la ap chache abrite l, kouman w ta vle m abite ladann? Kiyès ki nan bon sans li, kiyès ki si l te gen chwa, ki t ap dakò abite anba yon pikèt, yon fèy tòl, de twèl chire, san fondasyon. M pa abite la a zanmi, m abrite jouk yon van bwote m ale. »

« Pourquoi j’habite là ?

Je n’habite pas ici, j’habite un morceau de terre, mais il n’existe que dans ma tête. Des murs de fleurs, des portes ouvertes, des barrières d’étoiles, des rideaux de soleil. J’habite un endroit en mouvement, qui ne tremble jamais. Là où j’habite, j’ai toujours sept ans, il y a encore mon frère au fou rire lumineux, ma mère et ses mots d’amour, mon père, ce géant aux yeux si doux…

Je n’habite pas cette maison aux rebords râpeux, aux regards durs, aux recoins effrayants, j’y loge. Je loge dans une maison qui renferme des gens qui depuis dix ans ont oublié le goût d’un sourire.

Ici, c’est l’horreur : le géant de père est devenu violent. Il tape sur tout ce qui bouge, je suis épargnée moi, le mouvement, je ne connais plus. Les mots de la mère sont maintenant cassants et haineux. Cela fait dix ans qu’elle saigne et elle veut que les autres saignent avec elle, chacun de ses mots coupe, pique, elle parle pour blesser. Le frère lui, ne parle plus trop, il ne dit presque rien depuis ce jour-là, son fou rire me manque tant.

Les gens que je connaissais et que j’aimais ont disparu. Je vis avec des inconnus, là où la colère et le désespoir sont venus s’installer à tout jamais.

J’ai envie de dire à ces gens que je ne reconnais plus, de me laisser partir habiter ma maison de fleurs, qu’ici je n’ai plus ma place, que je veux partir, aller retrouver le fou rire de mon frère, la douceur de mon père, les mots d’amour de ma mère. Je veux leur faire comprendre que je n’ai plus le choix, je n’en peux plus de vivre dans cette carcasse immobile qui me sert de corps.

Je veux aller habiter ce morceau de terre qui n’existe que dans ma tête. Cet ailleurs coloré, beau, fait de mouvements fluides et de gestes de bonheur…Cette maison où le noir n’effraie pas, où le silence est joyeux, où il y a du mouvement…Une maison arc-en-ciel, qui n’a jamais tremblé. »

Maïté T.

Photo couverture: CAMERON DAVIDSON/CORBIS

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *