Le Blog

Elit peyi Dayiti nan yon konplo pèmanan kont peyi a !

0

Nan vil Orlando nan leta Floride, Ozetazini, jou ki te 29 mas 2019 la, Edikatè Johnson Napoléon ak Ekonomis Etzer Emile t ap bay yon konferans sou tèm “Wòl dyaspora a nan remanbre ekonomi peyi Dayiti”. Atik sa rapòte pouki rezon Etzer Emile kwè gen yon konplo pèmanan kont peyi a nan mitan elit la.

Konferans la te òganize sou plato Tele Anacaona douvan yon ti gwoup moun nan kominote a ki te chita trankilman, zòrey yo an pant ak lespri yo louvri pou koute, absòbe, reflechi e boukante lide sou sijè ki ta pral debat la. Bò zòn 6zè di swa apre yon bèl rale entwodiksyon Jhonson Napoléon, ekonomis la te pran lapawòl pou l eksplike tou dabò sa ki te pouse l ekri premye liv li a Haïti a choisi de devenir un pays pauvre. Les vingt raisons qui le prouvent. Li tou profite anonse liv la fèt pibliye an angle. Nou swete pou liv la ta parèt tou yon jou an kreyòl pou tout moun ki vle li l ak fè rechèch nan lang sa gen aksè ak li.

Etzer Emile pale an premye de tout potansyalite richès peyi a genyen anba tè, nan agrikilti, nan rale touris vin vizite ak yon pakèt lòt ankò. Men pi gran trezò peyi a genyen daprè li, chita sou dividal moun ki konpoze popilasyon an, ki si yo ta jwenn ledikasyon, ap vin tounen yon fòs ekonomik ki ka kreye plis richès. Malgre tout posibilite richès sa yo, li panse peyi a chwazi fè move chwa nan politik ekonomik li ki mete l sou wout lamizè depi aprè gouvènman Duvalier yo rive jis jounen jodi a. Li konsantre prezantasyon li sou yon echantiyon sis rezon ki pwouve chwa peyi a pou yon sistèm anti-djob, antikwasans ak antipwogrè li te develope nan liv la tankou : 1) pwoblèm finansman ak kredi ki pa aksesib pou biznis, 2) pwoblèm pwopriyete latè ki pa verifye e ki pa sètifye, 3) liberalizasyon komèsyal ki kraze pwodiksyon nasyonal la, 4) sistèm edikasyon an ki pa adapte ak bezwen peyi a, 5) feblès enstitisyon nou yo ki blayi koripsyon, 6) Ekspòtasyon peyi a ki twò piti malgre avantaj komèsyal li jwenn.

 

Se nan ekspoze lide sa yo li mansyone yon pawòl ki klewonnen byen fò nan sèvo m : “Gen yon konplo pèmanan kont peyi a nan mitan elit la. Tout elit yo melanje  : elit politik (gouvènman ak opozisyon), elit ekonomik (moun ki gen lajan ak biznis), elit entelektyèl (ki fè pon ant sektè prive e gouvènman an).” Li menm avanse pi lwen pou l di: “Mwen gen prèv konplo a e se pou dyaspora a goumen kont konplo sa”. Te gen anpil lòt lide, pwopozisyon ak refleksyon pou fè ekonomi peyi a vin djanm M. Emile tap simaye nan konferans la, men lide konplo sa rete anpil nan tèt mwen. Mwen te swaf pou m konprann li pi byen. Ekonomis la te dakò pou banm plis limyè sou sa apre konferans la.

 Kisa ki genyen nan lide “konplo” Etzer Emile denonse a ?

Emile eksplike m : “konplo a” se yon antant jeneral kit nan sektè prive kit nan sektè piblik kote yo se yon ti gwoup moun ki byen youn ak lot, youn nan kòkòday ak lòt pou youn pa jije lòt, pou youn pa kondane lòt, pou youn pa mete lòt nan prizon. Kidonk se yon ti gwoup moun kote yo tout se yon bann kokenn ki gen menm objektif la : kenbe pouvwa a, jwi pouvwa a san yo pa gen okenn enterè pou popilasyon an.

Lòt sans konplo a se ta volonte moun sila yo pou mare sosis yo ansanm pou chwazi fè popilasyon an mal. Nan vizyon yon kategori nan sektè prive a si yon moun epanouyi l se yon defisi l ap ye pou yo. Yo vle e yo chwazi ak tout konsyans yo, tèt frèt, kenbe moun yo pòv, nan mizè e mete yon distans ekonomik sou yo pou anpeche yo emansipe tèt yo. Yo santi lè sa yo gen plis grad ak valè lè distans sosyal ak ekonomik la pi gran nan mitan kategori ki genyen ak sa ki pa genyen an. Kidonk se kenbe separasyon ekonomik ak sosyal ant moun anwo yo ak sa ki anba pou anba pa janm monte pi wo.

Eske gen prèv sou konplo sa ?

Ekonomis la eksprime l konsa : Premye prèv la, mwen wè l je klè nan enpinite ki blayi nan peyi a. Kijan ou fè konprann yon peyi ki kowonpi jouk nan zo l pa janm fè jijman pou okenn krim, pa vle mete koupab yo nan prizon ? Dezyèm prèv la se soudevlopman peyi a : tout moun lòt peyi nan mond lan al lekòl, yo fè klas yo, peyi yo ap devlope – e sa pa ka rive fèt bo isit ? Se pa maji ki fè sa ! Se yon antant klè kou dlo kòk pou peyi a pa avanse. Mwen santi sitwayèn ak sitwayen peyi a pa reflechi sou sa. Se pa fatalite sou peyi a ni enkonpetans moun k ap dirije l ki fè li nan eta sa. Se yon pwojè sosyal k ap aplike.

Kijan dyaspora a ka konbat konplo sa a ?

Li reponn konsa : Mwen wè dyaspora nan de nivo. Dabò, se yon majorite ki edike. 84 % Ayisyen ki gen yon nivo invesite lisans, mastè ak doktora ap viv nan dyaspora a. Dezyèman, se fòs lajan an. Se yon ti gwoup moun ki enfliyanse politik peyi a pa egzanp lè yo envesti kèk milyon dola pou finanse kanpay elektoral kandida yo, pou depite ak senatè ki enkapab, ki enkonpetan mete peyi a nan sitiyasyon malouk li ye a; dyaspora bò kote pa l se yon fòs paralèl ki ka bay repons nan mete konesans ak lajan l pou l balanse jwèt politik la. Dyaspora a ka jwe ak enfliyans li sou politik peyi a pou l mete sou pye yon lòt pwojè pou sosyete a e pou peyi a.

Èske li posib pou gen yon chanjman radikal nan ekonomi peyi a si anvan sa nou pa gen yon chanjman radikal nan politik la ? 

Li reponn: Wi, pa gen manti nan sa, pa p ka gen chanjman radikal nan ekonomi an si pa gen chanjman total nan politik la. Men sou bò pa m, mwen pa vle yon chanjman nan politik la, mwen vle yon chanjman nan Leta a. Leta restavèk sa, Leta sa yon ti gwoup moun kidnape pou defann enterè pesonèl yo nan sektè prive ak sektè piblik la dwe ranplase pa yon Leta ki pa p fè fas kare kont enterè popilasyon an men yon Leta k ap defann dwa tout moun. Jodi a nou gen yon Leta ki kont popilasyon an. Fòk nou gen yon Leta ki pou popilasyon an e ki mete tèt li nan sèvis peyi a.

Èske Leta a ta dwe limite jan popilasyon an ap grandi pou pa vin gen twòp moun ki depase kapasite resous nou ?

Li reponn: Mwen pa panse yon popilasyon k ap miltipliye dwe gen rapò ak kèk mekanis Leta a pou jwenn yon rediksyon demografik. Listwa tan ki sòt pase yo montre plizyè peyi ki gen anpil moun nan popilasyon yo, se yo ki vin peyi ki pi rich nan mond lan avek kwasans ekonomik ekstraòdinè. Keseswa Lend, Lachin, Etazini, twa premye pwisans nan popilasyon yo, se twa pwisans ekonomik pami pi gran pwisans yo. Menm bagay pou Brezil, Nigeria, Meksik. Ki mele nou ak anpil moun nan yon popilasyon kounya ! Sa k enpòtan se kijan pou popilasyon sa yo pa tounen yon chay ki twò lou pou Leta a men pito yon faktè pwodiktif ak fòmasyon e kreyasyon richès.

Mwen remèsye ekonomis Etzer Emile pou presizyon li pote sou deklarasyon li yo. Mwen remesye Tele Anacaona pou yon bèl konferans konsa sou yon sijè ki enpòtan nan politik, ekonomi ak avni relasyon peyi a ak dyaspora a. Mwen swete pou tout konferans ki pral kontinye fèt nan peyi a ak nan dyaspora a ta disponib menm jan sou rezo sosyo pou tout moun ka jwenn yo fasilman, reflechi sou tèm yo e pote dizon pa yo pou fè lide pwogrè kontinye vanse pou peyi a tounen Ayiti nou vle a, paske jan yon sektè petrochalenjè di l : Se lide ki vin anvan lidè.

Patrick André

Je suis Patrick André, l’exemple vivant d’un paradoxe en pleine mutation. Je vis en dehors d’Haïti mais chaque nuit Haïti vit passionnément dans mes rêves. Je concilie souvent science et spiritualité, allie traditions et avant-gardisme, fusionne le terroir à sa diaspora, visionne un avenir prometteur sur les chiffons de notre histoire. Des études accomplies en biologie, psychologie et sciences de l’infirmerie, je flirte intellectuellement avec la politique, la sociologie et la philosophie mais réprouve les préjugés de l’élitisme intellectuel. Comme la chenille qui devient papillon, je m’applique à me métamorphoser en bloggeur, journaliste freelance et écrivain à temps partiel pour voleter sur tous les sujets qui me chatouillent.

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *