FREE WRITINGLe Blog

FIKSYON: Kijan w makiye yon tilezanj ak yon twou katouch nan tèt li?

0

Magali te kanpe devan ti pitit la, l ap gade l ak yon sèl kesyon k ap bwase bil li. Nan kou kosmetik la, yo te aprann li anpil bagay, kijan pou mete woulo, kijan w aplike koulè, kijan w fè men yon moun k ap manje zong toutan transfòme an men mannken, men sa a vre, yo pa t aprann li l. Kijan yo makiye yon timoun ki gen yon twou katouch nan fontèn li ?

Magali t ap gade ti kò ti pitit la nan ti rad blan, ti « C’est joli » matant li te pote nan mòg la pou abiye l la, kè l t ap rache. Nòmalman lè w ap travay nan ponp finèb, ou sipoze abitye ak lanmò. Ou sipoze abitye wè bagay dwòl e pa krake lè w wè yo.

Lè yon sipoze kadav reveye ak souf li kout akoz glas la, ou dwe pre pou w rele mesye yo pou fout li kout pwen, kout pye, kout ba fè ou fout li yon kle kou jiskaske yo fè l retounen al chèche wout Bawon. Si w paka wè sa ou ka toujou soti, men règ la te senp e klè, anyen k ap pase nan mòg la pa dwe deranje w.

Magali te yon dayiva nan koze ponp finèb, li te komanse karyè l nan yonn sou Chanmas la, li te kòmanse ak pòs menajèz, epi piti piti, li te aprann baz metye a, li te suiv fòmasyon jiskaske li te rive nan pòs makiyèz nan yon ponp finèb zòn Kafou.

Se Magali ki te la pou mete yon dènye kouch poud pou figi a ka parèt fre, yon dènye kouch fa oswa glòs sou yon bouch ki twò mare oswa yo te blije kole ak crazy glue pou l pa al louvri sanzatann sou moun ki vin bay mò a yon dènye salitasyon.

Pafwa lè pa gen anpil travay, si fanmi mò a pa t voye gan, Magali te konn menm pase de kouch kitèks sou zong kèk mò, li te konn sitou fè sa pou limena Mache an Fè l te konnen. Kidonk Magali te konn wè anpil, li te konnen anpil. Men yon timoun 5 lane! Kijan yo makiye yon timoun 5 lane ki gen yon twou katouch nan fontèn li tankou yon flè wouj san te deside eklate nan mitan figi l?

Yon ti tèt 5 lane, li gendwa potko gen rèv k ap jèmen ladann nan, men te siman gen souvni ki t apral fè l granmoun li t ap ye a si l pa t rete Matisan… si l te fèt nan yon fanmi gwo non pa bò isit, si l te pitit yon politisyen paske li pa tap menm an Ayiti…

Ti tèt la te siman gen anpil bagay li gentan aprann depi lè mèt li te kòmanse gen konsyans antouraj li, konsyans egzistans li, tout sa ti je l te gade lè l te yon ti bebe k ap dekouvri antouraj li, lè l komanse rale, lè l te tanmen mache…

Ti tèt 5 lane sa a t ap travay foul rejim pou sèvo a aprann, se te bon moman nan lavi l pou l aprann plis posib paske tout kapasite sèvo a te deplwaye, pre pou absòbe. Epi yon bri katouch, yon sanzave ki gen yon politisyen nan lonbray li kanpe sa sèk.

Mesye bandi, di m non kijan m ka makiye yon tifi 5 lane nou fout yon katouch nan tèt li ? Magali sipoze avan moun yo te bandi, yo se moun ki gen paran, pitit, ki gen yon tifi ou yon ti gason 5 lane yo pa t ap ka gade ak yon bal nan fontèn li, yon twou nan men l, yonn nan vant li, anfen, 4 katouch pou 4 twou nan yon ti kò ki pat gen kò pou l pran bal !

Magali t ap gade tifi a lonje sou tab la ak ti rad blan l sou li… blan pou pite… blan pou lapè.. blan kou kostim yon depite kowonpi nan antre palmantè… blanch kou po ti pitit la tankou l te fè anemi, paske yon sanzave ki gen yon senatè ou yon depite oswa yon prezidan kanpe nan lonbray li te fè l senyen nan 4 twou…

Magali t ap wè anpil depi kèk tan ; depi lè bandi te kòmanse feraye ogranjou, depi lè gouvènman te ba yo grad lidè kominotè, depi lè yo te tounen esta sou rezo sosyal, biznis mòg la te mache plis. Men gen de lajan Magali ta swete l pa t janm manyen.

Kijan yon paran pral viv apre l fin antere yon timoun 5 lane byen pòtan katouch fann fwa l ? Depi kilè timoun pa t epanye anba katouch pa bò isit? Depi kilè bandi te wa ? Depi kilè nou te reziye n ap tann katouch pa nou an ? Kijan manman ak papa tifi sa a ta pral kanpe pou gade l yon dènye fwa ak yon twou nan fontèn li ?

Kolangyèt, prezidan, kijan yo makiye yon ti zanj ki gen twou katouch yon Galil k al fini wout li nan mwèl tèt li ?

Magali panse a paran ti pitit la, li panse ak ti gason 16 lane l la li te degaje l voye Chili al jwenn papa l, li pouse yon soupi. Li pran yon boul koton, bouche twou lawonte a epi l pase yon kouch poud sou doulè de paran.

J'écris parce que le monde est dégueulasse. Le jour où il ne le sera plus, je me mettrai au chant!

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *