FREE WRITING

Opinyon| Èske se pou nou file manchèt yo, oubyen depoze yo?

0

« Lè yon moun ta pran pasaj Lik 22:36 kote li di : ‘Bon, kounye a… Moun ki pa gen nepe, se pou l vann rad li pou l achte yonn’, epi sèvi ak sa pou preche vyolans, sa pa kòrèk suivan lide tèks la. »

Depi anviwon twa ak kat lane konsa, soti lane 2018, Ayiti ap viv kèk sitiyasyon jenerasyon sa a pa t janm te konnen anvan. Lamizè plante drapo li sou tèt kay prèske chak grenn fanmi nan peyi a, kòripsyon taye banda ou ta di se li sèl ki mèt lalwa, lenjistis, gwo ponyèt, debòch parèt aklè pase solèy.

Nan 5 minit, pale ak Ayibopost nan sondaj sa a: https://bit.ly/3GkH7kB

Anplis tout sa, zak ensekirite ak ansasinay bat tout rekò. Tout kouch nan sosyete a sibi. Sof, petèt, sila yo ki ap alimante zak sanginè sa yo.  Sosyete a dewoute, chak moun ap chache yon solisyon chanjman ki pa parèt fasil. Menm kretyen yo ap kesyone enfliyans yo genyen tout bon vre pou jwe wòl sèl ak limyè kòm sa dwa nan yon sosyete k ap depafini.

Ki wòl Legliz tout bon vre lè tout yon peyi pa konnen ki kote pou li mete tèt? Yon repons se chache sajès Bondye pou li dirije aksyon nou (Pwovèb 3 :5-7).  Pa egzanp lidè legliz te ka mete tèt ansanm pou reflechi sou ki wout Lespri Bondye ap dirije nou suivan modèl Travay chapit 15 lan.

Lire aussi: Les églises génèrent une pollution sonore extrême. Pourquoi personne ne s’en plaint en Haïti ?

Youn nan premye wòl Legliz genyen, jan nou di, se aji nan yon dimansyon espirityèl. Si nou pale de zafè espirityèl, nou tousuit wè “Lespri”. Sa mennen lafwa, ki lye avèk fason moun panse, fason moun reflechi, fason moun aji epi reyaji. Nou kapab konsidere pòsyon Labib nan Women 12 :2 ki di pou nou kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l a fin chanje tout lide ki nan tèt nou… Legliz genyen devwa pou li oryante panse pèp Bondye a ak tout rès mond lan.

Men, se avèk kè sere, leplisouvan rekil, nou asiste fason kèk lidè relijye abòde kesyon ensekirite ki fin antòtiye peyi a.  Piske Legliz genyen youn nan premye wòl pou oryante panse ak aksyon moun selon verite Pawòl Bondye, lidè relijye yo pa kapab preche ni ankouraje vyolans sou kèlkeswa fòm lan paske sa kontrè ak kòmandman lamou Kris kite pou legliz la. Nonvyolans se yon prensip ki sanble pi byen mache avèk pozisyon Legliz te adopte atravè listwa.

Se vre, anjeneral, sitou lè yo anime ak yon santiman revòlt, moun renmen pawòl ki fè sansasyon, pawòl pike, pawòl revolisyon. Men se vre tou Bondye toujou gen yon mesaj patikilye nan chak moman twoub yo kote li ap mande pèp li a pou fè yon bagay. Nan tan sa yo, nou bezwen itilize sajès pou konprann kisa ak kijan Bondye ap mande nou pou nou oryante lavi nou.

Fè piblisite pou tout moun nèt pote zam, pou tout moun gen manchèt yo pare tou file, menm anndan sèvis legliz yo pou kapab koresponn ak bandi-ansasen-sanginè si yo ta vin atake, se pa diskou apwopriye pou oryante pèp Bondye a. Antreprenè san konsyans ap toujou pwovoke sitiyasyon pou zam vann, pou gwo zam vann, pou anpil anpil zam vann. Epi, lè sa a, si kretyen yo antre nan lojik la, yo menm tou pral nan kontribiye pou plis ensekirite tabli nan fè kontrebann zam ak minisyon an mache.

Mete nepe ou nan fouwo l, paske tout moun ki sèvi ak nepe, se nepe k ap touye yo tou

Yon lòt fwa ankò : èske chak moun pa dwe kapab defann tèt li ? Wi ! Wi, tout moun gen dwa defann tèt yo. Èske Jezikri pa t menm gen disip ki te fè pati yon geriya ? Wi, Lik 6 :14-16 pale nou de Simon Zelòt la. Èske lapot Pyè li menm pa t genyen fwenn li byen file epi te menm rive sèvi avèk li pou fè lejitim defans (Jan 18 :10) ? Wi ! Men tou, sonje ki karaktè lapot Pyè te genyen lè sa a. Li te yon enpilsif : sa vle di yon moun ki renmen aji sou emosyon, san pran tan pou byen reflechi. Yon modèl pou nou pa suiv nan sans sa a.

Legliz dwe gen ase fòs moral, notoryete apati reprezantan li yo ak yon abitid relasyon pastoral ak otorite yo pou yo kapab fè pledwaye bò kote reskonsab Leta yo pou yo jwe vrè wòl yo pou tabli lapè ak bon jan sekirite nan tout peyi a.

Legliz dwe prepare moun ki gen matirite kretyèn ki pou sèvi nan tout nivo nan estrikti sosyal ak gouvènmantal yo pou enpoze sa ki dwat, sa ki jis. Genyen fòs ki plase pou asire sekirite fizik sitwayen yo epi pwoteje yo, se yo menm ki pou jwe wòl yo. Si fòs sa yo fayi, se pou otorite yo abòde pwoblèm lan nan nivo sa a. Legliz li menm dwe kanpe fèm pou pwovoke sa. N ap sonje, chak manm Legliz se yon sitwayen nan peyi a. Otorite Leta yo dwe yo pwoteksyon tou, yo dwe garanti lapè yo ak libète yo pou yo fonksyone. Lè otorite Leta pa fè travay yo, tout moun peye konsekans lan, Legliz tou.

Lè yon moun pran nenpòt pasaj nan Bib la andeyò kontèks li, li kapab fè li di sa l vle. E se byen malere lè yon moun fè sa. Tankou, lè yon moun ta pran pasaj Lik 22 :36 kote li di : “Bon, kounye a… Moun ki pa gen nepe, se pou l vann rad li pou l achte yonn ”, epi sèvi ak sa pou preche vyolans, sa pa kòrèk suivan lide tèks la.

Lide deklarasyon Jezi a, se montre Jezi t ap montre disip yo apati moman yo pral arete li a, bagay yo pral pa dous pou yo ankò. Yo pral fè fas ak anpil ostilite, yo p ap ka konte sou moun pou pran swen yo ankò, fòk yo pare kò yo. Tout sans deklarasyon Jezi a chita nan vèsè 38 la tou kote disip yo di li: “Anben, men nou gen 2 nepe la a”. Jezi di yo “sa sifi”. Fason Jezi pwononse li pou di « sa sifi » a plis parèt iwonik pou di : Non, se pa sa ou konprann lan. Jan ou pran l lan se pa sa mwen vle di. Nou va konprann sa m ap di a pi devan. Jezi pa fè apèl a vyolans.

Nou bezwen sonje tou se menm Jezi sa a ki te di nan Matye 26 :52 nan menm kontèks la: « mete nepe ou nan fouwo l, paske tout moun ki sèvi ak nepe, se nepe k ap touye yo tou ». Sajès nou bezwen tire nan sa, se konnen kilè pou nou reyaji, kilè pou nou bat ba. Itilizasyon zam se yon kesyon etik ki dwe konsidere suivan kontèks.

Lire aussi: Le grave danger des églises transformées en centres hospitaliers en Haïti

Li kapab nesesè se vre, men li pa ni obligatwa ni sistematik. Toutfwa, menm lè kretyen pa kapab anbrase vyolans, sa pa vle di tou pou sitwayen nan Legliz konpòte yo kòm “Ti Jezi nan po krab” epi kite moun vin fè sa yo vle. Teknisyen kalifye kapab fè bon plan sekirite pou prevni tout move zak andan yon Legliz.

Anplis egzanp Labib yo ki montre kijan pwofèt yo, moun Bondye yo toujou kanpe kont lenjistis, nou kapab enspire sou sa ki te fèt pa twò lontan tou nan listwa pou nou kapab pwovoke chanjman ak estabilite nou tout bezwen pou nou viv byen epi anpè nan peyi nou. Egzanp, se te lojik vyolans lan ki te fè tribi nan peyi Wannda an Afrik te masakre youn lòt nan lane 1994, malgre yo te moun Legliz tou. Nou bezwen konsyantize Legliz ak sosyete ayisyen an kont tout santiman vyolans. Kretyen pa dwe rive nan masak menm jan sa te pase nan peyi Wannda.

Jounen jodi a, plis pase avan, Legliz bezwen fè santi notoryete li genyen pou pwovoke chanjman nan lapè. Legliz gen mwayen pou li ta boulvèse sosyete a san li pa antre nan fè pwomosyon vyolans.   Mwayen puisan Legliz la pou transfòme sosyete li se toujou puisans ansèyman verite Bondye ki transfòme kè moun ki rive kwè, se lapriyè lafwa ki pote Bondye fè entèvansyon nan listwa pou glwa non li, se egzanp lamou san kondisyon yon kominote ki pratike sa ki dwat (jistis) epi ki pran ka sila yo ki vilnerab (konpasyon). Anfen se yon kilti imilite ak disiplin ki tann pou se Bondye ki leve tèt nou epi bay delivrans nan tan li.  Vyolans pa ladan.

 

Jacky Chery

Kowòdonatè Mobilizasyon sou Wòl Pwofetik Legliz an Ayiti

Comments