FREE WRITING

AyiboPost lanse operasyon Ozetazini

0

Ekip AyiboPost la pote yon gwo nouvèl : apati mwa jen sa a, nou lanse operasyon Ozetazini. Se yon etap enpòtan nan evolisyon nou kòm medya Ayisyen endepandan, k ap fè repotaj orijinal, ede moun Ayiti kou lòt bo dlo konprann pi byen peyi a, mennen ankèt epi anime deba ki nan enterè piblik la. Objektif nou, se rapwoche dyaspora a de Ayiti.

Pou konnye a, nou gen 4 moun nan ekip Etazini an : Ralph Thomassaint Joseph, kòm lidè ak Sarah Jean nan wòl editris. Jolette Joseph ak Souzen Joseph se 2 premye jounalis nou yo. Y ap kouvri « Northeast » ak Florid. Inisyativ sa a jwenn sipò American Jewish World Services ak Unitarian Universalist Service Committee. Si w bezwen plis enfòmasyon sou kijan nou finanse travay nou, klike la a.

Pou gwo lansman sa a, n ap envite w nan pwojeksyon 2 dokimantè sou migrasyon Ayisyen ansanm ak yon diskisyon ant ekriven Edwidge Danticat epi jounalis Nadege Green editè an chèf nou, Widlore Mérancourt ap modere. Evenman an ap fèt 23 jiyè sila a, a 6è apremidi nan Sandrell Rivers Theater, Miami. Youn di lòt !


La rédaction de Ayibopost

    Comments