RECOMMENDEDSOCIÉTÉ

Plas ak rapò lang kreyòl ak fransè nan sosyete a

3

Tèks sila se yon repons de Saonha Lyrvole JEAN BAPTISTE a atik Fabian Charles lan « Kisa pale kreyòl vle di ann Ayiti? ». Nou envite’w li bèl repons sa ki fè deba a vanse.

 Dabò mwen ap presize ke mwen dakò avè w e antanke etidyan lengwistik je m louvri jodi a e mwen pou lang kreyòl la monte. Mwen te toujou panse e mwen te menm konn di l ke Ayiti se yon peyi bileng men gras ak limyè w mwen wè ke se pa vre. Tout peyi a pa pale franse vre, se yon ti pati menm si majorite popilasyon an konprann li, mèsi pou tèt sa.

Kounya an nou fè ti pale tou piti sou zafè lang matènèl sa a. M ap pran egzanp sou mwen e ou menm tou ou te ka nan sitiyasyon sa a kote lang franse vin lang matènèl. Avan voye wòch sou mwen fin li souple.

Kisa ki yon lang matènèl ? Se yon lang ou pa aprann pale, ou leve ou jwenn manman w ak papa w ap pale epi ou pale l, san pale anpil, san bri san kont. Se sa ki te rive m. Mwen leve mwen jwenn manman m ak papa m ap pale franse, donk mwen pale franse, se gras ak sèvant mwen konn kreyòl paske se an kreyòl yo te konn pale ak sèvant lan epi lè m ap grandi, mwen al lekòl mwen vin konn lang kreyòl byen a yon pwen mwen te vin pale l menm ak paran mwen. Men lè paran mwen  te fè sa a eske se paske yo pat renmen kreyòl ? Non. Dayè kounya mwen ka di se kreyòl net nou pale. Yo te fè sa pou mwen ka genyen sa yo rele:

« la culture de la langue française »

paske si w rive nan nenpòt biwo depi fransè w pa nan pwent bouch ou w ap bèbè e menm nan restoran gen kote w ale, si w paka pase kòmand ou an fransè li pap pase.

Yon lòt egzanp, mwen gen ti sè adoptive mwen ki gen 11 lane kounya e jiska prezan li pa pale kreyòl (sa ki yon mal mwen twouve nan yon sosyete kote tout moun pale kreyòl), menm si li konprann li men se fransè ak anglè li pale, se nan lekòl anglè li ye, se liv ak mizik anglè li li ak tande, elatriye.

Tout sa pou mwen di kisa ? Ke lang matènèl tout ayisyen pa kreyòl e mwen kwè ke gen pil lòt jèn ki menm jan avè m. E sa vin rann relasyon nou menm ki konsa ak bilengwism ayisyen an konplèks.  Poukisa ? Mwen leve an franse, lè mwen al lekòl mwen vin konn kreyòl e depi nan primè mwen te gen yon kou kreyòl nan lekòl mwen ki te « collège Bird » donk mwen vin renmen kreyòl e mwen pale l a yon pwen li vin pase pou lang matènèl mwen poutan mwen pa bliye lang franse nan lespri mwen paske jiskaprezan lè mwen anvi ekri e ke enspirasyon mwen monte m se an franse li vini, mwen poko ka ponn tèks powetik an kreyòl menm si m ap travay pou sa.  Donk lè mwen wè tout chay ayisyen parèy mwen yo ap bay franse pote sa pa fè m plezi e se pa paske gen mo kreyòl mwen pa konprann oubyen lè m ap pale mwen gen tandans pwononse « e » tankou an franse kifè mwen manke sou ayisyen m poutèt sa, mwen kreyolofòn menm jan ak ou, se sa nou pa wè souvan sèke moun yo di ki pale bwodè yo tou yo menm tou yo viktim diskriminasyon nan sosyete a.

Ou pale tou sou ak endepandans nou ki ekri an franse. Men Fabian nan ki lang ou te vle pou l te fèt ? Kreyòl pot ko la. Mwen kwè te gen yon lòt lang vre wi, yon lang ni kolon an ni esklav konprann men se pot ko kreyòl, se anpil tan apre kreyòl vin gen estrikti, vin byen ranje jiskaske li vin ka ekri. E se tou avan yè nou rive dakò sou òtograf la.

Gen yon lòt bagay tou mwen remake. Se vre nou plizyè entèlektyèl ap goumen pou lang kreyòl men sa nou rele pèp la, èske li vle chanjman sa a tout bon vre ? Janw te di a nan pati pwoblèm psiko-sosyal la. Sansibilizasyon pa ta dwe kòmanse nan pati dominan, men nan pati domine ya paske pèp la

reziyen l, li dakò lang franse lejitim, li dakò pa toujou konprann sa politisyen yo ap di, li santi l byen nan eta stanyasyon li ye a. Li fin abitye, li alèz. Alò fòk nou ta louvri je pèp la avan, se kèlke jèn sèlman wi ki nan bay kreyòl la jarèt e se plis sa ki fè lengwistik ak rès syans imèn yo tankou psikoloji, sosyoloji, ekonomi, elatriye. E fòk ou dakò poukont nou nou pap ka rive e si pèp la pa menm konprann sa k ap fèt la, se menm pa lapèn pou kontinye

paske lang se yon bagay ki kolektif, se yon kominote ki sèvi ak lang se pa yon gwoup. Si toutfwa nou ta rive fè kreyòl vin lang lejitim e entènasyonal la vin aksepte l, si nan tèt pèp la kreyòl la toujou san valè se lave men siye atè zanmi pa m. N ap travay pou anyen si pèp la pa avè nou. Paske se yo ki pale l.

Yon lòt bagay tou, ou te pale sou lekòl, gen lekòl ki tèlman ankre nan franse ke kou yo fèt an franse, men se lekòl kote timoun ki ladanl yo konprann trè byen franse e ou konprann sa m ap di a Fabian, tout kou fèt an fransè e sa fèm vin panse tou ak lasyans ou t ap di a, rapò emosyon/rezon, sa ki fè yo panse konsa se paske yon lang la pou li dekri yon reyalite, toutotan reyalite a poko egziste nan lang nan, pap ko gen mo pou ki dekri l. Pou lasyans lan, nou te fè anpil tan se ak mo franse nou tap fè rechèch nou (tikal sa nou te konn fè yo) donk syans lan vin jwenn nou an fransè, tout eksplike nou ta eksplike se tradiksyon e se jan de tradiksyon ou pa konprann anyen paske menm mo yo rete.

Poukisa ? Paske pa gen mo ki egziste pou yo nan lang nan, sa fòk nou ta chanjel.

Ann nou pran egzanp yon kou fizik oubyen matematik.

Teyorèm Pythagore, gade menm sa m ap di se tradui mw tradui, si kounya timoun nan kanpe li mande sa k « teyorèm » nan, sa pwofesè ya pral di l ? Konprann wi, sa se yon senp egzanp, imajine pou tout teyorèm nan ?

<p>« le carré de l’hypoténuse est égal a la somme des carrés des deux autres còtés »</p>

ni

<p>«  poussée d’Archimède « : tout corps plongé dans un liquide subit une poussée verticale de bas en haut egale</p>au volume du liquide déplacé ». kounya pèmèt mwen tradui yo :«

<p>kare ipoteniz la egal a sòm kare de lòt kote yo »</p>

avèk

<p>: « tout kò (bagay) yo lage nan yon likid sibi yon pouse vètikal ki soti anba monte anwo ki egal a volim likid la ».</p>

Kounya Fabian di m, yon timoun ki pa fransize kisa li pral konprann la??

Donk mwen pa gen pyès pwoblèm pou lekòl an kreyòl men se pa dòmi jodia, fè yon rèv epi leve met lekòl an kreyòl. Fòk gen bon jan etid ak estrikti ki fèt pou sa. Se pa britsoukou nan tèt cho. Sa vin rejwenn sa mwen t ap di anlè, fòk pèp la dakò, fòk li envante mo ki pou eksplike reyalite Archimède ak Pythagore la pou timoun ki bèbè nan franse yo ka konprann. Kounya se pou nou chita, pou nou met franse sou kote, poun sispann tradui franse epi sèvi ak mo pa nou.

Mwen remake ou pa pale non pli sou kijan lang nan ap pale anndan sosyete a, mwen swete sa ap fè objè yon lòt atik e n ap ka gen plis louvèti lespri pou nou pale sou sa.

Saonha Lyrvole JEAN BAPTISTE

Image: arttraffic.co.uk

Commentaires

La vérité sur le premier roman publié en créole haïtien

Previous article

Lang matènèl, lang lejitim, lang lasyans

Next article

3 Comments

  1. […] Plas ak rapò lang kreyòl ak fransè nan sosyete a […]

Leave a reply

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée.

#ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost