AYIBOFANMSOCIÉTÉ

Dan jòn ak dan blan : poukisa dan tout moun pa menm koulè ? | Videyo

0

Koulè dan moun lye ak plizyè faktè, dan blan pa vle di dan rezistan menmjan dan jòn pa vle di se yon move ijyèn ki lakoz li

« Ak dan mayi w la !
Men poul wi, ri non, dan chiko ! »

Sa yo, se yon seri fawouch oubyen jouman moun konn fè fas ak yo an Ayiti lè yo gen dan koulè jòn. Yo souvan lye dan jòn nan ak yon kesyon ijyèn, kòmkidire tank ou pa bwose dan w se tank dan w vin pi jòn. Konsa tou, gen moun ki konn fè kwè dan jòn nan pi rezistan pase dan blan.

Kilè moun gen dan jòn ? kilè moun gen dan blan ? Èske dan jòn pi rezistan pase dan blan vre ? Rale ti chèz ba w, m pral ede w konprann kesyon sa yo byen rapid.

Videyo jodi a, se pou n reponn ak yon kesyon ki te poze anba videyo sa a ki disponib sou chèn YouTube AyiboPost la. Nou mete lyen an nan fen tèks sa a pou ou. Se te yon videyo kote nou te eksplike klèman bonjan teknik pou moun pran swen dan yo. Kesyon ki te poze a pati konsa : « Yo konn di dan jòn osnon krèm se koulè natirèl, se vre ? »

Daprè sa dantis Kettue Hyppolite fè AyiboPost konnen, koulè dan yon moun depann de plizyè faktè. Li lye ak koulè je nou, koulè po nou, epi li depann de laj tou. Menm anndan bouch nou, tout dan yo pa menm koulè. Gen moun ki fèt ak koulè dan l tou jòn. Se sa espesyalis yo rele faktè andojèn nan.

Men tou, dan jòn nan konn lye ak yon kesyon ijyèn kote se faktè egzojèn nan ki lakòz kolorasyon sa tankou yon seri kouch ki vin tache sou dan an oubyen kèk move pratik dantè moun nan genyen ki atenn dan an. Moun ki fimen sigarèt anpil yo ap wè dan yo chanje koulè lakoz nikotin ki nan lafimen sigarèt la.

Lafimen sa pral tache sou dan an e si l jwenn yon dan ki pa gen yon bon pratik ijyèn, l ap layite l nèt.

Kafe tou chanje koulè dan moun paske li gen yon seri koloran natirèl ki tache sifas dan an menm jan ak yon seri medikaman.

Kounya a, èske dan jòn pi rezistan pase dan blan vre ?

Doktè Kettue Hyppolite di AyiboPost, pa gen yon kesyon dan jòn pi rezistan pase dan blan. Sofke, nan ka pa dan jòn nan, si se yon seri vye pratik ijyèn ki lakòz dan moun nan vin jòn, lè sa dan sa vilnerab. Li frajilize bouch la e li pa gen menm rezistans ak si se laj moun nan ap pran ki fè dan an vin jòn. Sa ki li menm se yon diskwomi dantè nòmal ki pa patolojik.

Pou sa ki konsène koulè po moun ak koulè dan li an, doktè Hyppolite fè konnen, tank moun nan gen koulè po fonse, tankou moun nwa yo, se tank dan li parèt blan. Pou moun po klè osnon blan yo, se pa menm bagay. Anpil fwa, se blanchiman dantè yo fè pou dan yo blan.

Pandan n ap pale de blanchiman dantè a, an Ayiti nou gen yon seri pratik natirèl nou konn itilize pou fè dan nou blan tankou foubi dan nou ak bikabonat, chabon, itilize dlo kokoye pou (bain de bouche), mete bwòs la tranpe nan dlo tyèd, elatriye ki pa san konsekans.

Sou menm koze sa a, Doktè Kettue Hyppolite di nou, pwofesyonèl nan sante bouch konn itilize bikabonat ak chabon. Dayè, gen pat dantifris ki fèt ak konpozan sa yo. Sofke yo doze. Se sa k fè pat dantifris sa yo se yon doktè ki pou preskri w li, paske si w itilize l sou yon tan ki long, l ap afekte sansibilite dan an tankou nenpòt ti dlo glase moun nan bwè, dan l sezi l.

Konsa tou, si moun nan se yon faktè egzojèn, sa vle di yon bagay ki pa natirèl, ki lakòz dan l jòn epi li vin ap itilize chabon oubyen bikabonat, lè konpozan sa
yo fin retire kouch ki te chanje koulè dan an, moun nan ta sipoze sispann. Tank li kontinye se tank sansibilite dan an ap afekte. Paske, konpozan sa yon genyen kapasite tou pou yo detwi emay dan an.

Nan menm kesyon blanchiman dan sa, dantis yo itilize plizyè metòd. Doktè Hyppolite di, pwosesis sa yo lye ak sous ki lakoz dan an chanje koulè a. Pa egzanp, si moun nan fèt ak koulè dan li nòmal epi se vye abitid ki chanje koulè dan li, yon detatraj ak yon pwofilaksi ap penmèt moun nan rejwenn koulè dan nòmal li tout pandan li p ap tounen gen menm vye abitid ijyèn dantè yo.

Pou yon moun ki gen dan l ki chanje koulè apre l fin pran yon so oubyen ki pran yon kou nan dan an kote se (pulpe dentaire) la, pati ki pi vivan nan dan an ki pran chòk la, lè sa dantis la ap fè yon tretman kanal, sa yo rele ondodonsi a, k ap penmèt dan an rejwenn koulè l.

Bon ! Kijan pou w kenbe koulè dan natirèl ou ?

Si w vle kenbe koulè natirèl dan w, ou kapab evite konsome anpil sik, bwason gazez, evite fimen epi pa plede bwè anpil alkòl. Lòt bagay tou, lè w ap konsome pwodwi ki gen koloran ki kab tache sou sifas dan an tankou kafe, asire w sifas dan an toujou lis, sa vle di toujou byen bwose pou koloran yo pa jwenn ak depo.

Pou fanm ki ansent yo, nou dwe evite pran antibyotik ki nan menm fanmi ak tetrasiklin, paske medikaman sa ap aji sou koulè dan ti bb a. Se sa espeyalis yo dekouvri.

Kidonk mezanmi, koulè dan moun lye ak plizyè faktè, dan blan pa vle di dan rezistan menmjan dan jòn pa vle di se yon move ijyèn ki lakoz li. Lesansyèl, se pran swen dan nou, chèche wè dantis epi n ap kenbe koulè dan natirèl nou.


▶ NÒT pou PRESIZYON :

AyiboPost vle presize 3 pwen enpòtan sa yo :
  1. Pwofilaksi pa metòd pou fè dan blan. Li se sèlman youn pami metòd netwayaj dantis itilize, pou pèmèt dan an repran koulè nòmal li, apre move abitid ijyèn te chanje koulè li.
  2. Tretman kanal dantè pa metòd pou fè dan blan. Li sèlman ka evite dan an pèdi koulè natirèl li apre dan an te sibi yon chòk; men fòk moun nan al wè dantis touswit apre chòk la, pou pil tan pa gentan pase.
  3. Pou sila yo ki vle blanchi dan, dantis yo gen 2 opsyon : swa yo aplike metòd ki rele « facette », kote yo mete yon kouvèti sou dan an; swa yo itilize metòd « blanchiman » kote yo itilize yon pwodui a baz de (Peroxyde).
Nou bay detay sa yo, jis pou ka ede w pi byen konprann. Men, yo pa ranplase devwa ou genyen pou w ale wè dantis.

▶ Rechèch ak Redaksyon : Daphena Rémédor

▶ Montaj ak ilistrasyon : Peterson Patrison Roger


Pou rete konekte ak AyiboPost :

▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la

▶ Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la

▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la

Daphena Rémédor est comédienne et étudiante en sciences juridiques. Passionnée par les relations humaines, elle met ses compétences en communication au service de sa communauté.

    Comments