Èske w te konnen si manje a pase nuit la sou tab oswa sou recho a, ou ta sipoze jete l lè w leve nan demen maten ? Èske w te konnen tou gen manje ou pa dwe chofe ?
Premye sa n ap presize : se pa chofe manje a ki pwoblèm an li menm; se pito si w pa byen chofe l oubyen si w chofe yon manje ki nan kategori manje ki pa gen dwa chofe. A wi ! Gen manje ou pa gen dwa chofe ditou; e sa ki ka chofe yo, gen prensip ou dwe respekte pou fè sa.
► An n gade dabò kèk manje ou pa gen dwa chofe.
Gen nitrisyonis ki kategorikman pa konseye moun chofe kalte legim tankou epina, leti, chou, pòm de tè, navè, radi, bètrav, elatriye. Poukisa ? Enben, nitrisyonis yo fè konnen, legim sa yo fè pati de legim ki gen nitrat (NO3─) nan yo. Nitrat yo se yon seri sibstans chimik natirèl. Lè w fin kuit legim sa yo, epi w chofe yo apre, enben, nitrat yo tounen nitrit (NO2─) ki yo menm se konpoze chimik natirèl ki toksik anpil. Nan sans sa a, gen etid ki revele, konsomasyon manje ki gen nitrit nan yo ka debouche sou dyabèt tip 2.
Sepandan mezanmi, pa kouri di n ap jete legim, nou p ap konsève yo. Gen solisyon. Tande byen !
Nan ti bat bouch AyiboPost te genyen ak dyetetisyèn Clairtide Morel Thomas, nou rive konprann, se pa chofe legim nan ki veritab pwoblèm nan an reyalite; se pito fason nou konsève yo avan n chofe yo a epi kantite nou pral konsome a ki poze pwoblèm. Pou konsèvasyon legim yo, si w suiv tout prensip yo, tankou pa kite yo deyò plis pase 2èd tan lè yo fin kuit, ou ka chofe yo alèz. Sofke, pou kantite ou pral konsome a, fòk ou fè pridans.
An nou pran egzanp yon manje ki gen epina, leti, bètrav, radi… yon dal legim-fèy ki chaje nitrat ladan yo. Si ou mete twòp nan chak engredyan sa yo, enben ou riske pran yon doz nitrat ki ka deranje sante w.
Nan sans sa, si w vle chofe yon manje ki fèt ak legim-fèy kanmenm, rasire w ou pa pran l anpil. Epitou, evite chofe l nan microwave.
Dayè, chofe manje nan microwave pa toujou yon bon bagay. An n pran le ka ou te fè yon «poulet rosé». Sa vle di ou te kuit poul la pandan w te kite l ak ti san ladan. Si w al chofe l nan microwave, ou p ap rive detwi bakteri tankou «salmonèl» san ki nan vyann lan ta va atire. Microwave lan pa gen kapasite ase pou sa. Se recho w pou w pran.
E menmsi vyann lan te byen kuit tou, li preferab pou si se sòs ou te fè, ou chofe sòs la, apresa ou ajoute vyann lan pandan li sou yon dife ki byen lejè. Li enpòtan pou w pa chache kuit vyann lan yon dezyèm fwa. Konsa tou, ou ka manje vyann lan tou frèt. Lè sa w ka fè sandwich ak li oubyen salad.
Sa w dwe sonje, se manje yo ki sipoze byen kuit depi nan premye fwa epitou byen konsève yo selon prensip yo.
► Kounye a, an n gade prensip ou dwe respekte anvan, pandan epitou apre w fin chofe yon manje.
Gen 2 etap ou dwe metrize avan w chofe yon manje.
Premye etap : fòk ou asire w manje a byen kuit, sa vle di, prepare tout engredyan yo nan bon kondisyon lijyèn epi ba yo ase tan pou yo fin kuit.
Dezyèm etap la : se asire w manje a byen konsève aprè l fin kuit. Konsèvasyon an enpòtan anpil, kite m byen eksplike w kijan pou w byen fè sa.
Lè w fin byen kuit manje a, pi plis tan ou sipoze kite l pase nan yon tanperati anbyant, sa vle di tanperati n ap fonksyone ladan an, se 2 èd tan pou granmoun, 1èd tan pou ti bebe. Paske, menmsi w byen kouvri l nan chodyè a oswa sou tab la, manje a ranmase yon dividal bakteri ki ka lakoz moun malad.
Daprè sa dyetesisyèn Thomas eksplike AyiboPost, lè tanperati yon espas sitiye l ant 10 a 63 degre sèlsiyis, espas sa rantre nan kategori espesyalis yo rele «zone à risque». Paske lè sa, bakteri yo double sou manje a chak 20 minit ki pase.
Imajine kounya ou menm ki kite yon manje sou tab lakay ou pandan tout yon nuit epi ki pral chofe l jous nan demen maten, ki valè bakteri manje sa gentan ranmase !
Se poutèt rezon sa mezanmi, (tande byen), si w p ap manje yon manje tousuit li fin pare, ou sipoze konsève l anndan yon frijidè.
Epi, lè w pral deside konsome l, ou sipoze chofe l sou gwo dife pou w asire w tout mikwòb ki ta ka gentan fòme yo mouri.
Kounya a, an n rantre nan nannan prensip konsèvasyon manje a.
Premye prensip la se respekte règ lijyèn yo.
Toujou kenbe men w pwòp. Netwaye anndan frijidè kote w pral konsève manje a ak klowòks. Paske, chak kote ki sal, ki gen kras manje ki tonbe pa egzanp, yo kapab tounen yon sous bakteri pou tèt pa yo.
Lè w fin jere ti prensip de baz sa, ou sipoze veye tanperati w ap konsève manje a. Daprè sa dyetetisyèn Thomas di AyiboPost, tanperati ideyal la twouve l ant 0 a 4 degre sèlsiyis andedan frijidè a. Nan yon tanperati konsa, gon seri bakteri ki pap jwenn kenn chans pou vin taye banda sou manje w, pandan yon kalte lòt yo menm, vin gen plis difikilte pou yo miltipliye.
N ap raple w sa : tousuit ou fin fè manje a, ou ka kite l frèt nan lè lib. Men, li pa gen dwa fè plis pase 2èd tan. E menmsi l pa ta ko fin frèt, pa enkyete w, ou ka mete l anndan frijidè a. Sa pou w evite, se mete l imedyatman li soti sou dife.
Lòt bagay ki enpòtan, nou pa sipoze nik lage manje a nan frijidè a konsa. Men pito, mete li nan yon veso an vè olye plastik ki byen fèmen.
E lè nou deside al chofe manje a, rasire w ou pran yon kantite w ap ka fin manje paske, si w fin dekonjle manje a, sa vle di si w fin fè l fonn, ou pa gen dwa remete l nan frijidè ankò pou l refè glas.
Lè yon manje ki te fè glas vin fonn, estrikti ki konpoze manje sa a deteryore. Sa lakoz li vin tounen yon teren fasil pou divès kalte mikwòb kapab miltipliye yo sou li. E se sa mikwòb yo ap tann menm. Pou manje a dekonjle epi vin nan yon tanperati ki favorab pou yo. Paske kontrèman ak lè manje a patko al nan frijidè lè l te fenk fin fèt la, y ap kapab moute sou li pi fasil, pi rapid toujou.
Kidonk, li enpòtan pou tout manje a pa fin fonn nèt si se pa tout ou pral chofe pou w manje. Ou kapab verifye sa parapò ak ti kristal glas w ap wè li genyen sou li. Lè sa w ap nik pran l ou remete l fè glas nèt ankò.
Nonplis, ou pa gen dwa chofe yon manje plizyè fwa.
Poukisa ?
Enben, se vre fòk ou byen chofe manje yo anvan w konsome yo.
Men, fòk ou konnen tou se pa tout bakteri chalè touye vre. Okontrè, gen yon kalte ki yo menm miltipliye pi rapid toujou lè yo jwenn chalè. Kidonk, si w pran plezi w chofe manje a epi kite l frèt pou w ka rechofe l, ou jis ap bay bakteri yo okazyon pou yo ogmante. M ap raple w, chak selil bakteri ka divize tèt li an 2 lòt selil a chak 20 minit ki pase.
M ap souliye pou ou tou, ou pa gen dwa deglase manje w pral chofe a deyò. Sa vle di w pa gen dwa nik pran bòl ou ou dekouvri l epi w kite manje a fonn pou w al chofe.
Vini m di w kèk fason ki rekòmande pou w dekonjle manje w pral chofe pou w manje yo.
Si w genyen frijidè, se andedan frijidè a pou w kite manje a dekonjle. W ap retire l nan pati kote l tap fè glas la (n ap pale de frizè a) epi w ap mete l nan lòt pati kote tanperati a mwens fè frèt la. Konsa, bakteri ki nan tanperati anbyan an p ap jwenn manje a pou pwofite kouri vin sou li.
Pou moun ki genyen mikwowond yo yo menm, si nou pa vle itilize frijidè, genyen opsyon « décongélation » ki nan aparèy la. Nou kapab itilize l pou fonn manje a. Lè sa tou, li enpòtan pou nou asire nou veso n ap itilize pou n dekonjle manje sa se veso ki fèt pou ale nan mikwowond. Pa egzanp, li pa gen dwa yon asyèt oswa yon bòl plastik.
Yon lòt opsyon ki genyen ankò se pou ou menm ki genyen fou. Lè sa ou tou fè dekabès paske pandan manje a ap fonn lan, ou tou ap chofe l.
E si toutfwa w pa ta vle itilize ni frijidè, ni microwave, ni fou pou w fonn manje w, genyen metòd dlo a. Ou kapab mete manje a nan yon veso ki gen dlo. Men genyen 3 ti kondisyon w ap oblije respekte. Premye a se itilize dlo pwòp,l ki trete. Dezyèm lan se itilize yon dlo ki frèt. Pinga ou al chaje vide dlo cho pou manje a ka fonn pi rapid. Paske si w fè sa, se pou bakteri w ap travay. Dlo a sipoze gen yon tanperati ki a 21 degre sèlsiyis pou pi plis. Twazyèm epi dènye kondisyon an li menm se chanje dlo a tanzantan, sitou si sa w ap dekonjle a pran tan. Paske fòk ou veye pou tanperati dlo a rete nan nivo pou l ye a.
Lòt bagay ou kapab fè, se mete yon etikèt ki gen dat sou veso w met manje a, yon fason pou w ka sonje konbyen tan manje a genyen. Paske, tout manje pa konsève pandan menm kantite tan. Pa egzanp, si nan preparasyon pla ou an, tankou yon krèm oswa yon lòt ti patisri, ou te itilize ze kri, ou sipoze manje l nan 24è tan ou te prepare li an.
ANSES ki se agence nationale de sécurité sanitaire de l’alimentation, de l’environnement et du travail, yon etablisman piblik ki anba titèl ministè lasante nan peyi Lafrans, rekòmande pou nou pa pran plis pase 3 jou pou nou manje yon rès manje nou deside konsève. Epitou, prekosyon pa kapon. Toujou sonje pran sant manje a, fòm li. Depi w pa konprann li, ou wè l sispèk, jete l.
► Bon mezanmi, malgre tout sa nou eksplike la yo, si w refize konsève manje w yo kòrèkteman epi w deside chofe yo kanmenm pou w manje, vini m di w sa k ap pase.
Plis yon manje pase tan deyò, sa vle di si ou pa konsève l nan espas konjele tankou frijidè apre w fin drese l, se plis l ap ranmase bakteri. Pami bakteri sa yo, gen yon seri ki patojèn, sa vle di ki ka bay maladi. Afòs bakteri sa yo ap devlope, yo vin pwodui yon kalte toksin nan manje a ki «thermostables», sa vle di toksin sa yo ka sipòte gwo chalè. Sa vin fè, menmsi nou chofe manje sa annapre, chalè a ap detwi bakteri yo, se vre, men, toksin yo p ap elimine nan manje a. E se lè sa menm li vin yon danje pou sante w.
Dayè, nou ka remake gen moun ki pa zanmi manje chofe ditou. Se gwo tèt chaje depi yo konsome l paske li toujou ba yo dyare ak yon pil lòt kalte pwoblèm.
Sa k pase menm ? Enben, moun sa yo rive fè sa syantifik yo rele yon «intoxication alimentaire». Sa rive akoz yo manje yon «Aliment potentiellement dangereux » (APD).
Pou n konprann pi byen, dyetetisyèn Thomas di genyen «aliments potentiellement dangereux» (APD) ak «aliments non potentiellement dangereux » (ANPD). Premye sa nou sipoze verifye lè n vle idantifye kilè nou devan yon APD oswa yon ANPD, se kantite dlo ak kantite asid (pH) aliman sa genyen. E se bon jan egzamen nan laboratwa ki pou fèt pou sa.
Men, nou ka toujou kenbe lefèt «aliments potentiellement dangereux» yo pa gen yon pousantaj sèl ki wo. pH yo, sa vle di asid yo pa wo nonplis. E lòt bagay ki enpòtan ankò, yo gen anpil dlo.
Sa ou dwe konnen : lè engredyan w fè manje yo se engredyan ki gen dlo, sa pèmèt bakteri yo kale anpil e vit. Paske bakteri patojèn yo bezwen dlo pou yo grandi.
Nan sans sa, dyetetisyèn Thomas kwè si nou rive redui kantite dlo ki gen nan yon manje, nou kapab rann li «non potentiellement dangereux». Pou sa, nou kapab seche l. An n pran le ka yon pwason. Ou ka remake pwason an plis ka konsève lè l seche pase lè l fre. Enben se jisteman paske sa ki fre a gen dlo kontrèman ak seche a.
Lòt bagay nou ka fè tou, espesyalman pou manje n ap prepare pou demen yo, tankou vyann, nou kapab mete bon jan sèl ladan yo. Paske, eleman sèl la (menmjan ak sik dayè) genyen kapasite pou kenbe molekil dlo ki nan aliman an. Oswa tou, nou kapab kite l fè glas nan frijidè oubyen frizè. Lè sa, bakteri yo p ap jwenn dlo ditou pou yo kale pitit.
Pou n pi klè, nou ta ka konsidere sèl, asid, sik epitou grès kòm yon seri konsèvan natirèl. Paske lè yon aliman genyen yo an kantite, bakteri pa prese vin layite yo sou li. Men Atansyon! Se pa manje tankou sa w fin kuit pou manje yo non.
Pou ba w kèk egzanp, genyen mayonèz, konfiti, manba… yo pa gen pwoblèm pou si w pa ta mete yo anndan frijidè. Paske jan m sot esplike w lan, yo gentan genyen eleman pou konsève yo. Kidonk, m p ap pale de manje w kuit epi w gen entansyon chofe nan demen maten.
Dayè, menm manje ki pa «potentiellement dangereux» yo pa vle di yo pa ka ranmase mikwòb. Lè yon manje pa «potentiellement dangereux», sa vle di pito bakteri yo gen mwens chans pou yo viv sou li lakoz rezon nou sot esplike w yo. E menmsi sa ta rive, yo pa ka miltipliye tèt yo fasil, jan sa fèt pou «aliments potentiellement dangereux» yo.
An nou f on ti kanpe la.
Depi talè a, m ap plede pale w de bakteri, mikwòb, bakteri patojèn. An nou wè ansanm sa w sipoze konnen de eleman sa yo ki se kèk pami pi gwo lennmi nou nan zafè manje.
An règ jeneral, bakteri yo se yon seri mikwòb ki pa reprezante gwo danje pou lòm. Okontrè, nou gen nan kò nou plizyè milye espès ki ede l fonksyone byen epi kenbe sistèm iminitè nou djanm. Sepandan, bakteri patojèn yo se yon kategori bakteri espesifik ki bay maladi, epitou ki gen pwòp fason pa yo yo fonksyone.
Pou kòmanse, yo enfekte viktim lan, yo miltipliye plis yo kapab nan kò l, yo afebli sistèm iminitè li, epi yo fè viktim lan kontamine yon lòt moun nan antouraj li pou yo ka al repete menm sa yo te fè l yo.
Pi plis, menmjan ak bakteri ki senp yo, bakteri patojèn yo toujou la nan anviwonnman. Sa vle di pa g on lè yo pa la, epi yo tout kote (atè a, nan dlo, nan lè n ap respire, elt). Alòs, sa rive nou jwenn bakteri patojèn nan manje yo tou. Lè sa yo pote non «bactéries pathogènes alimentaires».
Espesyalis nan nitrisyon konn site kèk lòt. Men Kanpilobaktè (Campylobacter) ak salmonèl (salmonelles) se 2 prensipal bakteri patojèn nou jwenn nan manje epi ki ka lakoz gwo «intoxication» si nou enjere yo.
Kanpilobaktè a ka ba w vant fè mal, dyare ki gen tras san ladan, vomisman e menm lafyèv pou site sa yo sèlman. Tandiske salmonèl la bò kote pa l, konn bay dyare tou, vètij, vomisman, vant fè mal, lafyèv. Selon sa OMS rapòte, li lakoz plis pase 16 milyon ka entoksikasyon alimantè nan monn lan chak ane.
Alòs, nou ka konprann «intoxication alimentaire» pa yon jwèt. Se vre li ra pou nou jwenn yon ka ki rive grav anpil anpil. Men, li enpòtan pou nou fè atansyon sitou si moun lan deja gen pwoblèm sante oswa si l fè pati de popilasyon ki pi vilnerab yo, tankou granmoun ak ti bebe.
► Bon, an palan de ti bebe, èske n ka ba yo manje-chofe ?
Espesyalis medikal fè konnen : gen kondisyon ou dwe respekte si w vle bay yon ti bebe manje-chofe.
Pa egzanp, ou pa sipoze sere rès manje ditou depi l te gentan touche bouch ti bebe a, alevwa pou w ta al nan chofe manje sa. Pou m pi klè, si kiyè w ap bay bebe manje a te gentan touche manje a, ou pa sipoze konsève l. Se sa k fè, pou w evite gaspiye pi l manje, ou sipoze drese manje pou li ti kras pa ti kras. Met sou sa, ou dwe itilize yon lòt kiyè ki pwòp pou w fè sa. Se pa menm kiyè w ap ba l manje a.
E si se yon manje chofe w ap bay bebe, ou pa sipoze pran plis pase 30 minit pou w ba li l.
Kidonk mesyedam, pou n fini, li enpòtan, menmsi nou renmen ti manje chofe nou, pou nou fè sa byen; respekte konsiy pou konsève manje yo. Paske, sante w dwe yon priyorite pou ou.
Rechèch ak Redaksyon : Rebecca Bruny
Kamera : Sherlande Pierre, Max Kendlay Kevjhevaal Toussaint & Wilson Saintelus
Montaj : Wilson Saintelus
Edisyon ak Sipèvizyon : Chérubin Jérôme
Pou rete konekte ak AyiboPost :
Entegre kanal Telegram nou an : klike la
Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la
Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la
Comments