AYIBOFANMSOCIÉTÉ

Men poukisa w pa dwe toufe manje ak sachè plastik | Videyo

0

E se pa toufe manje ak sachè a sèlman non, abitid bwè dlo nan sachè a danjere tou

Jiskaprezan, nou tout gen omwen yon moun nan antouraj nou an Ayiti ki toujou ap toufe manje ak sachè plastik. Pa vre ?!

Antouka mezanmi, jodi a, AyiboPost vin atire atansyon nou sou danje pratik sa gen ladan, pandan n ap pwopoze ou lòt teknik byen senp ! E se pa toufe manje ak sachè a sèlman non, abitid bwè dlo nan sachè a danjere tou. Rasanble nou pou n koute !

Nou souvan wè, swa nan lari ak machann manje osnon lakay nou, moun k ap itilize sachè plastik pou yo toufe manje kwit. Si se vre sachè a ka byen toufe manje a e pèmèt li kwit byen rapid, enben mezanmi, pratik sa a pa bon pou lasante. Poukisa ?

Premye sa n dwe konnen, lè plastik la ekspoze a chalè, li vin plis danjere pou l bay gwo pwoblèm lasante.

Yon egzanp klè kou dlo kòk, pou moun ki konn abitye toufe manje ak sachè yo, èske n pa remake lè n fin toufe manje a, plastik la vin pi mou anba chalè a ? Enben, se la pwoblèm nan ye. Lè w mete yon manje cho nan yon sachè plastik oubyen itilize sachè plastik nan pwosesis pou kwit manje a, chalè a fè tout pwopriyete chimik toksik la antre nan manje a tou, e l ale dirèkteman nan òganis ou.

Lè plastik la ekspoze a chalè, li vin plis danjere pou l bay gwo pwoblèm lasante.

An jeneral, nan langaj syantifik, sa nou rele plastik yo se “polymère” ke yo ye. Polymère yo, se yon ansanm de molekil tou piti oubyen yo rele yo “monomère” ki rasanble ki bay sa yo rele “polymère” la.

Ay ! Ou sanble anlè wi, an nou ateri ! Pou nou konprann pi byen, kite m montre nou  egzanp polymère la, an n gade : sa a se polychlorure de vinyle, nan langaj kouran li se PVC:

cusine haitienne - pvc

Sa a se polychlorure de vinyle, nan langaj kouran an li rele PVC.

Sa a li menm se « polystyrène« ,  nou rele yo asyèt katon:

cuisine haitienne

Polystyrène : sa nou rele asyèt katon an Ayiti

Epi, sa a ki rele « polyéthylène » yo se : sachè plastik, boutèy dlo yo, elatriye.

cuisine haitienne - AyiboPost

Polyéthylène : sachè plastik, boutèy dlo yo…

Gen anpil anpil lòt tip polymère toujou, itilizasyon yo varye de yon pwodui a yon lòt, pa egzanp yon polymère yo itilize pou fè jwèt pou timoun pa menm ak yon polymère yo itilize pou anbalaj yon sirèt oubyen yon ti chokola. Men, sa ki klè sè ke lè n wè yo, premye sa n di, se plastik ! Pa vre ? M pa kont nou ! Men li enpòtan pou nou konnen nan ki kategori yo chak ye, e ke yo se « des polymères ».

Ou ka li tou : Nitrisyon : kijan yon dyetetisyen ka ede n amelyore sante nou ?

Fòk nou konnen polymère yo s on seri de matyè chimik ki soti nan petwòl ak gaz natirèl yo ki, daprè chimis yo, se metàn (méthane) ak lòt hydrocarbure tankou éthane, propane, butane, elatriye, de tout fason sa yo se gwo mo. Men la,  jiskaprezan nou tonbe dakò ke sa n ap di yo la pa dwe gen rapò ditou ak sa k pral nan vant nou pa vre ?  An n vanse !

Pou nou tounen nan sachè plastik yo, an Ayiti gen anpil anpil nou konnen, gen nwa, gen blan, gen woz, gen blan e nwa, gen woz e blan, bon nou pa ka fin site. Sa k vin pase sè ke isit an Ayiti nou pa konnen an detay tout konpozisyon yo chak la genyen. Bon, jan nou konnen deja, anpil se antre yo antre nan peyi a, epi pa gen yon veritab kontwòl ak prezisyon egzakt sou sa ki fè yo, men nou konnen an jeneral se « polymère » yo ye e yo soti nan kategori « polyéthylène », e se ak sa n ap pati. An n Focus !

Pou nou te rive konprann pwosesis migrasyon konpoze chimik sa yo, la a n ap pale « polyethylène » nan sa n ap manje, AyiboPost te rive pale ak Michaëlle Sinéus ki se yon espesyalis nan chimi, ki te pèmèt nou met de pye n sou tè. Eh wi !

Si se vre sachè a ka byen toufe manje a e pèmèt li kwit byen rapid, enben mezanmi, pratik sa a pa bon pou lasante.

Daprè espesyalis la, prensipal danje a chita nan echanj ant anbalaj la ak aliman an. Nan echanj sa, gen posiblite pou jwenn yon ekip pètibatè andokrinyen nan yo, si n pran pwodui chimik tankou Bisphénol-A, Styrène, ak dyoxide d’antimoine, elatriye, ki vrèman vrèman danje pou lasante lè  w gen yon konsomasyon ti kal pa ti kal de yo. E konsekans yo pa neglijab, konsomasyon piti piti sa yo debouche sou maladi tankou kansè, pwoblèm pou fè pitit, maladi respiratwa ak anpil lòt ankò.

Chimis lan ale pi lwen pou l di, ke se pratik bwè dlo nan sachè ke se pratik toufe manje ak sachè, se yon seri pratik a la long ki ka debouche sou de pwoblèm sante piblik serye an Ayiti. Poukisa ? Paske « polymère » sa yo gen yon fason otomatik yo antre nan sa n ap konsome yo, sitou lè yo ekspoze nan solèy, nan chalè e menm nan yon tanperati ki ba. Li bay yon egzanp byen senp.

Sa pa rive n deja pou n met yon sachè dlo nan frijidè epi nan menm espas la nou ta gen epis ladann, aprè yon tan sa k vin pase ? Lè w ap bwè dlo a ou pa konn santi w  pran gou epis la dirèkteman ladann ? Enben se pa nan tèt ou sa ye, se efektivman polimè a ki absòbe an micro-molécules eleman sa yo ki deyò, vin mete nan dlo a, e absòbsyon sa fèt ak « particules’ chimik toksik ki nan polymère la li menm tou, se sa chimis lan rele “permabilité des polymères” la. Bon sa s on lòt sijè ki ka menm fè yon videyo apa !

Se yon fason pou yo montre n ak menm pwosede sa yo kijan aliman yo ka vin genyen eleman toksik ki pa bon pou kò nou ladann.

Ke se pratik bwè dlo nan sachè, ke se pratik toufe manje ak sachè, se yon seri pratik a la long ki ka debouche sou de pwoblèm sante piblik serye an Ayiti.

Se sa k fè nan peyi ki gen kontwòl sou sa k ap pwodui ak sa popilasyon an ap itilize, gen sig w ap remake yo mete sou ambalaj pwodui polymère sa yo ki montre klasifikasyon pwodui sa, si n pran egzanp sa yo.

cuisine haitienne - AyiboPost

Kèk sig ki sou ambalaj pwodui « polymère » yo, ki montre klasifikasyon yo.

Kelly Célestin ki se medsen entènis pale tou ak AyiboPost e ale nan menm sans lan, Li «dekonseye pou moun itilize sachè plastik pou mete manje cho osnon pou toufe manje». Li pa bon pou sante, e l bay maladi nou sot site talè yo. Men, daprè  doktè a, an Ayiti pa vrèman gen mwayen pou w ta detekte lè yon moun malad si se eleman toksik sa yo egzakteman ki koz maladi a. Bon nou konnen, nou pa vrèman gen rechèch ak etid ki fèt sou sa nan peyi a.

Men pratik la gen konsekans li, e li rete yon abitid pou n evite.

Kounye a, an gade pa kisa n ka ranplase sachè plastik la.

Nou konsyan pratik toufe manje ak sachè plastik lan la pandan lontan nan sosyete a, men nou dwe konsyan de gwo pwoblèm sante sa ka lakòz epi pou n plis responsab nan sans sa a.

Mwen dakò ak nou, toufe manje a s on pratik kilinè nou genyen nan sosyete ayisyèn nan, ki p ap chanje jodi a.  Men nan plas sachè plastik la, nou ka itilize lòt eleman ki adapte menm ak sa.

Pa egzanp, Chimis Michaëlle Sinéus pwopoze tankou « papier sulfurisé ki se yon papier ki fèt pou cuisson menm, yo itilize nan fè manje.

cuisine haitienne

Papier sulfurisé, ki itilize pou fè manje menm.

Men kòm nou konnen se pa tout moun ki ap jwenn papye sulfurisé a, AyiboPost te rive mande plizyè grandèt ki konn fè manje san plastik ki pwopoze n kèk pratik, tankou: lè n ap toufe manje a, asire nou, nou gen yon kouvèti chodyè ki byen plase sou li, ki pa gen tou ladann ni ti espas ant kouvèti a ak chodyè a pou lè pa pase. 

Lòt taktik ankò, nou ka pran yon kouvèti chòdyè ki pi piti ki ka antre nan chòdyè a epi aprè ou ajoute gwo kouvèti a.

Lòt bagay tou, si n retounen nan tan avan, lè potko gen tout sachè plastik sa yo sou mache a, fèy bannann te konn fè afè a byen tou. Men bon !

Ou ka pwofite gade repòtaj sa a AyiboPost te pibliye sou pwodiksyon kakawo ak chokola bon kalite an Ayiti:

Atansyon, nou pa di papye aliminyòm, nou pa di twal, paske yo menm tou yo mache ak enkonvenyan pa yo, ke nou ka abòde nan yon lòt videyo.

Sa k enpòtan, sè ke n dwe evite pran tout risk, pou evite n ekspoze sante n e mete lavi n an danje nan sa n ap manje !

▶ Rechèch ak tèks : Lucnise Duquereste

▶ Reyalizasyon ak montaj : Max Kendlay K. Toussaint

▶ Kamera : Sherlande Pierre


Pou rete konekte ak AyiboPost :

▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la

▶ Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la

▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la

Journaliste à AyiboPost depuis mars 2023, Duquereste est étudiante finissante en communication sociale à la Faculté des Sciences Humaines (FASCH).

    Comments