SOCIÉTÉ

Nitrisyon : kijan yon dyetetisyen ka ede n amelyore sante nou ?

0

AyiboPost te rive idantifye de nan espesyalis sa yo sèlman an Ayiti

Lire l’article en français

Doktè Wilner Pierre gen ekspètiz nan tretman maladi metabolik ak rejim alimantè. Li se youn nan lis de (2) doktè AyiboPost te rive idantifye ki pratike pwofesyon dyetetisyen nan peyi a.

Antanke espesyalis nan nitrisyon, dyetetisyen an konpoze lis manje ki adapte ak eta sante chak moun. Domèn sa a pi enpòtan toujou nan yon peyi tankou Ayiti kote popilasyon an manje twòp sèl, sik ak lwil. Anplis de piramid rejim alimantè a ki pa respekte, abitid sa yo lakòz maladi.

Pa egzanp, prèske 80% nan popilasyon an soufri pwoblèm asid nan lestomak (pwoblèm gastrik), daprè Fessiane Moïse, youn nan de dyetetisyèn yo nou te pale ak li.

Dyetetisyen an konpoze lis manje ki adapte ak eta sante chak moun.

Daprè done 2021 ki soti nan Bank Mondyal, gen 8,9% moun nan popilasyon ayisyen an, soti nan laj 20 rive 79 lane, ki soufri maladi dyabèt.

Etid yo montre maladi dyabèt plis atake moun ki renmen konsome « malbouf », sa vle di : bwason gazez, fritay, chips, sik ak diri blan.

Yon pla ki nan kategori « malbouffe » yo

Yon sondaj « Fondation haïtienne de diabète et de maladies cardiovasculaires » (FHADIMAC) te fè nan lane 2003 nan zòn metwopolitèn nan fè konnen plis pase 7% sitwayen ki gen plis pase 20 lane soufri dyabèt.

Ou ka li tou : Konsomasyon graten ka lakoz alzaymè ak anpil lòt maladi

Chak jou konsomasyon sèl nan peyi a rive nan 30 a 35 gram – sis fwa dòz ki rekòmande a, daprè ekspè yo.

Francesca, ki gen 22 lane, te dyagnostike gen maladi boulimi nan lane 2019. Patoloji sa a, se lè w manje yon gwo kantite manje nan yon ti tan kout, pandan w santi w pèdi kontwòl sa.

Jenn fi a di li te kòmanse « manje twòp » depi lè paran li te separe. Dyetetisyen an te ede l balanse rejim manje l.

Domèn sa a pi enpòtan toujou nan yon peyi tankou Ayiti kote popilasyon an manje twòp sèl, sik ak lwil.

Doktè Fessiane Moïse ap travay kòm dyetetisyen depi lane 2012. Li di li wè yon gwo kantite pasyan obèz nan klinik li akòz yo pran twòp grès. Sant li an akonpaye pasyan ki soufri maladi ki gen orijin metabolik, sa vle di, patoloji ki lye ak yon twoub nan metabolis la. Patoloji sa yo ka sòti nan paran yo oswa yo vin antre nan kò a, epi yo se yon modifikasyon nan sentèz kèk molekil òganik ki lakòz.

Nan kontèks sa yo, disiplin dyetetik souvan depase pran medikaman. Apwòch medikaman an konn kèk fwa lakòz lòt efè epi li ka menm lakòz lòt maladi.

Depi prèske twa lane, Francesca te sou yon rejim alimantè. E depi lè sa a, li te kòmanse pèdi pwa.

Ou ka li tou : Tout sa ou dwe konnen sou H-pylori ak gastrit

Se nan tout mond lan pwoblèm ki gen rapò ak manje ap pèsiste. Dapre done lane 2019 ki sòti nan Organisation mondiale de la Santé (OMS), katòz milyon moun gen yon maladi ki lye ak manje, epi gen ladan l prèske twa milyon timoun ak jèn.

Fenel Pélissier est avocat au Barreau de Petit-Goâve, professeur de langues vivantes et passionné de littérature.

    Comments