EN UNEPOLITIQUESOCIÉTÉ

Ki sa pale vle di ann Ayiti ?

36

Lè yon ekriven tankou Dany Laferrière, ki fèt ann Ayiti e ki pase jenès li nan peyi sila a, patisipe an 1999 nan emisyon Bernard Pivot ki te sou rapò ekriven gen ak franse andeyò peyi Lafrans, li fè temwayay nan emisyon sila a ki kalite rapò difisil li te gen avèk lang franse a pandan l ap viv Kanada. Nan emisyon sila a, ekriven ayisyano-kanadyen an ki genyen lang kreyòl pou lang matènèl montre ki jan te gen yon goumen nan nanm li ant lang franse a ki se lang Kebèk la ak lang kreyòl la ki se lang matènèl li. Jouk pale lang franse a fini pa touye lang kreyòl li a, dapre sa li di, ki se li ki te lang anndan li, vre lang pa l.1

Nou gen dwa poze tèt nou kesyon, sou ki jan fè pale yon lang fè rive touye yon lòt nan nanm ekriven sa a, e pou n ale pi lwen nan rechèch nou, ki sa 2 lang sa yo reprezante pou Ayisyen, pandan ke yo tout genyen kreyòl pou lang matènèl e ke yo ka gen pou fè fas yon jou ak lang franse a ki se lòt lang ofisyèl Ayiti. Kon sa, nou pa pral fè yon analiz k ap chita sou lang la nan li menm. Men, nou pral plis sèvi ak sosyoloji pou nou analize ki sa sa enplike lè ayisyen pale franse oubyen pale kreyòl anndan sosyete yo a.

Dapre sa nou ka konstate nan sitiyasyon jodi a nan divès kote ann Ayiti, lang franse ak lang kreyòl la ap viv ansanm, e pi fò dokiman ki ekri e ke yo li yo, ke se nan zafè woman, ke se nan zafè lekòl oubyen lòt dokiman nan gwo enstitisyon ke nou pa site, se nan lang franse yo ekri. Men tou nou kapab konstate ke gen anpil jefò ki fèt pou bay lang kreyòl la jarèt, sitou nan dokiman ofisyèl epi nan echanj oral ki genyen nan medya ak nan diskou politisyen yo. Sa pa t toujou kon sa.

Nou ka di, si nou vle pran 2 pozisyon kontrè ki manifeste nan sosyete a, san sa pa vle di moun pa ka gen lòt pozisyon. Nou kapab di, moun ki vle konsève enpòtans lang franse a ann Ayiti kapab deplwaye kòm agiman ke lang franse a se yon biten nou pran nan lagè kont Lafrans e ke se lang sa a ki pèmèt nou louvri sou nechèl entènasyonal. E nou kapab di tou, moun ki vle chanje sitiyasyon sila a e bay kreyòl la yon plas santral, kapab deklare ke franse se pa lang matènèl nou oubyen tou ke se yon lang etranje, kidonk li pa ta dwe jwe wòl li jwe nan sosyete a.

Eben, pou nou poze pwoblèm sa a, nou pral fè yon analiz ki endepandan e ki orijinal pandan n ap voye kèk kout je sou kèk zèv sosyològ ak lòt spesyalis pou nou byen chita lide n ap pwopoze yo. Prensipalman, nou pral voye kèk kout je sou zèv Pierre Bourdieu ki ekri yon tèks ki rele Ki sa pale vle di, pandan n ap poze kesyon sa a : ki sa pale vle di ann Ayiti ?

Menm si nou ta gen yon dal lane pou ekri atik sa a, sijè sa a poko prèt pou l kaba, kidonk nou p ap ka abòde tout aspè ki konsène l nan redaksyon sila a. E n ap gen pou kontinye ekri sou li. Pou kounye a, nou pral abòde sijè sa a nan 2 gwo pati, premye pati a se ki sa pale franse vle di ann Ayiti e dezyèm la se ki sa pale kreyòl vle di ann Ayiti.

Nan premye pati a, ke nou pral divize an 3 pwen, nou pral gade ki sa nou antann pa lang lejitim e èske nou ka bay lang franse a tit sa a, ki sans senbolik li genyen nan chan sosyal Ayiti a, e vyolans senbolik li kapab fè sou yon lang ki pa ta lejitim, epi tou, ki estati legal ak akademik lang sila a.

Nan yon dezyèm pati, nou pral fè deskripsyon sa yo rele lang pèp e wè ki jan gen moun ki klase lang kreyòl la nan kategori sila a alòske lang kreyòl la se lang tout ayisyen, nou pral montre tou ki pwoblèm lejitimite lang kreyòl la gen nan nivo entènasyonal epi tou nou pral poze tèt nou kesyon sou ki sa ki anpeche lang kreyòl la gen plis valè nan sosyete nou an.
Lang legitim

Yon lang lejitim se lang gwoup popilasyon prensipal yo ki nan sosyete a aksepte kòm lang pouvwa2, sa vle di lang ki gen plis dwa pase yon lòt pou li asime wòl asansyon sosyal ak valè piblik sa moun ki pale a di a. Tout bon, nan tout sosyete, gen yon diferans ant lang pouvwa a ak lang tout manm sosyete a pale. Pou pouvwa a ka tabli dominasyon li, li tabli yon diferans ant lang li a ak lang mas popilasyon an. E sa mande pou yon manm nan popilasyon an rive nan pouvwa a, fòk li ta rive metrize lang sila a.

Nou ka wè, sa abouti a yon rapò dominan/domine ant yon gwoup sosyal ki gen pouvwa a nan men li, ki pale yon lang ke lòt gwoup ke yo domine nan popilasyon an pa pale. Se pa fòseman yon rapò ant 2 lang diferan nan sans panyòl ak angle se 2 lang ki diferan ; men, rapò dominan/domine a ka fèt tou nan diferan fason moun yo pale menm si se nan yon menm lang. Nou ka pran pou egzanp, e sa egziste nan tout sosyete, ke gwoup moun ki pase sou ban lekòl e ki gen plis fasilite pase yon lòt gwoup pou li rive nan pouvwa, pa pale menm jan an ak majorite moun ki domine yo, e moun ki domine yo pa t gen menm chans pase sou ban lekòl gwoup dominan an pase. Sa vle di ke lang lejitim la, se lang gwoup popilasyon ki nan pouvwa a, kidonk se lang gwoup popilasyon ki pase sou ban lekòl la pale.

Nou ka konfime dapre sa nou fenk di la a ke nan sosyete peyi d Ayiti, lang lejitim la se lang franse a, paske se li ke lekòl yo pwopaje. Tout bon, yon lòt kritè ki ka fè nou wè ke lang franse a se lang lejitim ann Ayiti se plas li antank lang leta a itilize depi kòmansman listwa peyi nou an. Dayè premye papye leta ayisyen ekri pou deklare endepandans politik li se an franse li ekri. Se leta ki gen monopòl sa a pou li deklare ki lang ki ofisyèl nan yon peyi. Kon sa, depi 1918, sou okipasyon ameriken, leta deklare lang franse a kòm lang ofisyèl peyi d Ayiti, e se nan lang sila a ke pi fò dokiman leta yo ekri. Konstitisyon 1918 la di ke « Lang franse se lang ofisyèl la. Izaj li se yon obligasyon nan zafè administrasyon ak lajistis ». Menm si lang kreyòl la vin yon lang ofisyèl depi manman lwa 1987 la, nou ka konstate ke nan zafè administrasyon ak lajistis, se toujou lang franse a ki plis itilize pase lang kreyòl la nan zafè dokiman alekri yo. Ki fè, malgre lang kreyòl vin yon lang ofisyèl nan peyi d Ayiti, lang franse a toujou rete lang lejitim peyi d Ayiti.

Men fòk nou pa bliye, si n ap fè yon analiz solid sou plan sosyoloji, ke yon lang ki lejitim pa vle di ke se lanati ki fè li lejitim, lejitimite yon lang se paske sosyete a aksepte l tankou lang lejitim, sa pa vle di sitiyasyon sa a pa ka chanje. Tout bon, genyen yon diferans fondamantal ant yon lwa sosyal ak yon lwa natirèl : yon lwa sosyal kapab chanje nan listwa menm si yo pran l pou yon lwa natirèl. Sa vle di, sa yon sosyete pran nan tèl epòk pou yon lwa natirèl alòske li se yon lwa sosyal kapab sa menm sosyete sila a pran pou yon lwa ki pa natirèl nan yon lòt epòk paske lè sa a lwa sosyal la ap chanje. Pi bèl egzanp nou genyen de chanjman sa a de yon lwa sosyal ke yo te pran pou yon lwa natirèl se lesklavay la, ke sosyete nan epòk lesklavay la te pran pou yon lwa natirèl ki pa t ap ka chanje alòske se te yon lwa sosyal.

Kolon Blan yo te menm chita lide yo sou teyori yon filozòf ansyen ki rele Aristòt ki te di ke moun ki esklav yo se lanati ki fè yo esklav. Poutan esklavay la pa t yon lwa natirèl pou pèp ayisyen ki te rive kase chenn yo sa fè plis pase 200 lane.   Sa vle di esklavay la pa t yon lwa natirèl. Men, li te yon lwa sosyal : pa gen moun ki esklav tou natirèlman. Se menm jan an, se pa paske moun ki nan pouvwa a deklare franse se lang lejitim peyi d Ayiti pou li lang lejitim tout tan pou tèt sa. Se pa yon lwa natirèl ki fè franse se lang lejitim nan peyi a ; men, se yon lwa sosyal, e lwa sosyal yo la pou yon tan nan sosyete a, lwa sosyal yo chanje.

Vyolans senbolik
N ap pwofite de konparezon ant sitiyasyon lang franse a ann Ayiti e sitiyasyon lesklavay la ann Ayiti pou nou siyale ke 2 sitiyasyon yo pa marasa. Si lesklavay la te fè yon vyolans materyèl sou pèp ayisyen, nou pa ka di ke lang franse a ki pa materyèl li menm fè menm kalite vyolans sila a. Men, kanmenm, nan zafè sosyoloji, nou ka di lang franse a fè yon lòt tip vyolans sou pèp ayisyen an, ki pa yon vyolans materyèl, men, ki se yon vyolans senbolik.   Se dabò estil vyolans sa yo moun yo sibi nan sa ki rele diskriminasyon sosyal jodi a. Tout bon, vyolans senbolik la se yon fòs popilasyon ki domine a sibi lè li panse kilti gwoup k ap domine l la pi lejitim pase pwòp kilti pa l.

E la a nou ann afè avèk yon pwoblèm mantal, nou nan dosye psikoloji moun ki domine a. Se kon sa yon psikyat tankou Frantz Fanon fè analiz dominasyon mantal sila a. Gen yon egzanp ke misye bay ki ka fè nou ri : se yon Matinikè ki rive nan Lafrans e ki fè atansyon a lang li plis pase sa l ta dwe fè pou li pa fè fot. Pou li ka montre li konn pale franse tankou Blan, sa fè l rive nan yon restoran epi li rele : «  Garrrçon! un vè de biè ». Se yon konplèks ki fè li fè sa. Konplèks sa a fè li fè yon koreksyon ki twòp, se sa yo rele hypercorrection an franse. Lè Matinikè a pale kreyòl, li pa abitye pwononse « r » yo. Ki fè nan lakrent pa pwononse « r » yo ditou, li pwononse yo twòp. Koreksyon diplis sila a montre vyolans sou lang domine a ki se yon vyolans mantal, konplèks li fè li santi l devan Blan an li se yon moun ki pale yon lang ki pa lejitim, sa fè l panse li enferyè, sikonstans yo fè l tounen sa otè a rele moun nwa ki vle pale tankou blan.

Nou dekri sitiyasyon yon Matinikè ki plis abitye pale kreyòl pase pale franse e ki rive nan sosyete franse a avèk yon konplèks ki fè l panse ke lang li pa lejitim, e ki fè l fè vyolans sou pwòp lang li pou li kapab sanble ak blan an. Nou ka di tou, vyolans sila a li manifeste l nan konfwontasyon ant moun ki pale kreyòl la nan pwòp peyi l ak moun ki pale franse a. Nou ka di lè yon moun ki konn pale franse fas a fas avèk yon moun ki pa konn pale franse, moun ki pale franse a gen yon kapital senbolik ki plis, kapital senbolik la se djakout prestij ak tit yon moun genyen nan sosyete a. Lè yon moun pale franse, li pale lang lejitim la, li bay tèt li prestij paske li pale lang pouvwa a kidonk li bay lenpresyon ke l nan yon pi wo nivo sosyal pase moun ki pa gen abitid pale franse a.

Fòk nou pa sezi lè nou tande yon moun ki pale franse deklare an franse nan mitan yon refleksyon an kreyὸl « Je suis un intellectuel ». Se paske lang lejitim pou defann yon teyori entelektyèl se lang franse a pandan lang kreyòl la pa kalifye. Egzanp nou ka pran, se ke li difisil pou yon fakilte ayisyen aksepte jodi a yon tèz oubyen yon memwa an kreyòl. A tout sa, pèp ayisyen an fòme kèk pawòl ke nou ka di sou fòm pwovèb oubyen sou fòm replik pou lejitim defans kont vyolans senbolik sila a, tankou « pale franse pa di lespri pou sa » oubyen « w ap pale franse ! ».

Tou 2 pawòl sa yo gen menm fonksyon an. Jan nou montre l pi wo a, moun ki pale franse a se moun ki pretann li entelektyèl la, ki pretann li gen lespri a. Epoutan pale franse sèlman pa yon kritè veritab ki pou di si yon pawòl vre oubyen pa vre. Se sa ankò ki montre ke nou ann afè avèk yon vyolans senbolik. Se sa Bourdieu rele nan paj 327 Langaj ak pouvwa senbolik yon abi pouvwa. Platon te gen tan pale de sa lè li t ap denonse abi moun ki te nan pouvwa a yo t ap fè nan epὸk li a, e ke yo t al aprann fè kay anseyan yo, se sa ki rele sofistik. Sofistik la se lè lang pouvwa a tabli dominasyon li san li pa di anyen, san diskou l pa byen chita pou moun ki koute l la. Sa vle di, ke moun ki tande oubyen li diskou a pa gen yon konpreyansyon klè de sa moun ki nan pouvwa a di. Se literati pou literati. Kidonk, lè moun yo pale franse yo kapab fè yon vyolans senbolik sou moun ki pa gen abitid pale franse a paske yo pale yon lang ki gen yon lejitimite pou li menm, ki kapab enpoze l san l pa di anyen.
Sa konn rive vyolans senbolik sila a manifeste l nan estil yon vyolans mantal. Moun ki sibi vyolans senbolik la nan sosyete a rekonèt vyolans senbolik sa a kòm lejitim kidonk vyolans sila a mete moun yo nan yon sitiyasyon kote yo pa gen konsyans ke li se yon vyolans e sa gen konsekans nan nivo mantal. Genyen kèk egzanp ki ka fè nou wè sa. Yon egzanp ki montre nou li se yon vyolans psikolojik tou se ke li kreye twoma nan nanm timoun yo lè y ap plede di yo ke lang yo pa lang tout bon, ke lang yo se yon move franse. Sa kreye blokaj psikolojik ki koze echèk nan plizyè domèn lavi timoun yo, kòmanse nan lekòl.

Pwoblèm psiko-sosyal sila a, Frantz Fanon ba nou ankò yon bèl egzanp nan premye liv li a. Se lè Césaire t al bay yon konferans an franse nan Matinik epi yon fanm endispoze nan piblik la. Eksplikasyon asistans la konprann nan evènman senbolik sila a e ke yon zanmi Fanon temwanye se ke « Français a té telle-ment chaud que la femme là tombé malcadi », se sa otè a rele pisans lang lan. Gen yon lòt pawòl tou nou konn di ann Ayiti e ki an rapò avèk lang nou yo ki se « kreyòl se lang rasin, franse se lang achte ». Mo achte sila a gen yon sans ki vle di move lespri ki la pou nou fè sèvis li sinon move bagay va rive n. Se kon sa, 2 egzanp sa yo montre nou ke vyolans senbolik la gen pou konsekans yon vyolans mantal, ki fè moun ki sibi l yo tounen nan yon eta zonbi, yo san konsyans, e yo anba yon dominasyon psiko-sosyal. Tout jan, se kon sa konsyans sosyal la konprann li. Nan sans sa a, wòl sosyològ la se revele bay sosyete a sa ke tout moun konnen deja, men, ki pa nan konsyans yo pandan y ap sibi vyolans la. Lè sa a nou kapab revele relasyon sosyal ke tout moun makonnen ladan yo. Nou pran pou egzanp, pawòl nou di pi wo yo ki ilistre tèz nou vle chita a e ki se moman kote konsyans sosyal la defoule.

Estati legal ak politik lang franse a
Apre dominasyon psikososyal la ke nou montre ki jan li chita sou pèp ayisyen an atravè vyolans senbolik pouvwa a, nou ka montre tou ke pouvwa a tabli dominasyon li sou koze lang yo atravè lalwa. Tout bon, yon pouvwa pa tabli dominasyon l sèlman atravè lwa sosyal yo. Men tou, li tabli dominasyon l avèk lwa ki enskri nan konstitisyon peyi a. Se kon sa, nan atik 5 manman lwa peyi a, nou gen yon pwoblèm lojik ke lengwis Michel Degraff klere pou nou nan yon tèks ki rele An nou sèvi ak lang kreyòl la pou bon jan edikasyon ak rechèch ann Ayiti, premye fraz atik la di « Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl » epi dezyèm fraz la di « Kreyòl ak franse, se lang ofisyèl Repiblik d Ayiti ». Sa vle di atik la di nou pou ki sa kreyòl la lang ofisyèl, san li pa di nou pou ki sa lang franse a prezan nan atik sa a. Se sa k fè nan je sosyoloji a nou ka montre ke atik ki nan manman lwa peyi a rantre nan yon kontèks sosyal. Degraff byen di l : « nou ka santi chaj ideyolojik ak presyon politik ki vin kreye dezekilib ant 2 fraz sa yo ». Nou ka wè aklè si kreyòl se sèl lang ki simante tout ayisyen, franse a se lang yon minorite nan popilasyon an ki enpoze lang sa a kòm lang lejitim.

Men, fòk nou pa bliye tou, atik sila a nan manman lwa peyi a, se yon gwo revolisyon pa rapò ak jan bagay yo te konn fèt anvan. Tout bon, se premye fwa lang kreyòl vin lang ofisyèl Ayiti. Chanjman sa a fèt pandan n ap soti nan diktati pou nou rantre nan demokrasi. Nou kab konprann ke anvan sa politik la pa t bezwen fèt an kreyòl, paske kòm pa t gen demokrasi, pouvwa a pa t bezwen pèp la konprann li pou li ka vote l. Li pa t gen bezwen kominike a pèp la paske li te enpoze dikta li nan lang franse a. Jan nou te wè l pi wo a, lang lejitim la kapab enpoze l pou li menm, diskou politisyen yo te fèt an franse. Apre 1986 ki se fen diktati a ann Ayiti, diskou politisyen yo vin plis fèt an kreyòl. Ki fè rive jodi a sa pa t ap gen okenn sans e sa t ap dwòl pou yon politisyen fè tout diskou ofisyèl li yo an franse. Se sa ki rele chanjman yon lwa sosyal. Lwa sosyal sou lang sa a chanje ann Ayiti avèk nesesite pou demokrasi. Sa vle di pou bay pèp la plis pouvwa politik.

A tout sa, menm si lang franse a sèvi nou mwens pou kominikasyon aloral nan politik nasyonal, se lang sa a ki toujou sèvi Ayiti pou kominikasyon sou nechèl entènasyonal. Tout bon, kontèks politik entènasyonal la fè ke peyi a oblije adrese l sou nechèl entènasyonal la an franse, alòske anpil lòt peyi kominike sou nechèl entènasyonal nan lang majorite nan popilasyon pa yo a pale. Gouvènman Ayiti a esprime l an franse sou nechèl entènasyonal paske lang kreyòl la poko lejitim sou teren entènasyonal la. Se kon sa, menm si kreyòl la vin lang ofisyèl nou, pa gen tradiktè disponib sou nechèl entènasyonal la ki pou ta tradui sa yon politisyen di an kreyòl. Se sa k fè, lè ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide t al fè yon diskou nan ONI nan dat ki te 29 Septanm 1992, li te fè yon diskou bileng, an franse pou l ka kominike ak entènasyonal la e an kreyòl pou l ka kominike ak pèp ayisyen an. Nou ka konstate ke pati kote l ap pale an kreyòl la pa t tradui3. Sa vle di, lang kreyòl la poko yon lang lejitim sou nechèl entènasyonal.
Jan nou konnen l, pale franse pa di lespri. Men ki sa pale franse vle di ? Se sa nou eseye montre nan premye pati tèks sila a, avèk referans sou plan sosyoloji ak filozofi. Nan yon premye moman, nou montre ke pale franse se li ki lang lejitim ann Ayiti paske se li ke moun ki pase sou ban lekòl yo pale. Apre sa, nou montre ke gwoup popilasyon ki pale franse a kapab fè yon vyolans senbolik atravè langaj la ki genyen pou konsekans yon vyolans psiko-sosyal. Epi, nou montre ki estati politik lang franse a nan manman lwa peyi a, avèk nan politik nasyonal ak entènasyonal. E nou montre tou ke la a nou pa ann afè avèk yon lwa natirèl ; men, nou ann afè avèk yon lwa sosyal e ke lwa sosyal yo pa la vitametènam, lwa sosyal yo chanje. Nan sans sa a, si li posib ke lwa sosyal yo chanje, fòk nou fè yon reflechi sou lòt lang peyi d Ayiti a ki se lang kreyòl, pou nou wè si li sou wout pou li vin lang lejitim peyi d Ayiti. Kidonk, ki sa pale kreyòl vle di ?

Lang pèp ?
Si lang franse a se li ki lang lejitim ann Ayiti, entelektyèl yo, e la m vle pale de moun k ap pwodui tèks sou zafè lang yo ann Ayiti ak lòt moun ki gen diskou ki plis klewonnen yo, gen tandans kategorize lang kreyòl la kòm « lang pèp ». Men, ki sa pawòl « lang pèp » la vle di ? Tout bon, nou kapab di ke yo fè yon separasyon ant lang kreyòl la ki ta lang pèp epi lang franse a ki ta lang moun anwo. Sa vle di ke lang franse a se ta lang elit la epi lang kreyòl la se ta zafè rès pèp la. Nou ka wè sans mo « pèp » sa a menm chita nan Diksyonè Kreyòl Vilsen an. Nan diksyonè sa a nou kapab li ke premye sans mo « pèp » la se « Mas, lamas » e yo bay kòm egzanp pou sans sila a « Koze sa a pa enterese lelit la, se koze pèp la li ye », e lè n ap pale de lang pèp, nou vle di lang sa a se pou pèp la li ye. Nou panse ke izaj mo pèp la nan sans sila a soti nan ideyoloji moun k ap domine yo ki vle mete moun ki plis gen abitid pale kreyòl sèlman yo nan yon pozisyon enferyè, negatif pandan ke lang franse a ta reprezante lang nòmal la, lang klas siperyè a. Men, sa soti nan ideyoloji moun k ap domine yo paske anverite, kreyòl la pa langaj yon pati nan pèp la sèlman. Men, se tout pèp la, kèlkeswa klas sosyal li a, ki pale kreyòl jou pou jou.

Sa ka pouse nou fè plis refleksyon sou ki jan nou fè pale de sosyete bileng lè n ap pale de sosyete Ayiti a, paske yon moun kapab viv ak kominike pou l regle kichòy li yo an kreyòl nan peyi a. Men, li difisil pou yon moun regle tout aktivite òdinè yo tankou pran kamyonèt, ale nan mache ak regle zafè bazik li yo nan peyi a si li pale ak konprann lang franse a sèlman. Si nou rele yon sosyete bileng paske gen 2 lang yo itilize nan sosyete a, Ayiti te ka plis pase bileng pou kantite lang ke yo itilize nan sosyete sila a. Gen kominote kote yo pale angle oswa panyòl. Sa vle di Ayiti pa ka yon sosyete « bileng » pou tèt kantite lang ki pale nan peyi a. Men, se pito poutèt estati politik lang franse a ann Ayiti a.

Se kon sa, lengwis Yves Dejean montre nou nan plizyè tèks tankou Kreyòl, lekòl, rasyonalite, ke si n ap gade sou lang ayisyen pale nan sosyete yo a, nou ann afè avèk yon sosyete monoleng, paske fòk nou fè diferans ant lang moun aprann ak lang moun akeri. Menm si anpil moun ki pase sou ban lekòl ann Ayiti aprann lang franse a, sa vle di aprann ki jan pou yo li l ak ekri l, sa pa vle di ke yo frankofòn pou tèt sa. Kote moun ki pase sou ban lekòl yo pale kreyòl dri, yo pa pale franse a dri kon sa. Pou yo ka akeri lang franse a menm jan ak lang kreyòl la, fòk yo ta rive an kontak fasil avèk de moun ki soti kote tout sosyete a pale franse jou pou jou, sa ki pa kontèks Ayiti a.
Fenomèn sila a, nou ka wè l tou nan dyaspora Ayiti a lè li pati aletranje e ke lang li kenbe kòm lang ekspresyon nan kominote a, pami ayisyen yo, se lang kreyòl la, menm lè yo vin akeri yon dezyèm lang ki se lang teritwa etranje kote y al viv la. Nou ka wè, kit se dyaspora ayisyen an nan karayib la oubyen Ozetazini kote yo pi fò a, ke sa rive ke lang kominote a kenbe lè yo pati se lang kreyòl la e se li menm yo transmèt bay pitit yo. Se kon sa, avèk depa an mas ayisyen yo ale Kiba, nou vin gen yon gwo dyaspora nan peyi sila a, ki konte 400 000 kreyolofòn. Kreyolofòn sa yo se non sèlman ayisyen ki fenk rive Kiba men tou anpil nan yo se desandan Ayisyen ki pa janm al Ayiti men ke fanmi yo transmèt yo lang la e ke yo pale l nan kominote yo a. Se sa ki fè leta kiben rekonèt kreyòl ayisyen kòm dezyèm lang ki nan peyi a apre panyòl. Men, sa pa kont pou n di Kiba se yon peyi bileng. Se pa paske gen yon minorite moun ki pale kreyòl ke sosyete kiben an bileng. Se estati politik lang yo ki fè yo rekonèt nan nivo entènasyonal si peyi an bileng oubyen monoleng, atout nou montre ke lang ke yo pale nan kominote ayisyen an kit se ann Ayiti oubyen lè ayisyen yo pati nan dyaspora, se espesyalman lang kreyòl la.

Lang kreyòl nan nivo entènasyonal
N ap tou louvri sou kesyon sila a pou nou gade ki sa ki posibilite ayisyen yo gen avèk kreyòl nan nivo entènasyonal ak ki jan li kapab vin yon lang lejitim ann Ayiti kòm nan entènasyonal, paske jan nou wè l nan premye pati redaksyon nou an se prensipalman lejitimite sa a ki manke l. Tout bon, zafè lejitimite lang yo nan nivo entènasyonal marye avèk kesyon pisans politik peyi ki pale lang sa yo. Jan sosyo-lengwis Hugues Saint Fort montre nou li, nan yon tèks ki rele Enpòtans lang matènèl nan yon sosyete, plis yon peyi gen pisans nan zafè ekonomi se plis li gen enfliyans nan nivo kiltirèl, youn pa mache san lòt, se kon sa Ozetazini ki vin premye pisans politik sou latè, vin fè lang angle a se li ki gen plis lejitimite nan nivo entènasyonal, e enfliyans kiltirèl sila a vin fè ke li vin gen yon plas santral nan lemonn pou tout peyi fè echanj ekonomik ak kiltirèl avèk li. Lyen kiltirèl sa yo kreye yon atachman ak peyi sa a, sa pèmèt li non sèlman ogmante kapital ekonomik li nan nivo entènasyonal men tou pisans politik li.

Se kon sa tou, genyen yon lyen ant kesyon lang franse a ann Ayiti avèk politik entènasyonal Lafrans. Tout bon, leta franse ap ankouraje nou kenbe lang franse a ann Ayiti paske sa ba li yon avantaj ekonomik nan zafè dokiman, liv n ap pwodui ak lòt atachman kiltirèl ki fè yo kapab kenbe yon pisans politik ann Ayiti nan kad yon koperasyon pami peyi nò yo ki dwe kenbe yon dominasyon kiltirèl ak ekonomik sou peyi sid yo. Se sa ki fè, apre peryòd dekolonizasyon an, vin genyen estrateji pos-kolonyal peyi nò yo pou yo kapab kenbe lyen kiltirèl ak ekonomik avèk ansyen peyi kolonize yo. Sa pase nan yon seri òganizasyon entènasyonal ki travay ansanm. Sa vin fè genyen OIF ki kreye pou peyi frankofòn yo, Commonwealth pou peyi anglofòn yo, CPLP pou peyi ki pale pòtigè yo… elatriye. Nou ka pran pou egzanp, yon ansyen prezidan franse, Valery Giscard D’estaing, ki di sa klè nan yon diskou li te bay 21 Avril 1974, lè li di : « Pouvwa ekonomik yon peyi ak jan li gaye kilti li toupatou se 2 bagay ki makonnen ansanm … se poutèt sa kominote lengwistik ak entelektyèl ki rele frankofoni a nou dwe konsidere l kòm yon eleman enpòtan nan ajanda politik nou ». Sa nou kapab konprann nan pawòl sila a se ke genyen enterè pou peyi nò yo pou yo kenbe lang franse a kòm lang lejitim pou Ayiti nan nivo entènasyonal paske sa fè yo kenbe yon plas santral nan echanj ekonomik ak kiltirèl Ayiti yo.

Nan zafè lejitimite lang kreyòl la nan nivo nasyonal kou entènasyonal gen anpil jefò ki fèt, menm si li poko yon lang lejitim, nou ka di lang kreyòl la sou wout pou li gen lejitimite non sèlman sou plan nasyonal ann Ayiti, men tou, nan nivo entènasyonal. Tout bon, pou yon lang kapab vin yon lang lejitim, fòk li genyen enstitisyon ofisyèl ki asire lejitimite l. Eben non sèlman ann Ayiti genyen Akademi Kreyòl Ayisyen an ki mete sou pye e ki ta dwe gen sa kòm objektif epi tou genyen Akademi Kreyòl Morisyen an ki an plas. Lè nou konnen wòl Akademi Franse a jwe pou rann lang franse a vin yon lang lejitim nan Lafrans ak wòl Reyal Akademya a jwe ann Espay pou panyòl vin yon lang lejitim, lè tou 2 peyi sa yo te gen lang laten kòm lang lejitim anvan sa, nou panse ke kreyasyon Akademi Kreyòl sa yo kab jwe yon wòl enpòtan nan fè lang kreyòl yo vin lang lejitim ann Ayiti tankou nan Moris. Nan nivo entènasyonal, gen yon gwo vanse ki fèt depi egzistans Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl la ki mete sou pye apre bèl bourad gwoup ki te rele Bannzil Kreyòl la, ki se yon gwoup kreyolis ki soti divès kote moun pale kreyòl. Kidonk, nou panse lang kreyòl la sou wout pou li vin yon lang lejitim non sèlman sou plan nasyonal men tou nan nivo entènasyonal. Men nan ki sa li devalorize toujou ann Ayiti ?

Nan ki sa li devalorize toujou ?

Prensipal enstitisyon kote yon pouvwa enpoze yon lang se nan lekòl, ki fè, si kreyòl la devalorize nan lekòl toujou, se pou lang pouvwa a ka enpoze lejitimite l. Pou kreyòl la kapab vin yon lang lejitim tout bon ann Ayiti, fòk lang la vin lejitim nan lekòl yo. Pou ansèyman vin patisipatif epi pou nou valide pawòl etidyan yo, se ak lang kreyòl la pou nou sèvi. Genyen lekòl kote yo pratike sa e sa byen mache. Men, lekòl sa yo pa fasil pou jwenn. Se kon sa genyen eksperyans lekòl ki rele Matènwa a nan Lagonav ki fè edikasyon elèv yo an kreyòl aloral kòm alekri. Eksperyans sila a gen siksè, e li montre kòman lè ansèyman an fèt an kreyòl, li bay elèv yo plis fasilite pou yo aprann lòt lang, paske lè kon sa, yo gen yon baz ke yo resevwa nan yon lang yo konprann e yo pi alèz lè sa a pou yo aprann lasyans. Genyen yon lòt pawòl tou ki enskri nan enkonsyan kolektif ayisyen an ki di : « Kreyòl pale, kreyòl konprann ».

Tout jan, nou ka konstate ke atout lang lejitim nan lekòl se lang franse a, non sèlman pwofesè yo pa pale franse a dri, men, tou etidyan yo gen tandans melanje gramè lang kreyòl la ak gramè lang franse a. Se franse ankreyole sa a ki rele franse ayisyen an. Men lekòl yo blame l tou. Kidonk menm franse ayisyen an pa lejitim. Franse ki lejitim la ann Ayiti se franse Académie française la. Se kon sa, lengwis Renauld Govain montre nou nan yon tèks ki rele Le français à l’université en Haiti yon egzanp enteresan. Li fè obsèvasyon yon fi ki etidyan ke yon pwofesè poze l yon kesyon an franse. Etidyan an te pè reponn kesyon an paske li pa t vle kamarad li yo griyen dan sou li. Etidyan an di ke lang franse a twò « bèl » e ke li pè pale l pou li pa mal pale l. Mo « bèl » sila a montre sa nou vle di a menm sou estati lang franse a ann Ayiti. Li gen yon fòs senbolik ki rann fi a bèbè nan klas la. Sitiyasyon sa a kreye yon malèz nan lekòl kòm nan sosyete a avèk lang franse a, espesyalman lè lang tout ayisyen pale jou pou jou a ap evolye nan yon move kondisyon senbolik.
Alòske pa gen ankenn lang ki bèl oubyen ki lèd nan yo menm. Tout lang kapab bèl. Kategori senbolik lang yo genyen se gwoup dominan an ki enpoze l pou dominasyon li kapab kontinye. Lang kreyòl la anba yon lòt dominasyon senbolik : rapò senbolik ant « lang bèl » ak « lang lèd » sa a se yon rapò yo konn etabli kote yon « lang refleksyon » ta siperyè pase yon « lang emosyon ». Rapò senbolik refleksyon/emosyon sila a se li menm rasis yo te itilize pou kenbe pèp nwa yo sou dominasyon yo. Se kon sa Arthur Gobineau, nan De l’inégalité des races humaines, te pale de fòs emosyonèl pèp nwa yo genyen ki fè yo bon nan bagay atistik, ke yo gen mizik ak ritm lakay yo, men, se sa sèlman yo genyen e yo pa gen jeni entelektyèl lakay yo. Sa vle di : moun nwa pa ta entelijan. Se kon sa tou, kolon blan yo te konn ap di lang kreyòl yo pa ka lang lasyans paske yo pa kapab di pawòl ki abstrè. Eben, fòk nou di Gobineau a tout lòt kolon blan yo, ke yo bay manti. Tout lang kapab di bagay ki abstrè, ki soti nan refleksyon nou, e pou sa fèt gen yon travay akademik ki pou fèt sou lang sa yo. Menm jan travay akademik sa yo te fèt pou lang franse a, menm jan sa te fèt pou lang laten an, sa dwe fèt pou tout lang. Rapò bèl/lèd oswa refleksyon/emosyon sa a bay yon rapò ki malouk nan sosyete Ayiti a, yon rapò ki di emosyon se pou moun ki pale kreyòl, lasyans se pou blan.
Diskou dominan an nan zafè literati ann Ayiti genyen yon tandans pou bay kreyòl la yon wòl atistik nan sosyete a e pou bay lang franse a wòl di lasyans. Tout bon, diskou dominan an ki se diskou moun ki gen plis enfliyans nan zafè literati a, moun ki plis afiche yo kenbe. Se kon sa avèk plis enpòtans kategori liv woman an pran nan sosyete jodi a, diskou ki gen plis enpòtans nan sosyete a se diskou womansye yo ki gen sa pou espesyal ann Ayiti ke womansye yo mache men nan lamen avèk powèt yo. Ekriven sa yo defann yon literati bileng ki enskri nan yon rapò ki mete lang kreyòl la nan yon kategori senbolik ki enferyè. Nou kapab konstate ke si lang kreyòl la pou ekriven sa yo kapab pafwa fè bèl pwezi, menm si sa enpòtan atout kantite a toujou zwit, yo pa itilize lang kreyòl la kòm lang ki pou fè teyori oswa pou ponn refleksyon. Sa vin fè, pandan politik la vin fèt an kreyòl nan peyi a, ke diskou entelektyèl la vin separe de chan politik Ayiti a, separasyon sila a rann diskou nan chan politik la pòv sou plan entelektyèl, kote moun k ap fè rechèch yo nan peyi a pase tan ap pale ant yo menm san diskou yo ak rechèch yo pa rantre nan chan sosyal Ayiti a. E la a nou pa p pale de yon diskou ki fèt sou lasyans e ki kode nan yon vokabilè teknik, yon langaj inisye, men n ap pale de diskou ki byen chita, tèz ki disponib pou moun kapab li ak konprann epi lè sa a akeri fasilite pou eksprime yo aloral, yon Ayiti kote gen mwens diskriminasyon nan mitan diskou alekri a ak diskou aloral la.
Bon sans se bagay ki pi byen pataje sou latè. Sa nou chache montre nan redaksyon sila a, se ki sa syans sosyal la kapab aprann nou sou kesyon lang yo ann Ayiti. Lang se youn nan premye enstitisyon ki nan sosyete a, e la nou pran mo « enstitisyon » an nan gwo sans li. Jan nou montre l, genyen enstitisyon ki pi dirèk ki pèmèt dominasyon senbolik lang lejitim la nan sosyete a. Nou montre ki sa ki yon lang lejitim, e kòman pouvwa a sèvi ak lekòl yo pou li enpoze lang sila a, pou li kapab enstale dominasyon li. Ann Ayiti se lang franse a ki lang lejitim toujou paske se li ki lang pouvwa a ki pou fè separasyon ant li menm ak rès popilasyon an. Men, sa t ap difisil pou sitiyasyon sila a rete menm jan an vitametènam paske nou pa ann afè la a ak yon lwa natirèl men ak yon lwa sosyal. Lwa sosyal yo chanje. Nou montre ki kalite vyolans ki egziste nan pratik lang franse a ann Ayiti. Vyolans sa a pa soti nan lang la nan li menm men nan jan gwoup sosyal dominan yo sèvi avèk lang la. Se sa nou rele yon vyolans senbolik ki genyen konsekans psiko-sosyal.

Se leta a ki gen monopòl vyolans lejitim la. Pou li enpoze l, li sèvi ak lalwa, politik nasyonal ak politik entènasyonal. Fòk nou di tou, menm jan nou panse lang franse a pa ta dwe zafè yon grenn gwoup sosyal ann Ayiti, men, fòk tout moun dwe gen mwayen pou yo kapab aprann li, lang kreyòl la tou pa zafè yon grenn gwoup sosyal ann ayiti. Kreyòl se sèl lang ki simante tout ayisyen jounen jodi a. Lang kreyòl la, gras ak presyon sosyete a ak bourad kèk gwoup k ap lite pou ba l jarèt, li sou wout pou li vin lang lejitim jodi a sou plan nasyonal kòm sou plan entènasyonal. Nou konnen ke gen yon lyen ant pwomosyon kilti yon peyi ak devlopman ekonomik li. Lang kreyòl la se pati ki pi « vizib » nan kilti nou, fòk nou rann kilti nou lejitim pou li kapab sèvi kòm zouti devlopman ekonomik pou peyi a. Pou nou rann lang kreyòl la lejitim, fòk chak moun ti pa ti pa travay nan nanm li pou li bay lang la plis valè senbolik. Fòk nou pran konsyans ke se yon lang ki gen bèlte l epi tou ki kapab sèvi pou nou anseye lasyans ak tout lòt disiplin. E tout sa, san nou pa voye pwent sou pensonn ak sou ankenn gwoup, san nou pa di tou ke lang franse a pa fè pati de eritaj kiltirèl nou.

Fabian Charles

Yon gwo mèsi pou pwofesè Michel Degraff ki ede m korije fot òtograf ak gramè ki te gen nan tèks sila

Image: Nathalie Jolivert 

______________________________________________________________

 

  1. Dany Laferrière, Il n’y pas que les français qui écrivent bien le français, Bouillon de Culture, 19/03/1999. Nou ka wè l sou Inathèque.
  2. «They recognize or tacitly acknowledge the legitimacy of power, or of the hierarchical relations of power in wich they are embedded, and hence they fail to see that the hierarchy is, after all, and arbitrary social construction wich serves the interest of some groups more than others ». John Brookshire Thompson, prefas Langaj ak Pouvwa Senbolik.
  3. Nou toujou ka gade diskou sa a sou Youtube, tit li se : Aristide Speech, United Nations, September 29, 1992

  

Tèks enteresan m gade pandan m t ap fè rechèch sila a


Bourdieu Pierre,
Ce que parler veut dire
Bourdieu Pierre,
Langage et pouvoir symbolique
Bourdieu Pierre,
Questions de sociologie
Degraff Michel,
Haiti : a post colonial sequel
Degraff Michel,
An nou sèvi ak lang kreyòl la pou bon jan edikasyon ak rechèch ann Ayiti
Degraff Michel, Linguist’s most dangerous myth : the fallacy of creole exceptionalism
Dejean Yves, Créole, école, rationalité
Dejean Yves, Déménagement linguistique
Descartes René, Discours de la méthode
Diop Cheikh Anta, Nations nègres et culture
Durkheim Emile, Formes élémentaires de la vie religieuse
Fanon Frantz, Peaux noirs, masques blancs
Govain Renauld
, La situation du français à l’universite en Haiti 
Hulrich Susana
, Creole Language and Culture: Part of Cuba’s Cultural Patrimony
Oriol Berrouet, Le système linguistique d’Yves Dejean conduit à une impasse
Oriol Berrouet, Le droit à la langue maternelle dans la Francocréolophonie haïtienne
Sauray Eric, Le passage du créole haïtien du statut de langue usitée au statut de langue officielle
Saint-Fort Hugues, Enpòtans lang matènèl nan yon sosyete
Saint-Fort Hugues, Le «marché linguistique» haïtien: fonctionnement, idéologie, avenir
Thiongho Ngugi Wa, Decolonising the mind

Commentaires

Fabian Charles
Fabian Charles is a haitian poet who studies philosophy and sociology. He already published three books. Séquences d'une confusion nue (2009), Anonymat (2012), Les Racines de la page (2014).

    Quand parler français fait chuter les grands !

    Previous article

    Bousculer le monde

    Next article

    36 Comments

    1. Fantastic website. Plenty of useful information here.
      I am sending it to a few friends ans additionally sharing in delicious.
      And naturally, thanks in your sweat!

    2. Quality posts is the important to interest the viewers to pay a quick visit the web page, that’s what this site is providing.

    3. My spouse and I stumbled over here different page and thought I may as well
      check things out. I like what I see so i am just following you.
      Look forward to looking over your web page repeatedly.

    4. Hello, I believe your site could possibly be having
      web browser compatibility issues. When I take a look at your web
      site in Safari, it looks fine however, when opening in I.E., it’s got some overlapping issues.
      I just wanted to give you a quick heads up! Besides that, great website!

    5. It’s very easy to find out any matter on web as compared to books, as I found this piece of writing at this web
      site.

    6. Hello my friend.
      Our employees wrote to you yesterday maybe…
      Can I offer paid advertising on your site?

    7. Undeniably believe that which you stated.
      Your favorite justification seemed to be on the web the easiest thing to be aware
      of. I say to you, I definitely get annoyed while people consider worries that they
      just do not know about. You managed to hit the nail
      upon the top and also defined out the whole thing without having side
      effect , people can take a signal. Will likely be back to get
      more. Thanks

    8. Fantastic beat ! I wish to apprentice while you amend your website, how could i subscribe for a
      blog web site? The account helped me a acceptable deal.
      I had been tiny bit acquainted of this your
      broadcast provided bright clear concept adreamoftrains web host

    9. Right now it sounds like WordPress is the best
      blogging platform out there right now. (from what I’ve read) Is that what you are using on your blog?

    10. I got this web page from my pal who shared with me concerning this site and at the moment this time I am browsing this site and
      reading very informative content here.

    11. I was curious if you ever thought of changing the layout of your
      site? Its very well written; I love what youve got to say.

      But maybe you could a little more in the way of content so people could connect
      with it better. Youve got an awful lot of text for only having
      one or 2 images. Maybe you could space it out better?

    12. Wow, superb blog format! How long have you been blogging for?
      you made blogging look easy. The whole look of your web site is great, let alone the content material!

    13. Thank you for the auspicious writeup. It in fact was a
      amusement account it. Look advanced to far added agreeable from you!
      However, how could we communicate?

    14. Great blog! Do you have any tips for aspiring writers?
      I’m hoping to start my own blog soon but I’m a little lost on everything.
      Would you recommend starting with a free platform like WordPress
      or go for a paid option? There are so many options out there that I’m completely confused ..
      Any recommendations? Cheers!

    15. It’s in fact very complicated in this busy life to listen news on Television, thus I
      just use world wide web for that purpose, and get the newest information.

    16. Greetings from Florida! I’m bored at work so I decided to browse
      your site on my iphone during lunch break. I really like the info you provide here
      and can’t wait to take a look when I get home.
      I’m shocked at how quick your blog loaded on my phone ..
      I’m not even using WIFI, just 3G .. Anyways, awesome site!

    17. test 31 31 test 31 31 test 31 31 test 31 31

    18. Знаете ли вы?
      Среди клиентов древнеримского афериста был император Марк Аврелий.
      Персонажу французской комедии о Фантомасе советские подростки подражали всерьёз.
      Китай реализует в Пакистане собственный План Маршалла.
      Российских легкоалетов могут сурово наказать за действия чиновников от спорта.
      Картина парада Победы, где руководство страны смещено на задний план, получила Сталинскую премию.

      [url=http://arbeca.net/]arbeca.net[/url]

    19. It is not my first time to visit this site, i am browsing this website
      dailly and get pleasant data from here all the time.

    20. This post is in fact a nice one it assists new net viewers, who are
      wishing in favor of blogging.

    21. Hi there, its fastidious article about media print, we
      all be familiar with media is a impressive source of data.

    22. What’s up i am kavin, its my first occasion to commenting
      anywhere, when i read this post i thought i could also create comment due to this sensible article.

    23. I am no longer sure the place you are getting your
      information, but good topic. I needs to spend some time learning much
      more or understanding more. Thanks for excellent information I
      was looking for this info for my mission.

    24. Hi there i am kavin, its my first time to commenting anywhere,
      when i read this paragraph i thought i could also make
      comment due to this good article.

    25. After looking over a handful of the blog articles on your web page, I truly like your way of
      writing a blog. I saved as a favorite it to my bookmark website list and will be checking back in the
      near future. Please visit my web site too and let me know what you think.

    26. Hi to every body, it’s my first go to see of this weblog; this weblog includes amazing
      and in fact fine information for visitors.

    27. I used to be able to find good info from your blog posts.

    28. I like this website very much, Its a very nice office to read and incur information.

    29. I learn something new and challenging on blogs I stumbleupon everyday.

    30. Like!! Thank you for publishing this awesome article.

    31. I have been exploring for a bit for any high-quality articles or blog posts on this
      kind of area . Exploring in Yahoo I ultimately stumbled upon this web site.
      Reading this info So i’m glad to exhibit that I’ve an incredibly just right uncanny feeling I came upon just what
      I needed. I such a lot indubitably will make certain to do not disregard this web site and
      provides it a look regularly.

    32. Wonderful blog! I found it while searching on Yahoo News.
      Do you have any suggestions on how to get listed in Yahoo News?
      I’ve been trying for a while but I never seem to get
      there! Thanks

    33. If you wish for to obtain a good deal from this paragraph then you have to apply
      such techniques to your won weblog.

    34. […] sila se yon repons de Saonha Lyrvole JEAN BAPTISTE a atik Fabian Charles lan “Kisa pale kreyòl vle di ann Ayiti?”. Nou envite’w li bèl repons sa ki fè deba […]

    Leave a reply

    Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost