Le BlogOp_EdsPOLITIQUESOCIÉTÉ

OPINYON: Men pouki rezon anpil atis ayisyen refize pran pozisyon sou kriz la !

0

Ki modèl sosyete nou genyen e kisa sa bay kòm moun, kòm sitwayen ? M tanmen atik la ak  kesyon pou nou mande tèt nou eske atis ki pa vle pran pozisyon klè sou kriz la depaman de rès moun nan sosyete a ?

Se vre sosyete a leve nou pou n mete kò n piti, al mouri poul nou kote dlo a koule pi fre. Men, si ou atis, ou dwe moun tout moun, ou dwe apolitik. Si w ap denonse, ou dwe rete nan jeneralite, de tout fason se sistèm nan ki blo, pa vre Mikaben ? Ak kisa jodia nou t ap atann nou ? Se sosyete a menm ki kale modèl atis nou gen la yo.

Atis la gen kapasite reprezante mond lan nan tout sa li gen ki bèl epi enjis

Men erezman, yon atis se sila a ki rebele l kont sosyete li ladann nan pou l  di l gen bagay li p ap pran nan men l. Atis la gen kapasite reprezante mond lan nan tout sa li gen ki bèl epi enjis.

Se sa ki bay yon moun tankou Nina Simone pandan segregasyon Ozetazini oubyen Manno Chalmay sou diktati Duvalier pa bò isit. Atis la konsyan de pouvwa li genyen, li pa oblije angaje l nan diskou anndan zèv li, men kòm l ap viv nan kominote a li pa ka rete ensansib a sa k ap pase yo.

Ann pran egzanp Cardi B, yon rapèz ke w ta ka kalifye de vilgè lè w ap koute tèks li yo, ki poste yon videyo sou paj Enstagram li pou l di Prezidan Trump pran men l ak politik rasis li gen sou migrasyon. Paske Cardi B pa bliye li se pitit imigran, papa l se Dominiken, manman l gen orijin espanyòl ak trinidadyen. Nan kominote li leve a te gen plis imigre karayibeyen e moun sa yo se yon fòs nan ekonomi ameriken an. Se ak anpil kòlè tou manzè mande responsab yo fè yon jan, Bronx ki se kote li grandi a, twò sal. Atis la mande : Kisa nap regle ak lajan taks mwen ?  

Se vre nou ka konte lakay nou de twa atis ki marande atizay ak batay tankou Francisco Silva ki se karikatis-grafè, Kebert Bastien ki se mizisyen-chantè ki fè albòm ak tematik tankou okipasyon amerikèn osinon sistèm edikatif nou an. K’lib, yon rapè, te rezime rapò petwokaribe a nan yon mizik.

Sosyete nou an p ap konsome zèv atis li, l ap kritike l lè l wèl pòv.

Men fòk nou gade tou, mantalite sosyete a gen parapò ak sa li rele « atis » ki deja gen difikilte pou yo viv kòm sitwayen.  Sosyete nou an p ap konsome zèv atis li, l ap kritike l lè l wèl pòv. Li pa mande tèt li de kisa atis sa yo viv menm lè y ap poste bèl foto sou Enstagram, pandan ke Leta pa mete okenn estrikti an plas pou lakilti. 

Se menm sosyete chak koukouy klere pou je l sa ki p ap pran lari pou l egzije Leta bal sèvis de baz. Ki di manifestasyon pa solisyon poutan se sitin ak manifestasyon ki fè Lakoudèkont ki pa janm fè travay li pandan dizan, bay rapò sou fon petwokaribe yo. 

Li tou : Assassinats, démission, exil forcé… petit panorama du destin des chefs d’États haïtiens

Kòm Moun debyen pa pran lari, yo kite sa pou katye popilè, apresa kritike kraze brize paske ti pèp la sovaj si m ap repete pawòl kanaval Roody Roodboy la. Yon Roody ki pa janm kache li soti nan katye popilè, sa vle di li konnen trè byen reyalite lamizè ak gang ki gen gwo zam nan men yo. Li menm fè videyo ak timoun k ap jwe woslè ak grenn bal.

Se nòmal pou entènot yo ap tann pozisyon li sou sa k ap pase nan katye tankou Matisan. Men li pito pwodui tèks bouyi vide sou pwoblèm peyi a epi kritike vyolans, kòmkwa vyolans nan lari a se pa yon repons a vyolans enstitisyonèl Leta fè sou nou. Vyolans nan absans enfrakstrikti pou lasante, pwodiksyon ak lakilti si n ap site sa yo senpman. 

Yon pati atis te di piblikman yo p ap rantre nan tchalenj Petwokaribe ki te lanse sou rezo yo 14 dawout 2018 la. Sa ki di yo pa konprann li, sa ki di yo pa nan politik, sa ki desann kanmenm douvan Lakoudèkont nan premye sitin ki te fèt 24 dawout 2018 la pou yo pa di yo pa t la, sa ki te jis vin founi je gade paske yo te pran nan ajitasyon moman an. 

Ou ka li tou : Le Forum Économique a essentiellement une mission politique

Yon atis ke m pa otorize site non li nan atik la te motive patisipe nan sitin 24 dawout men li fè bak paske li reprezante  pwodui de twa antrepriz komèsyal, li pa ta vle patisipasyon sitwayen li nan yon batay konsa, menm si li nòb, vin deranje biznis li. Kisa ki an plas pou pye l pa mare nan tab esponnsò ak kontak pou fè gig, alòs li gen fanmi sou kont li ? Ki lòt altènativ li genyen lè n ap konsidere pa gen endistri vre, twaka atis nan prekarite e menm oblije pati.

Ou pral dim fòk yo batay pou yo chanje sa ? Fè sakrifis ? Mwen m ap reponn kou Manno Chalmay ta di : Nou pa t leve jenerasyon ki pou jodi ta tounen boukan ! Nou leve sitwayen nou yo akomode yo ak sitiyasyon malouk Leta ak laboujwazi foure peyi a. Erezman, kanmenm gen tilandeng k ap fè reziztans. Atizay pa gen misyon anmize senpman.

Depi lè tchalenj k ap mande « Kot kòb petwokaribe a » tanmen, anpil moun ap bouskile yon kategori atis pou yo pran lapawòl, konsa ya moutre yo kanpe bò kote pèp la. Aloske anpil atis deja nan konba a, san konte nòt kèk ekriven soti ak pozisyon yo klè kou dlo kòk.

Li tou : Se pa kriz la sèlman ki fè w paka jwenn legim achte !

Men atis ki fè silans yo ta sanble pi enpòtan, yo gen plis falowè, pi popilè, yo ka fè plis enpak kidonk si yo pale sa ka bay batay la jarèt. Dènyeman gen yon gwoup atis, pou laplipa mizisyen konpa, ki siyen yon nòt. Finalman yo fè l paske fanatik ap bay chalè e yo bezwen lave imaj yo nan lopinyon piblik. Anpil moun kritike nòt la ke yo estime ki pa fin klè. Men pandan nòt la ap leve plim sou do entènot yo, Mathias ki se yon komedyen, soti yon son kote l ap eksplike epi konfime sa anpil moun te santi. Nòt la fèt pou lafòm. Men kòm nou te deja gade nan koumansman atik la ki modèl sitwayen ki bay atis sa yo, n ap rete sou sa ki pase ak Mathias ke yo mete deyò sou gwoup ki t ap diskite sou nòt atis yo nan kriz la.

Ak anpil antouzyas, Mathias fè yon kont pwopozisyon kote li atire atansyon tout moun sou kondisyon lavi atis yo ki se rezilta dirèk koripsyon ak enjerans Leta a. Komedyen an ranmase konjonkti an ak revandikasyon popilè a k ap mande pou prezidan Jovenel Moïse ale, san li pa bliye pale de masak Lasalin ak pwosè petwokaribe a. 

Pawòl sila yo twò cho, yo mete Mathas atè tou dousman.  24 atis siyen nòt la men gen yon dal atis sou gwoup la ki pa ni reyaji ni siyen. Silans total. Nòt la pa flou, pozisyon an klè. Atis yo p ap vin pèdi bèl yo pou larepiblik. Nan menm semèn nan, yon ventèn lòt atis (eslamè, komedyen ak chantè) anba non «  Katan » kolektif atis angaje, siyen yon nòt piman bouk. Nan nòt sila gen yon fraz enpòtan : « Zèv atistik pa janm inosan ». 

Nègès Dayiva

Commentaires

Le Forum Économique a essentiellement une mission politique

Previous article

Les victimes de pillages se trouvent dans la classe moyenne

Next article

Comments

Comments are closed.

#ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost