SOCIÉTÉ

Se pa kriz la sèlman ki fè w paka jwenn legim achte !

0

Depi nan twazyèm semèn mwa septanm 2019 la, prèske tout aktivite nan peyi a pa fonksyone. Sitiyasyon sa a afekte anpil sektè tankou machann legim yo ki oblije achte chak jou

Kawòt, chou, militon, berejèn ak fèy se kèk pami legim ki parèt ra nan twa dènye semèn sa yo. Koze sa a lage anpil moun nan plenyen pou zafè manje.

Youn nan moun sa yo se Anisya, yon machann manje nan Karidad (Kafou Fèy) ki vann chak jou diri sòs pwa ak legim. Anvan kriz la madanm nan te konn bay pou 75 goud, depi peyi a « lòk » la, pri plat manje yo monte 100 goud. E malgre sa, Anisya pa gen men pou l vann.

Bagay sa a se kokayin wi l ye. Malerèz pa manje legim. 

Pou 100 goud manje, se apèn Anisya tape kiyè a nan chodyè legim nan tankou se yon bagay l ap prezève. Yon kliyan pa dakò ak sa, madanm nan tou pre pou joure l. « M pa ka jwenn legim nan non. Bagay sa a se kokayin wi l ye. Malerèz pa manje legim. »

Machann manje a fè konnen menm nan zòn kote l ap vann nan li pa ka jwenn legim achte paske se nan kouri pou moun al lavil.

Machann yo pa kache enkyetid yo

Jou maten lendi 30 septanm 2019 la, Pòtay Leyogàn sal tankou peny ti dan. Se barikad, motosiklèt ki nan lari a ak yon patwouy lapolis. Se la a nou pase pou nou rantre nan mache Livana, yon mache ki sèvi moun ki rete Pòtay, Site Louvèti, Bisantnè ak kèk lòt zòn tou pre.

Nan rantre mache a gen anpil moun, fanm kou gason ki ap vann oswa achte. Moun yo prese kòmsi se te sèl jou sa a yo te rete pou yo sikile nan lari a. Gen machann epis, pwovizyon alimantè, elatriye. Gen kèk pati nan mache a ki rete vid, plas machann ki pa vini yo rete mare ak kèk plastik.

Li tou : Kondisyon malad lopital jeneral yo agrave ak kriz politik la

Pi lwen nan yon lòt pati nan mache a gen yon kote yo vann vyann. Se la a nou kontre Antwanèt ki chita men nan machwè. Anfas li, gen de twa militon, kèk fèy zepina ak kreson tou fennen sou yon tab. Selon Antwanèt gen lavant, men li difisil pou renouvle pwodui ki manke yo.

« M te konn achte twa pake fèy pou 25 goud, kounya se 4 pake m ap achte pou 100 goud. Pa menm genyen l. Anpil machann pa ka rive nan mache Kenskòf la paske pa gen machin», konsa Antwanèt t ap plenyen.

Kenskòf se santral legim

Mache Kenskòf la se lavil, nan Kwabosal kote moun ki sot nan komin Kenskòf vin vann legim. « Depi anvan manifestasyon dènye jou sa yo se te yon perepesi pou nou te al lavil akoz te toujou gen tire. Men nou te jwenn kamyonèt la, kounya nou pa ka ale ditou paske nou pa ka jwenn machin. Se Anwo tèt dlo nan zòn Petyonvil nou al achte », toujou Antwanèt k ap pale.

Elyaniz yon lòt machann rakonte li rive pran wout la kanmenm pou l al achte nan mache Kenskòf la paske li pa gen kòb pou li ale Anwo tèt dlo. Tèt mare, Elyaniz parèt granmoun, li ka nan 65 lane yo konsa. Yon laye pwa vèt devan l, l ap kale pwa. « Se a pye m a l Kwabosal maten an byen bonè paske pa gen machin. Lè m rive se nan kouri pou m pran sa m bezwen an paske gen tire anba lavil la», pawòl Elyaniz.

Kèk machann fè solidarite youn ak lòt pou yo pa desann lavil. « Si m konnen yon moun prale Petyonvil, m ba l kòb pou l achte pou mwen epi m patisipe nan kòb tranpò a», se deklarasyon Antwanèt.

Mache Salomon pa prèske gen legim

Soti Livanna pou rive bò stad, wap jwenn menm bagay yo sou tout wout la se barikad ak motosiklèt. Nan rantre mache Salomon pa gen anpil aktivite. Dabitid, toujou gen machann kawòt, pòm de tè ak mango nan zòn sa a, men li parèt vid.

Yon machann nan Salomon fè konnen li peye moto 400 goud pou pote legim yo pou li soti Petyonvil anwo tèt dlo pou rive Salomon. « Alòske lè m al Kwabosal se selon chay la pou m peye chofè kamyonèt la 100 goud oubyen 150 goud. Nan jou yo la a, m dòmi Petyonvil pou m ka jwenn machandiz. Lè m fin pase tout mizè sa a, m pa ka vann nan menm pri a. »

Li tou: La crise politique traumatise vos enfants? Voilà comment les aider.

Makso, yon jèn gason ki ka nan yon trantèn lane akoupi devan yon bourèt militon ak fèy nan mache a ap tann yon moun vin mande l sa l pot pou vann. « Se Kwabosal mwen travay, kòmès sa a se pou manman m. Mwen vin vann pou li paske li pè desann. »

Selon sa li di nou, Makso se potè nan mache Kwabosal men manman li ap vann mache Salomon, li oblije vin kenbe pou li. Jèn gason an fè konnen pa gen lavant ditou.

Pwoblèm legim nan te egziste anvan peryòd kriz la

Anpil pwodui vin ra nan moman sa yo paske gen barikad tout kote machin yo pa ka sikile. Mete sou sa a, bal ap tire detanzantan sa ki fè anpil nan madan sara yo (gwo machann founisè yo) pè pran wout la a.

Eunide Amilcar ki se majistra nan Komin Kenskòf deklare pwoblèm legim nan te egziste anvan kriz la.

Nan sans sa a legim yo vin pi difisil pou jwenn paske yo pa toujou ka konsève, se chak jou machann yo konn achte yo. Sepandan, Eunide Amilcar ki se majistra nan Komin Kenskòf deklare pwoblèm legim nan te egziste anvan kriz la.

« Kenskòf gen 5 seksyon kominal, yo tout pwodui legim sa vle di kawòt, chou, militon tout fèy ou ka bezwen. Men gen pwoblèm pou tout manje sa yo distribiye nan peyi a. Se sa k fè machann yo epapiye konsa. Se menm machann Kenskòf yo ki al Kwabosal, ki anwo tèt dlo nan Petyonvil ak nan Fèmat.»

Ou ka li tou : Assassinats, démission, exil forcé… petit panorama du destin des chefs d’États haïtiens

Premye pwoblèm majistra a di ki genyen se kesyon transpò. « Madan sara yo se sou tèt kamyon yo, yo chita lè y ap transpòte legim yo pou yo pa kraze. Nan sa a, lavi yo an danje. Dayè medam sa yo souvan viktim aksidan sou wout la a. »

Enkapasite pou stokaj se dezyèm pwoblèm mache legim nan jwenn. Daprè Eunide Amilcar sa pa gen anyen pou wè ak peryòd peyi lòk la.

Madan Amilcar fè konnen gen anpil legim ki pèdi chak jou akoz pa gen kapasite stokaj. « Si te gen resous materyèl pou pèmèt sere pwodui yo. Machann yo ta rale yon souf. Epi pri pwodui yo ta desann tou. »

Madan Amilcar fè konnen gen anpil legim ki pèdi chak jou akoz pa gen kapasite stokaj.

Majistra a pwopoze kèk lide ki ta ka ta ka ede machann yo menm lè aktivite yo ta paralize tankou jan sa ye kounya la a.

Daprè Eunide Amilcar, ta sipoze genyen bon jan kondisyon pou legim yo konsève. « Tankou lè ou rive nan makèt ou wè jan yo konsève fui ak legim yo yon fason pou yo pa gate. Ebyen se konsa nan Kenskòf ta sipoze gen yon chanm fwad pou kenbe pwodui yo fre. »

Pou kesyon transpò a, majistra a ajoute : « fòk ta gen machin ki la tout espre kote madan sara yo t ap ka enstale yon fason ki konfòtab pou livre legim yo nan mache yo. »

Madan Amilcar fè konnen li ap travay pou li wè kòman menm lè li pa ta majistra ankò pou li ta kontribiye nan chanjman sa yo.

Selon majistra Amilcar, si kondisyon sa yo ta rive reyini t ap gen mwens risk pou lavi machann yo ak pou komès yo. « Epi menm lè ta gen grèv, machin k ap transpòte legim yo ta toujou sikile paske menmsi n ap manifeste nou toujou bezwen manje. »

Non kèk moun ki pale nan atik la te chanje.

Laura Louis est journaliste à Ayibopost depuis 2018. Elle a été lauréate du Prix Jeune Journaliste en Haïti en 2019. Elle a remporté l'édition 2021 du Prix Philippe Chaffanjon. Actuellement, Laura Louis est étudiante finissante en Service social à La Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *