SOCIÉTÉ

Kondisyon malad lopital jeneral yo agrave ak kriz politik la

0

Gen plis pase 2 semèn depi peyi a sou tansyon. Moun ap pran bal, fòk yo ale lopital. Gen lòt ki gen lòt maladi tou. Lopital Jeneral  ki se pi gwo lopital peyi a pa rive ede moun ki malad yo

Li fè 11è43 nan maten, jou ki te lendi 30 septanm nan. Plizyè manifestan deja nan lari pou mande prezidan peyi a, Jovenel Moïse, kite pouvwa a. Mouvman an rele dechouke Jovenel. Lopital Inivèsite Leta an Ayiti se pi gwo espas piblik ki la pou bay swen gratis nan peyi a. Li chita ant ri Monseyè Giyou ak ri Sentonore.

Devan lopital sa, anpil moun rele « Lopital Jeneral », kèk grenn machann layite yon bann pwodwi.

Baryè a louvri, nenpòt moun ki bezwen jis rantre. Lèw rive nan lakou a, plizyè moun ap fè alevini. Yap pale antre yo. Genyen ki ap diskite sou reyalite peyi. Lòt menm, ki ap plenyen pou malad yo ki ap soufri plis akoz fonksyonman lopital la.

Malad yo epapiye ap plenyen

Angeline Saintil se yon dam ki kouche sou yon kabann nan espas la. 2 moun kanpe bò tèt li, ap remonte moral li.

Li parèt yon moun ki dezespere. Li pase yon jounen san manje, selon sa li di, li bwè selman dlo. Li gen yon pye ki kraze nèt nan yon aksidan moto li fè nan sant vil la. Bò figi gòch li gen yon gwo pansman. Li fè pati 10 malad nou pase entèvyou nan lespas la. Yo tout ap plenyen paske pa gen okenn moun ki voye je gade moun ki malad yo.

Li tou : La crise politique traumatise les enfants. Voilà comment les aider.

«Moun yo bloke peyi a. Prezidan an ki p ap jere anyen, pa deside ale. Poutan, se koripsyon li ap fè nan tèt peyi a. Nou menm ki lage la yo, ki pa gen kòb pou nou ale nan lopital prive yo, nou lage pou nou mouri», se sa Angeline Saintil di ak 2 ran dlo nan je li.

Yon ajan sekirite ki pa deside bay non li fè konnen, lè peyi a bon, gen anpil malad ki gen plizyè jou nan lopital la, se sanse moun ki vin vizite lopital la ki konn pote kèk bagay pou yo. «Depi gen pwoblèm konsa, moun legliz yo pa vini la. Ni tou, menm fanmi ki gen malad la yo, yo pa twò vizite malad yo a paske lari a pa bon.»

Pa gen ase doktè nan lopital la

Apèn midi, yon moto parèt. Aprè chofè a, gen 3 moun sou moto. Gen youn ladan yo, sa ki malad la, li gen yon sewòm ki tache nan bra li. Li sot nan yon sant sante, li pran premye swen, epi li vin chache rès sèvis la nan lopital jeneral.

Yon mesye k ap asire sekirite espas la deklare avan li tande moun ki akonpaye malad la : «Sa nou bezwen hein ? Ki sa nou genyen ? Nou pa tande pa twò gen sèvis nan ijans lan paske peyi a lòk, pa gen ase doktè pou bay moun laswenyaj».

Rodlin Noël se yon rezidan nan lopital la. Li avwe se kèk grenn doktè ki reponn prezans yo nan lopital la. Akoz plizyè jou tansyon ki gen nan peyi a, sa koz gen plizyè jou doktè yo rete lakay yo.

Akoz manifestasyon, doktè yo oblije rete lakay yo.

Li eksplike se pa tout moun ki ap asepte pran risk pou vin bay yon lòt swen pandan lavi pa li ap an danje. «Se pa tout moun ki ap fè li. Nan lari a, tout moun ak zam. Yap tire tout kote. Nenpòt moun kap sikile ka pran yon bal menmsi se pa nan manifestasyon li te ye. Dayè nou tande jan moun ap pran bal. Pa gen moun ki epaye. Se pa tout moun ki ap riske»

Jessy Colimon Adrien se direktris egzekitif lopital la. Li fè yon karyè nan pedyatri, epi li se pwofesè nan fakilte medsin ak fanmasi. Li konfime reyèlman se pi gwo pwoblèm pi gwo sant ki la pou bay swen nan peyi a genyen. « Akoz manifestasyon yo, sa koz nou gen difikilte nan koze resous imèn nan lopital la. Doktè yo oblije rete lakay yo.»

Depi lè nou parèt nan lopital la, rive lè nou ap tounen an a 4è. Gen plis pase 10 moun ki vin chache yon tikal swen. Men se 4 ki rive rete nan lopital la paske yo pa gen lòt mwayen, rès yo ale nan lòt lopital.

Lopital la pa an sante

Yon moun ki rantre nan baryè prensipal la, li mèt pase nan tout espas ki gen sèvis nan lopital la, lap jwenn swa yon ma dlo, fatra ekspoze tout kote. San konte move sant ki ap bat tout moun. Li pa sanble ditou ak yon kote pou bay swen. Li pito yo espas yon moun ka pran nenpòt vye maladi.

Direktris espas la fè konnen, depi lè kriz la kòmanse, «anpil nan moun ki la pou fè netwayaj yo ret lakay yo. Yo menm tou yo pa vle pran risk vini. Yo rele tou pou fè konnen yo pap vini. Sa koz yon moun ap wè espas la pa pwòp».

Espas fanmasi lopital la sanse vid

Tout lopital piblik nan peyi a ta dwe gen yon fanmasi pou moun achte medikaman yo. Men, li sipoze bay gratis paske tout sèvis nan lopital Leta sipoze gratis. Poutan, chanm ki la pou koze fanmasi nan Lopital Jeneral la parèt vid.

Junior se non sa nou chwazi bay yon doktè ki mande pou non li pa site. Li gen pase 10 lane ap travay nan lopital la. Li te fè etid li nan yon inivèsite aletranje epi li te chwazi vin travay nan peyi li, daprè sa li eksplike. Pou li menm, «se volonte ki pa genyen pou yo kenbe yon fanmasi ki gen kalite nan lopital la. Yo pito fè pasyan an al achte deyò pou yo ka fè kòb

Nan ri Monseyè Giyou, yon bann fanmasi chita

Depi yon moun kite won pwen aprè estad la, epi janbe kèk kay ki pap 10, se fanmasi li ap jwenn nan ri sa.

Yo aliyen youn akote lòt sou bò gòch. Anpil ladan yo, tou gen laboratwa pou si yon moun bezwen fè yon egzamen. Sa vle di, nan lopital jeneral la, yo pa fè egzamen pou pasyan yo.

Pou doktè  ki pa vle yo site non li an, anpil nan fanmasi sa yo se doktè k ap travay anndan lopital la ki mèt yo. «Kijan yon doktè ap fè asepte gen yon fanmasi nan lopital la nòmalman, jan sa ta dwe ye, si li wè biznis li menase ?»

Apèn sot nan pwoblèm gaz, lopital la riske gen pwoblèm ankò

Sa apèn gen yon semèn depi direktris la tap chèche èd pou rive jwenn gaz pou fè lopital la fonksyone. Sa te fè li gen difikilte pou li rive jwenn bonbòn oksijèn paske se machin lopital la ki pou te ale ranpli yo chak jou Taba. Depi pa gen gaz, machin nan paka sikile. Bonbòn oksijèn nan se youn nan eleman ki pi enpòtan nan lopital la.

Si tout bagay ret konsa nèt, lopital la pwal tounen nan kriz gaz la ankò.

Rodlin Noël fè konnen nan semèn pase a, tout moun se te yon sèl bagay yo tap plenyen nan lopital la. Selon li menm, si jeneratris la pa fonksyone, «tout moun nan fènwa lannwit. Depi pa gen kouran, jeneratris la dwe fonksyone ni lajounen ni lannwit. Kijan yon lopital fè rive pat ka fonksyone poutèt enèji? Se paske pa gen moun kap panse pou pèp vre.»

Jessy Colimon Adrien kontinye eksplike, «pandan wikenn lan, nou rive pran gaz pou nou jere tout bagay. Men si tout bagay ret konsa nèt, lopital la pwal tounen nan kriz gaz la ankò. Yon bagay ki pata dwe rive.»

Journaliste à Ayibopost. Je m'intéresse à la politique et à la culture.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *