An Ayiti, anpil jèn gason lage kò yo nan bwè konprime planin medam yo, ak lespwa y ap kontwole pouvwa fè pitit yo. Men, èske metòd sa a syantifikman apwouve? AyiboPost ap esplike w tout sa w dwe konnen sou kwayans sa a
Nan mwa septanm 2025 lan, AyiboPost pibliye yon repòtaj sou egzistans yon pratik kote divès jèn gason lage kò yo nan bwè konprime planing medam yo. Anviwon yon dizèn nan mesye sa yo ki te pale ak AyiboPost kwè pratik sa a ka anpeche moun y al nan relasyon seksyèl ak li a tonbe ansent. Men, èske kwayans sa a gen verite ladan l ? Kisa rechèch medikal atravè lemond revele sou metòd planing ki disponib pou gason yo ? Pou jwenn repons ak tout kesyon sa yo, AyiboPost envite w gade repòtaj sa a.
Nan kad travay sa a, AyiboPost te pale ak Jean Samuel Métellus, ki sòti nan komin Kwadèboukè, ki fè konnen se depi lè l genyen 25 lane li te kòmanse bwè konprime planing ki rele «Pilplan» an pou l evite ansent ti boubout li yo.
Selon sa l te kontinye esplike AyiboPost, li pase yon lane edmi ap bwè ti konprime planing sa a avan li resi sispann.
Men, w a sezi tande rezon ki te oblije l fè chwa sa a !
Ebyen, Métellus esplike AyiboPost li te kanpe sou bwè konprime planing Pilplan apre gwo sezisman l te fè nan fen ane 2010 yo, lè l konstate li te genyen de (2) ti boubout ki te ansent pou li.
Se jan w tande a.
Ou sètènman ap mande kijan Métellus, ki te gen 37 lane, epi ki te deja ap okipe de (2) timoun te fè tonbe nan bwè medikaman PilPlan, ki se yon metòd prevansyon gwosès ki rezève pou fanm ?
Sitwayen sa a k ap viv nan peyi Kanada kounyeya fè AyiboPost konnen li te fè sa sou konsèy yon zanmi fi l te genyen ki te di l ka bwè konprime an pou l pa ansent medam yo.
Kidonk, malgre efè segondè tankou : sansasyon vomisman konprime an te ba li, li pa t ezite konsome l, paske l di li te kwè nan pawòl sa yo.
Métellus te esplike AyiboPost tou lòt rezon ki te pouse l bwè konprime planing medam yo, se paske pran swen timoun li te genyen yo te deja yon chay ki twò lou pou li.
Se pa sèlman Métellus ki te esplike li kwè nan fo metòd kontrasepsyon sa a, paske plizyè lòt gason montre yo te kwè nan pratik la tou.
Mikaelle Pierre, k ap viv nan komin Twoudinò ki nan depatman Nòdès peyi a, e ki genyen yon ti famasi, rakonte AyiboPost yon ti pale li te genyen ak yon dam ki te vin achte medikaman nan men l, sa gen kèk mwa.
Dam lan, ki te ka gen yon ventèn lane konsa, esplike Pierre li pa pran medikaman planing ankò paske l paka sipòte efè segondè yo. Dezòmè, se mari l li fè bwè medikaman sa yo pou li.
Pierre ki di AyiboPost li te debousole lè l aprann nouvèl la, fè konnen « m te etone anpil. Se te premye fwa m te tande pale de pratik sa a. »
Genyen medsen ki okouran sou pratik la tou, tankou jinekològ Berthony Guerrier, ki t ap travay nan yon lopital nan depatman Nip, lè yon manm pèsonèl soutyen enstitisyon an te fè yo konnen li te konn bwè konprime planing pou kontwole pouvwa fè pitit li.
Si nouvèl la te lakoz anplwaye sa a ki nan senkantèn li jwenn ti fawouch li, jinekològ la esplike AyiboPost mesye a te deja gen plizyè timoun, e li pa t vle fè plis toujou.
Nan yon entèvyou AyiboPost te reyalize ak rezidan nan medsin familyal Kerry Norbrun ki konnen fenomèn gason k ap pran planing medam yo, li fè konnen pratik sa a konn menm fè mesye yo pa vle okipe pitit yo.
Li di « pafwa, kèk gason konn pran pretèks yo te pran konprime, pou yo deresponsabilize tèt yo lè patnè yo di yo li ansent. »
Bon, n ap pale lontan sou pratik gason k ap bwè planing medam yo pou anpeche yo ansent fi lè y al nan fè bagay. Men, kisa rechèch medikal yo di sou metòd planing ki disponib pou mesye yo ?
Nan yon atik ki pibliye nan youn nan pi gwo bibliyotèk medikal atravè lemond, National Library of Medicine, nan lane 2022, chèchè yo esplike, mesye yo kontinye manifeste gwo enterè ak angajman pou yon planifikasyon familyal ki efikas.
Depi yon bout tan, metòd planing tradisyonèl gason yo konn adopte se : evite fè bagay pandan peryòd fi an gen règ, ejakilasyon ki pa vajinal (voye deyò), mete kapòt, epi operasyon ki rele vazektomi an. De (2) dènye yo se 2 metòd ki vize anpeche espèmatozoyid yo rive kote pou yo fegonde a.
N ap soulinye vazektomi an se yon metòd planing ki fyab e ki definitif, selon sa rechèch yo montre. Men, gen ka kote moun ki fin fè operasyon sa a deside fè yon lòt operasyon pou l rejwenn pouvwa fè pitit li te genyen an.
Rechèch yo montre tou, metòd planing ki pa definitif pou gason yo pa fyab.
Si pandan 20e syèk la gen yon gwo kantite pwodui planing tout kalte ki t ap vann sou mache a, pa gen okenn nouvo metòd pou jere fètilite mesye yo ki rive komèsyalize.
Sepandan, rechèch yo toujou ap kontinye jiskaprezan.
Nan lane 2025, kèk inivèsite ameriken devlope ak sosyete biyofamasetik YourChoice Therapeutics yon konprime planing, ki pa gen òmón, pou gason ki rele YCT-529. Aprè plizyè tès klinik sou bèt, medikaman sa a bay gwo lespwa.
Kounyeya, ki konsekans ki genyen pou gason k ap bwè konprime planing medam yo ?
Dabò, ou dwe konnen konprime planing medam yo gen sentèz de (2) òmón ki se : estwojèn ak pwojestewòn, ki bay kò medam yo fòm ak fonksyònman li genyen an, selon sa medsen Kerry Norbrun presize.
(2) òmón sa yo ki nan konprime planing lan, aji ansanm pou anpeche yon gwosès, epi pa kite ovè yo libere ovil.
Selon medsen Norbrun, pifò konprime planing yo bloke pwosesis ovilasyon an, epi lakoz lòt chanjman fizyolojik ki anpeche pasaj espèmatozoyid la.
Kidonk, « konprime a p ap bay rezilta y ap tann lan sou gason, paske l pa gen menm fizyoloji ak medam yo », selon sa medsen an kontinye pou l di.
Sa vle di, yon gason ki bwè konprime planing avan l al fè bagay p ap ka anpeche yon gwosès avan lè osnon lòt enfeksyon seksyèlman transmisib mete pye, si l pa t mete kapòt.
Annou tounen nan kesyon nou te poze talè a ki se ki konsekans konprime planing sa yo sou yon gason.
Ebyen, menm si efè yo t a parèt minim sou yon ti bout tan, mesye k ap konsome konprime sa yo riske fè fas ak gwo pwoblèm sante sou yon tan long.
Selon medsen Norbrun, yon gason k ap konsome konprime planing ap rive genyen 2 òmón feminen nou te site avan yo nan òganis li.
E, si gason sa a kontinye bwè konprime sa yo pandan yon bon bout tan, li kapab vin genyen menm karakteristik mòfolojik ak fanm. Pa egzanp, tisi ki estoke grès yo ka vin devlope plis nan kèk zòn nan kò a, e tete gason an ka vin devlope anpil akoz yon derègleman òmonal, selon sa medsen an rapousuiv pou di AyiboPost.
Mete sou sa, konprime planing sa yo ka fè gason an gen mwens dezi seksyèl, pwoblèm bann, epi lòt konplikasyon tankou AVC, elt.
N ap raple konprime planing fè pati metòd kontwòl fè pitit ki popilè yo atravè lemonn. Sòti 2022 rive 2023, li vini aprè esterilizasyon nan peyi Etazini, kote 11.4 % fanm ki gen ant 15 ak 49 lane itilize l.
Sepandan, kontrasepsyon maskilen an toujou rete majinal nan mitan koup yo, nan yon mond kote plis pase mwatye gwosès yo endezirab, selon sa yon rapò òganis Nasyonzini ki jere zafè sante seksyèl ak repwodiktiv (UNFPA) nan lane 2022 te presize.
Pandan plizyè dizèn lane, posiblite pou bay gason yo yon mwayen pou kontwole pouvwa fè pitit yo ki pa definitif te toujou entèrese lasyans. Anpil rechèch fèt nan sans sa avèk sipò kèk òganis, ki vize soulaje fanm yo ak fado planing lan, epi kreye egalite nan relasyon yo ak yon pi bon dinamik nan fanmi yo.
Men, se pa sa sèlman ki merite fèt paske jinekològ Berthony Guerrier nou te site avan an kwè, pou evite pratik sa a dwe gen yon kanpay ki mennen pou fè konesans syantifik yo rive nan tout ti rakwen, epi aksesib pou tout kouch, tout plimay.
Apre w fin tande istwa mesye k ap pran planing medam yo, vin di nou nan kòmantè ki pratik ankò ou konnen mesye yo fè pou evite patnè yo tonbe ansent.
KREDI
► Kamera : Marc-Elie Rosena ak Philicien Casimir
► Montaj : Marc-Elie Rosena
► Redaksyon / Prezantasyon : Junior Legrand
► Edisyon / Sipèvizyon : Jérôme Wendy Norestyl,Wethzer Piercin, Philicien Casimir
Pou rete konekte ak AyiboPost :
▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la
▶ Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la
▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la





Comments