Le BlogOp_EdsRECOMMENDEDSOCIÉTÉ

Op-Ed: Elimine redoubman kapab akouche yon katastwòf nan edikasyon an Ayiti

0

Pwomosyon otomatik se yon desizyon ki egzije gwo refòm nan sistèm edikatif Ayisyen an

Nan yon dezisyon ministeryèl ki sòti nan dat 14 avril 2020 an, Ministè edikasyon nasyonal nan peyi Ayiti fè konnen redoubman pou premye, dezyèm ak twazyèm ane fondmantal kaba. Sa ki vle di, elèv nan twa Premye klas fondamantal yo pa gen dwa fè youn nan klas sa yo de fwa.

Dezisyon sa pa yon dezisyon sikonstansyèl paske nan atik 1 an li di :

« A partir de l’année Accademique 2020-2021, la promotion des élèves de 1er ,de 2ème et de 3eme année fondamentale est automatique.Cela implique la fin du redoublement pour les trois premières années de l’école fondamentale. »

Ki sa ki pwomosyon otomatik la?

Nan sa ki gen pou wè ak edikasyon, pedagoji, se yon politik pwomosyon ki pèmèt elèv yo monte nan klas siperyè otomatikman. Nan sans sa, pwomosyon otomatik la mete deyò posibilite pou yon elèv double yon klas, sof si elèv sa te gen yon absans ki te long anpil.

Nan yon tèks CENESCO (Conseil National d’évaluation du système scolaire) te pibliye nan peyi Lafrans an desanm 2014 e ki te gen pou tit : «LUTTER CONTRE LES DIFFICULTÉS SCOLAIRES : LE REDOUBLEMENT ET SES ALTERNATIVES ?», nou jwenn gen anpil peyi nan monde lan sitou an Ewop ki defini estrateji pou batay kont redoubman andan lekòl.

Gen yon seri peyi tankou Almay, Espay, Otrich, Polòy, pou yo batay kont redoubman, yo adopte PWOMOSYON KONDISYONÈL kote yo pèmèt elèv ki pat pase tout kou yo al fè lòt klas paske yo estime elèv sa yo an mezi pou yo ratrape yo. Nan klas kote elèv yo ap bezwen diplòm, pwomosyon kondisyonèl la pa aplike.

Nan Peyi Lespay, yon elèv ki pa fè nòt pou de (2) matyè kapab al fè lòt klas men fòk elèv sa enskri nan yon pwogram ratrapaj.

Gen peyi, pou anpeche redoubman, yo fè egzamen ratrapaj. Prèske tout peyi an Ewòp itilize metòd egzamen ratrapaj la kote yo ofri ak elèv ki nan sitiyasyon pou double posibilite pou refè egzamen li pat fè nòt yo. Konsa tou yo konn egzije elèv yo remèt yon devwa pou yo kapab ogmante nòt yo. Lafrans ak Pòtigal pami peyi ki pa aplike mezi sa an Ewòp.

Pou batay kont redoubman, gen peyi ki bay kou ratrapaj pandan vakans nan mwa jiyè-out. Metòd sa pèmèt elèv ki pat reyisi yo swiv kou pou matyè yo pi fèb yo avan yo fè yo pase egzamen yon lòt fwa. Nan peyi Etazini, nou jwen lekòl dete (summer schools) tankou Lekòl piblik chikago,Florid elatriye.

2 gwo modèl

Pou n tounen nan sijè prensipal la ki se Pwomosyon otomatik, gen de (2) gwo modèl nan zafè pwomosyon otomatik la. Yon kote, nou jwenn modèl peyi eskandinav yo tankou Nòvèj, Dànmak.

Yon lòt kote, nou jwenn modèl Azyatik yo tankou Japon, pati Sid nan Kore.

Nap sitou eseye fè yon rale sou modèl eskandinav la ki chita sou twa(3) wòch dife : Ekite,Patisipasyon,Byenèt sosyal.

Modèl eskandinav la genyen ladan yon mezi ki rele LOOPING kote yon sèl Anseyan/Anseyant monte ak yon klas plizyè fwa sa ki ba l posibilite poul byen konnen elèv yo.

Nan modèl eskandinav la tout timoun jwenn manje gratis, menm nan lise yo. Leta bay materyel didaktik ak tout lekòl epi tout elèv jwenn posibilite pou jwi bonjan ankadreman paske klas yo genyen 12 a 15 timoun sèlman.

Poun pousib, depi elèv yo antre lekòl, yo fè tès aprantisaj pou yo pou idantifye si yo pa gen twoub aprantisaj yon mannyè pou siyale paran yo ki dwe akonpaye timoun yo lakay yo si gen pwoblèm ki dwe rezoud. Pou n fini, li obligatwa pou tout anseyan pran bon jan fòmasyon pandan senk lane sou pedagoji, didaktik, elatriye avan yo gen aksè antre nan sistèm edikatif la.

Gen anpil lòt peyi an Ewòp ki adopte Pwomosyon Otomatik. Nan peyi Bèljik avan pwomosyon otomatik la te rive ateri nan ane 2001, gen gwo travay ki te kòmanse depi ane 1990.

Nan peyi sa yo, sistèm edikatif la gentan byen enstale men pou yo te aplike pwomosyon otomatik, yo te pran yon seri mezi tankou:

a)Akonpayman eskolè ki pèmèt yon titilè asiste elèv yo pou batay kont redoubman.

b)Anseyan/anseyant anplis pou asiste anseyan/anseyant prensipal la yon mannyè pou redwi chaj travay li.

c)Mete sou pye yon seri dispozitif (Dispositifs d’individualisation) pou pèmèt chak elèv pwogrese selon nivo yo kapab.

d)Entegrasyon timoun yo nan aktivite edikatif pandan yo pi jèn. Nan peyi Lafrans, yo rive montre lè timoun yo antre nan lekòl matènèl pandan yo gen 2 zan, li diminye risk pou yo fè fas ak redoubman.

Komam sa ye bò kote pa nou an Ayiti ?

Sistèm edikatif Ayisyen an chaje ak elèv ki depase laj eskolarizasyon (les suragés). Elèv ki nan sitiyasyon sila fè fas ak yon pakèt pwoblèm tankou diskriminasyon, abandon ou depèdisyon eskolè ki reprezante gwo nuizans ak aprantisaj yo. Anpil aprenan ki konn twouve yo nan laj nòmal pou eskolarizasyon konn fè fas tou ak koze redoubman. Pwoblèm laj ki depase peryòd eskolarizasyon an se souvan konsekans redoubman.

Tou 2 pwoblèm sa yo (anpil laj ak redoubman) kapab jwenn sous yo 3 kote :

1)Absans leta ki pa devlope bon jan politik eskolarizasyon pou pèmèt tout elèv ki rive nan laj pou yo eskolarize al lekòl. Poutan konstitisyon peyi a nan atik 32,3 egzije pou ansèyman primè obligatwa men pratik Leta pa kadre ak sa lalwa di sou koze sa. Mete sou sa, nan senk nivo ki genyen nan sistèm edikatif Ayisyen an ki se Preskolè, Fondamantal, Segondè, Pwofesyonèl ak Inivèsitè, Leta devlope yon “lese grennen” ki bay posibilite pou chak nivo sa yo fonksyone jan yo vle. Sou anviwon 15200 lekòl fondamantal ki genyen nan peyi a, 90 % nan yo se pwopriyete prive yon seri kominote lokal, legliz, ONG.

Li tou: Comment expliquer l’échec des programmes de scolarisation universelle en Haïti ?

Kidonk  90 % lekol fondamantal nan peyi a chape anba kontwòl Leta pa sèlman paske yo se lekòl prive men paske Leta pa founi je gade kondisyon aprantisaj yo, kalite anseyan/anseyant kap anseye nan lekòl sa yo, anviwonman fizik lekòl sa yo. Leta pa janm rive evalye si kontni aprantisaj yo boukle nòmalman.

Li enpòtan pou nou konnen tou, to frekantasyon lekòl fondamental sa yo se 67 % e se sèlman 30 % timoun ki rive boukle sik fondamantal la. Pwomosyon otomatik la kapab ede rezoud pwoblèm depèdisyon eskolè a, men avèk yon sitiyasyon malouk konsa, li posib pou l akouche yon veritab katastwòf.

Nou paka pale de lekòl prive san nou pa gade anviwonman eskolè a ki bay dlo nan je kote 41% nan lekòl sa yo pa fèt ak bon materyo, 25 % nan yo chita kò yo nan yon seri ti legliz epi 23 % nan yo kouvri ak pay. (Nouvelis 17 oktòb 2014) Pa gen pyès garanti bon aprantisaj nan yon anviwonman eskolè kòsmòbè.

2)Pwoblèm ekonomik kote souvan paran yo konn pa gen kòb pou voye timoun yo lekòl nan laj yo dwe kòmanse. Selon yon rapò Bank mondyal te pibliye nan dat 15 mas 2015, gen anviwon 200 000 timoun ki pa eskolarize. Kisa ki esplike pwoblèm sa ?

Jan nou sot dil deja, 90% lekòl fondamantal nan peyi a se lekòl prive. Kidonk, paran yo bezwen lajan pou pèmèt timoun yo antre lekòl alòske anpil nan yo p ap leve ni lou ni lejè. Yon dezisyon pou rann lekòl primè gratis tout bon t ap favorize plis timoun antre lekòl nan laj yo dwe antre.

Daprè jounal Lenouvelis nan yon atik ki te pibliye nan dat 7 oktòb 2014, sòti ane 1990 pou rive nan ane atik la te pibliye a, to eskolarizasyon an nan nivo primè pase de 40% a 90 % . Nou rekonèt se yon gran pa men e sak gen pou wè ak kalite edikasyon an ki marande ak ansèyman /aprantisaj nan yon dinamik ki dwe pran an kont kalifikasyon anseyan/anseyant yo, disponibilite materyèl didaktik, kantin eskolè, kondisyon elèv yo ap viv ? Jiskaprezan se plenn nan kè.

Inegalite sosyal

Pwoblèm ekonomik la ak gwo inegalite kap ravaje sosyete Asyisyèn lan se gwo obstak pou pwomosyon otomatik la.

Gwo inegalite sosyal ak ekonomik kap taye bande nan sosyete a layite kòl andan lekòl. Li manifeste a travè repatisyon diferan tip lekòl piblik ak prive ki genyen nan peyi a. Nan travay rechèch nou fè, nou rive jwenn kat (4) kategori lekòl prive nan peyi a .

Yon premye kategori ki pote non lekòl bòlèt a koz move kalite ak move fonksyonman yo. Elèv ki frekante lekòl sa yo, se souvan elèv ki pa gen bon kondisyon ekonomik pou peye (bon) lekòl. Gen pami elèv sa yo se elèv lòt lekòl mete deyò paske yo pat ka byen peye. Lekòl sa yo, anpil fwa, pa fè twòp sousi pou kalifikasyon Anseyan /Anseyant kap gen pou responsab klas yo. Pa gen rigè nan sak gen pou wè ak disiplin epi yo plis aplike politik kantite san yo pa mete aksan sou kalite.

Gen yon dezyèm kategori kote gen gwo efò kap fèt non sèlman a travè kontwol pedagojik yo men tou a travè Anseyan /anseyant yap angaje. Gen gwo jefò disiplinè ki fèt epi rezilta nan egzamen Leta pa ditou movè.

Nan kategori sa, elèv yo souvan ka peye lekol la. Lekòl sa yo ap tante chak jou marande politik kalite ak politik kantite.

Yon twazyèm kategori ki se Lekòl kongreganis yo ak kèk Lekòl pwotestan. Lekòl sa yo rive enpoze yo nan sosyete a, yo devlope kapasite pou seleksyone kliyantèl yo, jeneralman pèsonèl anseyan byen fòme, gen materyèl didaktik, gen suivi pedagojik regilye ki fèt.

Gen yon pwen ki enpòtan pou nou souliye, lekòl sa yo senpman gade elèv ki pi kapab yo. Kidonk pa gen twòp sousi pou fè travay akonpayman yon jan pou ankadre sak pi fèb yo ki souvan deyò nan fen ane. Nan sans sa, gen yon gwo merit pou dezyèm kategori lekòl yo ki pran elèv sa yo, akonpaye yo, prepare yo e, trè souvan, yo rive antre nan inivèsite leta kote yal rekwaze ansyen kamarad yo ki te nan kongreganis. Yo souvan tounen kòlèg travay ansyen Kamarad sa yo nan yon seri enstitisyon nan peyi a tankou lòt bò dlo.

Yo devlope anpil otonomi ak dinamis paske se nan gwo batay yo te rive fini klas yo.

Katriyèm kategori a, se lekòl entenasyonal yo ak kou prive. Pou lekòl entanasyonal yo, nou jwenn lekòl sa yo Petyonvil, Dèlma, Boudon. Pami yo genyen UNION SCHOOL, ALEXANDRE DUMAS elatriye. Se souvan etranje ki dirije lekòl sa yo e yo pran Anseyan /anseyant ki bon jan kalifye. Pwogram yo pa gen rapò ak pwogram sistèm edikatif Ayisyen an. Se pwogram Lafrans, Etazini. Yo prepere elèv yo pou y al kontinye etid siperyè yo nan peyi etranje. Se yon seri lekòl ki chè anpil.

Lè nou gade byen, nou wè gwo inegalite ki genyen nan koze lekòl an Ayiti pral dodomeya kòl nan pwomosyon otomatik la. Elèv lekòl bòlèt ak elèv lekòl kongreganis epi kèk lekòl pwotestan ap sibi menm pwomosyon otomatik la poutan kondisyon aprantisaj yo pa menm epi gwo disparite nan kalifikasyon pèsonèl anseyan yo pral kontinye nouri inegalite nan kalite fòmasyon elèv yo. Pwomosyon otomatik la san gwo chajman nan estrikti sistèm edikatif la an Ayiti pral kontinye repwodui inegalite sovaj ki chita kò l andan sosyete a.

3)Sila yo ki al lekòl konn pa twouve yo nan yon anviwonman sosyal ak edikatif ki kapab ede yo byen fè aprantisaj la.

Gen plizyè rezon ki kapab esplike sa:

Absans yon seri aktè ki enpòtan nan reyisit eskolè timoun yo tankou paran, souvan konplike sitiyasyon an.

Paske anpil paran konn pa an mezi pou asire swivi a nan ede  timoun yo fè devwa, pi byen konprann leson yo, yo jis peye lekòl la san yo pa ranpli lòt wòl ki nesesè nan lavi eskolè timou sa yo.

Majorite lekòl yo pa gen yon rejim pedagojik ki chita sou akonpayman elèv yo, kidonk relasyon anseyan /aprenan senpman chita sou ti tan ki konsakre pou prezantasyon leson yo nan klas ak koreksyon devwa, elatriye. Kontèks sila konn kòz sak prezante twoub aprantisaj yo pa rive depase twoub sa yo e anpil fwa anseyan /anseyant konn devlope apresiyasyon pou sila ki swadizan pi fò yo pandan sak swadizan pi fèb yo neglije. Sa ki souvan gen pou konsekans abandon oubyen redoubman.

Anpil lekòl prive aprè midi reprezante gwo danje nan pwomosyon otomatik la.

Gen anpil lekòl, nan sousi pou gen plis elèv oubyen nan sousi pou pèmèt sak pi fèb ekonomikman yo vin lekòl, deside fè mete yon dezyèm gwoup ki fonksyone aprè midi. Gen plizyè difikilte ki enpòtan pou nou souliye nan ka sa :

a)Gen anpil nan Lekòl aprè midi sa yo ki souvan angaje moun ki dakò travay pou kraze monnen y ap bay la san yo pa gen twòp sousi pou evalye kalifikasyon moun sa yo.

b)Kantite lè nòmal ki ta dwe rezève pou tan aprantisaj la pa respekte. Selon ministè edikasyon nasyonal,s e senk (5) è pou yon jounen. Poutan lekòl sa yo konn kòmanse a 2 zè, 3 zè pou fini a 6 zè .

c)Elèv yo souvan pa gen ni liv ni kaye. San konte absans materyèl didaktik nan lekòl sa yo. Souvan, materyèl ki itilize pou gwoup maten an konn fèmen nan direksyon. Anseyan/anseyant yo travay ak zong yo.

Li tou: Fessée, Rigwaz et matinèt… que dit la loi en Haïti ?

d)Anpil nan elèv sa yo souvan pa nan kondisyon mantal pou aprann paske anpil fwa, se restavèk ki fin travay di pandan prèske tout jounen an ki vini lekòl ak tout fatig e san yo pa byen manje. Pou mete yo sousa, se kout frèt pwofesè a konn itilize. Nan sans sa, lekòl la konn kontinye ak pratik restavèk yon seri ap sibi lakay yo.

Timoun sa yo konn pase tout ane a san yo pa fè mwayèn sa ki anpil fwa pwodwi DEKWOCHAJ ESKOLÈ.

Etid rachitik sa konn souvan kanpe swa paske moun ki responsab la pa deside voye timoun lan lekòl ankò a koz li pa ka fè mwayèn oubyen paske l voye timoun sa an pwovens.

Èske elèv ki nan kondisyon sa yo ka sibi pwomosyon otomatik ?

Nan peyi kote lejislasyon chita sou pwomosyon otomatik nan nivo primè gen yon seri pwoblem Ki deja rezoud tankou :

Pwoblèm kalite anseyan /anseyant ,

pwoblèm kalite ansèyman.

Gen bon jan envestisman ki fèt nan koze edikasyon epi Leta ranpli wòl li jan sa dwe fèt pou garanti bon jan eskolarizasyon pou tout timoun ki rive nan laj pou yo eskolarize.

Nan peyi nou an Ayiti, gen gwo pwoblèm nan koze kalite anseyan /anseyant ak kalite ansèyman.

Nan yon atik jounal Lenouvelis te pibliye nan ane 2014, nou aprann genyen 52 % pwofesè nan sistèm edikatif ayisyen an ki pa kalifye. Sòti 2014 pou rive jounen jodi a, konsta yo fè n konprann sa vin pi mal. Nan nivo Pre-Eskolè gen 34% anseyan/anseyant ki pa kalifye,16% nan nivo fondamantal (premye ak dezyèm sik) (lenouvelis ,17 oktòb 2014).

Li tou: Comment les millions du Fonds pour l’éducation ont été dépensés? Personne ne le sait.

Leta Ayisyen pa janm pran bon jan mezi pou fè refòm nan sistèm edikatif la yon fason pou rezoud pwoblèm movèz kalifikasyon anseyan /anseyant kap vale teren nan sistèm lan.

Sistèm lan chaje ak machann lè (vendeurs d’heures ) sa vle di, yon kote gen yon seri moun ki dòmi epi leve yo jwenn yon anseyan, yon lòt seri ki t al nan fakilte men se move lavi ki mennen yo vin kenbe men nan ansèyman. Ansèyman senpman tounen yon pon, SAL FÈL FÈ, JANL PASE L PASE. Pa gen pyès sousi reyèl pou byen pran an chaj aprenan yo. Kidonk, bon jan kondisyon pou elèv byen aprann souvan pa reyini.

Mete sou sa, absans materyèl didaktik nan klas yo ki fondamantal nan fasilitasyon aprantisaj yo reprezante yon gwo obstak, sa ki souvan anpeche ansanm objektif pedagojik fikse yo rive ateri.

Konbyen anseyan /anseyant ki fòme ase pou byen itilize materyèl didaktik yo ? Konbyen lekòl ki fè sousi pou mete materyèl didaktik disponib nan klas yo ? Konbyen fwa enspektè yo nan nivo Ministè a pase nan zòn yo afekte pou byen kontwole si aprenan yo nan bon jan kondisyon aprantisaj ?

Menm jan lotè Yves Dejean di, se yon LEKÒL TÈT ANBA NAN YON PEYI TÈT ANBA.

Nan sans sa, pwomosyon otomatik la ap tou trenen dèyè l yon pakèt pwoblèm yo rele nan lang fransè a «Problèmes Pré-Requis » kap bay nesans ak yon pil twou nan aprantisaj la (lacunes ). ESKE SE ELÈV YO KI DWE PEYE SA ?NON.

Men tou, èske pèmèt pwomosyon otomatik san pwoblèm bazik yo pa rezoud pap anfonse n plis nan labim ? Wi.

Se yon gwo dilèm ki egzije bon jan refòm, bon jan mezi pou pèmèt ansèyman fondamantal la fèt nan bon jan kondisyon ak anseyan/anseyant kalifye. Adopte Pwomosyon otomatik nan nivo fondamantal san gwo refòm pou remanbre sistèm edikatif la, se kreye plis kondisyon pou elèv yo konfwonte yon seri gwo difikilte nan sekondè, se redwi posibilite pou gen moun ki konpetan tout bon nan sosyete a nan ane kap vini yo.

11% bidjè

Nan ane 2018 la, sèlman 11% nan bidjè peyi Dayiti te konsakre ak edikasyon.

Chif sa montre priyorite Leta pa edikasyon. Mete sou sa, kriz politik vin andemik nan peyi a a koz gwo inegalite sosyal, mizè, grangou kap ravaje sosyete a. Kriz sa yo toujou bloke aktivite lekòl anpil kote, sa ki anpeche aprantisaj yo fèt nòmalman. Aaprenan yo vin pran yon ansèyman bout mamit puiske kantite jou lekol nòmal ki ta dwe genyen pou pèmèt objetif aprantisaj yo nan divès matyè pa janm rive respekte.

Pou ane eskolè 2018-2019 la, gen plis pase 2 mwa lekòl ki te pèdi. Pou ane eskolè 2019-2020 an, se plenn nan kè. Pou lòt kap vini yo, nou sèten kantite jou lekòl yo ap kontinye bòykote paske ansanm pwoblèm sosyal ak ekonomik yo ap anpire chak jou. Leta pa janm sispann jouke bwa koripsyon, vòl ak enpinite.

Kòman n ka espere bon fonksyonman lekòl nan yon peyi kote valè ki ta dwe lye ak edikasyon ap pase anba pye, kote inegalite ap vale teren, kote ensekirite piblik, ensekirite sosyal ap taye banda ? Sof si sosyete sa ta mouri konplètman.

Gwo dezisyon pedagojik pa dwe antre nan lojik jako repèt. Se bon jan chanjman estriktirèl ki dwe akouche mòd desizyon sa yo.Nan sans sa ,nap mande minis la:

1)Ki desizyon ki  pran deja pou rezoud pwoblèm kalite anseyan/anseyant kap anseye nan fondamantal yo ? Nan sistèm edikatif la an jeneral ?

2)Ki kontwòl ki genyen sou lekòl nòmal kap fòme Anseyan /anseyant nan nivo fondamantal ?

3)Ki kalite direktiv ki mete sou pye pou pèmèt akonpayman espasyal ak elèv ki gen twoub aprantisaj yo ? Èske anseyan /anseyant yo gen nivo ase pou idantifye twoub sa yo lè yo prezante?

Souvan, elèv ki prezante twoub yo, parès sistèm lan fè yo senpman rele yo kreten epi idantifikasyon sa tou trennen dèyèl absans akonpayman epi elèv sa yo sibi diskriminasyon.

4)Ak ki pwojè global sosyete anseyman reponn ? Egzanp : Nan peyi Lafrans pasaj otomatik la reponn tou ak atant Leta fikse. Nan sans sa, yo konnen nan 20-25 ane y ap bezwen konpetans nan divès domèn, se youn nan rezon ki fè li fondamantal pou elèv yo pa pran reta lekòl. Se konsa sa ye tou pou yon peyi tankou Bèljik.

5)Eske n konte ogmante bidjè edikasyon an yon mannyè pou sistèm edikatif la kapab jwi tout privilèj ki nesesè pou bon fonksyonman l? Koman ministè a deside konbat koripsyon nan nivo pal pou anpeche kòb ki rezève pou sistèm edikatif al nan pòch yon ti gwoup moun?

6)Ki politik nou mete sou pye pou n amelyore kondisyon anseyan/anseyant yo ? Èske n konnen lajan anseyan/anseyant yo se yon sous motivasyon pou yo tou?Ki plan karyè ki genyen pou anseyan/anseyant yo?

Yon  moun k ap viv nan move kondisyon ekonomik p ap janm rive anfòm sikolojikman pou asire ansèyman yon gwoup elèv jan sa dwe fèt.

7)Ki politik piblik ki genyen sou edikasyon pou anpeche chak minis pran desizyon yo vle kòmkwadire se pwopriyete prive yo?? Li enpòtan pou n konnen gwo desizyon nan edikasyon dwe kadre ak yon plan aksyon komin anndan bon jan pwojè sosyete.

8)Pwoblèm peyi a ap anpire pi plis chak jou, sa ki montre echèk lekòl nan peyi a puiske youn nan objektif edikasyon, se fòme moun pou aji epi transfòme reyalite a nan rezoud yon seri pwoblèm ki kapab reprezante obstak nan avansman sosyete a. Sitiyasyon sa fè n konprann : « Nou gen lekòl an Ayiti men nou pa gen lekòl Ayisyèn ».

Nan sans sa, ki Travay pwofon ki fèt deja pou pèmèt lekòl sispann pawaze anlè san janm ateri ?

Pwomosyon otomatik ta dwe rezilta bonjan refòm ak atant leta bezwen konble nan entegrasyon divès konpetans nan peyi a. Jiskaprezan nouvo segondè a ap ranpe sou ranpa madoulè paske aplikasyon l pat janm gen pou presedan bon jan travay nan estrikti sistèm edikatif la ak sosyete a.

Gen anpil lane depi se Unesco, Unicef, Kanada, Lafrans k ap defini plan aksyon nan koze edikasyon pa bò isit, se yo kap finanse donk yo pase lòd yo vle, sa ki anpeche bon jan travay estriktirèl fèt nan sistèm lan, travay ki dwe kadre ak reyalite sosyal, kiltirèl peyi a san n pa bliye aspè inivèsèl edikasyon dwe genyen.

Donald VEILLARD
Edikatè /sosyològ

Commentaires

Iwoni, Nouvote ak Pimansite nan Powèm Georges Castera

Previous article

OP-ED: Kowonaviris la se yon opòtinite pou agrikilti an Ayiti. Sa n ap fè ak sa?

Next article

Comments

Comments are closed.

#ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost