FREE WRITING

8 Lang

0

Tèks sila se yon mòsò nan zèv « Ze Kreyòl » ki poko ofisyèlman pibliye. Jodi 28 oktòb sa ki se Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl ann selebre bèl lang sila!

 

Kreyòl se lang manman nou.
Pifò nan nou pale sèlman limenm.
Konsa tou gen moun ki pale plizyè lang.
Antouka, kèlkeswa nivo w,
W ap konprann mo lang chaje itilizasyon pa bò isit.
Granmoun pa vle w di nenpòt koze ak lang ou,
Paske li ka kondane w
Menm si lang ou pa lanmè, li ka neye w.
Epoutan gen yon seri moun ki fèzè, ki jouda anpil,
Yo gen lang long.
Lang yo twòp pou bouch yo.
Depi yo wè, yo pa ka pa pale.
Menm lè w ta di yo se lang yo k ap mennen yo anba té,
Oubyen nan jou antèman yo y ap gen de sèkèy,
Youn pou kadav yo, lòt la pou lang yo,
Yo p ap okipe w.
Yo fèk kare fe kout lang.
Nèg ki fò nan maji konn mare lang yo.
Lè konsa, kou yo anvi met sekrè deyò, lang yo kwoke nan gòj yo.
Yo mèt vire l lanvè, y ap ret bèkèkè.
Lang yo vin lou, menm anmwe yo pa ka rele.


Gen moun, lavi a fè filalang.
Pafwa yo pèdi nan bòlèt pou pwen oubyen pou revè.
Chak maten, yo depoze yon grenn sèl anba lang yo avan yo pran lari.
Sa ap ede yo kenbe ak grangou a.
Pafwa Lè chans pou yo, yo jwenn yon ti manje kay yon zanmi,
Avan yo ale, yo pase lang yo nan panno kay la.
Konsa y ap toujou prezan lè manje ap separe.
Menm lè yo pa jwenn yon gwo plat, y ap jwenn yon ti grabday pou yo mete anba lang yo.
Menm yon ti niche y ap fè.

Ti demwazèl yo gen yon fason pou yo ranje pwent lang yo,
Pou yo ka ensite ti jènjan vin pran lang.
Nèg la mèt gwo towo lè li nan baz,
Kou l nan chanm ak yon fi, lang li sèlman fè l sanble ak yon ti bèf.


Si w ap plede file lang bay yon nèg pou w pase l nan betiz,
Li ka ranje lang li yon fason pou l di w tou ba : « Manman w ! »
Men si w kontinye pike venn li,
Li p ap pè antre nan ti lang manman w
Li ka menm kenbe l nan kou oubyen fè l fè yon ti boul.
Lè konsa, ou ka sal lang ou tou pou w di l kèk betiz.
Men li t ap pi saj si w ta bat zepòl li e di l
« Poze kamarad, si dan mòde lang, sa pa ka fè yo separe. »

Delvales Doccy

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *