SOCIÉTÉ

Sèvis nasyonal pou jesyon fatra chaje anplwaye men yo p ap regle anyen

0

Pwoblèm bidjè ak materyèl fè sèvis ki la pou jere fatra nan peyi a paka fè travay li

 Se yon lwa nan lane 2017 ki ta pra l bay nesans ak Sèvis nasyonal jesyon frata a (SNGRS). Estrikti sa a te ranplase Sèvis ki te konn ranmase fatra nan rejyon metwopolitèn nan (SMCRS). Dirijan yo te jije bwat leta sa te twò limite nan aksyon li.

De lane aprè kreyasyon SNGRS la, enstitisyon sa a poko kapab reponn ak egzijans lwa ki te kreye l la.

Li tou: Saviez-vous que le SMCRS n’existe plus?

Selon Anel Bruno, Direktè SNGRS, pwoblèm bidjè lakoz jèn enstitisyon sa a pa ka grandi. «SNGRS poko janm gen bidjè. Enstitisyon an toujou ap fonksyone sou ansyen bidjè SMCRS alòske li se yon antite nasyonal kounye a ».

Yon enstitisyon k ap penpennen

Depi 2017, pako gen nouvo pwojè lwa finans ki vote nan palman ayisyen an. Peyi a toujou ap fonksyone sou lwa finans 2017-2018.

Kidonk, SNGRS ap fonksyone sou 474 milyon goud SMCRS te genyen nan bidjè sa.

Pwojè lwa finans 2018-2019 la prevwa 291 milyon goud pou enstitisyon nasyonal sa a ki ta dwe gen biwo l nan 10 depatman peyi a. Yon montan ki pi piti pase sa ki te disponib lè SMCRS te konn travay nan rejyon metwopolitèn nan sèlman. 

Lwa 21 septanm 2017 la te prevwa pou SNGRS gen plizyè direksyon pou tout depatman ak komin peyi a. Konsa, enstitisyon an t ap genyen yon inite espesyal pou jere tout dechè materyèl medikal ak tout lòt ki kapab aji tankou pwazon sou lasante moun. Atik 15 lwa septanm 2017 la te prevwa 4 direksyon pou nouvo antite sa a.

«Tout direksyon yo kreye, men pa gen youn ki fonksyonèl. Menm direksyon edikasyon ak kominikasyon an ki la pou ta enfòme popilasyon an sou kisa yo dwe fè ak fatra yo avan yo jete l pa ka fonksyone», selon DG a.

Pa gen resiklaj

SNGRS la pou l klase, resikle, trete ak jere tout dechè nan peyi a. Se li ki abilite pou defini règleman sou fatra. Dechè yo ta dwe klase depi nan kay yo an 3 pati: dechè menajè, dechè plastik epi dechè materyèl medikal. 

Ou ka li tou : Qui gère les déchets électroniques en Haïti?

Travay tri nan dechè yo t ap pemèt yo idantifye sa ki resiklab ak sa ki dwe transfòme. « Sa pa janm fèt vrèman nan sit ki la pou resevwa dechaj yo», selon Pelarou Merisier, yon kad SNGRS ki travay Truitier ki se pi gwo sit dechaj peyi a.

Pwoblèm materyèl

Jouk jounnen jodi a, «poko gen direksyon SNGRS ki ouvri nan lòt depatman yo pou reflete etikèt nasyonal ki sou enstitisyon an », dapre Anel Bruno.

Dayè, selon sa Faustin Hyppolyte yon anplwaye SNGRS di, kantite ekipman ki te genyen pou travay yo redui depi lè kad legal enstitisyon an chanje a. «Genyen yon sèl bobcat, li gen pàn kawotchou, gen yon loader, 3 baskil, 3 roll off ak 8 konpresif men se sèlman 3 ki fonksyonè.

Hyppolyte ki gen 9 lane anndan bwat leta sa a fè konnen te genyen 29 konpresif, 46 kamyon baskil, 4 loader ak 3 bobcat lè enstitisyon an te SMCRS. Sa ki te konn pèmèt yo fè 4 ekip pou rive fè fas ak kantite fatra rejyon metropolitèn nan te konn pwodui.

Yon resous imèn gaspiye

Selon yon dokiman primati ak komite entèministeryèl pou amenajman teritwa (CIAT) te elabore nan lane 2016, Pòtòprens te konn pwodui 2,450 tòn fatra chak jou. Okap te pwodui 221 tòn epi Okay te bay 36 tòn nan menm peryòd sa. Selon dokiman sa a, chak tòn fatra ki ranmase nan pòtòprens te koute leta 710 goud (epòk sa a se te SMCRS).

An 2019, gen plis fatra pou ranmase. Men, «plan daksyon pou enstitisyon an poko aplike akoz mwayen», dapre direktè SNGRS la.

DG Anel Bruno pa t vle bay detay sou kesyon finans nan bwat la. Men, Faustin Hyppolyte di SNGRS pa janm resevwa frè pou l fonksyone depi mwa janvye.

Dapre Hyppolyte, genyen 538 anplaye, 115 kontraktyèl ak 1500 ajan ki la pou ranmase fatra nan lari a. Selon direktè SNGRS la, se pa moun ki manke, se yon pwoblèm mwayen. Sa ki te lakoz pwotestasyon yon pakèt anplwaye ki potko janm kapab touche.

Li tou: Une décharge publique accueille les visiteurs de Jacmel

Pi lwen, Faustin Hyppolyte  fè konnen mankman materyèl ak absans direktiv rann yo pa vrèman gen travay pou yo fè. «Se plis lè gen ijans pou yon fatra nan yon zon, nou konn fòse fè yon entèvansyon ak materyèl ki genyen yo.»

Se lameri nan chak vil ki ap konbat ak kantite fatra ki ap pwodui nan vil yo. Malgre sa, meri yo poko gen yon kad legal pou ranmase fratra. Lè depite Gary Bodeau te pwopoze lwa ki kreye SNGRS la, se pou Ministè anvironnman te kapab fè yon politik nasyonal pou jere kesyon fatra a an Ayiti.

Sitiyasyon sant dechaj Truitier

Pi gwo sant dechaj peyi a sitiye l nan zòn Truitier nan komin Site Solèy. Se lameri Site Solèy ki resevwa taks sant dechaj sila a. Prelèvman taks sa fèt, chak lè yon machin konpayi prive ki ap travay nan domèn asenisman vin jete dechè.

Malgre taks ki kolekte yo, sa pa anpeche 2 kilomèt wout ki pou mennen nan sit dechaj sa a pa janm fèt. Yon sitiyasyon ki konn lakoz anpil fatra devèse sou wout la, sitou lè machin yo plen depase.

Magre sant la gen 84 anplwaye, Merisier panse sèl grenn Bulldoser ki gen pou sant dechaj la pa p ka rive pote solisyon ak problèm sa. Li fè konnen sa fè plis pase 5 lane, leta pa janm voye ekipman pou fè anlèvman sou wout la.

«Nòmalman, SNGRS te dwe gen yon laboratwa nan sant sa pou fè trètman fatra yo», se sa Pelarou Merisier di. Absans ògan sa a lakoz sant la gen yon move jesyon.

Pi lwen, Merisier fè konnen sant dechaj Tuitier pa janm plen, li gen espas sou 270 ekta tè li ye a pou l resevwa tout kantite fatra ki pwodui. «Lè sant dechaj la fèmen se pou nou fè pase yon revandikasyon, se plis lè nou pa touche. Men, sit la pa konn plen.»

Foto kouvèti : Dieu Nalio Chery / AP

Commentaires

Emmanuel Moïse Yves
Journaliste à AyiboPost. Étudiant en communication sociale. Je pratique le journalisme pour le rendre utile à la communauté.

    Les mendiants spécialisés dans les fêtes patronales en Haïti

    Article précédent

    Reouvèti klas: Leta abandone lekòl nasyonal nan lwès yo

    Article suivant

    Commentaires

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost