EN UNEPOLITIQUERECOMMENDED

Pou netwaye lari Pòtoprens, lameri oblije dezobeyi lalwa

0

Pou netwaye lari Pòtoprens, meri a genyen 23 kamyon konpresif pou ranmase fatra pou yon milyon moun k ap pwodui fatra chak jou. Jiskaprezan, lalwa pa bay meri yo dwa ranmase fatra. Menm si meri a ranmase fatra nan katye yo, gen lòt rezon ki fè lari Pòtoprens toujou gen fatra.

 

Lè Ralph Youri Chevry fenk pran pòs li, li di, meri Pòtoprens te gen yon sèl kamyon konpresif ki pa t ap fonksyone, epi, yon kanntè ki te toujou ap pran pàn. Menm si vil la te plen ak fatra, priyorite katèl ki monte a se te mete lòd nan administrasyon an kote menm achiv pa t ekziste. Nouvo majistra a te oblije kanpe travay plis pase de mil anplwaye. Apre sa, li peye yon enstitisyon pou fè yon odit sou meri a.

Apre sa, nouvo katèl la te dwe chwazi ansyen anplwaye k ap reprann pòs yo epi kolekte taks pou peye anplwaye yo ak dèt meri a te genyen. Majistra Youri Chevry fè konnen : « Si lari Pòtoprens te plen ak fatra konsa, se paske te gen anplwaye SMCRS ki te konn ap plen lari a ak fatra. Yo te konn travay pou yon seri kay kote yo pase pran fatra yo nan bourèt pou y al lage nan lari a. »

Meri yo pa la pou ranmase fatra

Lalwa pa bay meri yo pouvwa pou yo ranmase fatra. Yo la pou yo bale lari a epi ranje fatra yo. Kidonk, chak fwa nou wè yon pil fatra ki byen ranje, Meri a fè travay pa l la. Se SMCRS –ki pa ekziste ankò- ki te gen responsabilite ranmase ak jete fatra yo nan dechaj piblik yo.

Pòtoprens se yon vil ki mezire 36 kilomèt kare, ki gen plis pase yon milyon moun k ap pwodui fatra chak jou. Rejyon Pòtoprens lan (Pòtoprens ak zòn ki antoure l yo) pwodui 900 mil tòn fatra chak ane daprè yon dokiman CIAT pibliye. Pou netwaye lari Pòtoprens, pou ane 2015 ka, li te koute Leta 710 goud pou chak tòn fatra ki ranmase.

Majistra Youri Chevri di, sa mande anpil lajan pou netwaye lari Pòtoprens. Pou meri a ranmanse epi jere fatra yo, se yon operasyon ki mobilize plizyè moun ak machin. Anpil gaz ap boule, gen anpil pyès machin ki pou repare epi sèvis ki pou fèt nan yo detanzantan. Anplis, se chak jou vil la ap resevwa moun k ap ogmante kantite fatra yo. Nan sans sa a, majistra a fè konnen : « Se pa jodi a Pòtoprens sal. Vil la vin pi sal akoz plis moun ki vin abite ladan l. Apre tranblemanntè a, menmsi te gen anpil moun mouri, gen anpil moun ki vini Pòtoprens. Anpil moun kontinye antre Pòtoprens apre siklòn ki frape Sid peyi a. »

Se 58% Ayisyen nan peyi a ki ap viv nan vil yo pou kounye a. Rejyon Pòtoprens lan konsantre poukont li plis pase 1/3 popilasyon peyi a.

Yon operasyon pou pwòpte vil la

Nan mwa me ki sot pase la a, meri Pòtoprens lanse yon operasyon pou ranmase fatra nan komin nan. Gen yon arete meri a fè soti, ki di, nenpòt moun yo kenbe k ap jete fatra nan lari, ap gen pou peye ant 10 000 ak 50 0000 goud amand. Lapolis ak pakè Pòtoprens di yo la pou bay inisyativ la bourad.

Meri a divize komin Pòtoprens an nèf (9) blòk kote gen ekip k ap pase ranmase fatra yo twa fwa chak semèn. Gen 23 kamyon ki la pou fè travay sa a. « Nou voye moto twa wou al pran fatra nan zòn kote kamyon yo paka rive, Youri Chevri fè konnen. Tout bagay pa pafè, men nou ka di vil la pi pwòp jodi a si n ap konpare l ak senk dènye ane yo. »

Apre 23 kamyon yo, Meri a pa gen okenn kamyon ki ka ranplase yon kamyon ki ta tonbe an pàn sou sikui yo.

Fatra sou Channmas. Se palè nasyonal ki responsab pou netwaye Channmas. Foto: Ralph Thomassaint Joseph

Li vèsyon fransè a: Pour nettoyer Port-au-Prince, la mairie doit violer la loi

Youn nan kote sal ki endiye anpil sitwayen, se Channmas la,  presipal plas piblik kapital peyi a ki tou pre palè nasyonal la. Menmsi Meri a deplase machann vyann boukannen yo, gen lòt machann ki vin ranplase yo. Allwitch Joly ki pòt pawol meri a fè konnen, se yon pwoblèm dèt ministè Enteryè genyen pou moun ki te konn netwaye plas yo ki fè meri a poko kapab netwaye plas piblik yo.

Li eksplike, nòmalman jesyon plas piblik yo dwe sou kont Lameri. Men, lè manda majistra ki te pase nan eleksyon 2006 yo te fini, pouvwa santral la te mete ajan enterimè nan plas yo. Nan peryòd sa a, se ministè Enteryè ki t ap jere plas piblik yo. Ministè a te fè de ane li pa peye moun ki t ap netwaye plas yo. Li te enposib pou katèl ki pase nan dènye eleksyon yo reprann kontwòl netwayaj plas piblik yo akoz moun ministè Enteryè dwe yo ki te konn ap menase ajan meri yo. Allwitch Joly di : « Meri Pòtoprens te oblije negosye ak ministè Enteryè ki te pran angajman peye moun yo, pou apre sa, Meri a reprann kontwòl netwaye plas yo. Ministè a bay yon premye moso lajan, men, li gen plizyè mwa li rete pou peye moun yo. Se sa ki fè meri a poko kapab netwaye Channmas nòmalman. »

SNGRS ap febli wòl meri yo

Kounye a se SNGRS ki gen responsabilite fatra nan peyi a. Enstitisyon sa a ap defini regleman sou fatra. Li la pou ranmase, trete ak jete fatra tout kote nan peyi a. Se prezidan chanm depite a, Gary Bodeau, ki pwopoze lwa ki kreye SNGRS la. Daprè majistra Youri Chevry, yo pat konsilte meri yo anvan yo pibliye lwa sa a. Sitiyasyon sa a kreye yon konfli ant meri yo ak Leta santral la.

« Politikman, SNGRS wetire wòl majistra a. Se wòl majistra a nan vil li pou l ranmase fatra. Depi anvan yo pibliye lwa a nan Le Moniteur, m te pale ak prezidan Jovenel Moïse, m te di l lwa sa a pa aplikab, li pral gen pwoblèm ladan l. Pa gen okenn majistra nan rejyon Pòtoprens lan ki pral antre nan kesyon SNGRS la », Youri Chevry fè konnen.

 

Pwòpte Pòtoprens pa sèlman sou kont meri a

Gen yon dokiman Bank Mondyal ki fè konnen, nan tout rejyon Amerik Latin ak Karayib la, se ann Ayiti yo ranmase mwens fatra solid. Se sèlman 12.4% fatra solid peyi a pwodui, ki ranmase. Lòt peyi nan rejyon an ki ranmase mwens fatra, se Nikaragwa ki ranmase 57% fatra solid li pwodui.

Menm si Lameri a ap pase ranmase fatra nan tout katye yo, li difisil pou netwaye lari Pòtoprens epi kenbe vil la pwòp. Pòtoprens resevwa fatra anpil lòt komin ap pwodui. Chak fwa lapli tonbe, moun ki rete anwo nan mòn yo pwofite lage fatra nan rigòl yo pou dlo a kapap pote ale. Lè konsa, vil Pòtoprens oblije resevwa fatra moun Petyonvil, moun Dèlma ak lòt kote ap jete.

 

Ralph Thomassaint Joseph

Directeur de la Publication à AyiboPost, passionné de documentaire.

    Comments