FREE WRITING

Nou kapab eksplike Lasyans an kreyòl

0

Enjenyè Marc Evenst Jn Jacques panse li enpòtan pou nou aprann timoun an Ayiti lasyans an kreyòl ki se lang manman yo.

 

Yon kesyon senp te trakase Marc Evenst Jn Jacques pandan l t ap etidye nan peyi Etazini: “Poukisa m pat janm konprann konsèp senp sa yo lè m te etidye an Ayiti ?”. Apre klas twazyèm segondè, Marc Evenst te kite Ayiti pou l al viv Etazini. Plis li t ap avanse nan edikasyon l, se plis li te reyalize konsèp li te etidye an Ayiti yo, li pa t konprann yo vre. Lè li fin fè konsta sa a, li konprann se paske l pa t aprann konsèp yo nan lang kreyòl. Li reyalize ni liv yo, ni pwofesè yo pa t adapte eksplikasyon yo ak anviwònman kote l ap viv la.

Apre etid li Ozetazini ak an Almay kòm enjenyè espesyalis nan enèji renouvlab, Marc Evenst te vle wetire tout mistifikasyon ki genyen nan koze lasyans an Ayiti. Se sa ki pouse l ekri yon liv ki eksplike plizyè konsèp ak fenomèn syantifik an kreyòl: “Tout Bagay Gen Syans”.

Liv la eksplike 10 fenomèn syantifik. Pami yo, gen gravite, relativite, teyori kwantom, goudougoudou, elatriye… Sa ki enteresan nan travay la, pou tèm otè a pat jwenn tradiksyon kreyòl yo, li itilize metafò oswa konparezon ki tou patisipe nan eksplikasyon konsèp la. Menm fòmil teyori fizik yo, Marc Evenst rive senplifye yo ak yon seri eksplikasyon ki chita sou reyalite chak jou an Ayiti.

Marc Evenst rekonèt ke gen anpil travay ki pou fèt nan Akademi Kreyòl Ayisyen an. Li pran prekosyon pou l pa antre nan kreyasyon nouvo tèm oswa mo syantifik. Lè li tradui tèm franse oswa anglè an kreyòl, li mete tèm nan nan parantèz nan lang li pran l la.

Si w se yon moun ki gen enterè pou konprann fenomèn natirèl, oswa si w vle teste konpreyansyon w de yon seri konsèp ou te etidye lekòl, liv sa ap enterese w anpil. Se yon liv ki aksesib pou adolesan tou. Yon timoun 14 lane ap konprann pifò nan chapit yo nou panse. “Tout Bagay Gen Syans” leve defi pou demistifye koze lasyans nan lang kreyòl la. Men, sa ki pi enpòtan liv sa a mete toutouni mit ki vle kwè ke lasyans pa ka anseye an kreyòl.

La rédaction de Ayibopost

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *