AYIBOFANMCoronavirusSOCIÉTÉ

Men kijan pou w pale ak timoun yo de Kowonaviris la

0

Paran yo dwe pran tan pou eksplike timoun yo kisa Kowonaviris la ye, pou ka pwoteje yo

Nouvo Kowonaviris la deja touye yon moun an Ayiti epi 25 lòt ofisyèlman malad. Viris sa a touche plis pase yon milyon moun nan mond lan, toupatou se de li y ap pale.

Li enpòtan anpil pou paran yo aprann timoun yo kisa maladi a ye, epi eksplike yo ki prekosyon pou yo pran. Dapre sikològ Norah Salnave, « timoun yo sansib anpil, yo ap remake sitiyasyon an chanje.»

Kidonk, lè paran an pa reponn kesyon timoun nan gen sou Kowonaviris la, sèvo l p ap janm ka trankil, selon Salnave. Li ka vin strese, epi chanje konpòtman. Li ka rekòmanse ap pipi nan kabann, pèdi apeti, oswa plede kriye pou nenpòt ti bagay.

Li tou: Témoignage détaillé d’un médecin haïtien depuis un foyer de Coronavirus aux USA

Se poutèt sa, paran yo pa dwe minimize pawòl ki sòti nan bouch timoun yo, bat yo oubyen joure yo, dapre sikològ Salnave.

Pandan paran an ap bay timoun nan prensip ijyèn yo, li dwe eksplike l tou poukisa konpòtman l dwe chanje nan kay la. Lè timoun nan ant 5 epi 12 lane, se lè sa a lespri l bonjan ap travay kote l ap poze w kesyon sou tout sa k ap pase, dapre sikològ Samuel Jean-Baptiste.

An menm tan, se si timoun nan mande enfòmasyon an pou paran an ba li l, sikològ Samuel Jean-Baptiste di. « Si se yon timoun 2 lane, ki pa enkyete l de anyen k ap pase nan kay la, ki toujou ap jwe, ki pa afekte ak maladi a, li pa nesesè pou paran an vin pale l de kowonaviris ».

Kijan pou w pale ak timoun yo?

Pascale Auguste, ki se yon sikològ espesyalman pou timoun, eksplike granmoun yo dwe itilize mo ki senp epi ki dirèk sou ki tip enfòmasyon yo vle pataje ak timoun nan sou viris la. Epitou, paran an dwe chwazi mo ki adapte ak laj timoun li an.

Pa egzanp, pou sikològ sila a, ak yon timoun 4 lane, se pou paran an itilize bagay timoun nan deja konnen nan antouraj li oswa lekòl li. « Ou ka di timoun nan, COVID-19 se yon viris li ye, e viris yo menm jan ak mikwòb yo, yo ka fè w malad. »

Nan ka adolesan yo, sitou si yo gen aksè ak entènèt, timoun sa yo deja chaje ak enfòmasyon. Poutèt sa, sikològ yo ankouraje paran yo pran prekosyon ak yo. Yo dwe kòmanse pa poze adolesan an kèsyon sou sa li konnen deja, epi paran an dwe pran leswen koute li anvan yo kòmanse pale.

Nan ka sa a, paran an dwe gide adolesan an, pou l chwazi nan ki sous li ka jwenn bon enfòmasyon yo paske li gendwa pa rive jere tout enfòmasyon l ap jwenn sou entènèt. Epitou, paran an dwe verifye enfòmasyon an anvan li pataje l ak timoun yo.

Toujou repete enfòmasyon yo

Dapre sikològ yo, moun ki reponsab timoun yo dwe rete ouvè pou timoun nan tounen kote yo ak kesyon siplemantè oswa menm kesyon an ankò. Men, paran an pa dwe pran pòz li konnen tout bagay.

An Ayiti, se pa yon bagay ki fasil, paske paran yo deja pa konn pran abitid pale ak timoun yo, debat ak yo sou yon sijè, Pascale Auguste fè konnen.

Ou ka li tou: Personne ne connait l’ampleur du Coronavirus en Haïti

Pafwa, gen lòt kontrent. Li pa fasil pou paran an toujou rete fokis sou timoun yo, paske li oblije kontinye travay nan kay la, se sa Johane Elima, yon manman ki gen pitit nan Pòtoprens, eksplike.

Poutan, paran yo gen responsabilite pou yo reponn ak kesyon timoun yo poze yo plizyè fwa, oswa raple yo konsiy ijyèn yo a chak fwa yo pa respekte l.

« Ak koze distans sosyal la, li pa fasil menm pou mwen, alewè pou pitit fi mwen an, Jolette Joseph ki se yon lòt paran eksplike. Menm jan ak mwen, li rive veye pou li pa manyen bouch li, men l yon ti jan difisil, pou li pa manyen je li ak nen li. »

Yon lòt bagay ki esansyèl, se pou paran yo pa brimade timoun yo poutèt yo pa respekte règ ijyèn yo, paske yo ka bliye. Anplis, yo bezwen yon tan tou, menm jan ak tout moun, pou yo abitye ak nouvo reyalite sila a.

Enfòmasyon ki pa nesesè

Gen enfòmasyon ki pa nesesè pou di timoun nan. « Mwen pa nan di timoun yo men konbyen moun ki mouri, nan tèl peyi, Johane Elima rakonte. Mwen pito ba yo enfòmasyon ki bazik sou sijè a, tankou Kowonaviris se tankou yon vye grip li ye. »

Konpòtman sa a se pi bon bagay pou yon paran fè daprè sikològ Pascale Auguste, paske gen enfòmasyon ki pa enpòtan pou timoun konnen.

Strès ki anvayi paran yo lè yo ap fè fas ak pil enfòmasyon sou ki fason maladi a ap revaje lemonn, timoun yo viv li tou. Yo absòbe strès la tankou yon eponj dapre espesyalis yo. Epi, menm si timoun nan gen apèn yon lane, li poko ka pale oswa mache, li tande epi resanti tout emosyon yo.

OPINYON: L’épidémie de fausses informations sur le Coronavirus représente un danger pour Haïti

Se poutèt sa paran yo pa dwe pwofite de okazyon an pou yo fè timoun yo pè, pou yo ka obeyi.

Pou sikològ Auguste, li pa nesesè pou w ap di timoun lakay ou li ap mouri si li pa lave men l. Epitou, se pa yon bon enfòmasyon, paske viris la ou pa trape l sèlman lè yon moun pa lave men li. Mete sou sa, se pa tout moun ki pran maladi a ki mouri, menm si poko gen ka gerizon an Ayiti.

Poutèt sa, sikològ yo ankouraje paran yo pou pa bay timoun yo manti. Paske pi douvan, y ap konprann sa ki te konn di yo se pa laverite. Epitou, pliske timoun yo gen anpil imajinasyon, si yo resevwa enfòmasyon ki pa kòrèk, yo ka defòme l oswa entèprete l jan pa yo.

Gadjèt elektwonik

Donia Luc ap viv ak timoun li yo epi patnè li nan Monreyal, kote ki gen 8 mwa fredi sou 4 mwa chalè. Kidonk, mwa k ap vini yo la a, se moman pou timoun yo ta pran lari, monte bisiklèt, soti ak paran yo. Men yo oblije rete andedan kay ap gade bèl solèy la nan fenèt.

Nan kontèks sa a, paran sila a menm jan ak majorite paran Ayibopost kesyone yo, eseye pa kite se gadjèt elektwonik ki pran tan ak lespri timoun yo.

Paran yo pa dwe fè timoun yo pè, pou yo ka obeyi

Donia Luc, bay kèk konsèy tankou : paran an ka eseye fè timoun nan travay sou matyè li pa t konn byen travay ladan yo. Pwogram travay sa a, Donia Luc ak patnè l fè l pa woulman.

Apre sa, yo jwe ansanm gras ak divès aktivite tankou fè gato, gade yon fim, oswa mande yo kisa yo anvi fè tou. Men Donia Luc rekonèt li p ap janm ka ranplase pwofesè lekòl yo, epi se pa lekòl nan kay li ap fè ansanm ak yo nonplis.

Menm si li fè tout aktivite sa yo ak pitit li, pou Johanne Elima, fòk timoun yo aprann okipe tan yo ak lespri yo poukont yo tou. Poutèt sa, pafwa li panse l nesesè pou kite yo chache jwèt pou yo fè.

Laperèz se yon emosyon ki nòmal

Li difisil pou yon paran rasire pitit li pandan li menm, laperèz deja anvayi l. Li enpòtan pou paran an rekonèt devan timoun nan, se yon bagay ki nòmal pou li pè paske pèsonn pa ta renmen tonbe malad oswa mouri, dapre sikològ Pascale Auguste.

« Pitit fi mwen an te pè anpil lè li tande moun ka mouri anba Kowonaviris la. Men mwen te eksplike li kisa pou li fè pou li pwoteje tèt li. Epi mwen te anrejistre pou li, kèk ti videyo lage sou nèt la, kote li ap eksplike lòt timoun parèy li an Ayiti oswa nan rès monn lan kijan pou yo pwoteje tèt yo », Fodlyne Lou André eksplike.

Sa manman sa a rive fè a, se yon bon egzanp, paske sikològ yo eksplike, paran an pa dwe di timoun nan konsa : « Tout bagay ap pase byen », oswa « Anyen ditou p ap janm rive w ».

Paske, dapre Pascale Auguste, nan lespri yon timoun, yon paran ki se yon sipè ewo ka fè tout bagay. E timoun nan ka panse, si paran an pa rive pwoteje li menm, oswa frè ak sè li yo, se paske li pa vle.

Distansyasyon sosyal pou timoun

Gen kat fanmi k ap viv nan Lakou 55, nan Kafou. Yo chak gen omwen yon timoun. Kay nan lakou a konstwi an fòm L, ki fè tout moun gen yon sèl espas pou yo divèti yo, chita bay blag, oswa pou timoun yo jwe. Gen nan kay yo ki gen galeri, men timoun yo pa rete ladan li prèske.

Sa k ap pase nan lakou 55 se menm bagay la nan Senmak, Max Raymond Junior Rakonte : « Pou jan moun yo ap viv se kòmsi pa te janm gen Kowonaviris nan peyi a. Yo kontinye chita ansanm ap jwe domino, oswa yo chita kole sere sou yon ban y ap bay blag. Epitou, genyen ki dwe kite lakay yo pou yo al chache kichòy. Okenn mezi pa pran vre. »

Li tou: Covid-19: un des médicaments en expérimentation peut être produit en Haïti

Men pliske fòk fanmi sa yo pwoteje manb yo tou, sikològ Norah Salnave panse granmoun yo ka pale ak paran ki responsab timoun ki se zanmi pitit li yo pou eskplike yo, yo vle kenbe timoun yo lakay yo pito pandan tan sa a.

Gen anviwon 300,000 timoun ki ret ak moun ki pa paran yo an Ayiti. « Granmoun ki gen timoun ki se restavèk lakay yo dwe konprann, si yo sere timoun pa yo lakay yo, epi yo kontinye voye timoun ki rete ak yo ale achte, ale nan mache, yo mete tèt yo epi timoun yo ap sere yo tou an danje », Samuel Jean-Baptiste eksplike.

Se vre, timoun ak jèn yo mwens devlope konplikasyon grav ak maladi Kowonaviris la. Men yo kapab enfekte lòt moun lè yo pran viris la.

Hervia Dorsinville

Commentaires

Hervia Dorsinville
Journaliste résolument féministe, Hervia Dorsinville est étudiante en communication sociale à la Faculté des Sciences humaines. À Ayibopost, elle écrit sur les sujets de société, la culture et la technologie. Passionnée de mangas, de comics, de films et des séries science-fiction, elle travaille sur son premier livre.

    À l’UEH, des professeurs rendent leurs notes avec 10 ans de retard

    Previous article

    OP-ED: « Le diaspora » qui perd son job fait autant peur que le Coronavirus en Haïti

    Next article

    Comments

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost