FREE WRITING

Koulè pwoblem

0

Anba tisyèl ble sa, tèlman gen pwoblèm,

Lè yo parèt, yo blanchi tout ti sa nou genyen,

Epi lage nou de bra balan.

Yo fè nou ap kalkile,

Ap sonje kòman lavi a te woz lontan.

Pafwa yo fè nou kriye jiskaske de zye nou vin wouj.

Lè se pa bon zanmi nou ki deside abiye tou de jòn,

Se mouche lanmò ki fè n ap pote nwa tout lasent jounen.

Lè se pa Papa Ogou Badagri ki mande nou venteyen kòk pent,

Se Brav Gede ki desele twò vit

Epi kite nou ap sote ponpe anba yon piman bouk,

Vye mouchwa mòv nou mare nan tèt nou.

Malere pa jwenn ti ble pou yo manje,

Alewè pou diri ak pwa blan.

Menm yon ti ji zoranj yo pa ka bwè

Depi lè yo fin pèdi grigri yo a sou bèy la, bò rivyè a.

Lè maten yo bwè lèt la kri

Paske pa gen ase ki pou ta bouyi e bay krèm.

Yo fè jounen lapèch,

Men yo reziye yo rantre de men vid avan l fè bren.

Biyè vèt dyaspora ak dirijan Vyolèt

K ap antre Klèb Endigo konn tante yo,

Men yo pè pwoche paske yo pa vle antre nan mawon.

Lè nèg ki fò nan optik ap rezoud pwoblèm,

Yo di koulè nwa se absans koulè.

Nan reyalite a, lè pye nou mare,

Lè pwoblèm ap fè nou monte lesyèl pa do,

Koulè nwa ka egal ak tout lòt koulè yo.

Lè nou pa wè anyen,

Nou ka di nou wè nwa oubyen nou wè tout koulè.

Sa w wè ?

 

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *