FREE WRITING

Eske batistè w anrejistre tout bon vre nan Achiv Nasyonal ?

0

Batistè ki pa anrejistre se yon pwoblèm moun souvan genyen. Gen divès faktè ki kapab rann yon batistè gen pwoblèm sa a.

Batistè se premye pyès ki pèmèt leta rekonèt ou kòm sitwayen natif natal peyi a.   « Yon batistè se yon dokiman jiridik ki pwouve gen yon moun ki pran nesans. Dokiman sa a gen anba l siyati yon ofisye eta sivil », sa se deklarasyon ofisye Ingrid Woolley, ofisye eta sivil seksyon Sid.

Pou rive jwenn pyès idantite sa, manman osnon papa timoun ki fèt la dwe ale nan yon biwo ofisye eta sivil ki nan zòn kote l ap viv la. Se nan biwo sa a yo dwe deklare nesans timoun nan, menm pou sila a yo ki  pa fèt lopital. « Si li fèt lopital, paran dwe mache ak yon papye medsen an siyen ki pwouve timoun nan fèt tout bon », ofisye Ingrid Woolley pesize. Sa konn rive, dokiman sa nan men w, w ap sèvi ak li pandan yon pakèt lane pou enskri lekol, men lè ou ta vle fè yon paspò, osnon gen yon ekstrè dachiv, pwoblèm anrejistreman mete pye.

Ki kote problèm batistè ki pa anrejistre a soti?

Lè yon batistè pa anrejistre, ofisye Ingrid Woolley  fè konnen premye responsab la se paran timoun nan. Selon ofisyse a, biwo ofisye eta sivil yo toujou louvri pòt yo pou bay tout moun sèvis. « Anpil paran pè enstitisyon piblik yo, moun nan pito konfye l ak yon endividi li pa konnen pou li jwenn sèvis la pase li rantre nan biwo a », sa se pawòl ofisye a sou dosye a.

Nan jounen vandredi 11 janvye a, pou yon moun ki pa abitye rantre nan biwo ofisye eta sivil seksyon Sid la, li pa difisil pou l pran nan endividi sa yo k ap ofri fo sèvis. Yo abiye ak kostim, yo kanpe bò tribinal la. Yo prèt pou akeyi w depi w parèt. Genyen ki menm mete kat idantifikasyon nasyonal yo nan  kou yo tankou se yon badj. Ofisye a fè konnen yon moun ki konfye w ak moun sa yo, li posib pou dokiman w la pa janm anrejistre vre. San plis eksplikasyon, li revele moun sa yo trafike papye a, sa vle di fòm nan, nan tout sans.

Ofisye a montre yon lòt aspè nan pwoblèm nan. Se lè batistè a pa anrejistre nan Achiv Nasyonal akòz pwoblèm siyati. Pwoblèm sa rive, lè se nenpòt moun ou konfye pou fè papye w la.  Lè sa rive, sitwayen an dwe ale nan achiv nasyonal pou li mande yon dokiman k ap di l si batistè a siyen osnon si siyati ki anba l la se bon siyati ofisye eta sivil la.

Selon atik 55 Kòd Sivil ayisyen an, nesans yon timoun dwe deklare nan mwa li fèt la.Lòt  pwoblèm ki konn rive, se lè timoun nan fèt li pase plis pase 2 lane paran l pa janm fè batistè li. « yon timoun ki gen pou pi piti 2 ane depi nesans li pa t deklare, lalwa rekòmande pou paran l gen yon jijman nan men li pou l ka rive gen dokiman sa a », daprè sa ofisye Ingrid Woolley  fè konnen. Jijman sa se yon dokiman yon jij ap ba li k ap pèmèt li kapab prezante nan biwo ofisye eta sivil la pou l fè pyès la. Moun ki pa konnen pa rive fè sa jan lalwa mande. « Yo pito fè yon woulman pou yo jwenn papye a. Men papye sa p ap anrejistre», Ingrid Woolley eksplike.

« Papye a ka bon men li pa anrejistre nan rejis biwo a », se sa avoka Frantzy Decidas fè konnen. Rejis la se kaye ki anrejistre tout batistè yo remèt paran timoun nan. Kaye sa a ale nan Achiv nasyonal sou yon lane. Dèfwa,selon mèt Frantzy Decidas, klèk yo nan neglijans yo konn remèt yon batistè, yo bliye anrejistre l nan rejis la. Klèk la se moun ki la pou ranpli batistè a ak enfòmasyon sou timoun nan ak paran l jan atik 35 Kòd Sivil ayisyen an mande sa.

Fason pou anrejistre yon batistè

Nan tout posibilite ki egziste pou yon batistè pa rive anrejistre, paran an gen yon papye orijinal nan men l. Papye sa ki nan men l la, se li ki pral pèmèt li verifye si li bon ak si li pa bon. Selon avoka Frantzy Décidas, sèl mwayen pou konnen si papye sa bon osnon anrejistre se lè w voye l nan Achiv Nasyonal. Mèt Frantzy Decidas fè konnen nan tèt batistè a gen yon kòd, se li ki ap pèmèt Achiv Nasyonal verifye si papye sa anrejistre nan rejis biwo eta sivil voye ba li a.

Yon batistè ki fèt ki pa anrejistre bezwen yon jijman. Jijman sa posib sèlman apre repons Achiv Nasyonal. « Repons sa ap pèmèt ou kapab fè, selon mèt Frantzy Decidas, yon jijman ki rele ‘’Jugement au rang des minutes’’ nan tribinal ki nan zòn sitwayen an ap viv la.» Osnon, « sitwayen an gen dwa fè yon ‘’jijman rektifikatif’’, pou l korije non l osnon yon erè epi anrejistre l », se sa mèt la ajoute. Dokiman k ap soti nan tribinal la, se li ki ap pèmèt ou gen aksè pou fè biwo ofisye eta sivil la anrejistre batistè w la.

Pwosesis Achiv Nasyonal la fè parèt de dimansyon nan pwoblèm nan. Yon kote, leta admèt chaje endividi k ap bay batistè ki pa anrejistre, e sèl mwayen pou l verifye sa se lè w fè yon demand ekstrè. Yon lòt bò, kesyon sa yo pwouve feblès ak kapasite leta ki limite nan kontrole papye pou idantifye sitwayen ki fèt nan peyi a.

Nan lane 2017, Wilfrid Bertrand, direktè Achiv Nasyonal la, te declare nan les lundis de la presse gen 2,5 milyon ayisyen ki poko janm genyen pyès idantite. Se sa k fè Prezidan Michel Joseph Martelly te fè sòti yon arete nan lane 2014 pou bay senk lane, kòmanse depi sou jou dekrè a soti a, pou moun ki pa t gen batistè jwenn posibilite ale fè l. Rive bay tout  sitwayen yon batistè rete youn nan pwoblèm leta poko kapab fin reponn ak li. Sitou nan seksyon riral yo.

Emmanuel Moïses Yves

Commentaires

Emmanuel Moïse Yves
Journaliste à AyiboPost. Communicateur social. Je suis un passionnné de l'histoire, plus particulièrement celle d'Haïti. Ma plume reste à votre disposition puisque je pratique le journalisme pour le rendre utile à la communauté.

Comments

Comments are closed.