Se nan tatònman sa a, an avril 2024, nan yon kontèks kote PM de fakto Ariel Henry bloke deyò peyi a e anonse demisyon l, plizyè sektè politik, anba lidèchip CARICOM, resi jwenn yon fòmil politik e siyen yon akò ki mete konsèy prezidansyèl tranzisyon 9 manb sa a… nan tèt peyi a
Ayiti pa òganize eleksyon depi 2017 ! Sa vle di, 2018, 2019, 2020, jouk rive 2024 : sa fè 7 lane, nan yon peyi ki di l ap fè demokrasi, otorite yo nan tèt Leta a pa kreye kenn kondisyon pou pèmèt sitwayen yo chwazi libelibè kandida ki pou reprezante yo nan divès estrikti pouvwa yo tankou : laprezidans, palman, minisipalite, elt.
Sa lakòz, ane apre ane, depi sou prezidan Jovenel Moïse, e menm avan sa, gouvènans peyi a ap ekate l pi plis de konstitisyon 1987 la, sa ki tou lakòz, se tatonnen aktè politik yo ap tatonnen chak fwa kriz sosyopolitik la vin pi mangonmen.
Se nan tatònman sa a, an avril 2024, nan yon kontèks kote PM de fakto Ariel Henry bloke deyò peyi a e anonse demisyon l, plizyè sektè politik, anba lidèchip CARICOM, resi jwenn yon fòmil politik e siyen yon akò ki mete konsèy prezidansyèl tranzisyon 9 manb sa a… nan tèt peyi a.
Jan non an di a, se yon konsèy tranzisyon. Sa vle di, misyon prensipal 9 manb sa yo, nan tèt kole ak gouvènman premye minis la ap mennen an, se rive òganize eleksyon epi remèt pouvwa a bay yon kandida eli. E pou yo ranpli misyon fondamantal sa a, akò 3 avril la, nan Atik 12.1 an, ba yo jiska 7 fevriye 2026. Kidonk, yo gen anviwon 22 mwa devan yo.
Oktòb 2024 sa a deja fè 6 mwa depi konsèy la prete sèman, men jiskaprezan, anyen poko klè vrèman pou eleksyon yo. Èske peyi a ka espere ap gen eleksyon toutbon nan 16 mwa ki rete pou misyon KPT sa bout la ?
Nan Atik 1.1. an, akò 3 avril 2024 la defini 3 priyorite prensipal pou konsèy prezidansyèl tranzisyon an : (1) Sekirite, (2) Refòm konstitisyonèl ak enstitisyonèl epi (3) Eleksyon.
Si se de eleksyon n ap pale toutbon, kote tout sitwayen ayisyen ka al vote libelibè, kote majorite aktè yo ka fè pwosesis la konfyans, w ap dakò avè m, gen omwen 3 kondisyon fondamantal ki dwe reyini an Ayiti jounen jodi a : premyeman, fòk sekirite tabli nan kat kwen peyi a; dezyèmman, fòk gen yon KEP ki kreye, e twazyèmman, fòk KEP sa an mezi pou netwaye lis elektoral la, paske, si sa pa fèt, nan pwochen eleksyon yo, gen gwo risk pou moun ki mouri afiche sou lis elektoral la. A wi ! Se sa Max Délices, (ansyen) direktè KEP a te fè AyiboPost konprann.
E, koze zonbi sou lis elektoral la souvan louvri pòt pou fwod pase, sa ki souvan kreye gwo pwoblèm nan eleksyon an Ayiti. Ou pral konprann sa pi byen pi devan.
► Konsènan sekirite ! Depi oktòb 2022, gouvènman Ariel Henry an te ekri Nasyonzini pou mande li yon fòs entènasyonal espesyalize ak asistans teknik pou PNH la ka lite kont gang yo pou tabli lapè ak sekirite sou tèritwa a.
Nan yon lèt ki date 8 oktòb 2022 plis yon rapò ki soti nan mwa avril 2023, sekretè jeneral nasyonzini an, Antonio Guterres epi peyi kominote Karayib la atravè Jamayik souliye ankò an jiyè 2023, ijans pou komite pèmanan an deside sou sò Ayiti.
Tousuit apre, nan dat 29 jiyè 2023 a, peyi Kenya anonse li pare pou dirije yon misyon kote plizyè peyi ap met ansanm pou kore jefò pou tabli sekirite an Ayiti.
2 oktòb 2023, anviwon yon lane aprè demand gouvènman Ariel Henry a, konsèy sekirite Nasyonzini an adopte rezolisyon 2699 la ki otorize pou eta manb li yo mete kanpe yon misyon miltinasyonal anba lidèchip peyi Kenya pou bay sekirite jarèt an Ayiti. 13 vwa te an favè rezolisyon sa a, e te gen Lachin ak Larisi ki pa di ni yo dakò ni pa dakò.
25 jen 2024, finalman, aprè plizyè desizyon lajistis peyi Kenya ki bloke deplwaman fòs polis Kenya an Ayiti paske yo jije l ilegal, premye twoup la te ateri Ayiti. Mwa apre mwa, gen lòt sòlda ak polisye ki soti Jamayik, Beliz ak Baamas ki rejwenn Kenyan yo. Dènye chif yo fè konnen, sou yon efektif 2500 manb MMS la Ayiti t ap tann, se 416 ase ki deja rantre nan peyi.
Pandan tan sa a, bandi yo kontinye ap pyafe, miltipliye zak piyaj, mete dife, etenn souf sitwayen… Nan Ponsonde, Akayè, Solino, Taba… brèf, klima sekirite a vin pi mangonmen an Ayiti.
Se nan kontèks sa a, nan dat 23 oktòb 2024 la, AyiboPost aprann, alatèt konsèy prezidansyèl tranzisyon an, Leslie Voltaire, ki se reprezantan Fanmi Lavalas, adrese ofisyèlman yon lèt bay Konsèy sekirite Nasyonzini an, kote l mande pou yo transfòme misyon miltinasyonal ki sou plas la an Misyon lapè Nasyonzini. Kidonk, 7 lane aprè « MINUSTAH » te kite peyi a, konsèy prezidansyèl la mande pou « Casques bleus » yo retounen sou sòl la. Fò n presize, se yon demann peyi Etazini te deja pote devan manm konsèy sekirite a mwa septanm pase a, men Larisi ak Lachin te kanpe an kwa kont pwopozisyon sa a.
Annatandan nou wè kisa demand KPT a ap devni nan Nasyonzini, li klè pou tout moun : kondisyon sekirite ki nesesè pou eleksyon òganize an Ayiti poko reyini ditou.
► Konsènan KEP a ! 18 septanm 2024 la, yon arete prezidansyèl anonse nominasyon 7 manm sou nèf (9) ki pral fè pati konsèy elektoral pwovizwa a.
Dispozisyon sa a reyini 7 pèsonalite ki sòti nan kominote vodou a, konferans episkopal la, legliz ki refòme yo, konsèy inivèsite a, asosyasyon jounalis, peyizan ak sendika yo.
Annatandan, sektè defans dwa fanm ak òganis defans dwa moun yo dwe chwazi 2 moun pou konplete konsèy sa a.
Yon mwa aprè, nan dat 18 oktòb la, pandan 2 sektè sa yo toujou poko voye reprezantan yo, konsèy prezidansyèl ak gouvènman tranzisyon an enstale 7 manm KEP yo nan fonksyon yo.
Daprè atik 33 akò 3 avril la, konsèy prezidansyèl tranzisyon an te dwe nome manb KEP yo depi nan premye trimès gouvènman an fè ap fonksyone.
Misyon yo, se pou òganize eleksyon nan peyi a. Pou sa, y ap genyen pou evalye sistèm elektoral la, resous moun ak meteryèl yo, sistèm enskripsyon an, vòt ak rejis elektoral yo.
Èske KEP sa vrèman an mezi pou l ranpli misyon l, pou evite pil kontestasyon ki souvan genyen nan eleksyon pase yo ?
► Plizyè eleksyon ki òganize nan peyi a chaje pwoblèm grav.
Pami iregilarite sa yo, jan n te souliye sa talè a, genyen non moun ki mouri depi lontan ki toujou sou lis elektoral. Lòt ka ankò ki souvan konn bay pwoblèm, se moun ki rive vote plizyè fwa nan menm eleksyon an.
Se pou sa ekspè yo plenyen paske Ayiti pa òganize yon resansman nasyonal depi pase 20 an. Peyi a pa gen yon rejis sivil fòmèl e lis elektoral la pa odite. Fòk nou pa bliye gen anpil moun ki mouri nan dènye ane yo san yo pa deklare lanmò yo. Gen yon pakèt lòt ki deplase kite kote yo t ap viv avan.
Menm pwoblèm sa yo te soulve nan dènye eleksyon ki te mete Jovenel Moïse sou pouvwa nan lane 2016.
Apre premye tou eleksyon prezidansyèl ak dezyèm tou eleksyon lejislatif ki te òganize 25 oktòb 2015 la, plizyè kandida ki te patisipe konteste rezilta yo.
Mete sou sa, kèk obsèvatè te denonse iregilarite grav ki te gen nan pwosesis la.
Pwoblèm sa yo te rive nan dezyèm tou eleksyon 2010 la.
Selon obsèvatè yo, te gen anpil magouy nan eleksyon sa yo ki t ap pral mete sou pouvwa ansyen chantè Michel Joseph Martelly, peyi Kanada ak Etazini deja bay sanksyon pou enplikasyon l nan trafik dwòg ak kòkòday li genyen ak diferan gang nan peyi a.
Depi Ayiti rantre nan peryòd demokratik la, li reyalize premye eleksyon l nan lane 1990.
Se nan eleksyon sa yo ansyen prèt Sen Jan Bosko a, Jean-Bertrand Aristide, te eli anba banyè pati Front National pour le Changement et la Démocratie (Fncd) avèk yon to patisipasyon 50,8 %.
Sa pa t anpeche, eleksyon sa yo te gen anpil kritik akoz magouy epi fason kominote entènasyonal la rantre kò l menm jan sa abitye ye nan politik peyi a. Pa egzanp, nan yon imèl Laura Graham, direktè operasyon fondasyon Clinton nan epok la, te ekri Bill Clinton nan lane 2012, nou te kapab li fraz sa yo :
«Sitiyasyon an pa pèmèt Washington rete a distans. [Yo te fè l pran pouvwa] a e yo dwe fè presyon sou li. Li pa ka rete san kontwole.»
N ap souliye, lè Laura Graham di [Yo te fè l pran pouvwa], l ap fè referans ak gouvènman ameriken an ki te enntèvni pa entèmedyè Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) pou modifye rezilta premye tou eleksyon 2010 yo, ki te met Michel Martelly nan dezyèm tou.
► Men, kisa ki lakòz pwoblèm sa yo toujou repete nan eleksyon an Ayiti konsa ?
Aprè kontestasyon eleksyon 2016 yo, gen yon komisyon ankèt endepandan ki te kreye pou evalye pwosesis elektoral la epi fè kèk rekòmandasyon.
Nan yon rapò 95 paj komisyon an te soumèt ak pouvwa egzekitif la 29 me 2016, li te siyale anpil feblès nan sistèm Ofis Nasyonal Idantifikasyon (ONI) an.
Enstitisyon sa a ki kreye nan lane 2006, gen atribisyon anrejistre moun ki fèt ak sa k mouri yo sou teritwa a.
Yonn nan aspè komisyon 2016 lan te souliye sèke, depi kreyasyon ONI, bidjè enstitisyon an pa pèmèt li mete ajou lis nouvo nesans epi retire non moun ki mouri yo nan sistèm lan.
Anplis, pa gen okenn lyen ant lameri, eta sivil, administrasyon simityè yo avèk Ofis Nasyonal Idantifikasyon (ONI).
Menm lè moun yo mouri lontan, ane apre ane yo toujou figire sou lis elektoral nan komin rezidans yo.
Enstiti estatistik ak enfòmatik (Ihsi) pa genyen, nonplis, done sou moun kap mouri nan peyi a.
Achiv nasyonal, youn nan enstitisyon ki resevwa rejis yo, fè konnen eta sivil yo pa toujou voye rejis yo nan tan ki fèt pou sa.
Jodi a, avèk kantite moun kap mouri epi disparèt, ONI pa gen kapasite pou retire moun sa yo sou lis elektoral la, selon sa Raynaldo Camilus ki se direktè teknik enstitisyon an fè Ayibopost konnen.
ONI fè konnen tou, gentan genyen plis ke 5 milyon moun nan rejis elektoral la.
Tandiske, selon done enstiti ayisyen estatistik ak enfòmatik (IHSI), popilasyon ayisyen an te 11 milyon 905 897 abitan nan lane 2021.
An 2023, yon ekspè etranje ki suiv eleksyon an Ayiti te evoke posibilite pou gen pwoblèm nan lis elektoral la.
Daprè sa li fè AyiboPost konnen, gen kèk manb nan kominote entènasyonal la ki pa vle pou genyen pase men nan lis elektoral la. Men yo pa di sa ofisyèlman paske yo konnen gen yon pwoblèm nan fichye a epi se yon egzèsis ki kapab konplike epi pran anpil tan.
Poutan, kèk manm nan sosyete sivil la ak lòt aktè politik te mande netwayaj sa a nan lis la pou plis konfyans epi evite tout magouy ki ta ka rive.
Jiskaprezan, demann sa a poko janm satisfè. E, gouvènman Gary Conille lan deja lanse pwosesis elektoral la nan peyi a.
Èske sa vle di, otorite nan tèt peyi a ak patnè entènasyonal yo pral fè eleksyon ak menm lis elektoral sa jan li ye a ?
Yon lòt gwo pwoblèm ankò mezanmi, se eskandal kat Dermalog yo.
An 2017, twa mwa aprè envestiti prezidan Jovenel Moïse, Prezidan an adopte yon pwojè lwa ke li pran nan konsèy Minis pou mete anplas yon kat idantifikasyon inik epi asire pwoteksyon done pèsonèl sitwayen yo. Pwojè lwa sa a ranplase ansyen kat idantifikasyon nasyonal la ak yon nouvo kat ki entegre done biyometrik sitwayen yo tankou : anprent dijital, rekonesans fasyal, fotografi nimerik elt.
Dekrè sou nimewo idantifikasyon inik la ta pral pibliye twazan pita nan dat 18 jen 2020 aprè palman te finn disoud. Pwojè sa pat pase devan paleman
Pou kat sa yo te rive fèt, Leta ayisyen te siyen yon kontra ak yon antrepriz alman ki rele Dermalog pou 27 milyon dola ameriken.
Yon lane pita, Lakoudèkont ta pral bay 2 avi defavorab ak siyati kontra sa a.
Premye avi a sete 16 février 2018 epi lòt avi a se 11 avril 2018.
Depi lè kat idantite sa yo kòmanse distribye, yo te sispèk gen sitwayen ki jwenn plizyè ki anrejistre epi enprime sou non yo. Sa ki revele gwo fay nan sistèm nan, e ki ka fasilite moun vote plizyè fwa.
Sa gen plizyè lane, se kat Dermalog la ki alamòd, se li sitwayen yo ap itilize pou jwenn aksè kèk sèvis Leta ofri. Èske KEP a pral pran an kont kontestasyon ki te gen sou kat sa yo avan l òganize eleksyon ?
Ayiti gen nan tèt li yon konsèy prezidansyèl ak yon gouvènman tranzisyon ki gen pou misyon prensipal, òganize eleksyon.
Anplis reta ki deja genyen nan akonplisman misyon sa a, tansyon entèn ant 2 enstitisyon yo ak zak kòripsyon ki enplike 3 nan 9 manm KPT yo vin konplike kriz politik la pi plis chak jou.
Mete sou sa, jan n te di l talè a, gen 2 sektè ki poko rejwenn 7 manm KEP yo ki enstale 18 oktòb pase a, alòske yo gen yon gwo misyon devan yo.
Pandan tan sa a, ensekirite a kontinye ap vale teritwa a.
Pi gwo kesyon an kounye a pou n fini se : jiskibò pil reta sa yo ap mennen konsèy prezidansyèl la ansanm ak gouvènman an ? Nan deba yo, gen moun ki deja ap doute sou dat 7 fevriye 2026 la, ki se delè pou KPT an remèt pouvwa a bay yon prezidan ki soti nan eleksyon.
Bon ! Antouka, li rete pou n wè kisa k pral pase pandan rès manda tranzisyon an. N ap raple, li ekri nwa sou blan nan atik 13 akò 3 avril la : « Konsèy prezidansyèl la pa ka benefisye pwolongasyon pou manda sa a li genyen an ki tou demare nan dat li prete sèman an »
Sepandan, n ap souliye, kontrèman ak sèman ki te predefini nan atik 15 akò 3 avril la, Konsèy prezidansyèl la te prete sèman pa l. Men ki sèman akò a te predefini pou konseye yo deklare : « Je jure, devant la Nation, d’observer fidèlement la Constitution dans les limites applicables à la transition et les lois de la République, l’Accord politique du 4 avril 2024, de travailler sans relâche au rétablissement de l’ordre constitutionnel, de respecter et de faire respecter les droits du peuple haitien, de travailler à la grandeur de la Patrie, de maintenir l’indépendance nationale et l’intégrité nationale ».
Epoutan, 25 avril 2024, lè y ap pran fonksyon an, men ki sèman 9 konseye yo te pito prete nan Palè nasyonal : lyen videyo a.
Èske sa vle di konsèy prezidansyèl la ap suiv pwòp akò epi ajanda pa l ? 7 février 2026 dira le reste !
Kamera : Max Kendlay Kevjhevaal Toussaint , Wilson Saintelus
Montaj : Max Kendlay Kevjhevaal Toussaint
Redaksyon : Fenel Pélissier, Jérôme Wendy Norestyl
Edisyon : Chérubin Jérôme
Pou rete konekte ak AyiboPost :
▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la
▶ Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la
▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la
Comments