AYIBOFANMSOCIÉTÉ

Anpil gason trape epi tonbe simaye « papillomavirus » san yo pa konnen

0

Sa ka rive yon gason enfekte ak viris sa a san li pa santi l malad

Maxon Benjamin se yon jèn gason 25 lane ki t ap viv ak mennaj li. Yo pa t jan m gen ankenn pwoblèm seksyèl. Benjamin te toujou pwoteje nan rapò seksyèl yo paske li te gen lòt patnè aprè mennaj li a.

Yon bon jou, Benjamin remake yon pati nan po koulout li te yon jan li pa t konprann. « Se te kèk ti bouton tou piti ki te konn ap plede grate m yo te konn parèt souvan chak fwa mwen itilize kapòt malgre m eseye diferan kapòt.  Sa ki fè m te vin kòmanse met kèk prensip nan vi m yon fason poum ka fè bagay ak mennaj mwen san kapòt. »

Benjamin te jwenn yon sèten soulajman men aprè yon ti tan, bouton yo te retounen parèt nan koulout li.  Fwa sa a, yo te pi plis epi yo te regwoupe youn sou lòt yon sèl kote nan po koulout la. Jèn gason an te blije rive lopital pou l al wè kisa l genyen. « M te deside al kot yon iwològ. Li te jis tande esplikasyon m epi l te mande m èske m sikonsi mwen reponn non epi li takse m 20 000 goud pou sikonsi m, san l pa t menm di m kisa m te genyen. M ale m pa tounen ankò. »

Aprè vizit sa a, Benjamin te al wè plizyè lòt doktè ki te jis ba l medikaman san di l sa l genyen. Pandan tan sa a bouton yo t ap mache, yo te rive tout sou tèt koulout li. Nan al fè rechèch sou entènèt, Maxon Benjamin te vin gen enfòmasyon sou yon viris ki rele HPV, yon sig nan lang anglè ki vle di Human papilloma Virus ki se yon viris anpil moun kapab pran nan fè bagay oubyen nan kontak po ak po.

Benjamin vin wè nan rechèch li yo anpil moun ki te enfekte ak HPV a te gen yon maladi ki rele kondilom ki prezante menm jan ak pil bouton l te genyen yo. Se konsa li te sispèk se menm bagay la li te genyen. Lè sa a, li deside fè yon vizit nan yon klinik kiben, yon doktè ayisyen ki te konsilte l te konfime l efektivman se HPV a li te genyen. « Li te ban m yon swen prive. Epi li te fè m achte yon krèm pou pase sou bouton yo aprè sa a yo te geri. »

Pafwa, ka yo pa grav

Menm jan ak Maxon Benjamin, jeneralman lè gason yo enfekte ak papiyomavirisimen se kondilóm yo genyen. Daprè doktè iwològ Evens Bigord, kondilóm nan se manifestasyon klinik viris HPV a moun ka trape nan fè bagay, ni fanm ni gason ka genyen l.

« Li ka parèt tankou yon bann ti bouton oubyen yon mas tankou chou flè (krèk kòk). Oubyen moun nan ka jis gen yon ti tach blanch ou wouj nan pati jenital li selon koulè po moun nan», doktè Bigord k ap pale.

Li tou: Le « linge artisanal » a encore ses adeptes en Haïti

Pafwa se nan yon vizit kay yon dèmatològ, yon pasyan ka rann kont se HPV a li genyen. Evens Bigord ap kontinye etid li nan Inivèsite Montpellier nan peyi Lafrans. Avan l te pati, doktè a te travay nan lopital jeneral ak nan kabinè prive l. « M te konn resevwa plizyè jèn gason nan laj 16-25 an ki te gen kondilom. Souvan ka yo konn twò grav paske yo pa t ko rive nan stad kansè. »

Sa ka rive yon gason enfekte ak viris sa a san li pa bay ankenn siy alòske li ka kontinye ap pataje viris la ak patnè seksyèl li yo. Jeneralman, jèn yo trape HPV a nan premye rapò seksyèl yo. Menmjan gen doktè ki te mande Maxon Benjamin pou l sikonsi a, doktè Bigord di li toujou pwopoze pasyan sikonsizyon pou debarase yo de kondilóm yo epi voye espesimèn yo nan laboratwa. Entèvansyon sa a pa pwoteje mesye yo totalman de HPV a men li redui risk pou yo trape l.

Plis pase 100 kalite

Gen plis pase 100 kalite (souch oubyen tip) viris papiyomavirisimen. Men se 40 tip ladan yo ki gen kapasite pou enfekte moun. Sila ki bay kondilom yo souvan pa onkojèn sa vle di yo pa bay kansè.

Viris ki kanserijèn yo gen 70% ladan yo ki bay kansè kòl matris. Nan yon atik ki soti deja sou sijè sa sou Ayibopost, Doktè Bastch Jean Jumeau ak enfimyè Danta Bien-Aimé ki se de pwofesyonèl ki gen eksperyans nan pran swen fanm ki gen kansè kòl matris, te deklare anpil fanm vin dekouvri yo gen maladi sa a lè li deja twò ta.

Li tou: Medam yo anvi jwi. Ekspè yo ankouraje sa.

HPV se youn nan enfeksyon moun pran nan fè bagay ki touche plis moun nan mond lan. Ekspè deklare an Ayiti pa gen done epidemiyolojik ki disponib pou ta gade tandans viris sa a sou moun yo men gen anpil moun ki fè l. Papiyomaviris la reprezante yon pwoblèm sante piblik anpil kote. Sa vle di se pa yon viris pèsonn ta dwe pran alalejè.

Se pa sèlman kansè kòl matris la papiyomavirisimen an ka bay. Li ka bay tou kansè nan gòj, nan dèyè ak nan koulout.  Men etid yo montre se kansè kòl matris la ak kansè nan dèyè moun yo plis fè.

Gen anpil peyi nan mond la ki itilize vaksen kont papiyomavirisimen an. Depi timoun yo tou piti, sitou tifi ki nan laj 9 jiska 14 zan, yo gentan jwenn dòz vaksen yo.  Menm jan isit gen vaksen kont polyomyelit ak kèk lòt maladi pou timoun, te sipoze genyen vaksen pou HPV a tou. Men, nou poko la. Jiskaprezan peyi Dayiti pa ko gen yon vaksen disponib kont viris sa a.

« Nan peyi kote ki gen yon sistèm sante ki fò, kote dirijan yo ap panse, vaksinasyon sistematik. Gen de kategori ki plis konsidere. Se tifi ak gason ki omoseksyèl. Paske yo remake lè tifi yo vaksinen anvan menm yo gen premye rapò seksyèl yo, sa gen yon pwoteksyon endirèk sou gason ki etewoseksyèl yo. Se sa k fè gason omoseksyèl yo gen egzijans pou pran 3 dòz vaksen an», toujou doktè Bigord.

Edike pou pwoteje

Se pa paske poko gen vaksen kont papiyomavirisimen an an Ayiti ki fè nou pa ka pwoteje tèt nou. Daprè iwològ Evens Bigord, se dabò edikasyon k ap pèmèt moun yo konnen kisa viris sa yo ye, kijan yo transmèt, epi ki responsablite pèsonèl pou yo pran.

Espesyalis la esplike li enpòtan pou raple HPV a ka transmèt menmsi pa gen rapò seksyèl. Gen ka transmisyon viris la ki fèt nan manyen pati jenital yon moun ki enfekte. Met menm rad ak moun ki enfekte se youn nan fason viris la ka transmèt tou.

Yon rapò seksyèl pwoteje pa garanti totalman pwoteksyon kont papiyomavirisimen an tankou sa fèt pou VIH. Malgre sa, li enpòtan pou n toujou mete yon kapòt ki gen kalite pou diminye risk transmisyon viris sa yo.

Li finalman: Produits naturels pour booster votre système immunitaire, selon des experts

Lòt pwen ki enpòtan ankò selon espesyalis la se fè yon depistaj bonè. « Malerezman lè yon gason gen yon enfeksyon ak papiyomaviris ki pa bay ankenn siy tankou kondilóm paregzanp, prèske pa gen ankenn mwayen pou l depiste viris la. Sikonsizyon diminye risk pou trape maladi moun pran nan fè bagay tankou VIH men nan ka enfeksyon HPV yo, etid yo pa rive abouti ak yon konklizyon », deklarasyon doktè Bigord ki ajoute lè yon gason gen kondilóm oubyen nenpòt sa li pa t konn wè nan kò l la, li pa dwe wont pale de sa a, okontrè li sipoze kanpe sou pratik seksyèl pou si se ta yon maladi moun transmèt nan fè bagay epi chache wè yon espesyalis.

Pou fini doktè a fè konnen si li posib pou yon moun kontwole vi seksyèl li, se t ap trè byen paske plis yon moun gen anpil patnè se plis li ka trape viris sa yo.

Toutfwa pi gwo travay la daprè doktè Evens Bigord se Leta ki pou ta pran reskonsablite l. « M ta swete nou gen yon sistèm sante ki konprann enpòtans done epidemiyolojik epi pou bay de repons ak done sa yo. Pou sa, fòk etid nan fakilte medsin nou yo ta plis avanse. Travay sa a p ap posib san enplikasyon Leta ak Ministè sante. »

Laura Louis

*Atik sa a te modifye.

Commentaires

Laura Louis
Laura Louis est journaliste à Ayibopost depuis 2018. Elle a été lauréate du Prix du Jeune Journaliste en Haïti en 2019. Actuellement, elle est étudiante finissante en Service social à La Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti.

Comments

Comments are closed.