AYIBOFANMSOCIÉTÉ

Medam yo anvi jwi. Ekspè yo ankouraje sa.  

0

Kesyon seksyalite tabou nan peyi a, pi plis ankò lè se seksyalite fanm

Anpil fanm pa rive jwi lè yo nan relasyon seksyèl ansanm ak patnè yo. Plezi sa a, anpil fwa se gason an sèlman ki twouve l. Men, kòm li pa toujou fasil pou medam yo esprime yo, se yon sijè ki gen anpil fo lide sou li. Sa lakòz souvan pa gen bon konprann sou kisa sa vle di yon fi k ap jwi, kijan sa fèt e poukisa se yon bagay ki nòmal.

Gen fanm ki poko janm jwi depi premye fwa y ap fè bagay. Sa konn pouse yo al fè kèk esperyans, pou jwenn sansasyon sa a. Lyse, yon jenn fanm ki gen yon ventèn lane, sonje yon move esperyans li te viv.

Lyse esplike: « Nou te twa zanmi. Genyen nou de ki te toujou abitye jwi. Nou konn ap pale de sa, esplike jan nou santi nou. Lòt zanmi nou an te fristre pa rapò a sa. Li te anvi jwi tou li menm. Tout gason li pase pat janm ka rive fè l jwi, sa te fè l rantre nan relasyon ak menaj mwen. Lè sa pase zanmitay la te pran dlo. Men apresa, li te esplike m kijan li te jis anvi jwi, se pou sa li te fè sa. Mwen te eseye konprann ni.»

Dapre Degraff, « lide ki fè kwè se plis tan, oubyen pi gwo zouti ki bay fi a plis plezi a rete nan kad kliche »

Dapre Laetitia Degraff, ki se yon seksològ, yonn nan bagay ki pi enpòtan pou pèmèt yon fi jwi se pou li konnen kò li, konnen kisa ki ba li plis sansasyon. Men konsa tou, pafwa se yon sikonstans ki ede fi sa a, dapre seksològ la ki di « anpil fi rive jwenn ògas apre yo fin fè pitit, paske yo jwenn plis sansasyon nan ti basen yo, ki se ògan ki vin gen plis sikilasyon san pandan gwosès la. »

Men, menm si jwi se yon bagay ki nòmal, gen plis fo lide sou koze jwisans fanm, kontrèman a jwisans gason. Fo lide sila yo, ni fanm ni gason konn kwè nan yo, e se yon koz ki ka anpeche yon fanm jwi pandan yon rapò seksyèl ak yon patnè.

Anpil kliche

Gen yon kantite bagay k ap di sou seksyalite ki pa laverite. Dapre Laetitia Degraff, « lide ki fè kwè se plis tan, oubyen pi gwo zouti ki bay fi a plis plezi a rete nan kad kliche. Malerezman, anpil gason panse se penetrasyon an ki pou bay fi a plezi. Poutan, se klitoris la ki pi sansib e pi dispoze pou bay fi a ògas. Se yon ògan yo pa konnen trè byen.»

Men se pa konnya fo lide sila yo egziste, dapre Kimberly Belizaire, ki se yon sosyològ ki fè rechèch sou kesyon ki tabou nan sosyete a. « Kliche sila yo soti lwen anpil nan istwa pèp ayisyen an, kote depi nan ledikasyon y ap bay timoun yo, yo pa konsidere relasyon fi ak gason kòm yon bagay yo ta sipoze aprann yo, epi ede yo konprann tou. Nan tèt anpil gason, yo dwe mete fi a nan eta pou l pa menm ka fè twalèt li apre. Kliche sa retire tout plezi ki te ka genyen nan zafè jwisans yon fanm. »

Sa vin parèt yon fòm dominasyon tou. Pou sosyològ la, fè bagay vin plis sanble ak yon match kote mesye yo ta renmen genyen medam yo. Men souvan, medam yo rantre nan jwèt sa a. Li di: « Anpil fi pran pòz yo jwi, fè alsiyis, mande padon, san yo pa santi okenn plezi reyèl. Yo fè sa pafwa jis pou ranfòse konfyans kay patnè yo, pou fè yo santi yo gason.»

Poukisa fi pa jwi

Chak moun gen preferans pa yo nan kisa yo bezwen pou yo jwi. Men se yon bagay ki vini ak tan epi konesans yo gen sou sa yo ka renmen ou pa. Se sa Laetitia Degraff panse. Li esplike : « Sa mande yon kapasite pou konekte ak tèt ou, ak sansayon w ka jwenn. Fòk ou prezan nan aksyon k ap fèt la, san ou pa plede panse ak tout lòt pwoblèm. Epitou rapò seksyèl pa sèlman gen jwi ladan. Sa ki pi enpòtan se jwenn plezi nan fè bagay ak patnè w.»

Kevins Villefranche se yon sikològ k ap egzèse depi plis pase dizan. Li panse konfyans enpòtan pou yon fanm jwi. « Li dwe genyen konfyans nan tèt li, konfyans nan patnè l, pou l ka lese l ale. L ap difisil anpil pou yon fi ki santi l diminye apre yon rapò seksyèl jwenn ògas».

Li tou: Ces Haïtiennes qui aimeraient expérimenter l’orgasme…

Selon Kimberly Belizaire, yo edike jenn fi yo ak presyon oubyen nan laperèz. Fi vin gen krent gason. Se tankou sa ki pi mal la te nan wout pou li rive. Jenifer, pitit yon pastè, se yon etidyan dwa. Li  pa t konn santi l kontan lè l ap fè bagay. « Ti sè m te toujou ap di m, chita la bay jenn gason gaspiye w. Sa lakoz nèg la poko manyen m, se a sa m ap panse. Sa fè menm lè m anvi pwofite vre, m pa kapab».

Akoz konsepsyon sa a, gen fanm ki pito pa rantre nan relasyon seksyèl ditou. Jessie gen 19 lane, men li di li pa anvi fè menaj. « M konn tande gason k ap pale de fanm, k ap di yo fasil, k ap ba yo tout non, sèlman paske yo fè bagay avèk yo. M poko pare pou sa. »

Poutan, gen gason ki panse se gras a yo menm patnè yo jwi. Se ka Jules, yon pwofesè lekòl. Li di li fè anpil fanm jwi deja. Li rakonte: « M pa bezwen mande moun nan e li pa bezwen di m pou m konnen sa rive. S on bagay ki majik, yon tijan dwòl tou. Sitou nan reyaksyon kò moun nan, emosyon ki degaje apre ».  Pou li menm, li enpòtan pou yon gason ka fè yon fi jwi. « Li ka parèt diminye fi a pou di yon gason gason lè l fè fanm jwi, men se reyalite a sa. »

Fè bagay pa bon

Se tout kesyon ki gen rapò ak seksyalite ki sanse tabou nan sosyete a. Moun pa pale koze sa yo san krent, e medam yo plis nan sitiyasyon sila a.

Kimberly Belizaire sonje nan epòk li t ap grandi nan Fòlibète, yon vil nan nòdès peyi a, te gen yon sant kote yo te konn fè ledikasyon seksyèl. Se plis gason ki te konn ale la. Paran pat fasil kite pitit fi yo mete pye kote konsa. Dapre yo, pale de fè bagay t ap louvri lespri yo.

« Depi ti poul cho se malfini k dèyè l », se pawòl sa Kimberly Belizaire sonje yo te konn itilize pou avèti medam yo sou danje ki genyen nan fè bagay. Sa te lakoz fi yo repliye sou yo menm epi refoule dezi yo ta ka genyen. Pèsonn moun pa t ap renmen yo kataloge yo « tifi cho » oubyen ti « pa bon »».

Li tou: De Coupé Cloué à « Bonbon siwo », autopsie de l’obsession sexuelle du compas

Sitiyasyon sa a, Maïra konnen l byen. Li gen 24 an, li nan inivèsite. Li esplike: « Lè m te lekòl m te konn renmen pale de fè bagay. M pat ka pale l lakay mwen. Epitou, m pa t wè gen anyen nan sa. Lòt timoun yo te toujou ap pran pòz yo pa konnen de kisa m ap pale. M te jis anvi konprann sa l ye. Men direktris la pa t kontan aprann sa ditou.»

Pou Maïra, menmjan ak plizyè lòt jenn fi, se esperyans yo ki vin fè yo aprann, men se pa paske yo te lib pou pale jan de koze sa yo.

Phillerque Hyppolite

Phillerque Hyppolite est journaliste et étudiante en sciences juridiques à la Faculté de Droit et des Sciences Économiques de Port-au-Prince. Femme engagée dans la lutte pour les droits humains, elle prête actuellement sa plume à AyiboPost

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *