SOCIÉTÉ

Dekouvri istwa ki kache dèyè Santral idwo elektrik Pelig la ! | Videyo

0

Nan dènye ane sa yo, nou kapab konstate se prèske tout chèf lye dis (10) depatman peyi a k ap benyen nan blakawout. E, si n te ka remake kèk kote nan zòn Metwopolitèn lan ki gen kouran, se te gras ak santral idwo elektrik Pelig, nan depatman Sant peyi an, ki  t ap founi yo tikras enèji

Egzanp lan tèlman klè, santral Pelig la annik gen pwoblèm tout zòn metwopolitèn Pòtoprens lan tonbe nan fènwa. Poukisa santral idwo elektrik Pelig la enpòtan konsa nan chèn pwodiksyon kouran an nan peyi a ? Ou sandout t ap renmen nou eksplike w tou ki istwa ki dèyè gwo santral sa a, epitou kijan elektrisite a òganize nan peyi a ?  Pa vre ? Ebyen, annatandan w reflechi ak kibò w pral jwenn kouran pou rechaje telefòn w ap gade videyo sa a, rale ti chèz ou pou n pwofite esplike w.  

Kisa ki te pase nan santral idwo elektrik Pelig la ?

Nan dat 17 jen 2025 lan, abitan plizyè zòn ozalatou kapital Pòptoprens lan te ka konstate pa t gen kouran nan finisman jounen an. E, sa pa t pran tan pou nouvèl la gaye kòmkwa se plizyè dizèn abitan komin Mibalè ki te antre ak fòs nan santral idwo elektrik Pelig la, epi kanpe tout aktivite, selon enfòmasyon AyiboPost rive jwenn

Sitiyasyon sa a, kote santral Pelig te kanpe pandan plis pase de (2) semèn nan mwa me a, te lakòz Elektrisite Dayiti (EDH) pa t ka kontinye founi kouran  bay abone l yo, epi te afekte agrikiltè yo nan depatman Latibonit, ki gen repitasyon kòm rezèv manje peyi a. 

Istwa santral Pelig la.  

Apre n fin konnen tout sa k te pase Pelig lan, annou konprann kounyeya kisa baraj Pelig la ye. 

Baraj idwo elektrik Pelig chita kò l nan depatman Sant peyi a, nan yon distans trèz (13) kilomèt ak vil Mibalè. Li konstui sou flèv Latibonit, ki se youn pami pi gran flèv sou zile a, e ki gen sous li dirèkteman nan Repiblik Dominikèn. 

Baraj sa a enjenyè militè ameriken reyalize, te fèt pou l dire maksimòm 180 lane. Li mezire 70 mèt wotè  ak 263 mèt lajè, yon fason pou kenbe lak Pelig la. 

Lak Pelig la, sou bò pa l ki etann li sou 30 kilomèt kare, sèvi kòm rezèvwa, te kapab kapte 600 milyon mèt kib dlo, men  kapasite li diminye a 254 milyon mèt kib dlo akoz labou ki rantre ladan  nan lane 2016, selon sa konpayi Fichtner GmbH & Co. KG ki te sipevizè travay reyabilitasyon baraj la nan lane 2010 eksplike nan yon dokiman yo te mete piblik. 

N ap souliye, yon pati nan dlo sa yo lak la kapte sèvi nan sezon lapli pou peyizan yo fè jaden tankou : diri, melon, patat, kalalou, manyòk, berejèn, lalo, elt. E, distribisyon sa a fèt menm nan sezon sèch, san l pa nui pwodiksyon kouran an.

Sepandan, kantite dlo lak la kenbe konn varye lè gen lapli ak sechrès, Selon direktè jeneral ODVA a, Frantz Jean Mary sitiyasyon sa a t a vini akoz « pratik debwazman nan vale Latibonit la, sa ki afekte fonksyònman baraj la tou ».

N ap fè w konnen, yon etid Bank entè-ameriken devlopman reyalize nan lane 2008, te deja montre sedimantasyon lak la te deja lakòz rezevwa a pèdi 6 milyon mèt kib dlo chak ane. Sa ki fè yo te prevwa nan 50 lane anviwon, apati lè etid sa a sòti an, lak lan ap deja ranpli a 50 % ak labou.

E si sa kontinye menm, apati lane 2028 yo rezèvwa pelig la ap deja pèdi anviwon 100 milyon mèt kib kapasite estokaj li. Sa k ap vin fè l rete selman 200 milyon mèt kib kapasite. 

Koze yo anpil. Antouka, annou retounen nan sijè prensipal la ! 

Kisa lide pwojè Baraj Pelig la ye ?

Pou nou konprann lide baraj Pelig la pi byen, nou dwe tounen nan peryòd prezidans ansyen chèf Leta Dumarsais Estimé, presizeman nan lane 1950, lè li lanse pwojè a. Konstriksyon baraj Pelig, ki se pami pi gwo enfrastrikti irigasyon peyi a, t ap pral fini nan lane 1956, sou gouvènman Paul Eugène Magloire. 

Men, avan n al pi lwen èske w te konnen baraj Pelig pa t kòmanse pwodui kouran tousuit apre l te fèt ? Ah non !

Baraj sila a te fèt nan objektif pou kontwole dlo a an aval nan flèv Latibonit la, pou anpeche inondasyon epi vize wouze 32 000 ekta tè nan depatman Latibonit la. Men, nan reyalite a, se apèn si l rive wouze 20 000 ekta tè. 

Konstriksyon santral elektrik Pelig la. 

Sa vle di, ou ka deja konprann koze pwodui elektrisite an t ap pral vini annaprè, presizeman sou prezidans Jean Claude Duvalier, ki te inogire santral idwo elektrik la nan dat 22 jiye 1971

E, plis pase de (2) semèn aprè, nan menm peryòd sa a, yon dekrè pral sòti nan dat nèf (9) dawou 1971 la pou kreye Elektrisite Dayiti (EDH), yon enstitisyon ki t ap pral gen objektif pwodui, distribye epi komèsyalize elektrisite nan tout peyi a.

Nou dwe soulinye, enstalasyon santral elektrik la ak twa (3) gwoup elektwojèn plis plizyè vàn devèsman dlo nou toujou wè yo, fèt sòti lane 1969 rive 1975. Men, se nan lane 1971 santral la pwodui kouran pou premye fwa. 

Kounyeya, ann gade kisa kapasite santral elektrik la ye ?

Santral elektrik la fèt ak twa (3) tibin altènatè ki pote mak fabrik yon konstriktè italyen, e yo chak gen yon kapasite pwodiksyon maksimal inisyal ki te 18 Megawat kouran. Sa ki te vin bay santral idwo elektrik Pelig la yon nivo pwodiksyon 54 Megawat kouran. 

Aprè santral la te fin konstui nan lane 70 yo, li te rive pwodui 47 Megawat kouran pandan sezon lapli, epi 22 Megawat nan sezon sèch. Sa ki fè l te konn founi yon total 320 Gigawatlè nan pwodiksyon enèjetik peyi a chak ane. 

Sepandan, malgre tout sa w tande a, selon  sendikalis Pierre Michel Félix  « jounen jodi a, se sèlman de (2) sou twa (3) tibin yo k ap fonksyone, sa ki limite kapasite santral la ak 36 Megawat kouran »

Rezon ki esplike santral la paka rive founi ase kouran.  

Men, kisa ki esplike malgre kapasite sa a, santral la pa rive founi kantite kouran inisyal li menm ?

Youn nan rezon yo se, depi aprè enstalasyon inite pwodiksyon idwo elektrik ki fòme santral la ant 1969 e 1971, li sèlman benefisye yon antretyen bazik nan men fabrikan orijin lan. 

E, apre plis pase 40 lane ap fonksyone, ekipman elektwomekanik santral la te rive nan fen lavi yo, selon sa konpayi Fichtner ki te sipevizè travay reyabilitasyon baraj la nan lane 2010 te fè konnen.

Lòt pwoblèm ankò tankou : pàn ekipman ak diminisyon dlo ki nan rezevwa a, fè pwodiksyon kouran anyèl santral la desann pi ba pase 150 Gigawatlè sou 320 Gigawatlè li te konn founi avan an. 

Pwojè reyabilitasyon santral Pelig la. 

Tout pwoblèm sa yo t ap pral fè Bank entèrameriken pou devlopman (BID) nan lojik pou ede Ayiti restore kapasite li genyen pou l pwodui kouran apati enèji renouvlab ── apwouve nan mwa novanm 2008, yon premye sibvansyon pou kouvri depans reyabilitasyon premye inite pwodiksyon an ki te an pàn. 

Pou menm koze reyabilitasyon an, òganizasyon peyi ki ekspòte petwòl yo atravè OPEC Fon pou devlopman Entènasyonal (OFID) t a pral kontribye tou, san konte patisipasyon yon bank devlopman alman Etablisman kredi pou rekonstriksyon (KFC) plis yon sibvansyon siplemantè BID nan finansman reyabilitasyon de (2) lòt inite pwodiksyon santral la. 

Travay reyabilitasyon pou toulètwa etap nan pwojè a te dwe dire senk (5) lane, e t ap kòmanse nan fen lane 2010. Men, tranblemanntè 12 janvye ki te frape peyi a te retade pwosesis la. 

Lòt santral ki founi Edh kouran apre Pelig.

Apre tout rale mennen vini sa yo, ou finalman konprann dimansyon ak enpòtans santral Pelig nan pwodiksyon kouran nan peyi a ? Pa vre ? Men, eske sa t a vle di se sèl Pelig ki alimante rezo metwopolitèn Pòtoprens lan ? Non !

Nòmalman, nan pwodiksyon kouran nan peyi a, Edh gen yon rezo ibrid. Sa vle di, yon pati nan rezo a fèt ak santral tèmik yo ki alimante ak gaz, epi lòt la fèt ak santral idwo elektrik yo ki mache ak dlo.

Pou santral tèmik yo, Edh genyen nan zòn Kafou, Site Solèy, Okap ak nan kèk lòt vil pwovens. Tandiske, pou santral idwo elektrik yo, ou jwenn Pelig antanke sa k pi enpòtan an, epi So Matirin ak lòt ankò. 

Mete sou santral sa yo, peyi a gen twa (3) lòt santral ki se Bolivar, Pétion epi Jose Marti, li te benefisye nan kad yon koperasyon ak de (2) lòt peyi nan amerik Latin lan, Kiba ak Venezyela. 

Santral Petyon an te kapab founi 34 Megawat kouran, epi de (2) lòt yo te ka bay, yo chak, 13.6 Megawat kouran. 

Leta gen plizyè lòt sou-estasyon kouran ki se yon seri ti rezo ki alimante sikui pou chak zòn.  

Nan rejyon metwopolitèn lan, gen uit (8) sou estasyon elektrik sa yo, men senk (5) ladan yo ki sitiye nan zòn Kafoufèy, Vare, Latan, Kwadèboukè ak Toussaint Brav ── p ap fonksyone akoz yo t a sibi zak sabotaj, selon sa responsab ANARSE a te fè AyiboPost konnen.

N ap pwofite souliye, akoz ensekirite ki genyen nan zòn sou-estasyon sa yo sitiye, li vin enposib pou yo gen yon fonksyònman nòmal. 

  Kèk konpayi prive vann Edh kouran tou.

An Ayiti, se pa sèlman Leta ki pwodui kouran li bezwen pou vann abone li yo. Li achte yon pati nan enèji sa a dirèkteman nan men kèk konpayi ki nan sektè prive a tankou : Sogener, Haytrac ak E-Power. 

Men,  depi kèk tan Leta ayisyen te toujou gen bouch pa gou avèk konpayi prive sa yo. Se kon sa, Leta t ap pral mete sou pye, nan lane 2015, yon Komisyon pilotaj pou refòme sektè enèji a

Nan yon rapò komisyon sa a te pwodui, li te epengle touletwa founisè Leta yo, anpalan de Haytrac, Sogener ak E-Power. 

Selon rapò komisyon pilotaj la, Haytrac te kontinye ap founi kouran pandan plis pase yon lane san okenn kontra ak Edh. Sogener, bò kote pa l, ki te nonsèlman fè Leta peye plis pase sa l te dwe peye, pa t a respekte tèm kontra a l te genyen ak Leta a nonplis, toujou dapre rapò Komisyon pilotaj la.

Si kontra a te presize konpayi an dwe sèvi ak mazout, yon pwodui petwolye ki mwens rafine pase Dyezèl pou santral Vare 1 ak kèk motè nan Vare 2, komisyon an fè konnen Sogener te toujou itilize Dyezèl, ki pi chè pase Mazout.

E, se pa t sa sèlman, paske chwa sa a konpayi an te fè a te fè Leta pèdi anpil lajan. Pa egzanp, sòti mwa jen 2010 rive dawou 2015, EdH t a pèdi 4 653 389.67 dola ameriken, selon sa komisyon an revele. 

Men, nan moman n ap pale a, direktè ANARSE a Calixte Evenson fè konnen Leta gen kontra sèlman avèk konpayi E-Power, nan komin Site Solèy, ki gen kapasite pou li pwodui 30 Megawat kouran

Fason jesyon sektè enèji a fèt nan peyi a.

Nan peyi Dayiti, se plizyè enstitisyon ki jere sektè enèjetik la, ou jwenn dabò Ministè Travay piblik transpò ak kominikasyon (MTPTC) ki sipèvize EDH, oryante jesyon enèji a nan peyi a, epi jere rapò ak donatè entènasyonal ki sipòte sektè a. 

Yon òganis regilatè tankou Otorite nasyonal regilasyon sektè Enèji a (ANARSE) asire l kolaborasyon ant aktè prive yo ak EDH fèt anba je lalwa, epi pou sèvis yo bay san patipri ak efikasite.

Epitou, gen yon lòt òganis ki se Biwo Min ak Enèji ki li menm sipòte lòt fòm enèji renouvlab ki p ap gen gwo enpak sou anviwònman an tankou : solèy, van, biyomas ki sòti nan bèt, plant, elt.

Malgre tout dispozisyon sa yo Leta pran atravè enstitisyon piblik sa yo, tout peyi a pa rive gen kouran. 

Nan sans sa, avek sipò enstitisyon etranje tankou Ajans ameriken pou devlopman entènasyonal (USAID), Asosyasyon nasyonal koperativ elektrik riral yo (NRECA) mete sou pye ti rezo elektrik lokal nan kèk zòn ki pa t gen aksè ak elektrisite an Ayiti. 

Objektif inisyativ sa yo se ankouraje itilizasyon enèji altènatif tankou solèy, van, batri oswa jeneratè pou bay kouran nan kèk komin. Menm NRECA sa a mete sou pye pwojè elektrifikasyon nan komin Karakòl nan depatman Nòdès, epi nan Sid la, espesyalman nan Wòchabato, Koto ak Pòtapiman.

Kisa aksè kouran an ye nan peyi a ? 

Malgre tout inisyativ sa yo, w a sezi tande ki kantite moun ki gen kouran lakay yo. 

Menm si gen tout enstitisyon ak enfrastrikti sa yo, nan lane 2022 se sèlman 49 % popilasyon an ki rive jwenn aksè ak elektrisite, kote milye riral la reprezante sèlman 2 %, selon done laboratwa ameriken ki espesyalize nan rechèch ak devlopman sou enèji renouvlab yo ak efikasite enèjetik ki rele Laboratwa Nasyonal enèji renouvlab yo (NREL). E menm si 80 % nan zòn lavil yo nan peyi a jwenn kouran, aksesibilite a pa twò fyab pase sa. 

Mete sou sa, yon enstitsyon tankou EDH te deja ap fè fas ak pwoblèm rantabilite depi kèk tan. Sa ki konn fè se Leta ayisyen ki oblije finanse l, malgre l granmoun tèt li.

Enstitisyon sila a ki otonòm gen yon vize komèsyal kote l ap vann kliyan l yo yon sèvis y ap gen pou peye l. Men, nan reyalite a se pa kon sa li ye. Sou tout konsomatè k ap itilize kouran EDH, enstitisyon an rive touche nan men sèlman 40 % nan yo, selon sa yon repòtaj AyiboPost te revele. Nan mwa desanm 2018, sou 136 589 fakti, se sèlman 16 654 EDH jwenn lajan pou yo. 

Pou n fini, kèk moun kwè mank modènizasyon rezo an, sitou nan fason distribisyon kouran yo fèt, lakòz EDH fè anpil pèt tou. Sa ki konn fè gen kèk nan yo ki kwè Leta t a dwe konfye jesyon ak pwodiksyon kouran an ak sektè prive a.

E ou menm, kisa w panse ? Eske Leta t a dwe lage pwodiksyon kouran an nan men antrepriz prive ? Osnon, èske w panse Leta dwe priyorize lòt altènativ lokal ki chita sou itilizasyon enèji renouvlab, nan kontèks kote klima a pa sispann chofe ?



Kamera : Sherlande Pierre

Montaj : Riquemi Pérez

Redaksyon / Prezantasyon : Pascal Nancy André

Edisyon / Sipèvizyon : 

Jérôme Wendy Norestyl

Widlore Mérancourt

Philicien Casimir


Gardez contact avec AyiboPost via :

► Notre canal Telegram : cliquez ici

►Notre Channel WhatsApp : cliquez ici

►Notre Communauté WhatsApp : cliquez ici

Vidéographe à AyiboPost, Sherlande Pierre est féministe dans l’âme et passionnée de caméra. Elle s’intéresse à l’entrepreneuriat et la photographie. Défenseur de tout ce qu’elle trouve juste, Pierre adore la musique et sa terre natale.

    Comments