Pwofesè Michel DEGRAFF vle bay yon denyè ochan pou Yves Dejean ki depoze chapo l 29 mas ki sot pase a twaz è apremidi. Lengwis la wete chapo pa l devan gwo gason sa ki pa t sispann goumen pou lang kreyòl la.
Se Pwofesè Michel DeGraff (nan MIT, Inisyativ MIT-Ayiti, Akademi Kreyòl Ayisyen) ki ekri atik sa a pou selebre lavi Papa Iv li a.
Se chak Ayisyen ak Ayisyèn ki dwe remèsye Pwofesè Yves Dejean kòm lengwis e kòm edikatè pou kokenn chenn travay li fè pou peyi d Ayiti. Travay sa a se tankou yon Batay Vètye pou libere peyi d Ayiti anba bòt neyo kolonyal move edikasyon frankofil sa a k ap plede bloke peyi a nan sou devlòpman.
Gran pwofesè sa a, ak gwo diplòm sa yo (metriz, doktora, plak d onè, eksetera), li te toujou renmen di kon sa pandan je l t ap ri: “Monchè, gade ti kò m. Kò m twò PITI pou m ta GRAN pwofesè”. Li te toujou renmen di se pèp la ki se pi gran pwofesè ann Ayiti.
Gran pwofesè sa a, se toujou “Papa Iv” ke m te renmen rele l paske se yon Papa Lanmou ke l te ye pou mwen e pou yon pakèt lòt lengwis, edikatè, patriyòt, aktivis, elatriye, k ap goumen nan Batay Vètyè sa a kote Papa Iv te pran devan nèt. Lè youn nan nou te poze yon kesyon bay Papa Iv, chak repons se tankou yon chapit nan yon liv lengwistik, yon chapit ki chaje ak konesans ansanm ak konsèy pratik pou aksyon sou teren, aksyon ki baze sou bon jan analiz syantifik wot pòte. Se kon sa tou, chak grenn liv, chak gren atik ki soti anba plim Papa Iv, sa se resous ki pou sèvi peyi a pou tout tan gen tan.
Se Papa Iv, Papa Lanmou sa a, ki te ban m bèl dòz enspirasyon nan pifò travay entelektyèl m ap fè depi m te pran doktora m nan lengwistik an 1992. Lè Papa Iv te mennen m vizite Sant Twa Ti Flè pou premye fwa, yon lekòl ke l te fonde nan zòn Fò Wòyal pre Ti Gwav, se lè sa a mwen te vreman wè diferans ant 2 kalte lekòl: Lekòl TÈT AN WO, kote timoun yo ka BATI KONESANS nan lajwa ak fyète nan LANG MATÈNÈL a yo. Epi lekòl TÈT AN BA, kote timoun yo pa fouti “aprann” vreman, paske y ap MEMORIZE PA KÈ nan jako repèt AN FRANSE, san konprann.
Papa Iv te renmen fè deba manch long kote limyè ka jayi nan nouvo dekouvèt. Chak fwa li avè m te kontre, 2 nan premye kesyon li te konn poze m se: “Michel, Ki dènye analiz syantifik ou sou lang kreyòl la? Ki dènye teyori lengwistik Chomsky sou sentaks?” Menm lè nou pa te dakò sou sèten pwen nan analiz lengwistik, dezakò sa yo te toujou pote yon diplis nan analiz nou e nan amitye nou paske Papa Iv se te yon entelektyèl onèt ki te toujou kare nan pozisyon li e ki te konn bati agiman sou baz rezonnman syantifik ki chita sou bon jan done. Li te toujou pare pou antre nan deba (kit se deba prive, kit se deba piblik) ak 100% entegrite pou l defann oswa chanje pozisyon li. Lè li pa t dakò ak yon kolèg, li pa te janm antre nan okenn ipokrizi voye wòch kache men. Li te mete tout kat li sou tab la, san blòf, san triche. E sa se yon egzanp kouraj ak entegrite m ap toujou suiv nan pwòp vi pwofesyonèl mwen, sitou lè n wè kantite lidè politik, entelektyèl e relijye k ap fonksyone sou baz manti, demagoji ak paspouki.
An 1994, Papa Iv te envite m vin travay avè l nan Biwo Lang Kreyòl ki te nan Sekretarya d Eta pou Alfabetizasyon (“SEA”). Lè sa a, se frè li, Paul Dejean, ki t ap dirije SEA. Se nan travay ak Yves Dejean ansanm ak Paul Dejean ke m te vin rive pi byen konprann enpòtans fondamantal lang kreyòl la pou lekòl tèt an wo pou peyi tèt an wo. Ki vle di: nesesite lang kreyòl la nan edikasyon ak devlòpman pou yon peyi d Ayiti ki dwe mèt tèt li djanm e pou yon leta ki dwe sèvi tout popilasyon an san diskriminasyon, san fòs kote.
Jounen jodi a, nan pifò sa m ye kòm lengwis, nan pifò travay m ap fè kòm edikatè, se Papa Iv ki te enspire m. Pa egzanp: se rechèch ak travay Papa Iv ki te enspire nou menm nan Lagonav (mwen, Abner Sauveur, Chris Low ansanm ak tout ekip Lekòl Kominotè Matènwa) nan rechèch nou sou kontribisyon lang kreyòl la nan pwogrè timoun yo nan aprann lekti, ekriti ak matematik. Nou te rive mezire ki jan elèv yo aprann an kreyòl lontan pi byen pase lòt elèv nan lekòl k ap fèt an franse. Papa Iv te ekri yon kokenn chenn liv kote l rele lekòl sa yo “lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba”, nan tit liv la. Epi se Papa Iv ki te ede nou nan pwodiksyon materyèl an kreyòl pou timoun Matènwa yo ka antre djanm djanm nan aprantisaj aktif nan matematik. E poutan, Papa Iv te renmen repete se lengwis li ye, li pa konn matematik.
Epi tou, se nan brase lide ak Papa Iv ke m te vin jwenn premye enspirasyon pou lansman Inisyativ MIT-Ayiti a. Lè goudougoudou te frape Ayiti an janvye 2010, se nan telefòn mwen t ap pale ak Papa Iv sou nesesite pou n rebati sistèm edikasyon ann Ayiti. Lè mwen te vin reyalize ravaj goudougoudou sa a te fè ann Ayiti, reyaksyon Papa Iv ak reyaksyon pa m te klè: se pa sèlman batiman lekòl yo ki dwe rebati; SE NANNAN SISTÈM EDIKASYON AN KI DWE CHANJE NÈT POU N KA EVITE KALTE KATASWÒF SA YO. Ki vle di: Inisyativ MIT-Ayiti sa a ke n te lanse an 2010 se Papa Iv ki te te mennen m ladan.
An 2012 e 2013, Papa Iv te vin kole zepòl ak ekip MIT-Ayiti a nan atelye ke n t ap fè nan Otèl Le Plaza. Se pa ti kontan mwen te kontan wè jan Papa Iv te satisfè dèske, pou premye fwa nan vi l, li te rive wè yon bann ak yon pakèt pwofesè nan gran inivèsite ann Ayiti k ap prezante travay yo alekri an kreyòl, nan pi wo nivo syans ak matematik. Li te di m li te wè Inisyativ MIT-Ayiti sa a tankou yon gran etap nan reyalizasyon rèv sa a ke l te toujou genyen pou Ayiti.
Travay la fèk kòmanse. Sa pral pran tan anvan rèv Papa Iv la tounen reyalite nèt ale. Se foumi k ava pote nouvèl bay Papa Iv avèk Grenadye li yo, apre nou travèse nan Ginen. Men, Papa Iv deja ede n jwenn fondasyon syantifik ak entegrite moral ki solid pou n kontinye vanse nan Batay Vètyè sa a, nan kreyasyon lekòl tèt an wo pou yon Ayiti cheri tèt an wo.
Pwofesè Michel DeGraff
Comments