POLITIQUERECOMMENDED

Sanksyon OFAC yo gen gwo enpak sou moun li sible yo

0

Li difisil pou yon moun oubyen enstitisyon sou planèt la fè tranzaksyon ak yon moun ki anba sanksyon OFAC yo. Menm ann Ayiti, Youri Latortue ak Joseph Lambert gen anpil pwoblèm

Vandredi 4 novanm 2022, gouvènman ameriken an mete ansanm ak gouvènman kanadyen an,  pou sanksyone prezidan Sena a, Joseph Lambert ak ansyen prezidan Sena a, Youri Latortue. Depatman trezò ameriken mete 2 ansyen senatè yo sou lis sanksyon OFAC yo kòm sitwayen ayisyen ki anba sanksyon pou trafik dwòg. 

Menm jou sa a, sou sit gouvènman Kanada a, nou kapab li : “Kanada gen rezon pou l kwè moun sa yo itilize pozisyon yo kòm ansyen ofisyèl oubyen ofisyèl ki an fonksyon, pou yo pwoteje ak pèmèt aktivite ilegal gang kriminèl yo, sitou gras ak blanchiman lajan ak lòt zak kòripsyon”

Kisa OFAC ye ? 

OFAC ann anglè se Office of Foreign Assets Control. Li ta vle di an kreyòl, Biwo ki kontwole byen aletranje yo. Se yon biwo anndan depatman trezò ameriken -ki se ekivalan Ministè ekonomi ak finans. Li gen misyon pou aplike sanksyon kont peyi ak gwoup moun tankou teworis ak dilè dwòg. 

Pou yon moun sou lis li, OFAC chache enfòmasyon soti nan plizyè sous tankou ajans gouvènman ameriken yo, gouvènman etranje, panèl ekspè Nasyonzini, laprès ak lòt rapò. Envestigatè OFAC yo pwodui yon dokiman ki genyen tout prèv sa yo avanse kòm akizasyon yo pou sanksyon yo. Anvan yo pibliye desizyon yo, OFAC mande plizyè enstitisyon tankou depatman lajistis, depatman trezò, ak plizyè lòt ajans ameriken revize yo.

Nan ka senatè Joseph Lambert ak ansyen senatè Youri Latortue, OFAC di li travay an kolaborasyon ak DEA, ki se yon ajans federal ki anba ministè lajistis ameriken. DEA travay pou konbat trafik ak distribisyon dwòg Ozetazini.

Kisa sanksyon OFAC yo vle di ?

OFAC chwazi Youri Latortue ak Joseph Lambert paske “yo patisipe, yo eseye patisipe nan yon seri aktivite ak tranzaksyon ki kontribiye, oubyen ki poze yon risk pou kontribiye nan miltipliye dwòg ilegal yo, oubyen mwayen pou pwodui dwòg sa yo.” Se sa depatman trezò ameriken an ekri sou sit li

Brian E. Nelson ki se sousekretè trezò pou entèlijans finansye ak teworis  di : “ Joseph Lambert ak Youri Latortue ilitize pozisyon yo kòm ofisyèl pou yo trafike dwòg epi yo kolabore ak rezo gang kriminèl pou yo afebli lalwa ann Ayiti.”

OFAC fè konnen, Joseph Lambert nan trafik dwòg depi 20 lane. Li itilize pozisyonl kòm chèf, pou l fasilite dwòg soti Kolonbi pou rive Ayiti, epi, li fè lajistis pa janm kapab bay dilè dwòg yo santans yo merite. Pratik Lambert yo kontribiye nan enstabilite Ayiti ap konnen jodi a. 

Se menm jan tou Youri Latortue fasilite dwòg soti Kolonbi pou rive Ayiti, epi li anplwaye moun pou fè vyolans pou li.

Men kisa sanksyon OFAC yo enplike :

  • Tout pwopriyete ak enterè nan pwopriete 2 moun sa yo posede Ozetazini, oubyen ki anba kontwòl sitwayen oubyen antite Ameriken dwe bloke, epi yo dwe rapòte sa bay OFAC.
  • Tout biznis moun sa yo posede omwens 50% ladan yo bloke otomatikman. 
  • Li entèdi pou sitwayen ak enstitisyon ameriken ki Ozetazini fè tranzaksyon ak moun sa yo. Sa enplike menm tranzaksyon k ap pase Ozetazini. 
  • Nenpòt moun oubyen enstitisyon ki ta patisipe nan tranzaksyon ak 2 moun sa yo riske tonbe anba sanksyon. 
  • Nenpòt enstitisyon finansye entènasyonal ki ta fasilite moun sa yo pou yo fè yon tranzaksyon ki enpòtan, oubyen ki ta ba yo sèvis finansye ki enpòtan, yo riske tonbe anba sanksyon Etazini.  

OFAC di, objektif sanksyon sa yo, “se pa pou pini moun yo, men, se pou pwovoke yon chanjman pozitif nan konpòtman yo.”

Youri Latortue ak Joseph Lambert gen dwa fè demach pou yo retire non yo sou lis la. Yo kapab fè sa pèsonèlman, oubyen, yo kapab pran yon avoka pou sa. Pou yon avoka ameriken reprezante yo ak resevwa lajan nan men yo, fòk OFAC ba li otorizasyon.

Youri ak Lambert gen yon istwa ak dwòg depi lontan

Se pa premye fwa non Joseph Lambert ak Youri Latortue ap site nan koze trafik dwòg. Gen yon liv ki rele an fransè “Les Dossiers Zombie: gangs, drogues, politique et vaudou sous le mandat des Nations Unies”, ki pibliye nan mwa jen 2021; li pale anpil sou aktivite Youri Latortue k ap alimante gang yo nan Pòtoprens epi istwa l nan trafik dwòg depi lontan.

Otè liv sa a, ki idantifye l sou non Max Kail, fè konnen, li se yon ansyen manm yon inite anndan Nasyonzini ki t ap travay ann Ayiti kont gang yo ak lòt gwoup kriminèl. Depi nan premye chapit liv la, li pale de yon polisye ki rele Jerry Enderson, yo te arete an 2008 pou yon ka kidnaping ki te fèt sou Dèlma a. Otè liv la di, Jerry Enderson “te responsab pou touye moun pou senatè ki kontwole avyon k ap pote kagezon kokayin ak mariwana nan kot Sidès peyi a, frè Lambert yo ak senatè Edwin Zenny”. 

Nan chapit 9 liv la a, li pale sou Youri Latortue ki “aprann taktik ak trafik lakay Lyetnan-Kolonèl Michel François. […] Taktik yo se te elimine opozan politik yo ak kraze zo yo, epi trafik la, se pou kokayin ki soti peyi Kolonbi a, k ap tranzite ann Ayiti. Konpetans espesyal sa yo fè Youri Latorture yon jwè inik nan mitan fanmi kokayin nan ann Ayiti”. 

Li fè konnen, DEA te arete Youri Latortue nan ayewopò entènasyonal Miyami. “Li [Youri] te gen chans, paske tonton l [Gérard Latortue, ki te premye minis nan moman an] te fè entèvansyon Washington pou yo ba l yon tikè pou l retounen Ayiti”. Otè a rakonte, se pou sa Youri te al nan eleksyon, pou yo pa arete l. 

Ou kapab li tou: La majorité des sénateurs refusent d’abandonner Joseph Lambert

Ou kapab tande yon entèvyou ann anglè ak otè a, sou liv li a, si w klike la a. Entèvyou sa a disponib sou blòg jounalis Kristina Borjesson, ki ranpòte plizyè pri, pami yo, yon Emmy. 

Dosye Wikileaks te revele yo montre kijan anndan Anbasad ameriken an ann Ayiti, diplomat yo te konn voye mesaj (kab) ki trete Youri Latortue kòm “youn nan politisyen ki plis kòwonpi” epi ansyen anbasadè James Foley di ansyen senatè a konekte ak yon rezo machann dwòg epi l ap dirije yon rezo gang ak polisye ki nan move zafè. 

Kab Wilikeaks yo montre tou kijan anbasad ameriken te toujou sispèk Joseph Lambert nan trafik dwòg nan depatman Sidès la.

Sanksyon Kanada yo pa gen menm pwa ak pa OFAC yo

Sanksyon Kanada yo jele tout byen moun ki sou lis yo nan peyi Kanada. Epi, yo entèdi sitwayen ak enstitisyon kanadyen ki Kanada oubyen aletranje, fè tranzaksyon ak moun sa yo. Anplis Youri Latortue ak Joseph Lambert, peyi Kanada mete ansyen prezidan Michel Joseph Martelly ak ansyen premye minis Laurent Salvador Lamothe ak Jean Henry Céant nan lis la. Lis la genyen senatè Rony Célestin, ansyen senatè Hervé Fourcand ak ansyen depite Gary Bodeau. 

Jiskaprezan, malgre gouvènman kanadyen an anonse sanksyon kont plizyè lòt moun, se sèlman Joseph Lambert ak Youri Latortue ki ofisyèlman anba sansyon OFAC. Otorite ameriken yo pa pwononse yo pou kounye a, si y ap aplike menm sansyon yo pou nouvo moun Kanada sible yo. OFAC bay tèt li pouvwa pou l mete oubyen retire yon moun, nenpòt kilè. 

Nan yon entèvyou li te bay AyiboPost, ansyen direktè jeneral lapolis la, Mario Andrésol, te revele ansyen prezidan Michel Joseph Martelly te konn pote dwòg pou Kolonbyen yo. Si Michel Joseph Martelly ta tonbe anba sansyon OFAC yo, djaz li ki se Sweet Micky pratikman p ap kapab jwe okenn kote nan mond lan.

Sanksyon OFAC yo gen yon pwa entènasyonal ki konsiderab. Akoz pouvwa dola ameriken an, ak pwa Etazini nan tranzaksyon lajan ak biznis nan mond lan, jeneralman, tout moun ak enstitisyon toujou evite tonbe anba sanksyon Etazini. Se pou sa, prèske tout kote nan mond lan evite kolabore ak moun oubyen enstitisyon ki anba sanksyon ameriken, tankou sanksyon OFAC yo.

Akize yo vle defann yo, men … !

Joseph Lambert deklare sou twitter, desizyon depatman trezò ameriken an pa byen chita. Li anonse, li gen pou l konbat li.

Depi plizyè ane, Etazini arete plizyè sitwayen ayisyen ki gen koneksyon ak gang, kidnaping ak trafik dwòg. Nan sistèm ameriken an, yon moun ki enkilpe, gen dwa aksepte kolabore ak otorite federal yo, yon fason pou lajistis redui santans yo. Fòk moun nan bay bon jan enfòmasyon pou lajistis redui tan l ap fè nan prizon. Nou pa konnen ki fòm kolaborasyon bandi ak dilè dwòg ayisyen ki nan prizon Ozetazini yo, fè ak Leta ameriken. 

Youri Latortue bò kote pa l di, li pran angajman pou l konbat akizasyon FCPA yo. Li anonse tou, l ap pran yon ti poz sou tout aktivite biznis li gen nan peyi a. 

Menm ann Ayiti li konplike pou yon moun ki anba sanksyon FCPA benefisye sèvis finansye enstitisyon lokal yo.

Sou sit UNIBANK pa ekzanp, prensipal bank korespondan entènasyonal li  yo se twa bank ameriken, 2 bank kanadyen ak yon bank fransè. Sa vle di, pou tranzaksyon entènasyonal yo, se a travè bank sa yo li pase.

UNIBANK di “ li atache epi konfòme l ak Patriot Act la, menm jan ak tout enstitisyon ameriken yo.” Patriot Act la, se yon lwa kongrè ameriken an te vote an 2001 apre atak 11 septanm yo. Objektif li, se pou li anpeche ak pini zak teworis. Yon lòt objektif li genyen, se ranfòse mezi, pou anpeche fonksyonè peyi etranje ki nan kòripsyon itilize sistèm finansye ameriken an pou anrichi tèt yo, epi kache lajan yo vòlè nan men sitwayen peyi yo. 

Banque Nationale de Crédit (BNC) gen twa bank ameriken ak yon bank kanadyen kòm korespondan. Capital Bank gen yon bank ameriken ak yon bank kanadyen. 

Daprè jounal Le Nouvelliste, peyi Kanada gen lòt sanksyon k ap vini toujou, epi Nasyonzini pral prepare yon lis k ap fè lemond aplike sanksyon kont Ayisyen ki sou lis la. Nasyonzini gen 193 peyi ki manm li. Li parèt konplike pou kèk peyi nan mond lan ta aksepte asosye yo ak Ayisyen ki gen dosye dwòg ak kòripsyon sou yo.

Yon pouvwa polis ak jij okenn lòt peyi pa genyen

Etazini gen yon gwo istwa nan itilize lalwa lakay li, pou l pini moun ak enstitisyon entènasyonal yo. Pa ekzanp, se pouvwa jiridiksyon ekstèn sa a li te itilize pou l te fè arete omwens 14 ofisyèl FIFA ak dirijan CONCACAF pou kòripsyon ak anrichisman ilegal. FIFA te tankou yon sipè-Leta ki pa anba kontwòl lalwa okenn peyi. Etazini te itilize otorite sa a li bay tèt li a, pou l sanksyone enstitisyon an, epi eseye mete lòd nan tout dezòd ki t ap fèt yo. 

An 2014, Etazini te itilize yon lwa ki rele ann anglè Foreign Corrupt Practices Act (FCPA) (lwa sou pratik kòripsyon aletranje) pou fè Alstom, youn nan pi gwo antrepriz stratejik ki te genyen nan peyi Lafrans, peye 772 milyon dola amand. Apre sa, General Electric achte Alstom. 

Ou kapab gade istwa Alstom nan nan yon entèvyou ak Frédéric Pierruci, ansyen kad Alstom, sou chèn YouTube Thinkerview a. Apre li te fin pran prizon Etazini nan istwa sa a, li te ekri yon liv ki rele “Le Piège Américain”. 

An 2008, Konpayi Alman, Siemens, te peye 800 milyon dola amand, paske l te vyole FCPA. Sanksyon FCPA yo rive touche konpayi chinwa, japonè, elatriye. 

Plizyè vwa leve nan mond lan, pou kritike fason Etazini itilize pouvwa jiridisyon entènasyonal sa a, pou l mennen yon batay ekonomik ak tout peyi nan mond lan. Ou kapab gade sou sa a, entèvyou Ali Laïdi, yon espesyalis nan batay ekonomik : 

Directeur de la Publication à AyiboPost, passionné de documentaire.

    Comments