RECOMMENDEDSOCIÉTÉ

Otan pou ti peyi m’ lan!

0

Sant sigarèt la fò, on ti twoubadou ap jwe vwa yo monte youn sou lòt, yon ti silans pou mande demwazèl la pote plis glas pou bweson yo! Ti anbyans sa nan tout lakou, nan tout salon. Sijè konvèsasyon « politik ». Bèl lide ap pataje, diskisyon ap fèt, gwo franse ap tonbe! Kisa k’ pou chanje, sak pou fèt, sak te pase, kiyès ki responsab, etc. Rezilta final kijan peyi a ka soti kote l’ ye a!

Yon seri de sijè ke depi m’ piti map tande nan on peyi ki poko janm ka chanje!

Jodi a mwen leve map panse, map reflechi a kisa m’ ka fè pou peyi m’, pou m ka tounen al viv nan peyi m’ tèt frèt! Plis m chita ap reflechi plis kè m’ ap rache paske m wè ke pwoblèm nan pa peyi a, problèm nan se moun kap viv ladan l’ yo. Pwoblèm la se nou menm! pwoblèm nan se pa mwen, pwoblèm nan se pa ou, pwoblèm nan se nou tout!

Deviz drapo a di  « men anpil chay pa lou » mwen gen kèk tan map chache men sa yo m’ pa wè yo! Jodi m’ vin mandew met men paw pouw ede pote chay peyi w’!

Se pa volonte ni resous ki manke! Rayi chyen an di dan l’ blan. Ayiti gen tout kalite moun ladanl pou retire l’ kote l’ ye a!

Jodi a mwen deside pale paske zantray mwen ap chire, mwen bouke bouche nen m’ bwè dlo santi! Eskizem si m’ yon jan rèk avek nou men m’ panse fok mwen di bagay yo jan yo ye a… Twòp fè wè, twòp kache men voye wòch, twòp pale met la. « Kay koule twonpe solèy men li pa ka twonpe lapli ». Chita ap fe gran panpan, detwi peyi nou, fin souse li, men fok nou sonje lè moman verite a rive, se lakay pou nou tounen, paske men’m lè n’al pran nasyonalite blan an se pa lakay nou li ye. Nou son pèp ingra, nou se on pèp egoyis, nou pa pense a youn lòt e m’ vin wè malerèzman ke se sa ki mennen peyi nou a kote li ye la jounen Jodi a. « Wòch nan dlo pa konn doulè wòch nan solèy ». M pap fè politik, men fò’m di nou gouvènman nou plede vote yo, se yo kap fè nou boure fratra jounen jodi a. Nou toujou ap plenyen men mwen kwè nou bliye ke peyi a se pou sitwayen yo li ye, se nou ki pou met tèt ansanm pou sa chanje.

Mwen renmen Ayiti anpil vle pa vle se la map tounen. Si m’ gen pou mwen trimen se lakay mwen map vin trimen. Si m’ gen pou m’ bouche nen m’ bwè dlo santi se lakay mwen map vin fel. Men mwen pa kache di nou, trip mwen mele, kè m’ ap senyen si tèlman mwen wè jan pèp nou an mechan, jan nou pa vle wè youn lòt. Mwen ta renmen fè yon bagay, men koman m’ ka ede nan chanje mantalite tout on pèp? Lè map gade sa yo rele ni elit entelektyèl ni elit ekonomik lan, mwen gen degou, paske se tankou lap travay pou pèp la ret san edikasyon. Anpil nan yo analfabèt men analfabèt pa bèt, pèp la pa jwenn edikasyon men yo pa sòt pou sa non mezanmi! Mwen pap rantre nan detay sou koripsyon leta elatriye avèk nou la paske sa se detay ke nou tout konnen twò byen!

Jounen jodi a mwen leve malad, nanm mwen ap chire, kè mwen ap senyen, trip mwen ap kòde, mwen leve nan dòmi tout kò m’ swe, mwen reve ke map redi pou peyi m’ chanje men ke mentalite a telman pouri ke chak fwa m’ fè de pa devan mwen refè 12 dèyè. Alòs mwen leve, e mwen deside pataje touman mwen avèk nou paske mwen fout bouke goumen ak frèm ak sèm yo, mwen fout bouke tande moun ap monte sou do ti pèp mwen an, mwen fout bouke wè etranje ap vin souse nou. Li lè pou nou met tèt ansanm, edike tèt nou, konsa na pi fò e lè sa na ka di NOU se yon pèp, NOU se ayisyen. E map profite di tout malveyan, vagabon, chalatan ki fè chwa pa goumen jisko bou yo pou yo retire tèt yo, pou yo fèmen djòl yo e pou yo kite lòt moun ki vle yo travay. Mwen pap kite yo fini ak ti peyi mwen an konsa, gras a dye djòl mwen fann e map fout pale. M’ap kontinye pale jouk mwen pa kapab ankò paske mwen kwè si nou met ansanm nap ka chanje bagay yo, mwen gen espwa, dayè gen on bèl ti pwovèb ki di « Depi de je poko fèmen, espwa pa pèdi ». Alòs jounen sila, mwen ta renmen pou tout ayisyen mete gason ak fanm sou yo pou yo goumen pou peyi yo paske se pa nou li ye. Lonje dwèt, pale bel franse, vann bèl pawòl pou levanjil pap mennen nou okenn kote. Nou bezwen plis aksyon e nou bezwen on mouvman tèt ansanm. Fok nou pa bliye ke depi gen piyay moun ap vin pran piyay paske se sòt ki bay enbesil ki pa pran.

Jounen jodi a map di nou, m pa nan pale met la. Souke kò nou, « fè Wana mache », di « bye bye Nicole », di Shassy nap « chat » avèl, fè sa nou vle, men mete nan tèt nou ke tout sa nap fe se pou nou, se pou nou fe peyi nou vanse. Alòs si bagay sa yo pap pote anyen pou Ayiti, si se dèyè sa ap rale nou fok nou chanje yo. M pa la pou m’ fè moral, m pa la pou m’ kritike paske nou fè sa tout tan e nou ret menm kote a. Si pou nou ouvè bouch fòk nou ka ede, se pou nou refè tèt nou. Ke se filosof, ke se doktè, ke se machann, ke se bòs mason, tout gen dwa pou yo revandike ak mwayen ke yo genyen.

Lorina Fish

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *