AYIBOFANMSOCIÉTÉ

Medam, men kijan pou n pran swen bouboun nou !

0

Twalèt entim yon fi enpòtan anpil. Men li ka danjere tou si sa fèt nan move kondisyon

Nan prèske tout kilti gen anpil lide ak resèt sou kijan fanm ta dwe fè twalèt deba yo. Isit an Ayiti, gen yon varyete konsèy ak pwodui granmoun yo konn ofri jenn fanm pou fè bouboun yo rete an sante.

Rose ki se yon dam nan anviwon 60 lane di fèy pwa kongo ak ti bonm se kle pou fanm ki vle kenbe bouboun yo an sante. « Fèy sa yo sitou bon pou lè fanm nan gen fredi. Depi ou vle rezilta se bwè te fèy sa yo epi fè twalèt deba ou avèk yo », pawòl Rose.

Selon Cephora Anglade ak Rodrine Janvier ki se espesyalis nan jinekoloji, anpil nan resèt sou ijyèn entim yo kapab koze plis mal pase byen sou sante jenital fanm ki pratike yo. Jinekològ obstetrisyen yo fè konnen medam yo dwe pran prekosyon sou fason y ap fè twalèt entim yo paske move pratik ka fè bouboun nan pèdi kapasite asid li pou l defann tèt li.

Li tou: Un bon gynécologue ne devrait pas faire ces choses !

Gen fanm ki pa itilize plant ki egziste deja nan lanati men yo sèvi ak pwodui ki soti nan famasi pou ijyèn entim yo. Nan kèk zòn nan peyi a e menm nan machin transpò piblik yo, gen moun, fanm kou gason k ap vann pwodui pou fè bouboun fanm vin sere.

Sou wout Bisantnè a gen yon mesye ki toujou pase ak yon pwodui kote l ap klewonnen yon ti fraz li chante ki di : « Mari ou rele, ou rele. Ijyèn de la fam ». Ti mizik sa a, tout timoun nan zòn nan prèske konnen l tèlman mesye a pase souvan.

Nan zòn kafou fèy tou gen yon dam k ap pwomennen yon ti poud pou ijyèn entim medam yo. Madanm nan di li itilize pwodui a tou. « Chak lè m fin gen règ mwen, m mete yon ti priz nan dlo m ap fè twalèt deba m nan. Lè m di ou sa li fè m tounen tifi », pawòl madanm nan ki fè konnen li achte pwodui l ap vann lan nan famasi. Li gen yon gwo bwat poud kote li mare ti pake  nan ti plastik blan pou vann 25 goud.

Sou entènèt la tou gen anpil resèt mirak sou kijan pou medam yo fè twalèt deba yo. Gen paj Facebook ki fè sa a sèlman.

Bouboun nan netwaye poukont li

Espesyalis yo fè konnen lè yon fanm ap fè twalèt de ba l, li pa dwe foure dwèt li anndan bouboun li paske pati sa a lave tèt li poukont li. Travay sa a fèt gras ak yon seri selil ki se de sòlda k ap pwoteje anndan bouboun nan ki se vajen an. Nan foure dwèt pou lave, se detui medam yo detui sòlda sa yo. Konsa li fasil pou yo trape enfeksyon paske vajen an vin pèdi asid li. Se deyò bouboun nan, pati ki gen lèv yo ak klitoris la ki merite lave ak dlo paske yo swe epi yo gen plim.

Rodrine Janvier sou bò pa li fè konnen menm jan ak tout rès kò a, pati jenital yon moun bezwen anpil swen. Se sa k fè yon fanm ta dwe lave men li anvan li fè twalèt deba l, epi dlo l ap sèvi a ta sipoze trete. Toujou selon jinekològ la, medam yo pa dwe met dlo y ap sèvi a nan yon kivèt pou yo ap voye nan bouboun yo. Okontrè dlo a dwe nan yon po kote moun nan ap koule pou fè twalèt li.

Li tou: En Haïti, avorter est un crime. Les femmes en paient les frais.

Menmsi ijyèn entim nan enpòtan, doktè Janvier fè konnen plis fwa pou yon fi lave bouboun li se 2 fwa, maten ak aswè, menm lè fi sa a ta gen règ li. « Si pandan règ la fi a vle fè sa pandan twa fwa se pa yon pwoblèm men li pa fin rekòmande.

Lè yon fanm pran plezi ap lave bouboun li 5 a 6 fwa nan yon jounen li vin destabilize asid ki nan vajen an. Menm aprè yon rapò seksyèl, yon fi pa oblije al fè twalèt de ba l pou sa a. Li ka jis pipi aprè. Men si pou fi a santi l byen fòk li fè twalèt li apre li fin fè bagay, li ka toujou fè sa a men li pa oblije », deklarasyon doktè Rodrine Janvier.

Lè yon fanm pran plezi ap lave bouboun li 5 a 6 fwa nan yon jounen li vin destabilize asid ki nan vajen an.

Bò kote pa l, Cephora Anglade di twalèt entim nan dwe fèt nan sans devan pou ale dèyè paske si sa a fèt nan sans envès la, sa vle di dèyè pou ale devan, mikwòb ki soti nan tou dèyè a ka vin nan bouboun nan sa ki ka lakoz enfeksyon.

Selon espesyalis yo, pa yon gen yon fason espesyal pou yon fanm ki gen plizyè patnè seksyèl fè twalèt li.  Se pito yon konpòtman espesyal pou l genyen. « Tankou li dwe toujou pwoteje rapò seksyèl yo paske yon moun ki gen anpil patnè seksyèl epi ki fè bagay souvan pi fasil pou trape enfeksyon », pawòl Cephora Anglade.

Pwodui pou met nan bouboun

Cephora Anglade fè konnen dlo sifi pou netwaye bouboun nan. Doktè a ajoute savon n ap itilize chak jou yo ka degrade grès pwotektris bouboun nan genyen. « Si yon fi ta vle itilize yon savon, fòk se ta yon savon dou. Men li toujou pi bon lè medam yo itilize dlo sèlman. »

Aprè savon, Dr Anglade fè konnen gen yon seri pwodui ki rele astrenjan medam yo konn itilize pou sere bouboun yo. Men pwodui sa yo kapab seche bouboun nan. « Se sa ki fè lè medam yo ap fè bagay penetrasyon an difisil pou fèt, lè sa a moun nan di li sere. Poutan, lè sa a rive se kouch pwotekstris ki sou bouboun nan ki detui. Si fi a kontinye sèvi ak pwodui sa yo, li ka vin gen gratèl e menm enfeksyon », Cephora Anglade di.

Kit li se lay, jiwòf, sitwon, vinèg, elatriye, Rodrine Janvier fè konnen medam yo pa dwe itilize yon pwodui san konsèy pwofesyonèl lasante.

Bouboun gen sant li 

Rodrine Janvier ak Cephora Anglade fè konnen bouboun gen sant li. Li pa dwe ni santi bon ni gen move sant. Epi odè yon bouboun varye de yon fanm a yon lòt.

Cephora Anglade di gen plizyè rezon ki ka lakoz pati jenital yon fanm bay move sant. « Se ka yon pwoblèm ijyèn ki fè sa a. Gen fanm ki konn fin met yon kilòt, li vire l nan vè pou l remete l. Si ou met souvètman plizyè fwa sa ka rive ou vin bay move odè. Konsa tou si kuis moun nan kole epi li transpire anpil bouboun nan ka vin gen chanpiyon ki fè fi a grate epi sa ka vin bay move sant. Konsa tou se ka yon enfeksyon ki lakoz movèzodè.»

Li tou: Le bain de vapeur vaginal, une tradition pas sans risques

Selon Rodrine Janvier, si yon fanm santi bouboun li bay yon sant li pa t abitye bay, fòk li gade pou wè si se pa yon pwodui l ap itilize ki fè sa. Konsa tou sa ka soti nan fason fi a fè twalèt deba l. « Li pa rekòmande pou itilize pwodui pou fè bouboun santi bon paske sibstans sa yo kapab vin agrese sòlda ki la pou konbat pou bouboun nan. »

Yon lòt bò, espesyalis yo di si yon fi ta remake ti dlo klè nan kilòt li sa pa vle di li malad pou sa a, yo rele manisfestasyon sa yo pèt vajinal. Toujou selon jinekològ yo tout fi gen pèt vajinal e sa nòmal. Nan mitan mwa aprè règ la, gen fi ki konn santi yon ti dlo ki glise nan kilòt yo. Pafwa se kò a k ap prepare pou ovilasyon. Aprè peryòd sa a, pèt la vin blanch, li yon tijan pwès tankou yon moso fwomaj ki tache nan kilòt la.

Sepandan doktè Janvier ak Anglade ajoute medam yo ka kòmanse enkyete lè pèt la chanje koulè (mawon, vèt,…) ak lè li bay move sant (sant pwason pouri, santi fò). Lè sa fi a ka gen gratèl epi bouboun li ka anfle. Doktè yo di medam yo dwe suiv kò yo pou yo ka konnen lè gen yon bagay kip a mache.

Kèk konsèy

Doktè yo pa doute sou valè yon seri plant nan lanati ka genyen pou sante an jeneral, toutfwa yo pa rekòmande pou moun fwote bouboun yo ak fèy paske pati sa a sansib anpil.

Rodrine Janvier konkli pou l di medam yo evite mete souvètman ki pa an koton ou an swa. Li ajoute nan moman règ yo, li enpòtan pou medam yo chanje sèvyèt (kotèks) chak 4èd tan. Epi pou yo toujou evite met pantalon twò sere ak kolan. Si medam yo gen kanal brile ou grate yo dwe wè espesyalis nan jinekiloji.

Commentaires

Laura Louis
Laura Louis est journaliste à Ayibopost depuis 2018. Elle a été lauréate du Prix du Jeune Journaliste en Haïti en 2019. Actuellement, elle est étudiante finissante en Service social à La Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti.

Les asthmatiques haïtiens menacés et discriminés à cause du Covid-19

Previous article

Seuls les hôpitaux Saint-Luc et Saint-Damien reçoivent des patients du Coronavirus dans la zone métropolitaine

Next article

Comments

Comments are closed.

#ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost