POLITIQUE

Kisa ki kreyolofoni?

0

Nou pa bezwen espesyalis osinon fèt tou save pou nou konprann kisa ki kreyolofoni. Kreyolofoni pa yon tèz oubyen yon teyori yon moun mete sou pye nan liv. Kreyolofoni se yon espas ki gentan chita anvan nenpòt moun tabli teyori sou li. Espas sila a se ansanm rejyon kote moun pale kreyòl.

Kreyòl la se yon lang ki konstwi nan melanj lang afriken yo avèk lang kolonizatè a nan epòk trèt esklav la. Sa vle di moun ki pale kreyòl yo gen yon istwa ki sanble. Yo tout se te esklav kolon blan pran sot nan divès nan lafrik ki te vin mete sou pye yon nouvo kilti nan peyi kote yo depòte yo a. Kilti sa a kenbe plizyè aspè kiltirèl peyi lafrik kote yo soti yo e li pran tou plizyè aspè kiltirèl nan men kolon yo. Kidonk kreyolofoni se yon espas ki rasanble tou anpil aspè moun ki pale kreyol yo genyen ansanm sou plan istorik ak kiltirèl. Lè nou fin chita sou baz sa a, nou ka diskite kisa moun sa yo pataje ansanm ak sa yo pa pataje.

Gentan gen enstitisyon kap travay sou koze kreyolofoni a, enstitisyon sa yo okipe yo de aspè lengwistik espas sa a. Yo chita ansanm pou gade kisa lang kreyol yo genyen nan lonbrit yo e nan ki mezi nou ka di yo sanble. Men pa gen ankenn enstitisyon entènasyonal ki travay pou relye tout rejyon kreyolofoni a nan domenn kiltirèl ak politik. Sa vle di pa gen okenn oganizasyon entènasyonal kap travay sou pwogram echanj dokiman ak konpetans tout rejyon kreyolofoni a ansanm.

Nou panse sa se yon gwo feblès pou tout rejyon sa yo ki pa gen pwogram echanj pèmanan avèk kote ki sanble yo a. Nou panse sa gen yon enpòtans fondamantal pou pèmèt echanj pami rejyon sa yo. Fok nou konprann nou menm ki an Ayiti nou pa poukont nou nan kilti kreyòl nou menm jan ak nou menm ki Kapvè avèk nou menm ki Babad.

Lyen kiltirèl ant divès rejyon sa yo ka akouche anpil pwogram echanj tankou sou plan ekonomik ak politik. Peyi sa yo ka tabli lyen pou devlope tèt yo ansanm ak defann tèt yo. Sa ka yon bèl avantaj pou rejyon sa yo paske yo konsome sou plan kiltirèl, ke se nan manje, nan rad, avèk nan mizik, anpil materyèl ki menm. E sitou li ka pèmèt kreye lyen solidarite ant divès rejyon nan karayib la avèk divès rejyon ki jis nan oseyan endyen an.

 

Fabian Charles is a haitian poet who studies philosophy and sociology. He already published three books. Séquences d'une confusion nue (2009), Anonymat (2012), Les Racines de la page (2014).

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *