SexualitéSOCIÉTÉ

Fè bagay, fè lanmou, koupe… Kreyòl la chaje ak mo pou pale de sèks

0

Gen anpil mo pou pale de sèks nan lang kreyòl ayisyen an. Pi souvan, mo sa yo montre aklè yon relasyon gwo ponyèt

Koupe, chifonnen, byen plimen, mete nan kò, viv… Se kèk pami anpil ekspresyon Ayisyen itilize pou pale de fè bagay. Tout moun ki pale lang kreyòl ayisyen an konn mo sa yo, menmsi se pa yo tout ki repete yo. Anpil nan yo fè pati yon rejis nan lang lan ki pa itilize nan tout sikonstans.

Malgre sèks se yon aktivite ki fèt toutan, epi ki nòmal, li pa toujou fasil pou moun pale de sa san restriksyon. Se poutèt sa, dapre Lainy Rochambeau ak Cherlie Rivage, yon pwofesè ak yon etidyan nan lengwistik, lang lan genyen anpil analoji ki itilize ladan l, sitou nan domèn sa a. Se nan yon atik* yo ekri ansanm, yo pale de sa.

Li tou : Après 50 ans, une femme peut-elle avoir une vie sexuelle? Témoignage

Cherlie Rivage ki se yon etidyan Fakilte Lengwistik Aplike, ap prepare memwa lisans li sou kijan moun rele pratik seksyèl ak ògàn seksyèl yo. Dapre li menm, laj moun k ap pale a enpòtan anpil pou konnen ki mo li plis ka itilize. Li di : « Anpil moun mwen poze kesyon, montre aklè gen mo yo pa itilize. Nan zòn Senjan, nan sid, kote mwen grandi, mwen pale ak moun ki gen plis pase 40 lane. Yo di mwen yo pa janm pale de fè bagay ak madanm yo ni dirèkteman ni ak yon analoji. Yo jis kouche sou kabann epi sa ki dwe rive a rive. Men, apre sa fin pase, lè y ap pale ak zanmi yo, yo konn di :‘Yèswa, mwen ak madanm mwen te viv’ ».

Jenn yo pa itilize mo viv la pou pale de fè bagay, ni mo byen an. Cherlie Rivage di : « Nan pale mwen fè ak jenn fanm, jenn gason soti nan laj 18 a 35 an, yo esplike gen mo yo itilize ak zanmi  yo sèlman. Men nan relasyon legliz osnon lakay yo, mo sa yo pa repete. »

Yon zafè gason kanson

Mo tankou koupe, defilfare, pete fyèl elatriye bay enpresyon genyen anpil vyolans nan yo. Roberson Édouard se pwofesè sosyoloji nan inivèsite Laval, Quebec. Dapre li menm, nou dwe fè atansyon ak pèsepsyon sila a. « Se yon rapò dominasyon gason yo ap eseye montre sou fanm yo, dapre Roberson Edouard. Nan sosyete a, yo dekri reyalite fè bagay la ak yon seri mo ki gen rapò ak lagè. Se tankou gason an pral nan batay. Donk mo ki pale de zak sa ap toujou gen rapò ak lagè. Se sa ki bay lide vyolans lan. Se pa goumen li pral goumen ni touye li pral touye patnè li a vre. Li vle montre se gason ki non l. »

Roberson Edouard pa vle di se nan tout sosyete ki genyen metafò lagè sa a. Men nan anpil sosyete oksidantal, dapre li, genyen menm fenomèn nan.  Pou sosyològ la, mo sa yo rantre nan langaj la apre pratik yo disparèt. « Nan epòk ansyen yo, epòk preyistorik, yon Homo faber pa egzanp te tankou yon chasè epi fanm nan yon jibye. Se rantre, epi pran l. Leksik la toujou kenbe tras sa yo, kontrèman a pratik la ki sanse pa la ankò. »

Li tou : Se faire circoncire dans une salle d’opération à Port-au-Prince

Cherlie Rivage ale nan menm sans lan. « Se tankou se yon konba ki pral fèt. Sa depan ki entansyon gason an genyen epitou ki rapò li genyen ansanm ak moun li pral fè sèks ak li a. Gen anpil jèn mwen kesyone ki di yo pa itilize mo tankou koupe lè y ap pale ak menaj yo, sof si nan relasyon an de moun yo san konplèks. Sinon, yo itilize mo sa yo si y ap pale de yon moun deyò, lè y ap eksplike zanmi yo. » 

Fanm yo itilize mo sila yo tou

Lainy Rochambeau ak Cherlie Rivage eksplike genyen pafwa yon rapò egalego nan mitan fanm ak gason. Lè konsa, mo gason an te konn itilize pou montre se li k ap domine a vin tounen yon mo ki itilize pou yo tou de. Li fasil pou tande jenn gason ak jenn fanm, ki pa gen konplèks sou zafè sèks, itilize mo sa yo pou youn pale ak lòt. An n al fè l, nou pral plimen, nou pral fè chawa, nou pral sable, elatriye, montre toulede patnè yo antann yo sou zak yo pral fè a.

Roberson Edouard, sou bò pa li, eksplike ki jan fanm yo tou itilize metafò ki gen rapò ak lanmò, nan sa ki gen pou wè ak pratik sekyèl yo. « Lè yo mete yon gason K.O, lè yo mete virilite li nan move eta, medam yo itilize mo ki ta sanble vyolan tou. E nan ka sa a, analoji a fèt souvan ak lanmò. Se tankou yon ras krikèt kote femèl la konn devore mal la apre yo fin fè bagay. Yo souse gason an, yo fini ak li. »

Dapre sosyològ la, genyen pafwa yon kontradiksyon lè medam yo ap pale de tèt yo nan relasyon seksyèl la. « Si ou gade yon moun tankou Rihanna, li bay imaj yon fanm ki asime seksyalite li. Poutan nan kèk mizik li, li montre fanm yo koube anba gason yo nan domèn sa a. » 

Gen analoji pou pale de ògàn seksyèl tou

An jeneral, mo yo itilize pou pale de ògàn seksyèl fi ak gason, genyen rapò ak fòm ògàn sa yo genyen. Pa egzanp, genyen kle pou mete anndan yon seri. Pafwa tou analoji a fèt ak manje. Nan mizik « Lòbèy » chantè Roody Roudeboy la, genyen yon fraz ki di « cheri manje bannann ou ». Sa gen rapò ak fòm sèks gason an. Nan menm mizik sa a, gen yon lòt fraz ki di « Fèmen je w kite m manje lanbi an » pou pale de sèks fanm.

Li tou : De jeunes haïtiens victimes des «morpions» témoignent

Dapre Lainy Rochambeau ak Cherlie Rivage, mo sa yo la pou anpeche yon moun di yon bagay ki ka choke lòt. Yo di yon lòt fason, sa yo pa vle di tou kri.

* Rochambeau Lainy et Cherlie Rivage, « Désignation des organes et pratiques sexuels. Pour une étude de l’analogie comme mécanisme de synonymie et de polysémie en créole haitien », in Rochambeau Lainy (dir.) et al., « L’analogie dans le processus de lexicalisation et sémantisation en créoles guadeloupéen, guyanais, haïtien et martiniquais », Limoges, Lambert-Lucas, 2019, pp. 219-240.

Commentaires

Jameson Francisque
Linguiste. Journaliste. Passionné de technologie. Je m'intéresse à la politique et à l'économie. Ah, j'écris aussi un peu de poésie, histoire de faire passer la vie.

Une industrie lucrative se crée autour du «Douko» en Haïti

Previous article

Le cancer du «droit de cuissage» dans l’administration publique haïtienne

Next article

Comments

Comments are closed.

#ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost