JusticeSexualitéSOCIÉTÉ

Anpil ti gason an Ayiti fè bagay pou premye fwa ak fi ki deja majè. Se yon abi.

0

Yon ti gason ki pa majè k ap fè bagay ak yon fanm ki pi gran lontan pase l pa yon jènjan oswa yon ti kòk, li se yon viktim abi seksyèl

Joshua fèk atake trantèn li. Men li sonje klè kou dlo kokoye kijan lè l te gen 10 lane yon dam ki te konn pran swen li lè paran l pa la te konn gen rapò seksyèl avè l. Dam sa a te kapab manman li nan epòk la, paske l te gen 36 lane. Se te an 1999. Relasyon sa a kontinye jis nan lane 2006 lè fi a kite peyi a. Nan moman sa a, Joshua te gen 17 an epi fi a te gen 43 lane.

Nan koze eksperyans fè bagay, ti gason ak tifi an Ayiti pa egalego. Premye eksperyans seksyèl anpil gason nan peyi a, se pa t ak yon timoun laj yo. « Sa te kòmanse yon jou aprè lekòl, Joshua tonbe rakonte. Dam nan te sot benyen epi li retire sevyèt li devan m. Li pran men m mete nan bouboun li, l ap mande m èske m konn manyen yo deja. Aprè sa, li di m si m pa di moun sa m ap jwenn plis toujou. Mwen te fè silans vre. »

Patrick ki nan menm tranch laj ak Joshua te viktim tou de menm tip agresyon seksyèl sa a nan men yon sèvant lakay li lè l te timoun. Evènman sa yo rete grave nan memwa l pou tout tan.

Espesyalis nan kesyon sante mantal ak jiridik rele granmoun fanm oswa gason ki ap fè bagay ak tifi oswa ti gason pedofil. Nan peyi a, pa gen yon akonpayman sikolojik epi jiridik fyab pou viktim predatè seksyèl sa yo, dapre sa Georges Bossous Jr, yon sikològ ki gen 10 lane ap travay ak timoun ki viktim pedofili an Ayiti fè konnen. Menm jan ak vitktim fanm yo, zak abi sa yo konn kite tras negatif nan lavi viktim yo epi relasyon yo ak lòt moun.

An jiyè 2005, gen yon dekrè ki soti pou pale de agresyon seksyèl. « Pa t gen koze pedofili oswa pedokriminalite ladan l », dapre Youdeline Chérizard Joseph, yon kriminològ.

Dekrè-lwa sa a pale de agresyon tankou kadejak, presyon sikolojik oswa menas. Li bay gwo pèn a yon moun ki ta oze fè krim sa a sou yon moun ki gen mwens pase 15 lane. Men tèm « pedofili » a pa itilize. Menm nan nouvo pwojè kòd penal ayisyen an, koze sa a pa defini nonplis. Lalwa an Ayiti pa di klèman kilè yon moun se yon pedofil, menm si yo pale de pònografi ak timoun.

Plizyè tip pedofil

« Yon pedofil se yon moun ki vrèman pran plezi, atire, oswa fè yon fiksasyon sou fè bagay ak timoun », espesyalis Georges Bossous Jr. fè konnen. Se kapab timoun piti oswa adolesan. Pedofil la gen lòt karakteristik tou, sikològ la ajoute, paske se souvan yon moun ki ap repete aksyon an, se pa ni premye fwa l, ni dènye fwa l.

Selon rechèch ki fèt nan lòt peyi, se pa souvan fanm ki pedofil, dapre sa Martine Nisse, yon sikològ ki espesyalize nan tretman abi seksyèl sou timoun Lafrans eksplike nan yon entèvyou ak Ayibopost. Selon ekspè a, li pi difisil pou idantifye yon pedofil gason de yon pedofil fanm, paske medam sa yo souvan pwòch timoun yo abize yo epi se yo k ap pran swen yo, ki konstui yon lyen sere ansanm ak yo.

Ou ka li tou: « Tate tifi », le test de virginité qui traumatise des femmes en Haïti

« Si m t ap pran rakonte vyolans ak abi seksyèl mwen sibi, fòk mwen ta remonte depi lè m gen 8 lane, Patrick rakonte. Lè sa a paran m te konn al travay deyò. Yo te konn kite m ak yon moun pou travay epi k ap jere boutik lakay la tou. Fi sa a, lè l te konn benyen m, li te konn ap manyen peni m, fè l rèd, apre sa li tonbe nan souse li, epi menm rantre li nan vajen li. »

Diferans kiltirèl yo fè li difisil pou sosyete a konsidere medam pedofil yo tankou predatè seksyèl. « 90% gason ayisyen fè bagay anvan yo gen 18 lane », Georges Bossous Jr. fè konnen. Li jwenn chif sa a nan yon etid li fè an 2003 sou atitid oswa pèsepsyon seksyèl. Lè li konpare done ki egziste pou ayisyen, ewopeyen, ameriken epi azyatik, nan epòk la sou kesyon sa a, li te jwenn pousantaj Ayiti a pi wo pase tout lòt kote li t ap fè rechèch la.

Timoun granmoun

Akoz sitiyasyon sosyal epi ekonomik peyi a ki an degraba, souvan timoun yo byen bonè oblije degaje yo poukont yo. Poutèt sa, li difisil pou anpil granmoun konprann yo se pedoseksyèl – moun ki renmen fè bagay ak timoun -, paske nan tèt yo, timoun sa yo pa timoun ankò.

« An Ayiti, timoun yo pa jwi peryòd adolesan yo » , Georges Bossous Jr. avanse. E timoun yo tou, panse epi aji tankou granmoun, paske sosyete a fè yo konprann se sa yo ye.

Poutan se pa vre, yo poko pare. Nan relasyon yon adolesan 17 lane ak yon moun 40 lane, pwobabilite pou granmoun sa a enfliyanse l epi fè l fè sa l pa t ap janm dakò wo anpil. Adolesan sa a oswa timoun sa a, p ap gen matirite emosyonèl epi sikolojik pou l ka fè yon chwa ki rasyonèl, dapre George Bossous Jr. Se sa ki rele detounman minè a. Lè sa a granmoun nan aji antanke predatè seksyèl.

« Menm si jèn fi sa a ta vini sou ou, li retire rad, li monte sou ou, li manyen w, li di w fè sèks ak li, ou fè l vre, yo dwe mete w nan prizon », Georges Bossous Jr. fè konprann. « Depi w manyen l ou antò, menm si se li menm ki mande w. Paske ou sipoze gen rasyonalite epi kontwòl pou w di l ‘ou se yon timoun, m paka rantre nan fè sèks ak ou’. »

Yon maladi mantal

Pedofil yo gen fantas inapwopriye sou timoun oubyen adolesan. Fantas sa a konn fè yo paka gen yon vi ki nòmal. Se sa k fè sikològ, tankou Martine Nisse, kategorize moun sa yo tankou malad mantal. Yo pa menm jan ak pedoseksyèl yo ki ka viv lavi seksyèl yo nòmalman epi pran plezi, san yo pa jwenn timoun.

Espesyalis yo pa mete tout pedofil nan menm panye. Genyen ki prefere timoun ak adolesan sèlman, gen lòt ki pa gen preferans. Genyen menm ki atire selon koulè po, longè cheve, gwosè, wotè, oswa menm sant kò yon timoun. Gen ladan yo ki vyolan e ki p ap chache konvenk timoun nan oswa fè l pwomès si l pa di anyen l ap ba l plis, menm jan dam nan te fè ak Josuha lè l te gen 10 an.

Konsa tou, gen pedofil ki deside fè abstinans, pakse yo pa vle fè timoun mal. Pedofil ki aktif la, li pa fè okenn konsiderasyon sa yo, okontrè li se yon predatè ki toujou ap veye kilè l ka bon sou yon timoun.

Yon relasyon inapwopriye

Menm si yon timoun ta rantre nan fè sèks bonè oswa li ta sibi eksperyans ki twomatizan, sa pa fè l sispann timoun pou sa, sikològ yo di. Kidonk, li poko pare pou tip relasyon granmoun ka genyen. Yon granmoun ki fè sèks ak li, se eksplwate l ap eksplwate l.

Nan enstitisyon « Centre des Buttes-Chaumont » nan peyi Lafrans, Martine Nisse ak mari l ki sikològ mete sou pye, yo te ede yon adolesan ki te viktim pedofili nan men yon fi ki te resevwa l nan yon fanmi akèy. Fi sa a abize ti gason an seksyèlman epi manipile l pandan 4 lane. « Metòd fi a te itilize a pa t vyolan, li te konn bay tibway la kado, pote l tankou l te wa solèy li ».

Li tou: Les victimes d’agression et de viol prennent du temps pour témoigner. Voilà pourquoi.

Lè lapolis ak lajistis ap kesyone dam lan sou aksyon li te komèt la, fi a eksplike « se nan yon relasyon amoure li te ye ak timoun lan, pa t gen anyen ki mal yo t ap fè », Martine Nisse rapòte. Poutan, li te gen 40 lane epi ti gason an te gen 11 an. Se sa k fè sikològ la deklare : « Pedofil yo itilize tout sa ki posib pou yo pa konsidere tèt yo kòm agresè oswa predatè seksyèl sou timoun. »

Joshua gen menm eksperyans lan. « Dam sa a te lave tèt mwen pandan 7 lane, pou l fè m kwè sa n ap fè a nòmal, se lòt moun yo ki p ap konprann li epi y ap jalou », Joshua di. « Dam nan te toujou fè m santi mwen siperyè de lòt zanmi m yo, se sa k fè se mwen ki te jwenn chans sa a. »

E fi sa a, ki se yon pedofil selon definiyon sikològ yo, te eseye deresponsablize tèt li. « Dènye fwa mwen te pale ak dam nan, mwen te vini sou sa ak li pou m wè si li t ap eskize l, li te reponn mwen, ‘mwen te byen renmen sa’ », Joshua kontinye pou l di.

Yon gwo danje sosyal

Kit se ti gason, kit se tifi ki viktim pedofili, sa ka gen gwo konsekans sou lavi ak sante mantal yo pi devan. Men sa pral depann de entansite epi nan ki laj aksyon an pase.

« Lè yon timoun ekspoze a fè bagay twò bonè, gen yon deklik ki fèt sikolojikman lakay li Georges Bossous Jr. rakonte. Kò fizik li ki toujou ap devlope epi lespri l ki poko pare, paka pran estimilasyon seksyèl sa a ki twòp pou li. »  Souvan, timoun lan ap gen tandans al chèche pandan tout rès vi l efè oswa sansasyon li te jwenn nan premye tip relasyon seksyèl ki pa nòmal la.

Ou ka li: Viol: Quand le silence devient loi en Haiti

Se sitiyasyon sa a Joshua sanble ap fè fas ak li jodi a. « Relasyon m ak dam nan fè gwo enpak sou lavi m, li di. Mwen pral reyalize sa se jis lè mwen gen 26 lane. M ap rann mwen kont pandan plizyè ane lè mwen al nan kafe, mwen toujou ap chache fi ki nan trantèn ou karantèn pou m fè bagay. Nan epòk sa, se te jis yon plezi pou mwen, men se aprè m ap konprann se dam lan mwen t ap chèche nan fi sa yo. E mwen ka di jis kounya mwen gen panchan pou fi ki gen laj. »

Patrick sou bò pa l eksplike, akoz boutik ki te gen lakay li, granmoun fanm sou katye a te konn pwopoze li gen rapò seksyèl an echanj pwovizyon alimantè. E lè l vin pi gran, li te repwodui menm rapò sa yo ak jèn medam sou katye lakay li, se li menm ki te vin fè yo pwopozisyon an kounye a.

Pa manyen timoun nan pati entim !

Paran yo dwe aprann konnen kijan pou yo pwoteje timoun yo. Yo sipoze edike tèt yo sou kisa ki vyolans seksyèl oswa abi seksyèl sou timoun.

Manyen timoun nan, nan pati entim li pandan w ap benyen l nan yon fason ki ale pi lwen pase senpman ede l lave kò l se yon abi seksyèl, Georges Bossous Jr di. Montre timoun nan fim pònografik se yon vyolans seksyèl li ye tou. Anplis, fè timoun nan rete toutouni devan yon granmoun, oswa yon granmoun rete toutouni devan yon timoun kapab yon abi seksyèl. Limit yo ka parèt flou, sitou lè predate seksyèl la se fanmi oswa zanmi entim paran an.

Li tou: Le harcèlement sexuel des veuves de policiers gangrène la PNH

« Men sa ki pi enpòtan an, se konprann timoun nan dwe gen entimite li tou ekspè Martine Nisse eksplike. Li dwe aprann li gen pati nan kòl moun pa dwe manyen. Paran yo sipoze veye a chanjman konpòtman lakay li »,.

Apre yon timoun fin sibi yon agresyon, li ka tout lajounen ap pale koze fè bagay, ap mastibe tout tan.  Anvan sa, li te ka yon timoun ki byen poze, ki pa dezòd epi li chanje, li vin vyolan. Li gendwa ekate l de lòt timoun, li pa vle jwe ak yo ankò, oswa li paka aprann byen lekòl ankò.

Espesyalis yo fè konnen paran yo dwe kwè timoun nan lè l di gen yon moun ki vyole l oswa yon manm nan fanmi an te eseye manyen l oubyen bo l sou bouch.

Leta dwe aji

Malgre popilarite pedofili an Ayiti, pa gen gwo debas ki fèt sou sa. Nan vil pwovens tankou Okap oswa nan Vèret, gen pratik « alantran » kote moun zòn nan ap vann pitit fi yo ak granmoun ki bezwen fanm pou vin plase ak yo nan kay.

Gen tou granmoun k ap fè jwèt, rele ti bebe « madanm mwen, mari mwen ». San bliye pratik « madan papa » ki konn enplike timoun e ki gaye kò l toupatou nan peyi a.

Nan lòt peyi, gen politik piblik pou kontre zak pedofili. Leta fransè a pran dispozisyon, sa pa gen anpil lane, pou yo bay pedofil yo yon akonpayman sikolojik apre kondanasyon yo paske yo rekonèt yo se moun malad ki bezwen tretman, espesyalis Martine Nisse fè konnen.

Se pa paske moun lan malad ki fè li pa dwe peye pou sa li fè. Lafrans, yo voye l al pase tan nan prizon. Epi li dwe suiv yon terapi avan li re-entegre sosyete a.

Hervia Dorsinville

Joshua ak Patrick se non prete pou pwoteje idantite moun ki pale nan atik la.

Commentaires

Hervia Dorsinville
Journaliste résolument féministe, Hervia Dorsinville est étudiante en communication sociale à la Faculté des Sciences humaines. À Ayibopost, elle écrit sur les sujets de société, la culture et la technologie. Passionnée de mangas, de comics, de films et des séries science-fiction, elle travaille sur son premier livre.

    Un des plus importants peintres de l’histoire de l’art en Haïti vient du Cap

    Previous article

    Pourquoi des hôpitaux en Haïti refusent de fournir gratuitement les soins d’urgence ?

    Next article

    Comments

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost