AYIBOFANMSOCIÉTÉ

Videyo | Teknik efikas pou w pran swen je w

0

Chak lè w itilize yon ekran ki pre pandan 20 minit, ou dwe pran 20 segonn pou w gade yon objè ki sitiye omwen a 20 pye ki egal a 6mèt

Ekran telefòn, laptòp, televizyon… aparèy sa yo pa nan jwèt ak moun k ap mal itilize yo ditou.

A wi ! Ou menm k ap pase nwit nan telefòn swa nan gad fim, jwe, oubyen tchat. Ou menm pwofesyonèl ki  pase pifò tan w dèyè yon ekran nan kad travay ou, vizyon w menase.

Genyen yon limyè ki nan ekran telefòn, òdinatè ak anpoul ki rele limyè bl ki ka fè gwo enpak sou je w.

Doktè Reginald Rejouis ki se yon espesyalis nan je fè konnen limyè ble sa aji sou yon òmon ki rele melatonin. Lè yon moun ap itilize ekran ki gen limyè ble a, sa lakoz li gen difikilte pou l dòmi.

Ekran telefòn, laptòp, televizyon… aparèy sa yo pa nan jwèt ak moun k ap mal itilize yo ditou.

Pou ede w ak pwoblèm sa, ou kab filtre limyè ble a si w gen yon telefòn ki bay opsyon sa oubyen tou ou kab wè yon oftalmològ k ap preskri w yon linèt ki ap filtre limyè sa.

Men, ekran pifò moun plis itilize jiska dizèdtan pa jou se sitou ekran telefòn ki se sa yo rele vizyon de prè. Gade nan telefòn fè je a fè anpil efò akomodatif sa vle di kristalen an oblije bonmbe pou l kab fè yon efò anplis pou w kapab byen fokis sou imaj w ap gade a, sa ki pral ogmante risk pou w gen astenopi ki se yon fatig vizyèl.

Lè konsa, je a fè twòp efò pou l konvèje gade yon bagay ki devan l dirèkteman epi kristalen an menm ap fè jefò pa l pou l fè fokis sou bagay sa ki two pre l la daprè sa espesyalis nan je Emmanuel Samedy fè konnen. Alaverite, je nou pi byen repoze lè n ap gade yon bagay de lwen.

Oftalmològ Emmanuel Samedy pale de Règ 20, 20, 20. Chak lè w itilize yon ekran ki pre pandan 20 minit, ou dwe pran 20 segonn pou w gade yon objè ki sitiye omwen a 20 pye ki egal a 6mèt. Pa egzanp moun ki fè jounen sou kès labank yo, moun k ap fè montaj videyo yo, elatriye kapab itilize règ twa ven an, sa ap pèmèt je a repoze li.

Alaverite, je nou pi byen repoze lè n ap gade yon bagay de lwen.

Genyen tou maykowev, lafimen, vèdekontak ak makiyaj ki genyen gwo efè sou vizyon moun.

Anpil moun konn ap itilize maykowev chak jou pou chofe manje. Nan biwo travay yo, souvan gen youn. Yo itilize l tou pou fè pòpkòn, elatriye. Poutan, espesyalis nan koze radyasyon fè konnen genyen gwo danje lè yon moun rete twò pre maykowev pandan l ap sèvi avè l. Aparèy sa kapab lakoz katarat ki li menm se youn nan koz ki fè moun avèg. Doktè Rejouis di pati nan je a ki rele kristalen an sansib anpil ak kèlkeswa reyon limyè a. Menm reyon solèy la kapab lakoz katarat.

Li pa rekòmande pou pensonn rete pre pandan lontan kote yon maykowev ki limen. Kanta pou solèy la, doktè Rejouis konseye moun pa mache anba solèy san yon linèt pou pwoteje je yo.

Pou lafimen an li menm, fimen sigarèt la bay anpil pwoblèm. Moun k ap fimen an ka gen katarat, lè konsa se kristalen an ki pèdi nan transparans li. Lafimen an al fè yon depo sou li. Gen yon lot maladi nan je moun k ap fimen kapab genyen tou, se sa yo rele yon dejenerans makilè, yon maladi nan je moun fè lè yo gen anpil laj. Sa ki pase lè konsa, se nikotin ki nan tabak la ki pwodwi sa yo rele vazokonstriksyon, sa vle di veso sangen yo vin kontrakte, yo vin pi piti.

Kanta pou vèdekontak la li menm se yon gwo malè pandye sou tèt sila k ap itilize l san prekosyon yo. Gen moun ki mete l pou fè chèlbè, gen lòt moun se doktè ki preskri yo l pa rapò ak yon pwoblèm nan je byen defini ke yo genyen.

Kanta pou solèy la, doktè Rejouis konseye moun pa mache anba solèy san yon linèt pou pwoteje je yo.

Doktè Emmanuel Samedy fè konnen lakoz sitiyasyon peyi a kote nou ekspoze ak anpil pousyè, mikwob, epi lafimen,sa lakoz pa gen twop oftalmològ ki renmen preskri vèdekontak.

Si w pa rete yon kote ki aseni, pa mete vèdekontak. Si doktè pa preskri w li pou w konn tout règ itilizasyon l, pa mete l. Ou kab vin devlope yon maladi nan je ki rele keratit. Gen moun ki konn menm rive pèdi vizyon yo. Li pa rekòmande pou w pral benyen nan pisin pandan w gen vèdekontak nan je w tou. Klò ak pil mikwòb ki nan dlo a ka bay nenpòt moun keratit la alevwa pou w gen vèdekontak, risk la ogmante anpil.  Moun nan dwe toujou kenbe vèdekontak la pwòp, li pa dwe ni dòmi ni benyen avè l.

Nan sa ki gen pou wè ak makiyaj, yon moun dwe veye dat ekspirasyon pwodwi makiyaj yo epi kite yo lwen pousyè.

Je frajil anpil. Se pou rezon sa ki fè nou dwe pran tout prekosyon nesesè pou pwoteje je nou. Pèsonn pa rekomande pou chèche tretman pou kont yo kèlkeswa pwoblèm moun nan ta gen nan je a.

Depi timoun nan tou piti, paran l dwe veye si l pa gen twoub vizyèl pou mennen l wè doktè bonè. Depi yon moun rive nan 40 lane, li sipoze fè yon tchèkòp paske je a gen chanjman ki fè t ladan l nan laj sa epi depi moun nan rive nan 65 lane, li pa dwe neglije je l ditou paske se ak laj sa katarat la konn kòmanse pran pye dapre sa doktè Rejouis fè konnen.

Laura Louis te ekri yon atik ki trete sijè sa byen ki gen pou tit : Men kèk konpòtman ki degrade je w san w pa konnen, pa neglije al li l sou Ayibopost.com

Rechèch, Redaksyon ak prezantasyon : Daphena Rémédor

► Reyalizasyon : Sherlande Pierre

► Kamera : Sherlande Pierre

► Montaj : Sherlande Pierre

► Sipèvizyon : Wilson Saintelus & Chérubin Jérôme


Pou rete konekte ak AyiboPost :

▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la

▶ Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la

▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la

Daphena Rémédor est comédienne et étudiante en sciences juridiques. Passionnée par les relations humaines, elle met ses compétences en communication au service de sa communauté.

    Comments