SOCIÉTÉ

Men kèk konpòtman ki degrade je w san w pa konnen

0

Gen abitid oswa pratik ki kapab degrade vizyon e ka rann ou avèg. Pou sa, li enpòtan pou nou pran swen je nou

Gen anpil faktè ki ka lakoz yon moun pa wè byen oswa vin avèg. Pafwa se yon pwoblèm moun nan te deja genyen tankou sa yo rele erè refraksyon an. Konsa tou se konn yon seri abitid moun sa a genyen ki mennen pwoblèm vizyèl.

Jounen jodia li prèske enposib pou yon pwofesyonèl pa pran kontak ak ekran. Poutan yon move itilizasyon aparèy nimerik yo kapab lakoz gwo pwoblèm nan je. Gen yon limyè ki nan ekran telefòn, odinatè ak anpoul ki rele limyè ble.

Daprè doktè Reginald Rejouis ki se oftalmològ, limyè sa a aji sou yon òmòn ki rele melatonin ki ede moun dòmi. Kidonk lè yon moun ap itilize ekran ki gen limyè sa a, li konn gen difikilte pou l dòmi. Doktè a fè konnen gen fason pou moun pwoteje je yo ak limyè ble a. Li di: «Gen anpil telefòn ki bay posiblite pou moun filtre limyè ble a. Konsa tou, moun sa a ka wè yon oftalmològ pou preskri l yon linèt ki kapab filtre l ».

Espesyalis nan domèn sante ki gen pou wè ak je pa rekòmande pou yon moun rete twò pre ekran òdinatè, tablèt oswa telefòn san pran poz. Si posib, chak 20 minit yon moun pase devan yon òdinatè, li ta sipoze pran yon poz.

Atansyon ak maykowev !

Se pa sèlman ekran ki ka bay pwoblèm nan je. Gen aparèy moun ap sèvi chak jou tankou maykowev ki konn lakoz pwoblèm sa yo. Yon maykowev se yon aparèy ki itil anpil nan yon kay. Moun itilize l pou chofe manje, fè pòpkòn, elatriye. Poutan, machin sa a ka lakoz pwoblèm nan je.

Ou ka li tou: Ne pas pouvoir cligner les yeux et autres calvaires de la paralysie faciale

Espesyalis nan zafè radyasyon fè konnen gen danje lè yon moun rete twò pre yon maykwowev pandan l ap sèvi avè l. Aparèy la kapab lakoz katarat, ki se youn nan koz ki ka fè yon moun avèg. Se yon enfòmasyon oftalmològ Reginald Rejouis konfime. Li di gen yon pati nan je a ki rele kristalen ki sansib anpil ak kèlkeswa reyon limyè a. Espesyalis la fè konnen menm reyon solèy la kapab lakoz katarat.

Daprè doktè Rejouis, li pa rekòmande pou pèsonn rete pandan lontan pre yon maykowev lè li limen. Epi pou sa ki gen pou wè ak reyon solèy la, doktè a konseye pou moun pa mache anba solèy san yon linèt pou pwoteje je yo.

Lafimen pa zanmi je

Selon Reginald Rejouis, aprè ekran ak maykwowev gen anpil lòt bagay ki ka afekte vizyon yon moun. Pami yo gen tabak, itilizasyon makiyaj ekspire ak move itilizasyon vèdekontak. Moun k ap fimen ka gen katarat, lè sa a pati nan je ki rele kristalen an pèdi nan transparans li.

Reginald Rejouis di: « Fè eksperyans mete lafimen yon sigarèt sou yon dra blan. Kote lafimen an ye a ap vin jòn. Se menmjan lè yon moun ap fimen, lafimen fè yon depo sou kristalen an. »

Li tou: Le médecin haïtien qui redonne la vue aux malades de « cataracte »

Doktè Rejouis fè konnen nikotin ki nan tabak la kapab pwodui “vasokonstriksyon”, sa vle di veso sangen yo vin kontrakte. Yo vin pi piti. Lè sa a, li posib pou moun k ap fimen an gen yon dejeneresans makilè, yon maladi nan je moun konn fè lè yo gen anpil laj. Menmsi moun nan jèn, depi l ap fimen li ka rive fè maladi sa a.

Lantiy ak makiyaj

Lòt bagay ki ka koze pwoblèm se vèdekontak moun konn mete nan je yo. Espesyalis la deklare li enpòtan pou yon moun konnen kijan li sipoze jere vèdekontak li.

Doktè a di: « Toujou kenbe lantiy la pwòp, pa dòmi ni benyen avè l. » Vèdekontak tèlman frajil doktè a di li pa bon pou moun itilize l kote ki gen pousye. Si yon moun ap evolye nan yon anviwonnman ki gen pousyè, li pa rekòmande pou li sikile san machin, ak yon lantiy.

Pou sa a ki gen pou wè ak makiyaj, doktè Rejouis di li enpòtan pou moun k ap itilize yo gade dat ekspirasyon yo. « Yon makiyaj ekspire ka pwodui konjonktivit (lasi) nan je yon moun. Li enpòtan pou gade dat ekspirasyon yo avan itilizasyon. Epi menmsi li pa ekspire, makiyaj la sipoze konsève yon fason pou li pa jwenn pousyè.»

Ale kay doktè

Doktè pa rekòmande pou pèsonn chache tretman pou kont yo, pou kèlkeswa pwoblèm yo gen nan je. Se pou sa oftalmològ yo la. Menm nan linèt pou pwoteje je kont solèy, espesyalis Reginald Réjouis deklare moun ta dwe pran prekosyon. Paske sa ka rive yon moun achte yon linèt ki te deja gen yon koreksyon ladan l pou yon pwoblèm ki diferan ak sa moun nan genyen an.

Ou kapab li: «Souvent les garçons prennent plaisir à me toucher», le cauchemar des aveugles en Haïti

Doktè a di depi yon timoun tou piti paran l sipoze gade si l pa gen twoub vizyèl pou mennen l lopital. Premye konsiltasyon timoun nan fèt depi lè li fèk soti nan vant manman l, selon espesyalis Réjouis. Pèsonèl medikal la konn pase yon pomad nan je timoun nan pou elimine tout enfeksyon li ta ka trape nan pasaj.

Men sa pa anpeche paran oswa moun k ap leve yon timoun dwe suiv evolisyon zye l, pou detekte nenpòt pwoblèm nan. « Menmsi yon timoun pa parèt gen pwoblèm pou l wè, avan l antre nan primè, paran l sipoze chache wè yon oftalmològ avè l. », dapre doktè Reginald Rejouis.

Pou granmoun yo, doktè a deklare depi yon moun rive nan 40 lane, li sipoze fè yon tchèkòp paske zye a gen chanjman ki fèt ladann nan laj sa a: « Aprè 40 an, yon moun sipoze wè oftalmològ omwen yon fwa chak ane. Nan laj 65 an, pèsonn pa dwe neglije je yo paske se a laj sa a katarat la konn komanse. »

Laura Louis

Laura Louis est journaliste à Ayibopost depuis 2018. Elle a été lauréate du Prix Jeune Journaliste en Haïti en 2019. Elle a remporté l'édition 2021 du Prix Philippe Chaffanjon. Actuellement, Laura Louis est étudiante finissante en Service social à La Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *