SexualitéSOCIÉTÉ

Tout sa w dwe konnen sou Tibikòs

0

Divès kalte distribitè ap vann bwason ki rele Tibikòs la toupatou nan peyi a. San okenn tès laboratwa, yo eksplike li bon pou « 101 maladi »

Kafoufèy se premye kote tibikòs te kòmanse vann. Gason bwè l pou pèfòmans seksyèl. Gen lòt moun ki pran l pou rafrechi oubyen paske yo di l bon pou anpil maladi. Konsa tou gen anpil plenyen pou gou l.

Fenel Jean Pierre di li goute l yon sèl fwa. « Mwen fin bwè l, li kite yon vye gou nan bouch mwen epi li tankou yon ji anana ki tranpe ki fè gòj mwen grate m anpil ». 

Bòs Liva, yon ebenis ki ka nan swasant lane pa dakò. « Premye fwa a, li te fè bouch mw gen yon gou rans. Men apre lè m kontinye bwè l, li byen bon ». Liva kontinye pou di tibikòs la ede l konbat fatig.

Tibikòs la (Tibicos ou kefir de fuit) se yon plant ki fèt nan Amerik santral ak an Azi. Gen anpil moun nan peyi tankou Meksik ak Etazini ki itilize grenn tibikòs la pou fè rafrechi epi jwenn byenfè medikal plant sa bay.

Rechèch ki fèt nan lane 2000 yo montre plizyè byenfè Tibikòs la kapab fè sou sante moun. Sitou pou sila yo ki gen pwoblèm dijesyon ak kolestewòl. Etid la prouve se yon bwason ki bon pou fanm ansent, epi li kapab lite konn divès kalte mikwòb ak bakteri ki nan ògan moun. Pa gen endikasyon li bon pou bann.

Konsa, gen divès ti antrepriz lokal ki fè bwason ak Tibikòs la pou komèsyalize li. Se etikèk byenfè Tibikòs la yo mete devan pou vann li. Men, se pa tout kote ki fè bwason sa ki itilize grenn Tibikòs la vrèman.

Gen divès ti antrepriz lokal ki fè bwason ak Tibikòs la pou komèsyalize li. Foto: Emmanuel Moïse Yves / Ayibopost

Tibikòs la ann Ayiti 

« Se mè Teresa ki te vini avèk tibikòs la ann Ayiti. Teresa se yon mè katolik ki te gen yon òganizasyon byenfezans nan peyi a. Se li menm ki te toujou ankouranje moun yo bwè tibikòs pou sante yo »,  daprè sa Pierre Édourad Félix, PDG  FÉLIX TIBICOS, fè konnen. Antrepriz sa a ki anrejistre nan ministè kòmès chita kòl nan Kafoufèy.

Se nan fason sa a Pierre Édourad Félix di manman l te rive benefisye anpil grenn Tibikòs yo. Li te rive jwenn eksplikasyon sou kijan pou li konsève l, fè li donnen, epi fè bwason ak li.

Nan konsa, Pierre Édouard Félix fè konnen tout moun lakay li leve nan bwè tibikòs la, jouk li rive deside nan dat 16 mas 2017 komèsyalize bwason sa a. « Mwen te deside kiltive grenn nan, nan yon espas ki pi gwo pou m te ka jwenn yon kantite ki pou pèmèt mwen fè ji a. Se byenfè medikal plant sa pote nan fanmi mwen, ki fè m deside pwodui l an kantite pou m ofri piblik la », se sa li di.

Direktè Félix fè konnen se li menm ki premye komèsyalize tibikòs la nan peyi a. Li ajoute pou li di : « bwason an fèt ak grenn tibikòs la, rapadou epi dlo. Apre 2 jou fèmantasyon,  nou ajoute sik ak yon ti dlo tou piti sou li.» Li di rapadou a itilize kòm sik brit pou nouri Tibikòs la, se li menm ki rann li donnen.

Bwason an fèt ak grenn tibikòs la, rapadou epi dlo. Foto: Emmanuel Moïse Yves / Ayibopost

Anpil fo tibikòs ap vann 

Rive nan depatman Nò peyi a, se pa t toujou menm pwodui a ki fè bwason an. Men, se menm non an ki itilize pou vann pwodui sila a.

Marc-Donald Vincent se yon enjenyè agwonòm ki ap viv nan vil Okap. Lè li te aprann bwason an fèt ak plant ki sòti nan tè a, sa te pouse l chèche ki endistri lokal ki ap fè bwason sa a epi jwenn kibò plant Tibikòs sa a fèt nan depatman Nò peyi a.

« Mwen vizite plizyè kote nan vil Okap ki ap fè bwason sa a. bwason an pa t gen anyen pou wè ak yon plant ki rele Tibikòs vrèman », se sa li aprann nou.

Nan vil Okap, bwason sa a pran twa jou pou li fèmante. Agwonòm nan kontinye pou li di : « Bwason an fèt avèk siwo kann, rapadou epi dlo ».

Men li di gen kote ki varye eleman sa yo ki fè bwason an. « Gen kèk kote nou vizite ki mete safran osnon ki blennde anana pou yo ajoute nan fèmantasyon an, sa ki bay bwason an yon lòt gou ki diferan soti nan yon zòn pou rive nan yon lòt», se konsa agwonòm Marc-Donald Vincent eksplike l.

« Pòtoprens, Kafou, Okay, Pòdepè, Jakmèl, Okap, Senmak, Gonayiv, Ti rivyè Latibonit », se kèk kote  Pierre Édourad Félix di Tibikòs la ap taye banda l anndan peyi a.

Antrepriz FÉLIX TIBICOS anrejistre nan ministè kòmès chita kòl nan Kafoufèy.. Foto: Emmanuel Moïse Yves / Ayibopost

Okenn tès laboratwa

Tibikòs se yon bwason lokal ki pa fèt nan yon izin mekanik. Pwodiksyon l rete nan yon nivo atizanal. Direksyon kontwòl kalite ak pwoteksyon konsomatè nan ministè komès ak direksyon sante piblik vizite pandan 2 fwa antrepriz FÉLIX TIBICOS. Nan chak vwayaj, yo ale ak yon boutèy ji sa a pou yo fè tès laboratwa. Jouk jounen jodi a, okenn rezilta pa janm bay.

Kòm li pa fèt nan yon endistri mekanik bwason an pa gen engredyan ki pou pèmèt li rezistan. Agwonòm Vincent ajoute pou li di : « li gen yon vye sant ki degoutan lè li rete tròp ». Li estime bwason sa a pa ta dwe depase yon semèn san li pa konsome.

Leta ta dwe voye je sou kalite dlo moun yo itilize pou fè pwodui a. Foto: Emmanuel Moïse Yves / Ayibopost

Aspè ijyèn nan koze a

Selon agwonòm nan, Leta ta dwe voye je sou kalite dlo moun yo itilize pou fè pwodui a. Konsa tou, menm boutèy yo vann pwodui a, nou ta dwe konn kibò moun yo jwenn li ak ki metòd trètman yo bay boutèy yo anvan yo reyitilize yo lè moun fin bwè ladan yo.

Sou kesyon sa a, Pierre Édourad Félix reponn. « Pou moun ki panse se boutèy diven nou ranmase pou nou reyitilize yo, se pa sa. Se nan Haiti plastic nou achte boutèy tou nèf. Se ladan yo nou vann epi nou relave yo ak dlo ki gen klowòks epi chode yo aprè ».

Menmsi tibikòs la enkyete anpil moun nan fason l pwodui, li gen yon demand ki enpòtan sou mache a. « Anpil rezon ki fè pwodui a vann plis se paske yo di li bon pou bann, li fè gason rete djanm », sa se estimasyon agwonòm Marc-Donald Vincent.

Yon premye vèsyon atik sa a te di Mè Teresa vini ak Tibikòs nan peyi a nan lane 1997. Se yon erè. Mè Teresa te vizite Ayiti nan ane 1980 yo.

Commentaires

Emmanuel Moïse Yves
Journaliste à AyiboPost. Étudiant en communication sociale. Je pratique le journalisme pour le rendre utile à la communauté.

Le danger des malades mentaux qui s’échappent du centre Mars & Kline en Haïti

Previous article

Martial Piard, le médecin haïtien qui sauve des vies grâce à sa bicyclette

Next article

Comments

Comments are closed.

#ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost