SexualitéSOCIÉTÉ

Tout sa ou dwe konnen sou planin

0

Gen anpil fanm ki ansent san yo poko pare pou sa, osnon san yo pat anvi sa rive. Metòd planin yo la pou ede fanmi yo pran desizyon sou kantite timoun yo vle genyen ak kantite tan yo vle pran avan timoun sa a fèt

Planin se yon mwayen pou fanm ki gen yon lavi seksyèl aktif kontwole èske yo vle fè timoun e ki kantite yo swete genyen. Li pèmèt fanm yo planifye konbyen tan ki dwe pase avan yo gen yon lòt timoun, si yo ta anvi sa. Kontrasepsyon, se youn nan mwayen planin yo. Gen kontrasepsyon ki tradisyonèl, e gen lòt ki pi modèn.

Planin se yon mwayen pou fanm ki gen yon lavi seksyèl aktif kontwole èske yo vle fè timoun e ki kantite yo swete genyen

Se pa tout fanm ki konnen metòd planin ki egziste yo, e se pa tout ki itilize metòd modèn yo. Dapre OMS ki se Òganizasyon mondyal sou zafè lasante, gen anviwon 214 milyon fanm ki poko swete fè timoun, men ki p ap itilize okenn metòd planin. Se nan peyi ki pi pòv yo majorite fanm sa yo ye.

Li tou : Zafè akouchman nan peyi Dayiti se malè pandye

Nan peyi Dayiti, Ministè sante piblik ak popilasyon (MSPP) di gen anviwon 38% fanm ki nan sitiyasyon sa a. Yo di fanm sa yo genyen bezwen planin ki pa satisfè.  Se jenn fanm ki gen 15-19 lane (54%) epi sila yo ki gen 20-24 lane (45%) ki gen plis bezwen planin ki pa satisfè. Gen 2 kategori fanm ki gen yon vi seksyèl aktif : sila yo ki gen yon moun stab nan lavi yo ak sila yo ki pa genyen moun stab. 52% fanm ki pa gen yon moun stab pa itilize yon metòd planin, dapre MSPP.

Gen yon metòd planin pou chak moun

Profamil se yon klinik ki espesyalize nan kesyon planin. Se chak jou tout kalite fanm ap vin chèche sèvis ak konsèy sou mwayen kontrasepsyon yo ka itilize. Dapre Danie Louissaint, ki se chèf enfimyè klinik sa, tout metòd planin yo disponib nan Profamil.

Tout ti pwoblèm yon moun santi lè li fè planin gen solisyon

Genyen konprime ki anpeche fanm yo ansent pandan 1 mwa. Genyen piki Provera ki anpeche gwosès pandan 3 mwa. Gen lòt metòd ki pi long tankou « Jadelle ». Se de ti baton yo mete anba po ou. Li aji pandan 5 lane e li pa deranje fanm yo nan okenn mouvman. Genyen metòd « sterilet » tou ki fè efè pandan 10 lane. Si yon fanm sou planin vle ansent avan kantite tan metòd li itilize a pèmèt la, li fasil pou li kanpe sou yo, dapre chèf enfimyè Profamil lan.

Dènye metòd la se yon metòd definitif, sa vle di fanm ki chwazi li yo p ap janm ka ansent ankò. Se metòd « ligature des trompes » lan.

« Selon moun ki vle fè planin nan, nou pwopoze li metòd ki plis ale avèk li a, dapre Danie Louissaint. Mwen pa ka di kiyès tout moun prefere, men mwen remake jenn fanm ki lekòl yo plis chwazi metòd 3 mwa a. Men fanm ki fè pitit deja yo konn prefere metòd 5 oswa 10 lane a. »

Jenn fanm ki lekòl yo plis chwazi metòd 3 mwa a. Men fanm ki fè pitit deja yo konn prefere metòd 5 oswa 10 lane a

Metòd sa yo ede fanm planifye gwosès yo, men anpil fwa gen moun ki plenyen poutèt yo sibi kèk efè endezirab lè yo sou planin. Danie Louissaint di : « Tout ti pwoblèm yon moun santi lè li fè planin gen solisyon. Se vre gen fanm ki konn senyen tou piti, e gen lòt ki ka pa gen règ yo ditou. Men tout efè sa yo disparèt rapid. Gen moun ki panse planin bay enfeksyon men se pa vre. Se paske anpil fwa, medam yo panse poutèt yo sou planin yo pa dwe pran prekosyon lè y ap fè bagay. Sa konn bay maladi. »

Planin pa anpeche ou pran enfeksyon. Ou dwe toujou pwoteje tèt ou ak kapòt chak fwa li nesesè

Mwen vin ansent paske mwen te bliye pran planin yon jou

Dayline Jean Pierre se manman yon ti gason ki gen 4 lane. Sa gen yon lane depi li chanje metòd planin. « Mwen te konn pran konprime a. Men mwen vin ansent paske mwen te bliye pran li yon jou. Konnya mwen chwazi Jadelle. Tèt mwen poze. Pandan premye mwa yo se vre règ mwen pa te nòmal. Men sa pa te dire. Mwen te pare pou planin nan, se sa k fè mwen pa menm remake lòt efè.»

Valendia Altidor se yon lòt jenn manman. Pou li menm, efè endezirab yo depann de metòd la : « Mwen konn anvi vomi epi mwen nève fasil lè mwen pran piki Polvera a. Men lè se piki Konfyans lan mwen pran, mwen pa santi anyen mal. »

« Sa ka rive yon moun alèji ak yon metòd. Osnon li ka gen kèk maladi ki dwe stabilize avan li fè planin. Pa egzanp si fanm nan gen tansyon ki wo, n ap mande li wè yon medsen pou pran medikaman avan. Moun ki obèz yo osnon ki gwo anpil yo ka fè planin tou. Men yo dwe fè plis espò, epi chwazi yon metòd ki ale ak kò yo», dapre Danie Louissaint.

Planin pa la pou anpeche gwosès sèlman

Planin pèmèt fanm yo pi lib. Dapre OMS, posiblite pou yon fanm kontwole kilè ak konbyen fwa li vle ansent gen gwo konsekans sou sante li. An Ayiti, fanm ki gen mwens mwayen ekonomik yo gen anviwon 5.4 timoun. Planin pèmèt medam yo limite kantite timoun yo, sa ki ede yo diminye depans yo. Anpeche gwoses endezirab genyen yon enpak tou sou kantite fanm k ap mouri nan akouchman, osnon akoz yon gwoses. Sou chak 100 000 akouchman, gen 529 fanm ki mouri.

19% jenn fanm nan peyi Dayiti, ki gen laj 19 lane, deja gen yon pitit e 3% ansent premye pitit yo. Jenn fanm ki ansent twò bonè, dapre OMS, gen plis posibilite pou akouche avan lè. Sa gen yon enpak sou kantite ti bebe ki mouri avan laj 1 mwa osnon avan laj 1 lane. Nan peyi a, sou chak 1000 timoun, genyen 59 ki bwachat avan yo fete premye anivèsè yo.

19% jenn fanm 19 lane deja gen yon pitit EMMUS VI

Gen lòt avantaj nan planin toujou. Yon metòd tankou kapòt ede konbat maladi moun pran nan fè bagay.

Gen plizyè metòd

Metòd planin yo anpil. Gen sa pou pran nan bouch, gen lòt se piki, e gen metòd ki pa ni yonn ni lòt. Gen sa ki pi efikas e ki pi fasil pou itilize tandiske gen metòd ki mande pou moun nan fè plis atansyon. Genyen metòd kontrasepsyon ki fèt pou ijans. Pa egzanp « pilule du lendemain » ki se yon konprime fanm lan ka pran jiska 3 ou 5 jou apre yon relasyon seksèl san kapòt, pou anpeche li ansent.

Metòd ki pi fyab e pi fasil pou jere yo se « sterilet », epi « implant » tankou Jadelle pou mete anba po. Metòd definitif yo ki se « ligature des trompes » pou fanm epi « vasectomie » pou gason, pi efikas toujou. Kapòt, pou gason osnon pou fanm, ak konprime mande plis atansyon, paske yon move itilizasyon sifi pou yon gwosès mete pye.

Yon fanm ansent k ap bay pitit li tete gen anpil chans pou li pa ansent pandan peryòd sa a tou.

An Ayiti gen fanm ki bwè te pèsi pou yo pa ansent : li pa rekòmande.

Gen metòd planin ki pi tradisyonèl. Gen fanm ki itilize yon kalandriye. Li pèmèt yo evite gen relasyon seksyèl san pwoteksyon, nan entèval premye ak dènyè jou kote yo plis ka ansent nan. An Ayiti gen fanm ki bwè te pèsi tou. Men li pa rekòmande.

Pou gason yo, metòd tradisyonèl plis moun konnen an rele « coït interrompu ». Gason an pa dwe ejakile nan vajen patnè li a. Dapre OMS se yonn nan metòd ki mwens efikas ki genyen, anplis fristrasyon li ka kreye lakay patnè seksyèl yo.

Journaliste. Éditeur à AyiboPost. Juste un humain qui questionne ses origines, sa place, sa route et sa destination. Surtout sa destination.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *