SOCIÉTÉ

Zafè akouchman nan peyi Dayiti se malè pandye

0

Nan Leyogàn ak nan anpil lòt kote nan peyi Dayiti, anpil fanm mouri nan moman akouchman oubyen imedyatman apre sa. Yo pa rive jwenn asistans doktè ditou oubyen yo pa gen lajan yo mande nan lopital prive. 

Lokalite Makòm nan komin Leyogàn pa gen ni lopital, ni dispansè oswa sant sante. Moun ki ret nan zòn nan oblije ale lòt kote pou pran swen lasante. Nan zafè fè timoun, kèk  medam nan zòn nan deklare yo rankontre gwo pwoblèm.

Olyèt ap viv Makòm. Se yon jenn manman nan yon trantèn lane. Li fè konnen li pa janm ale lopital pou l akouche.  « M gen twa timoun, m pa janm akouche lopital paske m pè sizo. Fanmi m konn rele matwòn sèlman si m pa  ka delivre». Se konsa Olyèt jistifye rezon ki fè li pa janm akouche lopital. Nan pale plis ak madanm nan, nou dekouvri gen yon ti pwoblèm lajan ki egziste anba anba ki fè li pa akouche nan sèvis matènite ki la pou sa a.

Nan vil Leyogàn gen anpil fanm ki pa gen ase mwayen pou ale nan kèk lopital prive kote pri akouchman yo varye ant 10 000 goud (kouch nòmal)  ak 30 000 goud (pou sezaryèn). Lè lopital Medsen Sanfwontyè te nan komin nan, fanm yo te rive soulaje paske akouchman yo te gratis. Òganizasyon an te tabli nan Leyogàn an 2010, men l te vin  kite nan lane 2015.

Nan lane 2017, madan prezidan an, Martine Moïse ak minis sante piblik la Marie Greta Roy Clément, te inogire yon sant SONUB (soins néonataux-obstétricaux d’urgence) nan Leyogàn. Sant sa a pa aksesib pou fanm Makòm yo ki deklare yo oblije kouri yon bann kilomèt pou ale nan sant la a kote se moto ak machin ki transpòte machandiz ki pi souvan pase nan wout  la.

Fè pitit an Ayiti se yon malè pandye

Daprè rapò  EMMUS VI la (Enquête Mortalité, Morbidité et Utilisations des Services) ki reyalize nan lane 2016 ak 2017 sou chak 100 000 akouchman gen 529 fanm ki mouri. Si se rezon ensekirite ki lakoz yon fanm mouri pandan ou aprè akouchman, li pa p konte nan 529 la. Fòk danje a lye ak akouchman pou yo konte l nan kantite moun ki ap mouri avan oswa aprè akouchman.

Gen plizyè rezon ki lakoz fanm mouri lè y ap bay lavi nan peyi a. EMMUS VI la a montre sou chak 100 fanm ki ap akouche se sèlman 42 ki jwenn asistans pèsonèl kalifye (doktè, enfimyè oswa fanm saj). Gen sèlman 39% akouchman ki fèt nan yon etablisman sante. Lè akouchman an fèt ak asistans pèsonèl kalifye nan etablisman sante ki la a pou sa, gen mwens danje sou lavi fanm nan ak timoun nan paske si gen konplikasyon gen mwayen pou espesyalis yo aji.

Youn nan rezon ki lakoz lanmò pandan ou aprè akouchman se paske medam yo pa ale lopital pandan peryòd gwosès yo. Rapò EMMUS  VI la a montre plis fanm nan pa rive lwen lekòl ak plis li granmoun, se plis li pa bay swen doktè  yo enpòtans pandan l ansent.  Gen plis fanm nan zòn andeyò ki mouri nan akouchman pase fanm k ap viv nan vil yo.

Youn nan rezon ki lakoz lanmò pandan ou aprè akouchman se paske medam yo pa ale lopital pandan peryòd gwosès yo.

Lopital la se youn, gen kesyon distans sant sante/lopital yo ak kote medam yo abite a ki enpòtan pou kenbe. Lè nou konnen gwo difikilte ki genyen nan zafè anbilans nan peyi a, nou ka imajine nan ki traka yon fanm ka ye lè li gen tranche.

Pwoblèm distans nan koze akouchman

Natacha, yon lòt manman nan lokalite Makòm te fè fas ak pwoblèm distans la nan akouchman dènye pitit li ki poko gen yon mwa. Natacha te konn suiv kay doktè lè li te ansent, li te swete akouche lopital, poutan sa a pa t rive fèt. « M te gen tranche vè minui. Aprè anpil demach pou jwenn machin pou m al nan sant matènite a, mwen finalman rive akouche lakay mwen a 2zè nan maten», se konsa Natacha regrèt sa ki pase a.  

Anplis tout difikilte sa yo, gen kondisyon malouk sèvis matènite nan lopital piblik yo ki souvan pouse do medam yo. Se sa ki ta lakoz anpil enstitisyon prive ap taye banda sou yo.

Lopital Saint-Damien Nos Petits  frères et sœurs ap bay popilasyon Taba a ak lòt zòn ki kote l yo sèvis depi an 2010, aprè tranblemann tè a. « Lopital la te jis vini pou rezoud ijans nan yon peryòd kriz, men nou vin wè zòn nan bezwen sèvis nou, nou oblije rete », se pawòl Inolson Davilmar direktè sèvis matènite nan lopital la.

Menmsi lopital sa a vle ede anpil fanm ansent, kapasite pou l resevwa yo pa anpil ditou. « Nou gen yon chanm akouchman ki gen 5 kabann ak yon chanm patoloji ki gen 10 kabann sèlman. Nou pa ka resevwa tout moun paske nou pa ka mete pasyan yo atè. Si yon pasyan pa gen ijans nou egzamine l nan chanm patoloji a epi nou transfere l bay yon lòt lopital, si gen ijans nou fè l pase nan sal akouchman menmsi li pa t konn suiv nan lopital la pandan peryòd gwosès la. » Nan lopital Petifrèzesè pri pou yon kouch nòmal se 5 000 goud, medam yo peye 10 000 pou sezaryèn. 

Lè yon fanm mouri nan akouchman se dwa lavi li ki vyole

Lasante se youn nan dwa fondamantal ki ekziste pou tout moun. Se yon dwa ki konsakre nan konstitisyon Òganizasyon Mondyal pou Lasante. Amelyorasyon sante matènèl, se youn nan uit (8)  objektif milenè pou Devlopman Nasyonzini te adopte nan lane 2000.

Lasante se youn nan dwa fondamantal ki ekziste pou tout moun.

Chak fwa yon fanm mouri nan akouchman se dwa li genyen pou li viv ki vyole. Nan twazyèm atik li, Deklarasyon Inivèsèl dwa moun yo trete dwa moun genyen pou yo viv. Menm dwa sa a konsakre nan yon lòt enstriman jiridik Ayiti ratifye ki se Pak entènasyonal ki gen pou wè ak dwa sivil ak politik yo. Pou kote pa l, Konstitisyon 1987 la ki amande nan lane 2011 pwoteje dwa moun genyen pou yo gen lavi. Si kondisyon swen lasante yo ta rive amelyore mwens fanm ap mouri pandan y ap bay lavi paske se pa tout ki gen mwayen pou al akouche nan peyi etranje.

Commentaires

Laura Louis
Je prends plaisir à vous informer.

    Livres en Folie ralentit la circulation et invite à penser

    Previous article

    Dépression, suicides… les troubles mentaux tuent en Haïti

    Next article

    Comments

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost