CoronavirusSOCIÉTÉ

Tout prekosyon ou dwe pran ak te amwaz

0

Tou depan dòz la, te amwaz ka koze anpil pwoblèm sitou pou moun ki dyabetik osnon fanm ansent

Depi lè Kovid-19 la deklare a, lemonn antye ap chèche yon remèd osnon yon vaksen kont li. Peyi ki gen gwo kilti medsin tradisyonèl yo te deja repoze yo sou te fèy. Pa egzanp, an Ayiti, anpil moun te kòmanse bwè te jenjanm pi souvan.

Se konsa peyi Madagascar avèti – san pa gen gwo rechèch syantifik ki konfime l – li dekouvri yon remèd ki ta sanble mache kont maladi a. Li rele li Covid Organics. Remed sa fèt ak yon plant ki rele amwaz, yo melanje ak kèk lòt plant.

Plant amwaz la egziste an Ayiti tou. Genyen plizyè varyete. Li itilize nan anpil resèt ak anpil tretman tradisyonèl. Men depi anons Madagascar la, plis moun kòmanse bwè l chak jou pou fè prevansyon kont Kovid-19 la.

Men amwaz la se yon plant ki ka gen anpil efè segondè endezirab sou moun ki pran l, si li pa pran prekosyon.

Li ka bay gwo pwoblèm

Charles Jean Max se yon animatè radyo. Li prezante yon emisyon mizik varyete sou radyo Tètatèt, nan vil Senmak. Li se yon moun ki abitye bwè te anpil, sitou paske li te bezwen fè dayèt. Amwaz se yonn nan te li te konn bwè. Men li konnen danje ki genyen ladan l.

«Manman m te konn fè te sa a, Charles Jean Max di. Se pou sa m te konnen m pa dwe pran anpil ladan l. Lè w bwè l li ka ba w tèt vire si li twòp. Twa grenn fèy ladan l sèlman sifi pou bay yon bon kantite. E li pa dwe bouyi, se dlo cho a pou vide sou li. Depi kèk jou tou m remake fèy la ra nan mache yo.»

Lè w bwè l li ka ba w tèt vire si li twòp.

Men tout moun pa genyen menm chans ak Max, ki te okouran li pa dwe pran twòp. Gen moun ki bwè amwaz nan sousi pou fè prevansyon kont Kovid-19 la ki fè move eksperyans. Daniella se yonn ladan yo. « Mwen fin bwè l epi lamenm règ mwen vini alòske li poko te lè pou li rive», se sa jenn fi sila a di.

Li tou: Produits naturels pour booster votre système immunitaire, selon des experts

Kanta Ryan Leconte, li temwen kijan te amwaz manke touye 2 zanmi l, yonn ki gen 26 zan  ak yon lòt ki genyen 33 zan konsa. «Y ap viv nan menm kay la. Gen yonn ki te bwè l san li poko manje. Senk minit apre li santi yon kranp nan vant li, epi dan li kòmanse sere. Se fòse li fòse pale pou li pa pi grav. »

Li kontinye pou l di : « Dezyèm nan li menm li te pran yon konprime avan paske li soufri dyabèt. Li vin santi preske menm sentom yo. »

Gen lòt temwanyaj ki fè kwè gen moun ki rann anpil san apre yo te fin bwè te a, e ta menm rive mouri.

Yon kesyon dozaj

Patrick Jacques se medsen entènis. An menm tan tou li se medsen fèy. Li responsab seksyon ki jere koze medsin tradisyonèl nan Ministè sante piblik ak popilasyon.

Dapre li menm, tout bagay la se yon kesyon dozaj. Li di: « Se yon te ki fò anpil, moun nan pa sipoze bwè anpil ladan l ditou. Yon ti tas tou piti bon.».

Menm si poko gen okenn remèd ofisyèl kont kowonaviris la, medsen an dakò amwaz la ka ede ni nan prevansyon ni nan tretman sentom Kovid-19 la. Men prekosyon yo nesesè.

Ou ka li tou: «Ma mère est morte aux États-Unis. Toute ma famille vivait de ses transferts d’argent.»

Patrick Jacques di: « Si yon moun ta deside bwè amwaz avan li santi yon sentom li pa ka pran l pou plis pase 7 jou, e si li gen sentom yo menm li pa dwe depase 14 jou. »

Se sa Euvonie Georges Auguste konseye tou. Li se manbo. Li konn itilize amwaz anpil. «Li dwe byen doze vrèman. Si ou mal itilize l, li ka kraze ren, fwa ak pankreya ou. Se pou sa nou menm lè n pral fè tretman ak amwaz la, nou pa kite l seche nan solèy. Nou pito kite li evapore, paske li genyen yon pwazon ladan l tou. Se pwazon sa ki ka bay pwoblèm nan. »

Se pa sèlman dozaj la ki ka poze pwoblèm pou amwaz la. Doktè Patrick Jacques konfime li bay dyabetik yo pwoblèm, menmjan ak lòt kategori moun ki vilnerab. « Fanm ansent ak timoun piti pa dwe bwè te sa a. Si w fè H-Pylori, li ka fè w wè san lè w al nan twalèt, paske li tavay anpil sou sistèm dijestif yon moun.»

Se yon plant ki ka bese sik ou, li bese tansyon w, fè w vin frèt osnon ap transpire, epi tranble.

Li kontinye pou l di : « Se yon plant ki ka bese sik ou, li bese tansyon w, fè w vin frèt osnon ap transpire, epi tranble. Se vre li bon pou entesten yo men pa egzanp si se apre w bwè l ou manje li ka mete w atè. Tou depan lòt pwoblèm yon moun genyen, li ka fè l plede vomi. »

Poko gen rechèch syantifik ki fèt nan laboratwa ak gwoup kontwòl ki pwouve amwaz geri moun kont kowonaviris. Men etid yo fè sou divès kalite varyant plant sa montre li gen pwopriyete kont maladi malarya, kont kèk bakteri epi li se yon anti-oksidan. Dayè, gen gwo deba k ap fèt an Afrik pou itilize l pito nan batay kont malarya pliske li pa chè, li pa mande pou pase nan laboratwa epi li disponib.

Yon plant tradisyonèl

Dapre Euvonie Georges Auguste, amwaz gen yon tradisyon long nan kilti nou. Sa gen lontan gerisè, ougan ak manbo ap fè remèd avèk li.

Men, nan relijyon vodou a, genyen rityèl pou respekte chak fwa ou pral sèvi ak amwaz. Li di: « Avan nou itilize l pou yon bagay, nou pale avèl. Nou di l men poukisa nou pral itilize l. Epi vodouyizan pa plante amwaz menmjan ak tout moun. Lè n ap plante l nou chaje l. Chaje a vle di nou plante l yon fason pou li resevwa enèji epi bay enèji tou. »

Li anfen: Les assiettes en « styrofoam » deviennent rares en Haïti pendant la pandémie

Manbo a di amwaz se yon plant ki la pou fè baryè pou yon seri maladi. Se pou sa nan vodou a yo rele stil plant sa yo Gad. « Se yon fèy paspatou li ye. Nou lave kay ak amwaz, nou benyen avè l, nou fè tretman avè l tou. Anplis amwaz la bon pou moun ki gen gwo doulè règ. San konte li konbat maladi nan stil malarya.»

Menmjan ak Patrick Jacques, Euvonie Georges Auguste di plant sa a pouse marengwen depi li nan yon zòn. Men kontrèman a doktè a, manbo a panse moun pa ta dwe bwè amwaz toutotan li pa santi souf li kout, si se nan kad kowonaviris l ap bwè l.

Pou yon rekonesans ?

Nan premye moman peyi Madagascar te deklare li gen yon tretman pou Kovid-19 la, OMS ki se òganizasyon mondyal lasante te deklare pa gen okenn prèv syantifik pou efikasite remèd sa a.

Nan yon antrevi li te bay Radio France Internationale (RFI), prezidan Madagascar la, Andry Rajoelina, te fè konprann gwo peyi yo refize aksepte remèd la paske se yon ti peyi ki vini avè l. Dapre li menm sa pa t ale nan enterè gran gwoup k ap kreye medikaman yo.

Sa gen kèk jou, Oganizasyon mondyal lasante fè konnen li pral travay mendanlamen ak peyi Madagascar pou gade efikasite medikaman peyi sila a.

Apre yon apèl videyo prezidan Jovenel Moïse te genyen ak prezidan peyi sila a, de chèf leta yo konfime yon koperasyon ant de peyi yo.

Madagascar pran angajaman voye nan peyi Dayiti yon kantite medikaman Covid organics, menmjan li deja fè pou kèk lòt peyi sou kontinan afriken an.

Jameson Francisque

Journaliste. Éditeur à AyiboPost. Juste un humain qui questionne ses origines, sa place, sa route et sa destination. Surtout sa destination.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *