SOCIÉTÉ

Timoun ki pale kreyòl kontinye ap pase move moman nan lekòl Ayiti

0

Lekòl sipoze fèt nan lang kreyòl, dapre lengwis Michel DeGraff

Lire cet article en français

Lekòl kongreganis frè Sakre Kè yo fè pati lekòl kote elèv yo a pa gen dwa pale kreyòl. Pou timoun yo pale, se nan lang franse yo dwe fè sa.

Jean Louis Guetsie se yon ansyen elèv kolèj Sakre Kè Jivena. Jenn fi sila fè konnen pinga sa a nan lekòl la toujou. Responsab yo raple paran yo li chak tan gen reyinyon ak yo.

« Yo te konn mande manman m pou l pa pale kreyòl ak mwen lè nou lakay nou. Se pou li pale franse ak mwen pito. Men sa pa t janm fèt vre paske manman m pa t gen chans fè gwo klas lekòl ».

Li tou: Le parcours parsemé de discriminations du créole dans les médias en Haïti

Pou kèk espesyalis, Ayiti pratike sa yo rele yon diglosi. Sa vle di genyen de (2) lang k ap evolye kotakot, men yo chak gen pwòp estasti sosyopolitik pa yo. Yon lòt mannyè pou di kreyòl ak franse pa egal ego. Sa lakoz anpil diskiminasyon epitou li gen gwo konsekans sou aprantisay elèv yo, toujou selon analiz espesyalis sa yo.

Lè elèv yo pale kreyòl oswa pale franse mawon nan kèk lekòl, yo imilye yo nan mitan moun. Gen yon ansyen pratik ki rele jeton kèk lekòl itilize toujou. Jean-Charles Kimberly, yon elèv nan klas NS4 nan kolèj Sen Lwi Boudon esplike : « jeton an se yon moso katon ki plastifye epitou ki make, m pa gen dwa pale kreyòl nan klas la (nan lang franse) ».

Kimberly kontinye pou di, « m te ka nan setyèm oswa uityèm ane konsa lè yo te wete jeton an. Li pa t twò gwo. Sa te pèmèt nou te ka sere l nan pòch nou pou lòt elèv pa konnen si se nan men nou li ye pandan n ap siveye kilès pami yo ki pale kreyòl pou n ba li l. Moun li rete nan men l lè lekòl la lage a ap gen tèks pou l etidye ».

Jeton lawont

Jeton kolèj Jivena pi gwo. Lè yo jwenn yon elèv ap pale kreyòl, yo kwoke l nan kou elèv sa a ki pa gen kenn dwa pou li wete l. Mete sou sa, moun pa bezwen pale kreyòl senpman pou w pran jeton. « Jeton an la tou pou elèv ki pale franse mawon yo tou. Sa vle di ki fè fot gramè nan lang lan ».

Jennen kou l ta ka jennen, jeton an genyen moun ki defann li. « Lekòl nou an trileng. Nou pale franse, angle ak kreyòl ladan », se pawòl Jean-Charles anvan l defann tou lekòl li kolèj Sen Lwi Boudon ki, pou li, pa voye lang kreyòl la jete. O kontrè, tou lè twa (3) lang yo nan menm nivo. Sof ke, « responsab yo mande nou pale lang kreyòl lan mwens poutèt li se lang manman nou, kidonk nou konnen l ase pou n pa blije ap pale l tout tan. Pandan bò kote pa yo lang franse ak angle se de (2) lang entènasyonal n ap gen pi plis chans itilize nan lòt peyi si pa egzanp nou ta rive jwenn yon bous ».

Michel DeGraff se lengwis epitou pwofesè nan Massachusetts Institute of Technology (MIT). Li deklare «  jeton an se baboukèt pou lang kreyòl la ». Li se yon tradisyon ki pi danjere pase sa l ta ka kite nou wè, poutèt l ap chache kopye menm chema kolon blan ki te konn ap sèvi ak lang franse pou fè sila yo ki te konn pale kreyòl yo kwè yo pa moun, ni tou lang yo an pa yon lang.

Jeton yo itilize nan edikasyon « ap chache kraze lespri timoun nou yo depi yo piti jouk li rive chita lakay yo yon gwo konplèks sikolojik ».

Li tou: La Salvadorienne, le créole et la nécessité de relier Haïti à l’Amérique latine

Pifò moun nan popilasyon an ki ale lekòl pa pale franse byen. Se yon sitiyasyon pil prejije sa yo sou lang kreyòl la kapab ride nou esplike byen. Kèk rechèch syantifik moutre timoun lan aprann pi byen nan lang manman l. « Kit se matyè yo aprann nan lekòl yo, kit se lang lòt peyi yo », pwofesè DeGraff presize.

Nan peyi Fenlann ak Nòvèj pa egzanp, ansèyman fèt nan lang nasyonal. « Fenlann pa menm gen sis (6) milyon moun ki pale finwa tandiske yo gen douz (12) milyon ki pale kreyòl. Malgre ti ponyen moun ki pale finwa, sistèm fenlann se youn nan sistèm ki pi pèfòman nan lemonn. Sitwayen peyi sa yo pa gen okenn pwoblèm pou yo aprann lang komèsyal tankou angle ».

Gen yon gwo diferans ant aprann yon lang epi aprann nan yon lang. Nan peyi tankou Lafrans, « timoun yo aprann angle, men yo pa fòse timoun yo aprann ann angle, epi yo pa ba bay timoun nan peyi Lafrans jeton lè y ap pale franse sou ban lekòl », yonn nan fondatè MIT-Ayiti a kontinye pou di.

Pale fransè oubyen pe bouch ou

Nan kolèj Kanado Ayisyen, fòk ou pale franse si w vle pran lapawòl nan kèk kou tankou matematik ak fizik. Sa lakoz anpil elèv blije rete an silans menm lè yo pa konprann yon bagay nan yon kou.

Fabrice Dorcéna ki nan nevyèm ane rekonèt gen pwofesè ki konn aksepte w pale kreyòl. Menm jan tou genyen ki prèske pa janm dakò.

Dayè tou lekòl Kanado mete koze lang nan sa ki gen awè ak kòd disiplin lekòl la. « Se konsa depi yon elèv koumanse gen pi piti pase 60 pwen sou 100 pou disiplin, Dorcéna esplike li ka koumanse pè tou paske li riske deyò nan fen ane a menm lè li ta fè bèl mwayèn ».

Dènye refòm kourikouloum nan Ministè Edikasyon Nasyonal la parèt an desanm 2020 ki sot pase a. Dokiman sa mande pou kreyòl la pa sèvi kòm zouti pou aprann ankò apre klas senkyèm ane.

Poutan, pifò pwofesè yo pale kreyòl epitou t ap pi alèz pou yo aprann elèv yo nan lang sa. Se rezon ki lakoz Michel DeGraff idantifye kourikouloum sila tankòm yon « resèt pou echèk ke yon konsiltan k ap travay pou Leta franse li menm prepare ». Dokiman sa mete kanpe yon baryè lengwistik ki tounen yon fwèt pou tout elèv ki fè lide yo pase pi byen nan lang kreyòl.

Se vre jeton an se yon katon, men li lou anpil. Guetsie Jn Louis sonje sa byen. Si elèv ki gen jeton an vle deplase, li sipoze fè sa ak jeton an nan kou l, anba je tout lòt timoun yo ki konn ap lonje dwèt sou li, ou ta di se yon krim li fè epi li jwenn pinisyon l. « Oh regarde, l’enfant a parlé créole ! » Nan tèt pa w se kouwè yo te di, « gade, li vòlè yon bagay ! »

Anbyans sa oblije timoun lan wont lè l pale pwòp lang manman l. Gen nan yo ki konn pito rete nan plas yo, yo pa soti achte nan rekreyasyon ni al kenn lòt kote depi yo gen jeton an. « Pou yo pa tande yo k ap pale kreyòl epi rete sou kote, sa vin wete tout tantativ pale kreyòl nan klas yo oswa sou lakou lekòl la bò kote elèv yo ».

Ou ka li: Les musiciens du compas maltraitent énormément le créole

Elèv sa yo vin gen yon jan yo wè kreyòl la ki suiv yo rive jouk lakay yo. Jean Louis Guetsie ki te lekòl Jivena soti premye ane fondamantal pou rive filo rekonèt li te fini pa tounen yon pwodui moun ki t ap fòme li yo. « M te konn gade elèv bò lakay mwen yo ki te konn pale kreyòl sou kote », li konfye.

Pou rezoud pwoblèm sila, Michel DeGraff fè kwè solisyon an senp. Se pou ledikasyon fèt nan lang manman si tout bon Ayiti vle « jwi pwogrè syantifik ak aplikasyon li yo » jan atik 15 nan Konvansyon entènasyonal ki gen awè ak dwa ekonomik, sosyal ak kiltirèl yo mande sa.

Ki jan elèv yo ap ka jwenn ledikasyon jan sa dwe ye lè yon bon pati nan pwodiksyon entelektyèl peyi a pa pwodui oswa tradui nan lang kreyòl? Sa n a di tou de travay ki rete pou fèt nan lang kreyòl la li menm menm, pou esprime yon seri konsèp epi pèmèt moun ki vle pwodui an kreyòl yo jwenn bon jan dokiman ki reponn ak estanda nòm yo pou gide travay yo?

Akademi kreyòl ak sistèm edikasyon an dwe jwe wòl yo paske gen anpil travay ki rete pou fèt toujou.

Foto kouvèti: Bank mondyal

Rebecca Bruny est journaliste à AyiboPost. Passionnée d’écriture, elle a été première lauréate du concours littéraire national organisé par la Société Haïtienne d’Aide aux Aveugles (SHAA) en 2017. Diplômée en journalisme en 2020, Bruny a été première lauréate de sa promotion. Elle est étudiante en philosophie à l'Ecole normale supérieure de l’Université d’État d’Haïti

    Comments