Yon vandredi mwa desanm 2017, etan m te kanpe nan liy yon bank nan kapital la, yon gwo televizyon figi plat ki te kwoke anlè dèyè kesye yo t ap pase an dirèk antèman ou, Manno. La a, sou channmas ki pa sanble ak anyen depi tranblemann tè a, ansyen Majistra, figi Pòtoprens vin pi malouk.
Yo t ap fè lwanj pou ou ki se yon ikòn, yon mèt, yon vwa ki t ap chante pou peyi a, sou peyi. Ou menm ki te toujou jwenn mo senp pou atikile reyalite a ak de twa akò gita. Ou menm ki t ap goumen kont diktati. Ou menm ki… ou menm ki te… ala yon bagay sa a se lanmò !
Tousuit, m sonje m te rankontre w yon fwa epi san reflechi ou te banm otorizasyon pou m adapte tèks mizik ou yo nan yon kreyasyon teyatral. M te gen kesyon pou ou men, mwen p ap janm jwenn ou pou reponn yo.
Malgre admirasyon m pou travay ou, m pa t ka anpeche m mande tèt mwen ki plas fanm gen nan kreyasyon ou yo. « Manman se ou k fè yon peyi, ou nan la patri », Poukisa apa chante pou manman, m pa t santi nan zèv ou yo, fanm kòm yon aktè k ap batay sou tout teren? Paske nou tout pa manman e nou se moun ki vle viv kou moun, ki dwe viv byen.
Ou te di « ann fè yon sosyete kote mo divize kouri vole san n pa bezwen di bare ». Poutan, se nan fouye chache pou m jwenn plizoumwen de grenn fraz ki pran ka m kòm Fanm-moun-sijè ki ka reflechi epi travay sou pwojè byennèt pou tout moun nan. « Gende pwoblèm nèg yo pa vle soulve, fanm yo ki pou libere pou yo kapab ede».
Jou yo t ap ba w dènye ochan an, m pa konn si m t ap kriye pou ou Manno ki ale de fwa : yon fwa paske ou te kite peyi a al natiralize, dezyèm fwa paske ou mouri. Èske se paske yo rapatriye kò w vini nan flanm solèy yon peyi krabinen e ki toujou chaje « Lamayòt »? Èske se paske se modèl moun ou t ap denonse nan Leta yo menm ki t ap chante kantamwa sou kadav ou? Èske se paske anvan ou mouri ou te nan tete lang ak yo? Èske se paske ou gen responsablite w tou kòm Ansyen otorite-militan? Èske se paske ou mouri san w pa wè espektak m te di m tap fè ak zèv ou yo? Jou sa m te tris epi ankòlè.
Manno, a 69 lane ou fè vwèl pou peyi san chapo. Ane sila a, e menm jou 22 desanm yo t ap chante antèman w lan te fè m 30 rekòt kafe. Menm jan ak Lobo, mwen t ap mande tèt mwen sa lajenès reprezante. Tankou ou menm, lide m te sou lòt bò dlo. Tankou tout moun ki rive gen 30 lane epi reyalite lavi isit kraponnen, mwen t ap fè yon kraze kite sa e menm te gentan gen « le mal du pays ».
Travay sou espektak ak mizik ou yo te pòtre yon terapi pou mwen. Sa te tanmen jèmen nan mwen flanm batay ke 6-7 jiyè 2018 ta pral vante. M p ap kache w Manno, m te kontan santi pèp la p ap dòmi, kontan tande li k ap mande Leta kont sou lajan k ap gaspiye nan pwojè ki pa ateri. Kontan paske y ap mande jistis pou masak yo « simityè plen moun se pa bondye ki touye yo »!
Se nan mitan touman ak latwoublay sila yo m te reyini ak Vanessa Jeudi, Nehemie Bastien, Pascale Registre, Charline Jean Gilles ak Banacheca Pierre, yon dal nègès ki konn chante, jwe, ekri, pou n reflechi ansanm yon mannyè pou nou te reyapwopriye n travay atizay ou yo. Fè yo rezone nan vwa pa nou pou jenerasyon nou an tande, konnen, konprann kisa ki te fèt, kisa ki pou fèt, kisa ki pa t janm fèt. Sa ki difisil ak yon jenès ki pa angaje l e se pa jodi a non Manno si m ap site apre w: « Nou pa t fòme jenerasyon ki pou jodi ta ka tounen boukan… devan l’Artibonite rouge du sang de nos frères, tu te dis pacifique, tu te dis apolitique mon frère? ».
Se nan dout, enkyetid ak nan tatonnen, 6 jenn fanm t ap retrase nan zèv ou yo wout batay pou lavi, yo t ap mande « Limyè », yo t ap mande métrès Ezili padon, bagay la melanje. « Lè pèp ki nan di pran fizi konnen li bouke ».
Yon 10 desanm, lè nouvèl lanmò ou vin jwenn mwen, mwen te plede panse ak ou byen vivan ak yon gita pandye sou kè w. Yon pawòl piman bouk nan mizik « la fimen ». Manno, m rete kwè « jou pèp sa a fè yon tèt kole sa va mache ».
Nègès Dayiva
Comments