SOCIÉTÉ

An Ayiti, tè ajil gen anpil itilite

0

Yo fè kanari oubyen savon ak li. Gen kèk moun ki melanje l ak bè, dlo epi sèl pou fè tablèt

Didine se non jwèt yon jèn fi 21 lane. Li gen yon pitit ki apèn gen 2 zan. Tablèt tè se yon bagay Didine di li renmen manje depi lontan. « M paka pase 2 jou san mw pa manje l », se konsa li eksplike.

Jèn fi sa fè konnen li ap manje biswit tè depi lè l te gen 18 lane. Pi lwen, li fè konnen li souvan manje l pou grangrou. Konsa tou, gen moun ki pran plezi manje l pou tèt gou l.

Antoinette Saintelus se yon enfimyè ki te konn abitye manje tè. « Mwen p ap chèche l men depi m jwenn li mw pa kwè m ap ka reziste pou m pa manje l », sa se pawòl profesyonèl sante a ki poko kapab pran yon desizyon final ak koze manje tè sila a.

Gason kou fi manje tè an Ayiti. Fanm ansent yo konsome l anpil tou. Se yon pwodui ki ekspoze pou vann nan prèske tout mache nan kapital la.

Se pa yon pwodwi moun kapab dijere

Selon sa Antoinette Saintelus fè nou konnen se pa tout moun biswit tè a fè byen. Gen moun ki manje tè a ki rive gen gwo doulè nan vant aprè. Gen lòt menm ki vomi touswit aprè li fin konsome l.

« Tablèt tè moun yo rive fè pou manje a pa yon pwodui moun kapab dijere », se sa Raphaël Alan ki se yon chirijyen lopital jeneral fè konnen. Li kontinye pou l eksplike, aparèy dijestif moun pa gen pyès anzim (enzyme) ki pèmèt moun dijere biswit tè a. »

Li tou: Voici pourquoi le pays ne peut pas nourrir tous les Haïtiens

« Se sa k fè, kòm moun pa rive fè dijesyon l, jan w manje l la se konsa w bay (twalèt) li », se toujou Alan k ap pale. Medsen an pa rive konfime manje tè a bay pyès maladi. Men li fè konnen pwodui a se yon sous mikwòb, soti depi kote moun yo ranmase tè a rive nan estad preparasyon l.

Agwonòm Reginald Vigile ki te entèveni sou sijè a fè konnen tè a pa gen okenn eleman nitritif li kapab pote. « Tè ajil la gen kèk pwopriyete ladan ki bon pou po. Se sa ki fè moun itilize l pou makiyaj, estetik. Men apre sodyòm ak kèk lòt eleman moun ka jwenn ladan, se pa anyen anplis li kapab pote nan kò moun ki rive manje l », se sa agwonòm Reginald Vigile di.

Agwonòm nan ale nan menm sans ak medsen an pou li fè konprann ògàn moun p ap dijere pwodui sa lè ou manje l. Men li admèt tou, gen moun ki pran plezi nan manje l akòz gou li.

Yon mwayen finansye

Jounen mèkredi 20 Novanm nan, pòtay Leyogàn pat twò kòdyòm ak labou epi salte. Se la nou te travèse pou nou ale bout nan mache Livana. Se nan rantre mache sa a nou rakontre ak Joslìn Dagen, yon dam ki nan 50 lane konsa ki gen yon laye devan l ki gen ladan l kòmès tè.

« Gwo mòso yo koute 15 goud, ti piti yo 10 goud », se sa l fè konnen. Nan menm laye sa a, gen plak tè ki kase ki vann nan pri 5 goud. Joslìn Dagen di li pa gen okenn ekspliksayon ak kisa yo fè pwodui li ap vann nan ni li pa konn kote li soti. « Se Kwabosal mw desann ale achte li pou m ka dezannouye m ak lavi. Mw pa konn anyen ankò », se konsa li eksplike.

Li tou: Droit et la sécurité alimentaire en Haïti

Nou te tou fè yon kout pye rive nan mache salomon ki pa twò lwen estad Silvyokatò. Nan mitan tout wololoy ki te gen nan mache sa a ak bri pwodui machann t ap rele pou vann, nou te rive wè Aslèn Chal ki t ap ranje komès li. Pami machandiz li yo, yon ti laye ki gen tè.

Esplikasyon li yo pa depaman ak sa Joslin Dagen te di nou. Li achte l nan lide pou li fè biznis ak fè ti lavant ki ap sèvi l pou l pran swen tèt li ak fanmi l. Se kwabosal li di li achte l tou pou vann li an detay nan mache Salomon.

Ki bò pwodui sa soti

Tablèt la fèt ak poud tè ajil melanje ak bè, dlo epi sèl. Selon agwonòm Vigile, moun eksplwate tè sa a anpil nan depatman lwès, sitou nan zòn Kabarè ak Akayè.

Gen yon ansyen machann tè ki rakonte nou tou, ajil ki fè pwodui sa soti nan depatman Sant ak nan Nò.  « Lè m te an pwovens Mayisad, se kòmès sa m te konn fè. Mw te konn desann ale vann yo Ench ak nan vil Sen Michèl De Latalay. Se zòn sa yo ki konn fè l epi simaye l nan peyi a».

Ansyen machann lan ajoute pou li di, nan depatman Nò, gen yon zòn ki rele Piyon. Se la anpil tè ajil ki fè pwodui a soti. « Men, gen kèk zòn se nan gwòt yo moun yo rantre fouye pou jwenn tè sa a ».

Gen moun ki achte ajil la pou yo fè savon. Yo fè kanari pou kenbe dlo fre ak matyè sa a nan kèk zòn pwovens. Moun k ap fè po pou moun mete flè yo souvan itilize l tou nan kad travay yo.

Journaliste à AyiboPost. Communicateur social. Je suis un passionnné de l'histoire, plus particulièrement celle d'Haïti. Ma plume reste à votre disposition puisque je pratique le journalisme pour le rendre utile à la communauté.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *