CULTURESOCIÉTÉ

Rezososyo ap demantibile lang kreyòl la. An menm tan, se yon bèl opòtinite.

0

Mwa oktòb sa se mwa lang ak kilti kreyòl. Anpil Ayisyen itilize lang sa a pou kominike sou entènèt, sitou sou rezososyal yo. Sa genyen konsekans pozitif sou lang nan, men sa poze pwoblèm tou

Nan peyi Dayiti, mwens pase 35% moun ap itilize entènèt apati telefòn yo. Si nou baze sou dènye estimasyon IHSI yo (Institut haïtien de statistiques et d’informatique), ki di peyi a genyen anviwon 10 911 819 moun k ap viv ladan l, pousantaj sa reprezante plis pase 3 600 000 moun.

Anpil nan moun sila yo itilize rezososyo tankou Facebook, Instagram, Twitter. Dapre obsèvasyon, majorite Ayisyen k ap pibliye mesaj sou rezososyo sa yo ekri li an kreyòl.

Dapre Pierre Michel Chéry, yon manm Akademi Kreyòl Ayisyen an, li nòmal pou pifò Ayisyen pale kreyòl sou entènèt. Li di: «Anpil moun pa genyen konpetans sa mande pou ekri an franse. Menm si yo pa toujou genyen konpetans pou ekri an kreyòl nonplis, yo oblije chwazi lang yo pi alèz ak li a. »

Li tou : Kisa ki kreyolofoni?

Men, menmsi pifò mesaj sou entènèt itilize lang kreyòl la, òtograf ak respè tout règ lang nan pa toujou prezan. Pierre Michel Chéry di: «Pèsonèlman mwen genyen anpil difikilte pou konprann sa ki ekri sou rezo yo, ki swadizan an kreyòl. Anpil fwa tout lang melanje, pa gen okenn respè pou òtograf, gramè ak fason pou mete pwen ak vigil nan fraz yo. »

Rezososyo yo, nan ka sa, reprezante yon menas pou lang kreyòl la. Anpil moun pa te janm aprann ekri kreyòl nan lekòl, e sila ki te aprann ni yo, anpil fwa pa metrize l.

Herby Glaude se pwofesè nan Fakilte Lengwistik Aplike. Li di : « Manke gen ansèyman nan lang kreyòl la, e se sa ki danje a. An jeneral, tout lang yo sibi move pratik sou rezososyal yo, paske moun k ap ekri a dwe fè ekonomi sa l ap di. Pafwa rezo a limite kantite sa li ka ekri. Men pou yon lang moun pa byen aprann lekòl, sa pi vizib. »

Tout bagay pa fin nwa nèt

Si genyen anpil moun k ap itilize lang kreyòl la sou entènèt, malgre difilkite yo genyen ak lang nan, rezososyo yo rete kanmenm yon gwo opòtinite pou kreyòl la. Se yon mwayen li genyen pou li avanse. « Rezososyo yo retire anpil konplèks lakay moun k ap itilize lang kreyòl la, paske se premye zouti yo genyen pou pale sou entènèt. E sa bon pou lang nan ». Se sa Pierre Michel Chéry deklare.

Anplis, dapre Herby Glaude, kreyòl la sèvi tankou yon mwayen pou Ayisyen ki pa nan peyi a idantifye yo. « Dyaspora a jwe yon gwo wòl nan itilizasyon kreyòl la sou rezososyal yo. Gen jenn moun ki pa fèt nan peyi a, ki pa t aprann lang nan men se fason sa yo genyen pou revandike idantite ayisyen yo. Sa pèmèt plis moun itilize kreyòl la, sa ki lakoz plis moun ka konnen l. »

Herby Glaude panse gen anpil inisyativ ki ka pran pou ede lang nan pwogrese sou entènèt pi byen. « Akademi Kreyòl Ayisyen an se yon zouti politik ki la pou fè pwomosyon pou lang kreyòl la. Li posib pou yo ta kreye kèk kou kreyòl, epi distribiye yo sou entènèt pou plis moun ka fòme [tèt] yo. Dayè, genyen moun ki vle aprann yon nouvo lang, se paske kilti peyi a enterese yo. Entènèt an jeneral, epi rezososyo yo, ap pèmèt sa pi byen. »

Yon bèl inisyativ

Sally Riché se yon jenn lengwis. Nan lane 2018, li kreye yon paj sou rezososyal Twitter, ki rele Detay Lakay. Paj sa a, depi anviwon yon lane, ap ede plis pase 5000 moun k ap suiv li yo aprann ekri kreyòl pi byen.

Dapre Sally Riché, genyen gwo amelyorasyon nan fason anpil moun ap ekri sou rezo sila a. Li deklare: « Mwen pa ka pale pou tout moun k ap suiv Detay Lakay yo, men mwen remake anpil pwogrè. Yon premye egzanp se nan sa ki gen pou wè ak apostwòf. Anpil moun ki te konn itilize apostwòf nan kreyòl la pa fè sa ankò.»

Li tou: Pou ki sa pou nou bay kreyolofoni an jarèt?

Sally Riché kontinye pou di : « Yon lòt egzanp kote moun k ap suiv Detay Lakay yo fè pwogrè, se nan itilizasyon « ui » nan plas « wi ». Mwen gen temwanyaj moun ki di se gras a paj la yo pa fè fot sila a ankò. Gen lòt moun ki toujou ekri mwen pou di gen fot yo te pral fè nan lang nan, men lè yo sonje paj la egziste, yo pran men yo.»

Dapre Sally Riché, rezososyal tankou Twitter se yon bèl mwayen pou ede moun aprann lang kreyòl la pi byen. Li di : « Se vre rezo yo ka bay pwoblèm paske anpil moun ekri san respè pou lang nan, e lòt moun k ap li mesaj sa yo ka imite jan de òtograf sila yo. Men zouti teknolojik sa se yon bon mwayen pou yo aprann. Menm si yon moun pa te anvi sa, yon sèl mesaj ki pase anba zye li sifi pou korije yon fot li konn abitye fè nan kreyòl la. »

Yon enstitisyon pou gide lang nan

Depi lane 2014, Leta ayisyen mete sou pye Akademi Kreyòl Ayisyen an. Se Konstitisyon 1987 la ki kreye enstitisyon sa a pou ede lang kreyòl la avanse. Se prezidan Michel Joseph Martelly ki siyen pou mete Akademi sila a kanpe. Dapre Jean Rony Beaucicault, ki se direktè kominikasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an, desizyon sila pa t fasil pou pran.

Li di : « Senatè ak depite yo te vote lwa a lontan. Prezidan pa te janm pibliye l. Men, yon ti tan apre, prezidan Michel Martelly vin nan difikilte politik. Li te genyen pou li chanje premye minis. Kèk militan pou lang kreyòl la pwofite okazyon sa a pou poze li kondisyon. Si li vle gen yon nouvo premye minis, li dwe pibliye lwa sou Akademi Kreyol Ayisyen an. »

4 Septanm 2019, 33 gason ak fanm nome kòm premye akademisyen kreyòl la. Genyen twa ladan yo ki mouri. Rachel Beauvoir, yonn nan akademisyen yo, mouri avan li rantre nan fonksyon li. Gen nouvo manb ki vin entegre enstitisyon an, ki pèmèt li ka fonksyone.

 Travay la pa piti

Akademi Kreyòl Ayisyen an se yon enstitisyon otonòm sa vle di li endepandan. Men bidjè pou li fonksyone depann de Leta ayisyen. Dapre Jean Rony Beaucicault, se ak anpil difikilte enstitisyon an rive travay. Li di: «Nou genyen yon bidjè 35 milyon goud konsa. Se ladan li lwaye Akademi an peye, anplwaye yo, epi resous pou fè biwo a fonksyone. Pa rete anpil pou òganize aktivite pwomosyon lang nan, ki se wòl Akademi an, menm si nou fè anpil efò kanmenm. »

Anpil moun twouve Akademi Kreyòl Ayisyen an pa regle anyen. Men dapre Jean Rony Beaucicault ak Pierre Michel Chéry, Akademi an genyen anpil pwojè nan tiwa osnon k ap prepare. Premye rezolisyon akademisyen yo te pran te konsène alfabè kreyòl la.

Pierre Michel Chéry di: «N ap travay sou yon vokabilè jiridik. N ap reflechi sou kijan tou pou nòmalize lang nan sa vle di jwenn mwayen estanda pou òtograf ak gramè. Nou vle deside sou kijan pou ekri chif, non vil yo, eksetera. Men yonn nan gwo chantye ki devan nou, se sa ki rele konsyans nan lang nan. Se pa paske w pale kreyòl ki fè ou gen konpetans ladan l. Ou pa ka di ni fè sa w vle. »

Li tou: Plas ak rapò lang kreyòl ak fransè nan sosyete a

Akademisyen an kontinye pou di : « Itilizasyon de osnon plizyè lang nan yon menm fraz pa egzanp, se yon danje. Paske anpil fwa, nan fraz la pa gen anpil mo kreyòl vre. Sa pral bay pwoblèm, si langaj sa itilize pou anonse move tan, pou pale ak popilasyon an eksetera. »

Desanm 2019 ap fè 5 lane depi Akademi Kreyòl Ayisyen an egziste. Jean Rony Beaucicault panse sa ap pran tan avan efè reyèl yo parèt nan fason Ayisyen ekri osnon pale. « Nou nan peryòd kote n ap dekonstwi sa ki nan tèt moun yo. Sa ap pran tan. Nou pa Akademi franse ki genyen anpil ane egzistans. Fòk moun yo pran pasyans ak Akademi an. »

 

Cet article a été édité le 28/10/2019 à 1h57 pm.

Journaliste. Éditeur à AyiboPost. Juste un humain qui questionne ses origines, sa place, sa route et sa destination. Surtout sa destination.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *