SOCIÉTÉ

Pwochen eleksyon yo an danje ? Fo kat idantifikasyon nasyonal anvayi Ayiti | Videyo

0

Nan Pòtoprens tankou nan pwovens, divès sitwayen ak raketè ap konfeksyone fo kat idantifikasyon nasyonal pou fasilite yo fè tranzakasyon lajan mobil sou Moncash, labank, elt. Pratik sa a s on malè pandye sou tèt tout moun paske pi fò enstitisyon yo pa otantifye kat yo avan yo fè tranzaksyon yo. Rete gade videyo sa a jis nan fen paske n pral di w plis sou pratik ilegal sa yo e risk li reprezante pou pwochen eleksyon nan peyi a

Nan mwa dawou 2025 lan AyiboPost pibliye yon ankèt ki revele genyen plizyè sitwayen san konte raketè k ap enprime fo kat idantite pou fè divès tranzaksyon tankou, resevwa transfè lajan ki sòti lòtbòdlo, jwenn sèvis labank oubyen resevwa lajan sou Moncash.

Nou te rapòte eksperyans yon sitwayen ki rele Isa Landy Auguste ki al viv Ozetazini kounyeya.  

Nan lane 2022, Auguste te dekouvri gen yon endividi ki kreye yon fo pwofil Facebook ak foto pa l pou mache mande lajan sou non l. 

Selon sa dam lan te fè AyiboPost konnen, raketè a te itilize yon fo kat idantifikasyon nasyonal ki te genyen ladan l enfòmasyon pèsonèl Isa Landy pou resevwa transfè lajan, prensipalman sou Moncash, nan men moun li te twonpe yo

Sepandan, gras ak kèk anketè an Ayiti ak Etazini, epi soutyen Seksyon Depatmantal Polis Jidisyè (SDPJ) a nan depatman Sant, yo te rive idantifye epi arete raketè a nan mwa me 2025 lan, selon sa yon anketè lapolis te fè AyiboPost konnen.

Pandan menm ankèt la, AyiboPost te rive pale ak Jean, ki gen yon ventèn lane, bandi te volè bous li ak tout kat idantite l ki te ladan l nan komin Kwadèboukè, nan lane 2022 a.  

Aprè plis pase yon lane ap mache dèyè dokiman esansyèl sa a nan Ofis nasyonal idantifikasyon (ONI) san rezilta, Jean te fè AyiboPost konnen li te pran desizyon fè yon fo kat idantite.

Pou sa te posib, li fè AyiboPost konnen li travay kat idantite a sou yon lojisyèl sou òdinatè l, ansuit li bay yon bon zanmi l ki t ap travay nan yon sibèkafe nan kapital la 1 000 goud pou enprime l pou li.

Selon sa Jean te ajoute, li reyisi fè plizyè tranzaksyon nan Moncash ak nan bank komèsyal yo nan Pòtoprens gras ak fo kat sa a.  

Sa pako anyen, paske nan lane 2023 a, menm Jean sa a fè yon lòt fo kat idantite pou yon zanmi l ki te gen kont monkach li bloke avèk 10 000 goud sou li. Apre plizyè demach ki pa t abouti nan enstitisyon Moncash pou l rekipere kòb la, zanmi sa a te sèvi finalman ak fo kat Jean te fè pou li a pou l debloke kont lan, epi rekipere lajan an.

Ka Jean an montre fason kèk moun itilize fo kat idantite pou fè tranzaksyon labank, transfè lajan, elt., san pwoblèm.

Se pa sèlman nan Pòtoprens ki gen pratik ilegal fè fo kat idantite a, paske AyiboPost rive dekouvri l nan Nò peyi a tou. 

Pou verifye sa, AyiboPost te tabli kontak ak yon raketè nan komin Kap Ayisyen, nan dat 5 dawou 2025 lan, pou tante fè yon fo kat. San sipriz, raketè a te aksepte travay la, epi mande jwenn enfòmasyon tankou : dat ak lye nesans, elt., pou l te fè kat la. Sepandan, jounalis la pa t finalize pwosesis la. 

N ap souliye, pratik fè fo kat idantite a ap deplòtonnen kò l nan yon kontèks ensekirite kote plizyè sitwayen pèdi lavi yo akoz yo pa t gen pyès idantite sa a, epi difikilte ONI pou reyenprime kat la nan yon delè ki kout lè l pèdi osnon detèryore. 

Nan kad ankèt sa a, AyiboPost pale ak yon responsab nan Ofis nasyonal idantifikasyon (ONI), yon enstitisyon ki plase pou founi lis elektoral k ap gen pou sèvi nan eleksyon peyi a, sou pratik fè fo kat la. 

Direktè teknik enstitisyon an, Reynaldo Camilus, rekonèt sikilasyon fo kat, sa l rele « Ti joslin » lan, nan peyi a. Selon sa l te fè AyiboPost konnen, plizyè sitwayen abitye pote plent sou ka kote gen raketè ki konfeksyone fo kat ak nimewo Idantifikasyon nasyonal inik (NINU) pa yo, yon nimewo ki t a dwe asosye ak yon sèl moun teknikman.

Avan n al pi lwen, n ap presize kat idantifikasyon nasyonal la gen yon pis elektwonik ladan l ki fasilite lekti done ki estoke sou li yo gras ak aparèy ki fèt pou sa. Men, n ap souliye pi fò bank osnon enstitisyon ki bay sèvis transfè nan peyi a pa itilize okenn aparèy teknolojik pou sètifye èske kat kliyan yo se orijinal oubyen fo. 

Sa vle di, si yon kriminel fè yon fo kat sou non nenpòt moun, gen anpil posiblite pou tranzaksyon an pase san pwoblèm jan egzanp nou pran pi wo yo montre sa. 

AyiboPost te kontakte, nan mwa jiyè ki sot pase a, sèvis Moncash konpayi telefoni mobil Digicel la konsènan temwànyaj retrè ki t a fèt ak fo kat yo. 

Yon responsab te fè AyiboPost konnen gen demach k ap fèt aktyèlman bò kote otorite ayisyen yo sou mizanplas zouti pou otantifikasyon kat yo, men li te di li paka bay plis detay pou rezon konfidansyalite.

Pratik fè fo kat sa a se yon gwo danje, nonsèlman ki ka favorize rakèt, men tou se yon malè pandye sou pwochen eleksyon k ap gen pou òganize an Ayiti yo. 

Nou pral esplike w poukisa talè.

Youn nan difikilte fo kat yo bay, selon sa direktè teknik enstitisyon an Reynaldo Camilus, fè ayiboPost konnen, se lè sitwayen yo ale nan sèvis imigrasyon an Ayiti pou fè oubyen reklame paspò. Se nan moman sa a yo dekouvri te gentan gen yon lòt moun ki t ap sèvi ak nimewo idantifikasyon inik yo a.

Pou fè fas ak pwoblèm sa a, responsab la esplike otorite yo mete yon espas sou platfòm anliy ki rele DELIDOC pou enstitisyon Leta yo, kote sitwayen yo kapab verifye kat yo, epi asire pa gen okenn pwoblèm ladan yo avan y al mande sèvis paspò a nan imigrasyon. 

Lòt detay enpòtan ankò, sèke ekriti ki nan fo kat sa yo fèt ak lojisyèl retouch foto tankou Adobe Photoshop, epi yo enprime ak lank.

Yon lòt gwo pwoblèm pratik fo kat yo ka bay, se posiblite pou moun itilize yo pou vote nan pwochen eleksyon k ap gen pou òganize nan peyi a, nan plas moun ki mouri deja oubyen ki vivan, e ki gen non yo figire sou lis elektoral la, selon sa kèk temwànyaj AyiboPost montre.

Si n fè yon ti koudèy nan listwa resan peyi a, nou ka wè kòman ka fwod yo toujou enpakte eleksyon epi mennen gwo kontestasyon.

N ap souliye nan sans sa a, premye tou dènye eleksyon prezidansyèl ki te fèt nan peyi a nan lane 2015 yo ki te oblije anile nan mwa jwen 2016 la, aprè anpil akizasyon ki t a fè kwè te gen anpil fwod ladan li, prensipalman ak « vòt zonbi », kote anpil bilten te atribye ak elektè ki pa retrasab oubyen ki te mouri deja.

Yon reyalite ki esprime yon tandans pi laj ki egziste depi plizyè dizèn lane nan peyi a kote plizyè eleksyon toujou konteste, epi pèdi nan lejitimite yo akoz yo sispèk gen manipilasyon ladan yo ak lòt fay estriktirèl ki genyen nan sistèm elektoral ayisyen an.

Si pa gen verifikasyon pou konnen si kat moun k ap vin vote yo otantik tout bon, gen posiblite pou move aktè ak konplisite moun ki nan pwosesis elektoral la tonbe fabrike anpil fo kat pou vote nan plas moun ki mouri deja oubyen ki pa t vin  patisipe nan eleksyon yo, dapre sa moun ki okouran sou pwosesis elektoral an Ayiti di AyiboPost. 

Kidonk, gen posiblite pou menm istwa fwod ak vòt zonbi yo repete paske nan dènye ane sa yo, gen plizyè milye moun ki mouri ki pa anrejistre oubyen siyale okenn kote, selon sa yon repòtaj AyiboPost te revele nan mwa jwen 2024.

Yon sitiyasyon ki lakoz gen yon bon kantite sitwayen ki mouri men non yo toujou sou lis elektoral la, nan yon peyi kote to patisipasyon nan eleksyon yo evalye ak anviwon 20 %. 

Nan lane 2023 a direktè Konsèy elektoral pwovizwa a nan epòk la, Max Délices, te fè AyiboPost konnen li swete gen yon odit ki fèt oubyen pirifye lis elektoral la, yon fason pou te abòde pwoblèm tretman lis sa a.

Men yon pati nan kominote entènasyonal la epi kèk finansè peyi Dayiti te kanpe an kwa kont demach sa a, selon sa yon repòtaj AyiboPost te revele nan lane 2023. 

N ap raple, se te nan lane 2017 defen prezidan Jovenel Moïse t a pral siyen yon pwojè lwa pou ranplase ansyen kat idantite a ak kat Dermalog la. 

Se yon antrepriz alman ki pote menm non an, Dermalog, ki te jwenn kontra sa a, malgre de (2) avi defavorab Lakou Dèkont te bay sou li.

Kat dermalog la, ki fèt ak polikabonat prensipalman, gen ladan l done biyometrik tankou : fotografi iris ki nan je moun lan, anprent dwèt, epi enfòmasyon biyografik sitwayen ki bezwen fè kat la, elt. 

Sepandan, kalite kat sa yo toujou soulve deba. 

Nan yon atik AyiboPost te pibliye nan mwa me pase a, plizyè sitwayen te plenyen pou move kalite kat Dermalog yo k ap degrade vit. Sa ki konn anpeche yo jwenn sèvis yo bezwen, labank pa egzanp. 

Bò kote ONI, direktè teknik la Reynaldo Camilus fè AyiboPost konnen yo deja mete antrepriz Dermalog okouran sou move kalite kat yo, e yo menm kòmanse konsilte lòt konpayi ki ka founi yo yon polikabonat ki pi bon kalite pou fè kat yo. 

Pou n fini, n ap remake pratik fo kat la devlope nan yon kontèks kote Ofis nasyonal idantifikasyon (Oni) paka delivre kat idantite yo atan pou sitwayen yo. N ap rape, pratik fo kat yo reprezante yon gwo menas pou entegrite tranzaksyon finansye k ap fèt nan peyi a, e menm pou pwochen eleksyon yo. E ou menm, èske w remake pratik sa a devlope nan zòn bò lakay ou tou ? Eske w gen krent moun k ap fabrike fo kat kapab retire lajan sou kont labank ou oubyen pran kòb sou non w ?

KREDI

Kamera : Judelin isaac Jean

Montaj : Marc-Elie Rosena

Prezantasyon : Lucnise Duquereste

Redaksyon : Junior Legrand

Edisyon / Sipèvizyon : 

Jérôme Wendy Norestyl

Widlore Mérancourt

Philicien Casimir

Gardez contact avec AyiboPost via :

► Notre canal Telegram : cliquez ici

►Notre Channel WhatsApp : cliquez ici

►Notre Communauté WhatsApp : cliquez ici

Journaliste à AyiboPost depuis avril 2023, Legrand junior fait ses études à l'Université d'État d'Haïti. Passionné des mots et du cinéma, il espère mettre à contribution sa plume pour donner forme au journalisme utile en Haïti et favoriser l'éclosion d'une sphère commune de citoyenneté.

    Comments