SOCIÉTÉ

Pratik lave kay pou repouse move zè pa «senp»

0

Èske ou abitye lave kay pou chase movè zespri ?

Nan lane 2018, Mike Didier anfèmen yon kay kafou Tifou, yon zòn ki pa twò lwen Channmas. Se te premye fwa jèn gason 38 lane sa a ta pral fè eksperyans rantre nan kay li anfème. Avan sa, Didier te abite nan yon chanm lakay fanmi li nan Dèlma.

Kay Didier anfème an gen de chanm pou moun dòmi, plis salon, kizin, elatriye. Men paran pwofesyonèl nan domèn kominikasyon an mete yon pinga pou li : «Fòk kay la lave avan ou rantre ladan, paske ou pa konnen kisa moun ki te nan kay la te fè lada».

Kòm zòrèy pa dwe pi long pase tèt, Didier koube anba dezisyon fanmi an epi ba yo mwayen pou lave kay la pou li. «Yo te achte fèy ak kèk lòt bagay ankò, men se pa bagay mwen konnen non yo», daprè sa Didier ajoute.

Pratik sa a popilè anpil. Jouk jounen jodi a, gen anpil Ayisyen ki pa vle rantre nan kay san yo pa lave l ak fèy. Daprè kwayans lan, lave kay kapab pèmèt moun jwenn chans osnon evite move zè ak lamizè frape yo nan nouvo kay yo pra l rete a. Men gen anpil lòt moun tou ki pa rantre nan zafè lave kay ak fèy la. Yo senpman pwòpte kay la ak detèjan epi klowòks.

Pratik lave kay pou chase move lespri a pa bobo ak lasyans. Laënnec Hurbon se sosyològ epi pwofesè nan Inivèsite Leta a. Li eksplike koze sa se youn nan fenomèn kiltirèl peyi a. «Pratik sa soti nan tradisyon nou kòm pèp», selon sa li di.

Syosològ la fè konnen se anndan vodou a pratik lave kay la soti. Se nan fèt Ayizan, vodouyizan selebre ak onore tout fèy, koumanse sou sa yo fè gerizon pou fini sou sa yo lave kay ak yo», daprè sosyològ la. Lwa Ayizan an, se youn nan lwa ki pi ansyen anndan vodou a. Li se yon lwa ki aji ak fèy pou fè byen pou moun ak bay pwoteksyon. Yo fete l nan mwa out anndan vodou.

Yon resèt ki fèt ak fèy

Emmanuel Wayal se yon medsen fèy. Se yon granmoun 76 lane ki ap travay nan domèn fèy la depi nan jèn gason li. Moun souvan rele Wayal pou vin fè akouchman, beny ak lòt gerizon. Wayal pa sèlman viv ak konesans tradisyonèl sa li gen nan tèt li a. Li gen komès manba, kakawo pou moun fè chokola, chanmchanm, elatriye.

Lire aussi: Les «lavaj» et «lòk» administrés par les médecins-feuilles peuvent être dangereux

«Moun pa dwe rantre nan kay san yo pa lave l ak bon jan bazilik», selon sa Wayal di. Lè moun yo pa peye « medsen » an pou l ale fè sèvis lave kay la pou yo dirèkteman, yo vin mande l konsèy pou yo konn kisa pou yo achte. Wayal pale nan menm sans ak paran Didier yo pou fè konprann moun dwe lave kay yo pral rete ak bon jan fèy pou detounen tout move bagay mistik ki te ka fèt nan kay la deja.

Resèt la pa konplike selon sa li di : «W ap gen bezwen  fèy bazilik, fèy bwa sèd. Aprè se annik fwote yo nan dlo epi lave tout ti kwen nan kay la ak yo.  Aprè si moun nan vle li ka achte yon ti tabak ak yon ti wowoli pou li simen anndan kay la», daprè sa Emmanuel Wayal di. Li eksplike, tabak ak wowoli a ap pèmèt mèt kay la pa viktim anba men nenpòt moun ki rete nan kay la ki ta gen entansyon fè li mal osnon nenpòt lòt vwazen ki ta gen entansyon nwi li.

Malgre tout kwayans sa yo nan pratik lave kay ak fèy la, gen lòt moun ki rete kè pòpòz ki pa chwazi rantre nan bagay konsa. Feliciana Pierre se youn nan moun sa yo. Yon gran kouzen l te anfème yon kay nan zòn Kafoufèy pandan ane 2019 la, se li yo te bay wòl pou lave kay la.

Gen moun depi yo kite yon kay, espas la toujou gen gwo sant. Se sa ki fè li toujou bon pou moun lave kay la ak fèy pou retire sant sa a.

 

«Kouzen m lan te di m li pa nan bagay lave kay ak fèy epi se pa yon bagay mwen renmen tou paske m konn tande pouki rezon yo fèl», daprè Pierre. Pou l lave kay la, li fè konnen li te senpman itilize dlo, mistolin, savon likid epi klowòks.

Enplikasyon machann fèy

Aline Paul se yon jèn dam ki ap viv ak nonm ni nan yon kay nan zòn Karidad, yon lokalite nan Kafoufèy. Li gentan chanje kay pandan 3 fwa deja pandan sis lane plasaj li genyen ak nonm li. Aline Paul di li te gentan konnen koze lave kay ak fèy la, men li pa t konnen ki fèy pou li itilize pou fè sa.

«Gen moun depi yo kite yon kay, espas la toujou gen gwo sant. Se sa ki fè li toujou bon pou moun lave kay la ak fèy pou retire sant sa a», daprè Aline Paul.

Aline Paul di se yon machann fèy li te mande èd pou li te kabab jwenn fèy yo chak lè l ap chanje kay. «Mwen jis ale nan yon mache epi mwen mande yon machann fèy, pou l vann mwen fèy li konnen ki bon pou lave kay. Konsa, machann nan banm fèy bazilik, fèy zoranj ak fèy simen kontra pou mwen kapab ale fè travay la».

Erntso Montour se yon atizan. Li se pwofesè nan domèn atistik nan yon lekòl nan kè vil Pòtoprens. Menm jan ak Aline Paul, Montour di li pa konnen tout resèt pou moun lave kay la tou.

«Gen kèk bagay mwen pa konnen yo. Lè mwen t ap rantre nan kay ak madanm mwen nan lane 2019, se madanm nan ki te jere koze sa yo. Menm konnen moun souvan di, ou pa ka rantre nan kay san w pa pase yon ti fèy bazilik», selon pawòl Erntso Montour ki te marye nan lane 2019.

Gen lòt moun ki ale pi lwen

Resèt tradisyonèl yo pa janm egzat. Yo varye selon moun ki ap itilize yo osnon selon zòn yo. Nadège Jean se yon moun ki te abite nan zòn Fò Mèkredi. Li janbe kounye a nan kay pa l li konstwi nan zòn Kafoufèy. Nadège Jean di li menm li konn bay kay li de lave.

Gen yon premye lave li di li konn fè ak 7 move fèy. Pami 7 move fèy sa yo, li di gen fèy monben bata, fèy pa janbe ak fèy bwa sèd. «Pafwa gen moun ki konn pran kòs bwa sèd la, yo graje l pou l tounen poud pou mede nan dlo y ap lave kay la», selon sa Nadège Jean di. Li esplike li jwenn konesans sa a selon rechèch li fè. Li pa t vle devwale kibò li fè rechèch sa yo.

Nan premye lavaj sa a, li fè konnen se dlo lanmè li konn itilize. «Gen moun tou ki konn mete yon gwo ponyen sèl nan dlo a si li pa gentan jwenn dlo lanmè a», daprè deklarasyon l. Lavaj ak move fèy la pèmèt li chase tout move bagay ki te ka fèt nan kay la avan li rantre ladan, daprè sa li fè konnen.

«Aprè sa a, gen yon lòt lave mwen konn fè sou 3 osnon 7 jou. Fwa sa a se ak 7 bon fèy. Se lave sa a ki pral pote chans pou mwen nan kay la», selon sa Nadège Jean ajoute.

Lire également: Kèk ti sekrè nan metye rale an Ayiti

Pami 7 bon fèy yo, Jean fè konnen gen fèy kapab, fèy bazilik, fèy amwàz, elatriye. Nan lavaj sa a, se dlo dous li di li itilize.

«Tout fòs lwa yo ak divinite nan vodou a genyen se nan fèy yo jwenn yo. Dayè, se nan pyebwa yo anpil espri osnon lwa yo abite», esplikasyon pwofesè Laënnec Hurbon. Li ajoute pou li di lave kay ak fèy la se yon pratik ki ankre nan sosyete ayisyen an epi li ofri tout bon vre pwoteksyon divinite yo osnon lwa yo.

Sosyològ la panse lave kay la se yon bon pratik ki kapab pèmèt moun yo chase jalouzi ak tout wanga ki te ka vini pou frape yo. Li fè konnen tou, moun ki pa rantre nan lojik sa a se moun ki gen lòt kwayans, pliske peyi a gen anpil relijyon.

Foto: Carvens Adelson/ Ayibopost

Journaliste à AyiboPost. Communicateur social. Je suis un passionnné de l'histoire, plus particulièrement celle d'Haïti. Ma plume reste à votre disposition puisque je pratique le journalisme pour le rendre utile à la communauté.

Comments