AYIBOFANMCULTURESOCIÉTÉ

Kèk ti sekrè nan metye rale an Ayiti

0

Doktè Raoul ak sè Gras gen plis pase 30 lane depi y ap fè metye rale moun nan

Altagrace Jacques gen 52 lane. L ap manyen moun ki gen doulè depi li te tou piti. Yo ba li ti non sè Gras; li soti nan yon fanmi katolik Gonayiv. Nan lane 1990, li vin abite Pòtoprens, nan mòn lopital. Li te tou konvèti nan relijyon pwotestan, se poutèt sa a yo rele l sè Gras la. Jiskaprezan, li pa janm chanje ni relijyon, ni adrès. 

Yon baryè tòl separe kay li ak lari a. Lè w antre, ou jwenn yon eskalye ki bay sou yon bann plant, tankou pye seriz, pye sitwon, pou rive finalman lakay sè a. Sè Gras pa bezwen anpil bagay pou l travay.

Li di: « Depi kliyan an vini, m mete l kouche atè epi m manyen. Konsa tou kliyan an ka pa deplase li menm, li jis mande m pou m vini. » Se pa ni nan liv, ni sou ban lekòl Altagrace Jacques aprann rale. « Se pandan m ap dòmi mwen aprann fè tout sa m konn fè yo », li ajoute.

Sè Gras di li pa sèvi lwa malgre fanmi l te swete sa a. Paske l te di l vle medsen fèy pandan li te timoun, fanmi l te di l pa ka senp. Men manm Legliz de Dye Ridisant la di se lespri sen ki gide l nan tout travay li.

Tout kalite plant

Jeneralman, se ak luil maskriti sè a fè travay li men gen kliyan ki pa renmen maskriti a, ki jis chache yon ti pomad pou rale. Dam sa a di depi l te gen 5 lane, yon moun te tonbe, li jis pase ti men sou moun nan epi l te geri. A 12 lane, li deklare fanmi l se medsen fèy l ap ye, men fanmi l pa t konprann sa a. 

Malgre li pa t al lekòl, sè Gras di konesans li nan domèn li se gwo koze. Pou do fè mal, kò fè mal, pa ka dòmi, pa ka manje, lè l te jèn, moun yo te toujou vin wè l. Sa pa anpeche li pran konsèy nan men doktè ki nan medsin syantifik.

« M konn fè boutèy pou kliyan yo. Selon pwoblèm moun nan, m achte fèy m bouyi pou fè siwo pou li. Lè konsa m bay kliyan an yon boutèy. Lontan m te konn mete kòs bwa men yon doktè te di m pa mete kòs la depi lè sa a m pa mete l. »

Sè Gras ap rale moun depi plis pase 30 lane
Foto : Valerie Baeriswyl

Se pa tout medsen fèy ki pwotestan menmjan ak sè Gras. Raoul Simon Paul Laguerre ki ap viv Kwadepre di li menm se ginen yo ki ba li fòs pou l travay. Dayè, papa l te ougan menmsi li pa t gentan konnen l. « M te batize nan maryaj papa m ak manam m. Sou twa mwa maryaj, papa m te mouri. Nan epòk sa a pa t gen zafè foto. Men yo di m se mwen ki sanble avè l. » 

Lire aussi: Clinique et pharmacie spécialisée… la « médecine feuille » se transforme en Haïti

Raoul Simon Paul Laguerre, yo rele doktè Raoul, fè konnen gen de moman lè l ap rale, li pa nan natirèl li. Li pa chante, ni fè bri, ni pale fò. Selon doktè fèy la, lè sa a rive, moun l ap manyen an ka santi yon fòs anplis k ap travay pou li. « M pa ougan, m tou senp. Men depi ou gen yon move bagay sou ou m ap wè l. Se vrèman ginen nou ye. Menmsi ou te levanjil, pastè, ou ka vin la a», doktè Raoul k ap pale ak fyète.

Aprann nan lavi a

Doktè Raoul se yon ansyen maton nan zòn Kwadepre; li deja fè 96 akouchman. Men aprè anpil refleksyon, medsen fèy la deside kite zafè akouchman an pou l kenbe men ak rale a sèlman. «Gen anpil maton nan zòn nan ki te konn akouche ki tonbe. Lè malfektè pa ka fè timoun nan mal se sou ou l ale», dapre sa li di. 

Se anndan lakay li doktè fèy la resevwa kliyan li yo. Anndan kay la fè cho, lè pou Raoul fè foto, li pase men l nan figi l, li retire kèk gout swe epi l mande si cheve blanch li yo p ap gate foto a. Raoul Paul se yon nonm 68 lane ki pa janm regrèt metye medsen fèy la a.

Se Ginen yo ki chwazi doktè Raoul
Foto : Valerie Baeriswyl

Amwaz, bazilik, grès koulèv, grès kakawo, moso savon lave san sèvi ak yon ti tafya, se pami engredyan li bezwen pou fè travay li. Men lè l t ap kòmanse metye a se pa t ak youn nan bagay sa yo li te lanse. « M te ka gen 12 zan, m te g on kabrit ki an mal d anfans li pa t ka akouche. De ti kabrit te mouri nan vant li. Ak luil maskriti, fèy papay, m antre men m nan dèyè l, m vire ti kabrit yo, m rale yo soti epi manman kabrit la delivre », konsa medsen fèy la t ap pale ak anpil emosyon. 

Menmjan ak sè Gras, se pa ni sou ban lekòl, ni nan liv doktè Raoul resevwa konesans li, se nan dòmi li di li jwenn revelasyon pou tout bagay.

Viv ak metye a

Depi lè doktè Raoul te fin delivre ti kabrit li a, li te tou vin medsen fèy. Nan epòk sa a li t ap viv kafou Sanon nan Jeremi. Kliyan l yo te konn ba li 25 a 50 kòb chak fwa l te rann yo yon sèvis. Lè l vin rantre Pòtoprens nan jèn gason, se metye rale a ki pran swen l, madanm ak pitit li. 

Lire ensuite: Tout prekosyon ou dwe pran ak te amwaz

« Lakay la konn plen moun. M konn fè 25 000 jiska 30 000 mil goud nan yon jou. Chak moun m manyen li mennen lòt. Se nan rale moun nan m fè kay, voye timoun lekòl, bay manje. » Pou kounya doktè Raoul ak madanm li gen yon komès manje kuit ki fèt gras ak kòb rale a. Pou yon seyans lakay doktè Raoul, yon moun bezwen pou piti 1000 goud.

Ak metye rale moun nan Raoul Paul Laguerre rive pran swen fanmi li
Photo: Valerie Baeriswyl

Se menm valè lajan an sè Gras reklame. Men si l ap fè boutèy, li mande 2500 goud. Si se li k ap deplase al kay kliyan an, l ap peye kòb deplasman sè Gras la tou. Kontrèman ak doktè Raoul, sè Gras pa rive viv ak rale a. 

« Se Bondye ki pran swen m. Moun yo pa vle vin wè m ankò, yo di m mande twòp kòb. Yo pito al lòt kote. » Sèl satisfaksyon Altagrace Jacques di l genyen, se lè li fè yon remèd pou yon moun epi moun nan vin di l remèd la te bon.

Pase konesans

Sè Gras di se grann li ki te konn rale nan fanmi l. Men li menm li pa gen ankenn moun pou l pase metye a. Li pa gen pitit ni mari. Lè l te piti, sè Gras di doktè pa t vle pou l ni al lekòl ni gen mennaj, paske l te malad nan kè.

« M pa nan afè gason. Doktè a te di m non. Lè m vin grandi pou jan m wè bagay yo ye a m tou vin pa enterese ak sa. M te dòmi yon fwa, gen yon moun ki te vin di m gason se moun k ap vin pran Lenbe pou y al vann Pò Mago. Jiskaprezan m jwenn moun k ap pale avè m, men m pa okipe yo. »

Doktè Raoul li menm gen 5 pitit san konte pitit pitit men li deklare se pa li ki ka transmèt pitit yo metye rale a. Se ginen yo ki pou chwazi yo pou ranplase l. Men jiskaprezan sanble poko gen youn nan pitit yo ki kenbe metye a pou si papa a pa ta la. Kòm kouto pa grate manch li, doktè Raoul di si l gen yon pwoblèm, youn nan pitit li yo ka toujou fè yon masaj pou li. « Lè timoun mwen yo ap manyen m, fòtadi se yon traktè y ap pase sou ou », pawòl Raoul Simon Paul Laguerre.

Laura Louis

Commentaires

Laura Louis
Laura Louis est journaliste à Ayibopost depuis 2018. Elle a été lauréate du Prix Jeune Journaliste en Haïti en 2019. Elle a remporté l'édition 2021 du Prix Philippe Chaffanjon. Actuellement, Laura Louis est étudiante finissante en Service social à La Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti.

Comments

Comments are closed.